Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv ki devwale konesans Bondye a

Liv ki devwale konesans Bondye a

Chapit 2

Liv ki devwale konesans Bondye a

1, 2. Poukisa nou bezwen gouvènay Kreyatè nou an ?

LI TOU senpleman rezonab pou Kreyatè nou an, ki renmen nou anpil, ta bay limanite yon liv pou enstwi l, pou gide l. Èske w pa panse lèzòm bezwen gouvènay ?

2 Gen plis pase 2 500 ane, yon nonm ki te pwofèt e ki te istoryen tou te ekri : “ Sa pa nan men lòm k ap mache pou dirije pye l. ” ​(Jeremi 10:23). Verite pawòl sa a parèt pi klè toujou jodi a. Anpalan de sa, men sa istoryen William H. McNeill di : “ Istwa moun sou planèt la se kriz sou kriz, latwoublay sou latwoublay prèske san rete nan lòd ki etabli nan sosyete a. ”

3, 4. a) Ki jan nou dwe abòde etid Bib la ? b) Ki fason nou pral fè pou nou egzamine Bib la ?

3 Bib la ban nou tout konsèy saj nou bezwen. Anpil moun santi sa depase yo lè yo ouvè yon Bib pou premye fwa, se vre. Se yon gwo liv e gen kèk pati ladann ki pa fasil pou moun konprann. Men, si yo ta remèt ou yon pyès ofisyèl ki detaye sa w dwe fè pou w resevwa yon gwo eritaj, èske w pa ta pran tan pou w etidye l ak anpil atansyon ? Si sèten pòsyon nan pyès sa a ta sanble pa klè pou ou, asireman ou t ap chache èd yon moun konpetan nan kesyon an. Poukisa w pa fè menm jan an tou pou w abòde Bib la (Travay 17:11) ? Sa ki an je a plis pase yon eritaj. Tankou nou te aprann sa nan chapit anvan an, konesans Bondye a kapab mennen nan lavi etènèl.

4 Annou analize liv ki devwale nou konesans Bondye a. Pou kòmanse, n ap fè yon ti koutje angwo nan tout Bib la. Annapre, nou pral wè poukisa anpil moun ki konn kesyon an byen kwè Bib la se Pawòl Bondye enspire.

SA KI ANNDAN BIB LA

5. a) Ki sa Ekriti ann ebre yo gen ladan yo ? b) E Ekriti an grèk yo ?

5 Bib la gen 66 liv ki divize an de pati, youn yo abitye rele Ansyen Testaman, e lòt la yo abitye rele Nouvo Testaman. Yo te ekri trant nèf nan liv sa yo sitou ann ebre e yo te ekri 27 an grèk. Ekriti ann ebre yo (Jenèz jiska Malaki) pale de kreyasyon an ak 3 500 premye ane istwa moun. Nan analiz pati sa a nan Bib la, nou aprann kouman Bondye te aji ak Izrayelit yo depi nesans nasyon yo a, nan sèzyèm syèk anvan epòk nou an, jiska senkyèm syèk anvan epòk nou an. Ekriti grèk yo (Matye jiska Revelasyon) chita plis sou ansèyman ansanm ak travay Jezi Kris ak disip li yo nan premye syèk epòk nou an.

6. Poukisa se tout Bib la nou dwe etidye ?

6 Gen moun ki fè kwè “ Ansyen Testaman an ” se pou Jwif, alòske “ Nouvo Testaman an ” se pou kretyen. Men, selon 2 Timote 3:16 “ tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil ”. Se poutètsa, yon etid Ekriti yo ki serye dwe anglobe tout Bib la. An reyalite, toulede pati Labib yo ann amoni, youn konplete lòt pou devlope yon grenn tèm fondalnatal.

7. Ki tèm fondalnatal Bib la ?

7 Petèt ou gen plizyè ane depi w apral legliz, kote yo konn li kèk pòsyon nan Bib la pou tout moun tande. Li posib tou ou konn li kèk pasay ou menm. Èske w te konnen Bib la suiv yon lide prensipal, yon tèm fondalnatal soti nan Jenèz rive jis nan Revelasyon, ki fè chak pati yo dakò youn ak lòt ? Ki tèm fondalnatal sa a ? Jistifye dwa Bondye genyen pou gouvènen lèzòm e reyalize pwogram chaje lanmou li a pa mwayen Wayòm li an. Toutalè nou pral wè ki jan Bondye pral akonpli pwogram sa a.

8. Ki sa Bib la aprann nou sou pèsonalite Bondye ?

8 Non sèlman Bib la detaye pwogram Bondye a, men tou li esplike pèsonalite li. Paregzanp, Bib la aprann nou ki santiman Bondye genyen e li montre nou bagay nou chwazi fè gen enpòtans nan je l (Sòm 78:40, 41 ; Pwovèb 27:11 ; Ezekyèl 33:11). Sòm 103:8-14 di Bondye “ gen mizèrikòd ak konpasyon, li pa ankòlè fasil e li gen abondans bonte nan kè l. ” Li aji avè nou ak konpasyon ‘ nan sonje l sonje nou se senp pousyè ’ e apre lanmò n ap retounen nan pousyè (Jenèz 2:7 ; 3:19). Ala de bèl kalite ! Se pa yon Bondye konsa ou ta renmen adore ?

9. Ki jan Bib la prezante nou egzijans Bondye yo aklè, e ki avantaj yon konesans konsa kapab ban nou ?

9 Bib la montre nou egzijans Bondye yo aklè. Pafwa se sou fòm lwa li bay yo. Sepandan, li sèvi pi souvan ak prensip li anseye pa mwayen egzanp reyèl pou reflete yo. Bondye te fè ekri kèk evènman istwa pèp Izrayèl nan tan lontan pou avantaj nou. Franchman, istwa sa yo montre ki avantaj moun jwenn lè yo viv ann akò ak volonte Bondye. Men yo montre ki move rezilta moun jwenn tou, lè yo viv jan lide yo di yo (1 Wa 5:4 ; 11:4-6 ; 2 Kwonik 15:8-15). Lè nou li evènman ki te pase yo, sa pa ka pa touche kè nou. Si nou eseye imajine ki jan bagay yo te pase, n ap ka mete nou nan plas moun ki te viv evènman sa yo. Konsa, bon egzanp yo ap itil nou anmenmtan n ap veye pou nou pa tonbe nan menm pyèj ak koupab yo. Kounye a, gen yon kesyon enpòtan ki mande yon repons : Kouman pou nou fè sèten sa ki ekri nan Bib la se Bondye ki enspire yo vre ?

ÈSKE W KA FÈ BIB LA KONFYANS ?

10. a) Poukisa gen moun ki panse sa Bib la di pa gen valè ankò ? b) Ki sa 2 Timote 3:16, 17 di konsènan Bib la ?

10 Petèt ou remake gen yon bann liv k ap bay konsèy ki pase mòd apre kèk ane sèlman. E Bib la menm ? Se yon ansyen ansyen liv. Gen prèske 2 000 an ki pase depi yo te fin ekri l. Se poutètsa gen moun ki panse li pa ka ede moun nan tan pa nou an. Men, si se Bondye ki enspire Bib la, konsèy li yo ta dwe toujou sèvi menmsi yo la depi lontan. Sa ki ekri yo ta dwe toujou ‘ itil pou anseye, pou reprann, pou remete bagay yo nan lòd, pou disipline nan sa ki jis, pou moun pa Bondye a kapab vin konpetan nèt nèt, pou l ka vin gen tout mwayen fè tout zèv ki bon ’. — 2 Timote 3:16, 17.

11-13. Poukisa nou ka di Bib la valab pou l ede moun nan epòk nou an ?

11 Lè nou byen egzamine Bib la, nou vin wè prensip li yo ede moun jodi a menm jan ak epòk li te fèk ekri a. Paregzanp, Bib la devwale yon konesans laj sou sa lòm ye nan fondalnatal li. E konesans sa a toujou rete valab pou nenpòt ki jenerasyon. Nou ka wè sa fasil nan diskou Jezi te fè yo rele Sèmon sou montay la. Nou jwenn diskou sa a nan Matye chapit 5 a chapit 7. Diskou sa a te tèlman fè gwo efè sou Mohandas K. Gandhi, yon lidè politik peyi Lenn ki defen kounye a, yo di li te di yon chèf d eta Grann Bretay : “ Lè peyi pa w ak peyi pa m rive fè yon antant ki chita sou ansèyman Kris te bay nan Sèmon sou montay la, non sèlman lè sa a n ap jwenn solisyon pwoblèm de peyi nou yo, men n ap jwenn solisyon pou pwoblèm lemonnantye. ”

12 Se pa etonan si ansèyman Jezi yo te fè gwo efè sou anpil moun ! Nan Sèmon sou montay la Jezi te montre chemen vrè bonè a. Li te esplike kouman pou moun regle mezantant. E li te kite enstriksyon sou fason pou nou lapriyè. Epitou li te montre ki konpòtman saj pou nou genyen parapò ak bezwen materyèl yo, e li te kite prensip yo rele Règ d ò a pou nou ka gen bonjan relasyon ak sanblab nou yo. Diskou sa a pèmèt moun detekte magouy relijye e li aprann moun kouman pou yo jwenn yon avni asire.

13 Kit se nan Sèmon sou montay la, kit se nan lòt kote nan Bib la, klèman nou jwenn ki sa nou dwe fè ak ki sa nou pa dwe fè pou lavi nou vin miyò. Sitèlman konsèy Bib la bay prèv yo ka ede moun, yon edikatè te oblije di : “ Malgre mwen se konseye oryantasyon nan klas segondè, malgre mwen gen papye lisans ak papye mètriz, e malgre mwen li yon kolonn liv sou sante mantal ak sikoloji, mwen rann mwen kont konsèy Bib la pi siperyè lontan pase tou sa mwen te li oswa tou sa mwen te etidye nan inivèsite, sou kesyon tankou bonè nan maryaj, prevansyon kont delenkans jèn yo ak fason pou moun aprann fè zanmi, e konsève zanmi. ” Non sèlman Bib la gen plas li nan tout sitiyasyon e li toujou alamòd, men tou li merite konfyans.

LI EGZAK E OU KA FYE LI

14. Ki egzanp ki montre Bib la egzak nan zafè lasyans ?

14 Aktout Bib la pa yon liv lasyans, li egzak sou kesyon syantifik. Paregzanp, nan epòk pifò moun te kwè tè a te plat, pwofèt Izayi te di se yon “ wonn ” ​(ebre : chugh, ki bay lide yon “ glòb ”) (Izayi 40:22). Se plizyè milye ane apre epòk Izayi a anpil moun te vin asepte lide tè a se yon glòb. Anplis de sa, Jòb 26:7, yo te ekri depi plis pase 3 000 an, sètifye Bondye “ pa pandye tè a sou anyen ”. Gen yon biblis ki di : “ Ki jan Jòb te fè konn verite sa a, piske se astwonomi ki vin demontre tè a pandye lib nan lespas ? Moun ki di se pa Bondye ki enspire Lasent Bib ap gen pwoblèm pou yo reponn

15. Poukisa jan bagay yo rapòte nan Bib la fòtifye konfyans nou nan liv sa a ?

15 Stil yo rapòte evènman yo nan Bib la fòtifye konfyans nou tou nan ansyen ansyen liv sa a. Lekontrè ak lejann yo, evènman yo rapòte nan Bib la pale de moun ki te egziste vre e yo pote dat egzak (1 Wa 14:25 ; Izayi 36:1 ; Lik 3:1, 2). Prèske tout tan, istoryen lontan yo te konn egzajere laviktwa chèf nan peyi yo, men lè chèf sa yo pèdi batay e lè yo fè erè, yo pa t konn di anyen sou sa. Ekriven Labib yo yo menm, yo pa t nan kachkach, yo te onèt menm lè yo t ap pale de pwòp peche grav pa yo. — Nonb 20:7-13 ; 2 Samyèl 12:7-14 ; 24:10.

YON LIV PWOFESI

16. Ki pi gwo prèv ki demontre Bib la se Pawòl Bondye enspire ?

16 Akonplisman pwofesi yo bay prèv sèten se Bondye ki enspire Bib la. Liv sa a gen yon bann pwofesi ki akonpli jis nan dènye ti detay. Se yon bagay klè, de senp zòm konsa, pa ta ka envante pwofesi sa yo. Men nan ka sa a, kilès ki te bay yo ? Men repons Bib la : “ Pwofesi pa t janm vini paske se volonte lòm, men gen dè zòm ki te pale nan non Bondye pandan yo te anba pouvwa lespri sen [oswa fòs aktif Bondye]. ” ​(2 Pyè 1:21). Annou pran kèk egzanp.

17. Ki pwofesi ki te anonse Babilòn ap tonbe, e kouman pwofesi sa yo te akonpli ?

17 Babilòn tonbe. Izayi ak Jeremi, yo toulede te anonse Babilòn gen pou l tonbe devan pèp Mèd ak Pès yo. Bagay estwòdinè, Izayi te ekri pwofesi sou evènman sa a apeprè 200 ane anvan yo te mache pran Babilòn ! Men aspè nan pwofesi a listwa apiye : yo te detounen dlo larivyè Efrat la, epi yo t al lage l nan yon letan yo te fè toutespre, pou yo te ka seche kannal dlo a (Izayi 44:27 ; Jeremi 50:38). Enpridans te fè yo kite pòt Babilòn ki bat sou larivyè Efrat la tou louvri (Izayi 45:1). Yon wa yo rele Siris te mache pran vil la. — Izayi 44:28.

18. Kouman monte ak tonbe “ wa peyi Lagrès ” la te reyalize yon pwofesi nan Bib la ?

18 Monte ak tonbe “ Wa peyi Lagrès ”. Nan yon vizyon, Danyèl te wè yon bouk kabrit ki vide yon belye atè, epi li kase toulede kòn li yo. Alòske gwo kòn bouk la te vin kase, kat lòt kòn te leve nan plas li (Danyèl 8:1-8). Men esplikasyon Danyèl te resevwa : “ Belye ou wè ki te gen de kòn nan, reprezante wa peyi Medi ak wa peyi Pès. E bouk anpil pwal la reprezante wa peyi Lagrès. Kanta gwo kòn ki te nan mitan de grenn je l yo, li reprezante premye wa a. E kòm gwo kòn sa a te kase, epi sa te fè kat vin leve nan plas li, gen kat wayòm ki pral soti nan nasyon li a, men se pa ak menm fòs li te genyen an. ” ​(Danyèl 8:20-22). Jan pwofesi a te prevwa sa, apeprè de syèk apre, “ wa peyi Lagrès ” la, Aleksann Legran, te kapote Lanpi Medi Pès la (belye de kòn nan). Aleksann te mouri an 323 anvan epòk nou an, e apresa kat nan jeneral li yo te ranplase l. Men malgre sa, okenn nan wayòm ki vin fòme annapre yo pa t rive gen pisans lanpi Aleksann nan.

19. Ki pwofesi ki te akonpli sou Jezi Kris ?

19 Lavi Jezi Kris. Ekriti ann ebre yo gen yon kantite pwofesi ki akonpli sou nesans Jezi, sou ministè l, sou lanmò l ak rezirèksyon l. Paregzanp, plis pase 700 ane davans, Mika te anonse Mesi a, oubyen Kris la, ta fèt Betleyèm (Mika 5:2 ; Lik 2:4-7). Izayi, ki moun menm epòk ak Mika, te predi Mesi a gen pou l pran kou e yo t ava krache sou li (Izayi 50:6 ; Matye 26:67). Senk san ane davans, Zekarya te pwofetize yo ta trayi Mesi a pou 30 pyès lajan monnen (Zekarya 11:12 ; Matye 26:15). Plis pase mil an oparavan, David te anonse sikonstans ki asosye ak lanmò Jezi, Mesi a (Sòm 22:7, 8, 18 ; Matye 27:35, 39-43). Anfen, apeprè senk syèk davans, pwofesi Danyèl la te anonse dat pou Mesi a ta parèt, tan pou ministè l ta dire ak epòk pou l ta mouri (Danyèl 9:24-27). Sa se yon ti apèsi sou pwofesi ki te akonpli sou Jezi Kris. W apral tire anpil pwofi pandan w ap li plis bagay sou li pi devan.

20. Ki asirans nou ta dwe vin genyen lè nou egzamine pwofesi nan Bib la ki deja reyalize ?

20 Anpil lòt pwofesi yo te anonse lontan davans deja reyalize. Petèt w ap mande : “ Men ki rapò sa genyen ak lavi m ? ” Gade, si yon moun gen plizyè ane depi l ap di w laverite, e li vin di w yon dènye bagay, èske w ta gen dout sou sa li di w la ? Non ! Anndan tout Bib la Bondye di laverite. Èske sa pa ta dwe ranfòse konfyans nou nan pwomès biblik yo, tèlke pwofesi ki pale de paradi ki pral genyen sou tè a ? Annefè, nou kapab gen menm konfyans ak Pòl, youn nan disip Jezi nan premye syèk epòk nou an ki te ekri : “ Bondye (...) pa ka fè manti. ” ​(Tit 1:2). Anplis de sa, lè nou li Ekriti yo e nou mete konsèy nou jwenn ladan yo an pratik, nou vin gen yon sajès lèzòm pou kont yo pa ka rive jwenn, paske Bib la se liv ki devwale konesans Bondye a, konesans k ap mennen nan lavi etènèl la.

“ SE POU NOU DEVLOPE YON ANVI ” POU KONESANS BONDYE A

21. Ki sa w dwe fè si gen bagay ou li nan Bib la ki sanble yon chay twò lou ou pa ka pote ?

21 Nan etidye Bib la, li posib pou w dekouvri bagay ki pa menm ak sa yo te aprann ou lontan. Petèt menm, ou pral aprann gen koutim relijye ou renmen ki pa fè Bondye plezi. Ou pral rive konprann, prensip Bondye etabli sou byen ak mal monte pi wo pase prensip monn liberal sa a. Okòmansman, chanjman sa a ka sanble yon chay twò lou ou pa ka pote. Men pran pasyans ! Egzamine Pawòl Bondye a ak anpil atansyon pou w ka rive jwenn konesans Bondye a. Se pou w dispoze rekonèt ou kapab bezwen chanje panse w ak ajisman w pou w suiv konsèy Bib la.

22. Pou ki rezon menm w ap etidye Labib la ? Kouman w ka ede lòt moun konprann rezon sa yo ?

22 Paran ak zanmi ki ta renmen wè byen pou ou kapab mete opozisyon nan etid Labib w ap fè a. Men Jezi te di : “ Nenpòt moun ki rekonèt li se moun pa m devan lèzòm, mwen menm tou m ap rekonèt li se moun pa m devan Papa m ki nan syèl la. Men moun ki nye mwen devan lèzòm, mwen menm tou m ap nye li devan Papa m ki nan syèl la. ” ​(Matye 10:32, 33). Genyen nan yo ki kapab pè pou w pa antre nan yon sèk oubyen pou w pa vin yon fanatik, alòske se tou senpleman efò w ap fè pou w jwenn konesans egzak la sou Bondye ak sou verite li bay la (1 Timote 2:3, 4). Pou w ka ede lòt moun yo konprann sa, montre w rezonab, pa chita ap voye agiman monte lè w ap pale de bagay ou aprann (Filipyen 4:5). Sonje gen anpil moun yo rive “ kapte san pawòl ”, lè yo konstate konesans Bib la pote avantaj pou moun reyèlman. — 1 Pyè 3:1, 2.

23. Kouman ou ka “ devlope yon anvi ” pou konesans Bondye a ?

23 Men egzòtasyon Bib la ban nou : “ Menm jan ak yon timoun ki fèk fèt, se pou nou devlope yon anvi pou lèt san melanj pawòl la. ” ​(1 Pyè 2:2). Yon tibebe depann de manje manman l ba li, e li ensiste pou l jwenn manje l bezwen an. Menm jan an, nou depann de konesans ki soti nan men Bondye a. ‘ Se pou w devlope yon anvi pou Pawòl li ’, pandan w ap pousuiv etid ou a. Wi, fikse objektif pou w li Bib la chak jou (Sòm 1:1-3). Sa pral pote anpil benediksyon pou ou, paske Sòm 19:11 di konsènan lalwa Bondye : “ Lè w mete yo an pratik sa bay yon gwo rekonpans. ”

TESTE KONESANS OU

Ki sa ki distenge Bib la ak lòt liv yo ?

Poukisa nou kapab gen konfyans nan Bib la ?

Ki sa ki pwouve w Bib la se Pawòl Bondye enspire ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 14]

MEN JAN POU W BYEN SÈVI AK BIB OU

Li pa difisil pou w vin abitye ak Bib la. Sèvi ak lis ki nan kòmansman Bib la ni pou w konn ki liv ki mache dèyè lòt ni pou w konn kote yo ye.

Yo divize liv ki nan Bib la an chapit ak vèsè. Sa pèmèt moun jwenn yo pi fasil. Se nan trèzyèm syèk la yo te vin bay chak chapit Bib la yon nimewo, e li sanble se yon enprimè franse ki te divize Ekriti an grèk yo an vèsè nan sèzyèm syèk epòk nou an. Premye Bib annantye yo te nimewote an chapit ak vèsè, se te yon edisyon franse yo te pibliye an 1553.

Nan liv sa a, lè yo site yon pasay biblik, premye chif la se nimewo chapit la, e chif apre a, se nimewo vèsè a. Men yon egzanp : “ Pwovèb 2:5 ” vle di, liv Pwovèb chapit 2, vèsè 5. Si w pran abitid chèche vèsè yo site yo, ou pral wè talè konsa w ap vin alèz pou w jwenn tèks nan Bib la.

Pi bon fason pou w vin abitye ak Bib la se pou w li li chak jou. Okòmansman sa kapab parèt difisil. Men si w li twa chapit jiska senk chapit chak jou selon longè yo, w ap fin li tout Bib la nèt nan yon ane. Poukisa w pa kòmanse jodi a ?

[Kare nan paj 19]

BIB LA SE YON LIV SAN PARÈY

• Se “ Bondye ki enspire ” Bib la (2 Timote 3:16). Menmsi se lòm ki ekri l, se Bondye ki te dirije panse yo. Se sa ki fè Bib la se “ pawòl Bondye ” toutbon. — 1 Tesalonisyen 2:13.

• Apeprè karant ekriven, ki soti nan divès ran sosyal, te pran enpe plis pase sèz syèk pou yo ekri Bib la. Men malgre sa, tout travay la soti ak yon bèl amoni.

• Bib la sove anba atak ak chirepit plis pase tout lòt liv. Nan epòk Mwayennaj, yo te konn boule moun sou yon poto bwa tou senpleman paske yo te gen yon Bib.

• Labib la se liv yo pi simaye nan lemonn. Yo tradui li annantye, oswa an pati, nan plis pase 2 000 lang. Yo enprime plizyè milya Bib deja. Se fò difisil pou w pase yon kote sou tè a pou w pa jwenn yon Bib.

• Pati ki pi ansyen nan Bib la te la depi sèzyèm syèk anvan epòk nou an. Li te la byen lontan anvan Rig-Veda endou a te parèt (ane 1300 apeprè anvan epòk nou an), li te la lontan anvan “ Twa kòbèy ” kanon boudis la (senkyèm syèk anvan epòk nou an), e li te la lontan anvan Koran Islam nan (setyèm syèk epòk nou an). Se menm bagay pou Nihongi chento a tou (ane 720 epòk nou an).

[Gwo foto nan paj 20]