Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE TOUTBONVRE BIB LA SE PAWÒL BONDYE?

Èske toutbonvre se “Bondye ki enspire” Bib la?

Èske toutbonvre se “Bondye ki enspire” Bib la?

ÈSKE W kwè se Bondye ki te fè ekri Bib la? Oubyen èske w kwè se jis panse lèzòm ki ladan l?

Gen anpil deba ki fèt sou kesyon sa a menm pami moun ki di yo se kretyen. Pa egzanp, nan ane 2014, gen yon sondaj yo te fè Ozetazini ki te fè konnen pifò moun ki di yo se kretyen yo admèt “Bib la gen yon rapò kèlkonk ak Bondye”. Yon lòt bò, sou chak senk moun ki te patisipe nan sondaj la, gen youn ki te konsidere Bib la tankou yon liv ki gen “ansyen istwa ki pa reyèl, lejann, prensip lèzòm te ekri ak istwa sou yon seri evènman”. Tout dezakò sa yo atire atansyon nou sou vrè sans mo “enspire” a genyen nan Bib la. — 2 Timote 3:16.

NAN KI SANS SE “BONDYE KI ENSPIRE” BIB LA?

Bib la gen 66 ti liv ladan l, e gen anviwon 40 gason ki te ekri l sou yon peryòd ki te dire anviwon 1600 ane. Men, si se lèzòm ki te ekri Bib la, ki jan fè se “Bondye ki enspire” l? Pou n esplike sa yon fason senp, ekspresyon “Bondye ki enspire” l la vle di Bondye se Moun ki te fè ekri enfòmasyon ki ladan l yo. Bib la fè konnen: “Moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” (2 Pyè 1:21). Kidonk, Bondye te itilize lespri sen ki se fòs envizib li a pou l te bay mesye ki te patisipe nan ekri liv ki nan Bib la mesaj li te vle yo transmèt la. Nou kapab konpare sa ak yon biznismann k ap di sekretè l sa pou l ekri nan yon lèt. Pawòl ki nan lèt la, se pawòl moun ki te di sa pou yo met ladan l lan, se pa pawòl moun ki te ekri l la.

Anfèt, gen kèk mesye ki te patisipe nan ekri Bib la, se tande yo te tande mesaj la lè yon zanj te vin pale avèk yo. Gen lòt menm, se vizyon Bondye te fè yo fè. Gen kèk ka kote se nan rèv Bondye te bay moun mesaj li a. Se vre, pafwa, Bondye te pèmèt moun yo itilize pwòp mo pa yo pou yo ekri mesaj li a, sepandan, gen lòt ka kote l te di yo egzakteman sa pou yo te ekri. Kèlkeswa jan Bondye te fè sa, se panse l moun sa yo te ekri, se pa t pwòp ide pa yo.

Ki jan nou kapab gen asirans se Bondye ki te enspire moun yo pou yo ekri Bib la? Ann wè twa prèv klè k ap ede nou gen plis konfyans sou orijin Bib la.