Revelasyon 8​:​1-13

  • Ti Mouton an kase setyèm sele a (1-6)

  • Yo sonnen kat premye twonpèt yo (7-12)

  • Yo anonse twa malè (13)

8  Lè l+ kase setyèm sele a+, gen yon silans ki fèt nan syèl la pandan demi èdtan anviwon.  E mwen wè sèt zanj+ ki kanpe devan Bondye, e yo ba yo sèt twonpèt.  Gen yon lòt zanj ki parèt e ki kanpe bò lotèl la+, li gen yon veso annò nan men l ki gen lansan ladan l+. E yo ba l yon bon kantite lansan pou l ofri sou lotèl annò+ ki devan twòn nan, pandan tout moun ki sen yo t ap lapriyè.  E lafimen lansan ki te nan men zanj lan t ap monte devan Bondye, ansanm ak priyè+ moun ki sen yo.  Men, menm kote a, zanj lan pran veso ki gen lansan an, li plen l ak enpe nan dife ki te sou lotèl la, e li voye dife a sou tè a. E vin gen loray, vwa, zèklè+ ak yon tranblemanntè.  E sèt zanj yo pare kò yo pou yo sonnen sèt twonpèt yo+.  Premye zanj lan sonnen twonpèt li a. Vin gen lagrèl ak dife ki mele ak san ki tonbe sou tè a+. Yon tyè tè a boule, yon tyè nan pyebwa yo boule, e tout plant vèt yo boule+.  Dezyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, gen yon bagay ki tankou yon gwo mòn k ap boule nan dife yo voye jete nan lanmè a+. Yon tyè lanmè a vin tounen san+,  yon tyè nan kreyati k ap viv nan lanmè a mouri+, e yon tyè nan bato yo fè nofraj. 10  Twazyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, yon gwo zetwal ki limen tankou yon lanp tonbe sot nan syèl la, e li tonbe sou yon tyè nan rivyè yo ak sous* dlo yo+. 11  Zetwal sa a rele Absent. Epi, yon tyè nan dlo yo vin anmè tankou absent, e anpil moun mouri akoz dlo sa yo, paske yo te vin anmè+. 12  E katriyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, gen yon tyè nan solèy la+ ak yon tyè nan lalin nan ak yon tyè nan zetwal yo ki frape, dekwa pou yon tyè ladan yo ka vin tou nwa+, pou limyè pa klere pandan yon tyè nan jounen an, e pou menm bagay la rive nan nuit lan tou. 13  Mwen gade, e mwen tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, e k ap di byen fò: “Malè, malè, malè+ pou moun ki abite sou tè a akoz rès kout twonpèt twa zanj yo pral sonnen ak twonpèt pa yo+!”

Nòt anba paj

Oswa: “ak fontèn”.