CHAPIT SÈT
Li “te kontinye jwenn favè Jewova”
1, 2. Ki kote Samyèl te ye lè l t ap pale ak pèp Izrayèl la, e sa k fè l te bezwen ede yo repanti?
SAMYÈL te gade pèp li a. Nasyon an te rasanble nan vil Gilgal jan Samyèl te mande yo pou yo fè sa. Samyèl te gentan ap sèvi Jewova fidèlman kòm jij ak pwofèt pandan plizyè dizèn ane. Lè l te mande yo rasanble a, se te nan mwa me oubyen nan mwa jen selon kalandriye nou an. Lè sa a, sezon sechrès la te deja kòmanse e jaden ble nan zòn nan te pare pou moun rekòlte. Kounye a, pèp la fè silans. Kòman Samyèl t apral rive touche kè pèp la?
2 Pèp la pa t konprann jan sitiyasyon an te grav. Yo t ap plede mande pou yo gen yon moun kòm wa alatèt yo. Yo pa t rive wè si se dega yo t ap manke ni Jewova, Bondye yo a, ni pwofèt Jewova a. An reyalite, se rejte yo te rejte Jewova antanke Wa yo! Ki sa Samyèl te ka fè pou ede yo repanti?
Lavi Samyèl antanke timoun montre n move egzanp lòt moun pa ka anpeche n bati yon lafwa solid nan Jewova.
3, 4. a) Poukisa Samyèl te pale sou epòk li te jèn nan? b) Poukisa egzanp lafwa Samyèl kite a itil nou jodi a?
3 Men pawòl Samyèl te di yo: “Mwen fin granmoun, cheve m fin blan.” Lefètke pèp la te ka wè cheve blan l yo, sa te fè pawòl li yo gen plis pwa. Apre sa, li di yo: “Mwen t ap sèvi kòm gid nou depi lè m te jèn pou jis jodi a.” (1 Sam. 11:14, 15; 12:2). Malgre Samyèl te fin granmoun anpil, li pa t bliye sa l te konn fè lè l te jèn. Sa l te konn fè nan epòk sa a te toujou fre nan lespri l. Desizyon l te pran lè l t ap grandi, antanke yon ti gason, te montre li se yon moun ki vwe lavi l bay Jewova, Bondye l la, e li gen lafwa nan Jewova.
4 Samyèl te fè anpil efò pou l te gen yon lafwa solid e pou l kenbe lafwa sa a malgre, plizyè fwa, te gen moun toutotou l ki pa t Lik 18:8.) Ann wè sa n ka aprann nan egzanp Samyèl la. N ap kòmanse ak lè l te yon jèn tigason.
montre yo gen lafwa e ki pa t fidèl ak Bondye. Jodi a, sa toujou mande anpil efò pou n gen yon lafwa solid paske n ap viv nan yon monn kote moun yo pa montre yo gen lafwa e yo kòwonpi. (Li‘Samyèl t ap fè sèvis li devan Jewova aktout li te yon timoun’
5, 6. Sa k fè Samyèl pa t leve menm jan ak tout lòt timoun, e poukisa paran l yo te sèten yo t ap byen pran swen l?
5 Samyèl pa t leve menm jan ak tout lòt timoun. Yon ti tan apre manman l te fin sevre l, petèt lè l te gen twazan oswa yon tikras plis, li te kòmanse bay Jewova yon sèvis sakre nan tabènak li a, nan Silo, ki nan yon distans ki plis pase 30 kilomèt ak lakay Samyèl ki te nan Rama. Èlkana ak Ana, paran Samyèl yo, te bay Jewova pitit gason yo a pou yon sèvis espesyal: pitit la t ap yon nazireyen pandan tout vi l *. Èske sa te vle di paran Samyèl yo pa t renmen l e yo te abandone l?
6 Okontrè! Yo te konnen te gen moun Silo ki t ap pran swen pitit gason yo a. Etandone Samyèl te travay ansanm ak gran prèt Eli, sandout Eli te konn voye je sou jan yo t ap pran swen Samyèl. Te gen plizyè medam ki te konn bay kout men nan diferan travay ki te gen pou fèt nan tabènak la, sandout, yo te konn fè sa yon fason ki byen òganize. — Egz. 38:8; Jij 11:34-40.
7, 8. a) Ane apre ane, kòman paran Samyèl yo te ba l bonjan ankourajman? b) Ki sa paran yo jodi a ka aprann nan men paran Samyèl yo?
7 Anplis de sa, Ana ak Èlkana pa t janm bliye premye pitit gason yo renmen anpil la, yon pitit ki se repons priyè Ana. Ana te mande Bondye pou l ba l yon pitit gason, li te pwomèt Bondye l ap ba l pitit la pou pitit la pase tout vi l ap bay Bondye yon sèvis sakre. Chak ane, lè Ana al vizite Samyèl, li te pote yon nouvo manto ki san manch pou Samyèl mete pou l ka travay nan tabènak la. Se sèten, tipitit la te toujou renmen vizit sa yo. Sandout, li te jwenn ankourajman nan men paran l yo e yo te ba l konsèy toutpandan yo t ap ede l konprann se yon gwo privilèj li genyen pou l sèvi Jewova yon kote ki espesyal.
8 Jodi a, paran yo ka aprann anpil bagay nan men Ana ak Èlkana. Byen souvan, paran yo konn fikse tout atansyon yo sou chèche bay pitit yo sa yo bezwen nan domèn materyèl, alòske yo bliye ede pitit yo gen bon relasyon ak Bondye. Men, paran Samyèl yo te mete relasyon yo ak Bondye an premye nan lavi yo, e sa te gen yon Pwovèb 22:6.
gwo enfliyans sou kalite moun pitit gason yo a te vin ye. — Li9, 10. a) Esplike ki jan tabènak la te ye, epi di ki santiman Samyèl te genyen pou kote sakre sa a. (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki jan de responsablite Samyèl te ka genyen, e kòman w panse jèn yo jodi a ka imite egzanp li?
9 Nou ka imajine tigason an ki vin pi gran e k ap siyonnnen ti mòn ki toutotou Silo yo. Lè l kanpe anlè a, li ka wè vil la ak vale a ki byen laj sou yon bò pa anba a, e se sèten, li te kontan e l te fyè lè l wè tabènak Jewova a. Tabènak sa a te sakre vre *. Sa te fè anviwon 400 ane depi yo te konstwi l anba direksyon Moyiz e se te sèl kote sou tout tè a ki te genyen pou vrè adorasyon an.
10 Ti Samyèl te vin renmen tabènak la anpil. Pi devan, men sa l te ekri: “Samyèl t ap fè sèvis li devan Jewova. Li te gen yon efòd len sou li.” (1 Sam. 2:18). Ti manto ki san manch sa a te montre aklè Samyèl te konn ede prèt yo nan tabènak la. Malgre Samyèl pa t fè pati klas prèt la, li te gen responsablite ki te gen ladan l ouvri pòt ki mennen nan lakou tabènak la nan maten, epi ede Eli ki te aje anpil. Men, aktout Samyèl te renmen privilèj li te genyen yo, rive yon lè, li te santi l enkyè. Te gen bagay grav ki t ap fèt nan kay Jewova a.
Li te rete pwòp malgre te gen moun kòwonpi ozalantou l
11, 12. a) Ki move atitid Ofni ak Fineyas te genyen? b) Ki kalite bagay mal ak magouy Ofni ak Fineyas t ap fè nan tabènak la? (Gade nòt anba paj la tou.)
11 Depi Samyèl te toupiti, li te wè moun k ap fè zak mechanste e ki nan koripsyon. Gran prèt Eli te gen de pitit gason, Ofni ak Fineyas. Men sa ki ekri nan liv Samyèl la: “Pitit gason Eli yo t ap fè sa ki mal. Yo pa t gen okenn respè pou Jewova.” (1 Sam. 2:12). De ide ki nan vèsè sa a mache ansanm. Ofni ak Fineyas t ap “fè sa ki mal”, paske yo pa t bay Jewova regle anyen pou yo. Yo te pase lwa ak prensip Jewova yo ki jis anba pye. Lefètke yo te gen atitid sa a, sa te vin lakòz yo tonbe nan tout kalite peche.
12 Lwa Bondye a te fè konnen aklè responsablite prèt yo te genyen ak fason pou yo te ofri sakrifis nan tabènak la. E te gen bonjan rezon pou sa! Sakrifis sa yo te reprezante dispozisyon Bondye te mete anplas pou moun jwenn padon pou peche yo dekwa pou *.
yo te ka pwòp nan je l e pou yo te jwenn benediksyon l ak direksyon l. Men, Ofni ak Fineyas, ki te sèvi kòm prèt, te fè lòt prèt yo vin pa gen okenn respè ditou pou sakrifis yo13, 14. a) Ki efè vye aksyon ki t ap fèt nan tabènak la te gen sou moun ki sensè yo? b) Sa k fè Eli pa t rive jwe wòl li antanke papa e antanke gran prèt?
13 Imajine jan ti Samyèl te sezi wè vye aksyon konsa k ap fèt, san pa gen pèsonn ki di anyen. Konbyen moun pòv, ki enb, moun y ap toupizi Samyèl te wè ki te vin nan tabènak la ki sakre pou yo jwenn rekonfò ak fòs nan domèn espirityèl epoutan se desepsyon oubyen imilyasyon sèlman yo te jwenn? Anplis de sa, ki jan Samyèl te santi l lè l te aprann menm Ofni ak Fineyas te pase lwa Jewova te bay sou imoralite seksyèl anba pye lè yo te gen relasyon seksyèl ak kèk nan medam ki te konn travay nan tabènak la (1 Sam. 2:22)? Petèt, li te atann pou Eli fè yon bagay pou korije sitiyasyon sa a.
Sa dwe te choke Samyèl anpil lè l wè jan pitit gason Eli yo t ap fè sa ki mal.
14 Eli te gen otorite pou l korije gwo pwoblèm sa a. Antanke gran prèt, li te responsab sa k t ap pase nan tabènak la. Antanke yon papa, se te responsablite l pou l te korije pitit gason l yo. Dayè, se pa t sou tèt yo sèlman pitit gason l yo t ap rale malè, yo t ap rale malè sou anpil lòt moun nan peyi a. Sepandan, Eli pa t rive byen jwe wòl li ni antanke papa ni antanke gran prèt. Li te annik fè de pitit gason l yo yon ti repwòch. (Li 1 Samyèl 2:23-25.) Men, pitit gason l yo te bezwen bonjan disiplin. Yo t ap pratike peche ki te merite lanmò!
15. Ki gwo avètisman Jewova te voye bay Eli, e ki jan fanmi Eli te reyaji devan avètisman sa a?
15 Sitiyasyon an te tèlman vin grav, Jewova te voye “yon sèvitè l” al pote yon gwo mesaj jijman bay Eli. Labib pa fè konnen non pwofèt sa a. Men sa Jewova te di Eli: “Ou kontinye bay pitit ou yo plis onè pase m.” Bondye te fè konnen de pitit gason Eli yo t apral mouri nan menm jou a e fanmi Eli t ap soufri anpil. Fanmi an t ap menm pèdi bèl pozisyon l te genyen pami klas prèt la. Èske gwo avètisman sa a te fè Eli ak pitit gason l yo chanje? Bib la fè konnen yo pa t chanje. — 1 Sam. 2:27–3:1.
16. a) Ki enfòmasyon nou jwenn sou pwogrè ti Samyèl t ap fè? b) Èske enfòmasyon sa yo pa touche kè w? Esplike.
16 Ki enfliyans zak kòwonpi sa yo te gen sou ti Samyèl? Nan istwa tris sa a, detanzantan nou jwenn kèk bagay pozitif, tankou 1 Samyèl 2:18, nou aprann Samyèl ‘t ap fè sèvis li devan Jewova fidèlman aktout li te yon timoun’. Menm lè Samyèl te toupiti konsa, li te fikse lavi l sou sèvis Bondye a. Men sa nou li nan menm chapit la nan vèsè 21 an ki vrèman ankourajan: “Ti Samyèl menm te kontinye jwenn favè Jewova.” Toutpandan li t ap grandi, relasyon l te gen ak Papa l ki nan syèl la te vin pi sere. Yon relasyon sere sere konsa ak Jewova se pi bon fason pou n jwenn pwoteksyon kont tout kalite zak kòwonpi.
bon nouvèl sou jan Samyèl t ap grandi ak sou fason li t ap fè bon pwogrè. Sonje, nan17, 18. a) Kòman jèn kretyen yo ka imite egzanp Samyèl lè moun bò kote yo ap aji mal? b) Ki sa k montre Samyèl te fè yon bon chwa?
17 Samyèl te ka ap di tèt li: etandone gran prèt la ak pitit gason l yo lage nan fè peche, mwen ka fè nenpòt sa m vle. Men, zak kòwonpi moun fè, menmsi se moun ki gen otorite, pa yon eskiz pou n lage kò n nan peche. Jodi a, gen anpil jèn kretyen ki imite bèl egzanp Samyèl e yo kontinye “ap grandi devan Jewova”, menmsi gen kèk moun ozalantou yo ki pa rive bay bon egzanp.
18 Ki rezilta Samyèl te jwenn lefètke li te chwazi obeyi Jewova? Men sa nou li: “Ti Samyèl te kontinye grandi, epi li te kontinye jwenn favè nan men Jewova ak nan men moun.” (1 Sam. 2:26). Donk, anpil moun te renmen Samyèl, sitou moun ki te gen anpil enpòtans nan je Samyèl. Lefètke jèn tigason sa a te fidèl nan sa l t ap fè, Jewova te renmen l anpil. Sandout, Samyèl te konnen Bondye l la t apral aji kont tout zak kòwonpi ki t ap fèt Silo yo. Men, petèt li te ka ap mande tèt li ki lè Bondye t ap fè sa. Yon jou swa, li te jwenn repons lan.
“Ou mèt pale, paske sèvitè w la ap koute w”
19, 20. a) Esplike sa k te rive Samyèl yon jou swa nan tabènak la. b) Ki jan Samyèl te fè konnen kiyès k ap pale avè l, e ki jan l te konn boule ak Eli?
19 Li te prèske jou, men li te fènwa toujou e gwo lanp ki nan tabènak la te limen toujou. Pandan Samyèl te kouche, li tande yon vwa k ap rele l. Li te panse se te gran prèt Eli ki t ap rele l. Lè sa a, Eli te granmoun anpil e l te prèske avèg. Samyèl voup li leve epi ‘l al jwenn’ Eli. Èske w ka imajine tigason sa a ki t ap kouri pye atè pou l al kot gran prèt la? Sa vrèman touchan pou n wè jan Samyèl te trete Eli avèk respè ak jantiyès. Malgre tout peche Eli te fè yo, li te toujou gran prèt Jewova. — 1 Sam. 3:2-5.
20 Samyèl reveye Eli, epi li di l: “Men mwen wi. Mwen tande w rele m.” Men, Eli di Samyèl li pa t rele l, epi l fè tigason an retounen nan kabann li. Menm bagay la te rive plizyè fwa. Finalman, Eli vin konprann sa k t ap pase a. Nan epòk sa a, li pa t fasil pou Jewova voye vizyon oswa pwofesi bay pèp li a, e n ka konprann sa k fè sa. Men, Eli te vin konprann Jewova deside pale ak pèp la ankò, e kounye a, se ak tigason sa a li te deside fè sa. Eli di Samyèl sa pou l reponn Jewova lè l tande vwa a ankò, epi l di l li mèt retounen al kouche. Samyèl obeyi. Tousuit apre, Samyèl tande vwa a rele l: “Samyèl! Samyèl!” Epi, tigason an reponn: “Ou mèt pale, paske sèvitè w la ap koute w.” — 1 Sam. 3:1, 5-10.
21. Ki jan n ka koute vwa Jewova jodi a, e poukisa l enpòtan pou n fè sa?
21 Anfen, Jewova te gen yon sèvitè l nan Silo ki t ap koute l. Pandan tout lavi Samyèl, li te toujou koute Jewova. E ou menm, èske w toujou koute Jewova? Nou pa bezwen tann pou Jewova pale avè n nan nuit. Jodi a, nan yon sans senbolik, nou ka toujou tande vwa Bondye lè n li Pawòl li, Labib. Plis nou koute vwa Bondye e n fè sa l di, se plis lafwa nou ap vin pi solid. Se konsa sa te ye pou Samyèl.
22, 23. a) Kòman mesaj Samyèl te pè bay okòmansman an te reyalize? b) Sa k fè Samyèl te kontinye gen bèl repitasyon?
22 Sa k te pase nan Silo jou swa sa a te chanje lavi Samyèl nèt. Depi lè sa a, li te kòmanse konnen Jewova yon fason espesyal: li te vin pwofèt e l te vin pòtpawòl Bondye. Okòmansman, ti Samyèl te pè bay gran prèt Eli mesaj Jewova a, paske mesaj sa a se te dènye deklarasyon Jewova te fè pou l fè konnen pwofesi li te bay kont fanmi Eli a t apral reyalize talè konsa. Malgre sa, Samyèl te met kouraj sou li pou l bay mesaj Jewova a, e avèk imilite, gran prèt Eli te aksepte jijman Bondye a. Apre yon ti tan, tout sa Jewova te di ki t apral fèt yo te rive vre: Nasyon Izrayèl la t al fè lagè ak Filisten yo, Ofni ak Fineyas te mouri menm jou a, epi Eli te mouri lè l te tande yo pran Lach sakre Jewova a. — 1 Sam. 3:10-18; 4:1-18.
23 Sepandan, Samyèl te vin gen yon bèl repitasyon kòm yon pwofèt ki fidèl. Men sa Bib la di: “Jewova te ansanm avè l.” Mete sou sa, Jewova te fè tout pwofesi Samyèl bay yo reyalize. — Li“Samyèl rele Jewova”
24. Rive yon lè, ki desizyon Izrayelit yo te pran, e poukisa se te yon peche ki grav?
24 Èske Izrayelit yo te suiv egzanp Samyèl e yo te vin gen yon relasyon sere sere ak Bondye? Èske yo te vin fidèl ak Bondye? Non. Rive yon lè, yo te vin deside yo pa vle yon senp pwofèt dirije yo. Yo te vle pou yo gen yon moun kòm wa alatèt yo menm jan ak lòt nasyon yo. Samyèl suiv sa Jewova di, li fè sa pèp la mande a. Men, li te gen pou l fè yo konnen jis nan ki pwen peche sa a grav. Se pa sèlman yon senp pwofèt nasyon an t ap rejte, men se Jewova li menm yo t ap rejte! Donk, li te mande pou pèp la rasanble nan vil Gilgal.
25, 26. Pandan yo Gilgal, ki jan Samyèl ki te granmoun anpil te rive ede pèp la wè jis nan ki pwen yo te peche grav kont Jewova?
25 Ann fè yon ti retounen nan moman kote Samyèl t ap pale ak Izrayelit yo nan vil Gilgal. Samyèl, ki te vin granmoun anpil, t ap fè yo sonje jan l te toujou fidèl ak Jewova. Apre sa, Bib la fè konnen: “Samyèl rele Jewova.” Li mande Jewova voye loray ak lapli. — 1 Sam. 12:17, 18.
26 Loray ak lapli? Nan sezon sechrès? Pèsonn pa t janm wè yon bagay konsa! Si te gen moun ki gen dout oubyen ki pran sa pwofèt la te di a pou jwèt, sa pa t pran tan pou yo chanje lide. Bridsoukou, syèl la vin tou nwa, tan an te pare pou lapli. Gwo van pran vante sou jaden ble yo. Loray t ap gwonde e lapli kòmanse tonbe. Ki jan moun yo te reyaji? Men sa nou li: “Pèp la te vin pè Jewova ak Samyèl anpil.” Anfen, yo te resi wè jis nan ki pwen peche yo a te grav. — 1 Sam. 12:18, 19.
27. Ki santiman Jewova pou moun ki imite lafwa Samyèl?
27 Se pa t Samyèl ki te rive touche kè pèp rebèl sa a, men se te Jewova, Bondye Samyèl la, ki te rive fè sa. Depi Samyèl te toupiti pou rive jis li granmoun, li te mete lafwa l nan Bondye. E Jewova te rekonpanse l. Jis jounen jodi a, Jewova pa chanje. L ap ede moun ki imite lafwa Samyèl.
^ § 5 Ve nazireyen yo pa t ba yo dwa ni bwè alkòl ni koupe cheve yo. Pifò moun te fè ve sa a pou yon kantite tan, men gen kèk moun, tankou Samson, Samyèl ak Jan ki te konn batize moun nan, ki te nazireyen pandan tout vi yo.
^ § 9 Tabènak la te gen fòm rektang, se yon gwo tant ki te chita sou yon chapant ki fèt an bwa. Sepandan, yo te itilize pi bon materyèl ki te genyen pou yo bati l: po fòk, bèl twal bwode ak bwa chè yo te kouvri ak ajan ak lò yo te fonn. Tabènak la te chita nan yon espas rektang e nan espas sa a te gen yon lotèl estrawòdinè pou moun ofri sakrifis. Pi devan, yo te vin bati lòt chanm sou kote tabènak la pou prèt yo te ka itilize. Sanble se nan youn nan chanm sa yo Samyèl te konn dòmi.
^ § 12 Gen de egzanp nan liv Samyèl la ki montre jan yo te aji san respè. Premyèman, Lalwa te di ki moso vyann prèt yo te ka manje nan sakrifis yo (Det. 18:3). Men, nan tabènak la, prèt mechan sa yo t ap fè yon lòt bagay. Yo te konn fè moun ki t ap ede yo foure yon gwo fouchèt nan chodyè vyann k ap bouyi a pou yo pran pi bon moso vyann ki soti a. Dezyèmman, yo te fè moun ki t ap ede yo menase moun ki te pote sakrifis yo pral boule sou lotèl la. Bandi sa yo te mande moun yo vyann yo tou kri anvan menm yo te ofri Jewova grès la. — Lev. 3:3-5; 1 Sam. 2:13-17.