BYOGRAFI
Jewova beni m plis pase sa mwen te atann
MWEN te di tèt mwen: ‘Fòk mwen vin pyonye. Men, èske sèvis pyonye a t ap enteresan?’ Mwen te renmen djòb mwen te gen ann Almay la, kote m t ap jere kesyon voye manje nan yon seri zòn ann Afrik, tankou Da ès Salaam, Elizabètvil ak Asmara. M pa t janm panse yon jou m t ap ka sèvi Jewova aplentan nan zòn sa yo ak plizyè lòt kote ann Afrik!
Lè m te resi konbat dout mwen te genyen yo e m te kòmanse sèvis pyonye, m te vin ap mennen yon vi ki te depase tout sa m te atann (Efe. 3:20). Men, nou ka ap mande ki jan sa te fè rive. Kite m esplike n depi nan kòmansman.
Mwen fèt nan vil Bèlen nan peyi Almay nan ane 1939, kèk mwa apre Dezyèm Gè mondyal la te fin eklate. Lè gè a t apral fini an 1945, yo te konn lage yon pakèt bonm sou vil Bèlen. Yon lè, gen youn nan yo ki te tonbe nan ri kote kay nou te ye a e fanmi m avè m te oblije kouri al nan youn nan abri yo fè pou lè y ap lage bonm yo. Pou nou te ka pwoteje tèt nou, annapre, nou te kouri al Èfòt, nan zòn kote manman m te fèt la.
Manman m te toujou ap chèche laverite. Li te konn li yon seri liv filozofi e l te fè rechèch sou plizyè relijyon, men l pa t satisfè. Nan zòn ane 1948, te gen de Temwen Jewova ki te vin lakay nou. Manman m te envite yo rantre e l te poze yo anpil kesyon. Inèdtan potko menm pase, li te di mwen menm ak ti sè m nan: “Mwen jwenn laverite!” Yon ti tan apre sa, mwen menm ak manman m ak ti sè m nan te kòmanse asiste reyinyon Èfòt.
Nan ane 1950, nou te retounen al viv Bèlen, e nou te fè pati kongregasyon Bèlen-Kwòyzbèg la. Apre sa, nou t al viv yon lòt kote nan Bèlen, epi nou te vin nan kongregasyon Bèlen-Tenmpèlòf la. Rive yon lè, manman m te vin batize, men mwen menm, mwen te santi m poko pare. Sa k te fè sa?
FASON M TE LITE AK TIMIDITE
Mwen pa t fè anpil pwogrè paske m te timid anpil. Se vre, mwen te konn al preche, men, pandan dezan, lè m t al preche mwen pa t janm di moun yo anyen. Bagay yo te vin chanje lè m te kòmanse pase tan ak frè ak sè ki te montre yo gen kouraj e yo fidèl ak Jewova. Gen kèk ladan yo yo te mete nan prizon nan kan konsantrasyon Nazi oswa ann Almay delès. Gen lòt ki te riske pèdi libète yo paske yo te konn fè piblikasyon yo antre ann Almay delès. Egzanp
yo te gen gwo efè sou mwen. Mwen te di tèt mwen si yo te riske lavi yo ak libète yo pou Jewova e pou frè yo, ebyen mwen te ka fè efò pou m pa timid anpil ankò.Mwen te kòmanse lite ak timidite m te genyen an lè m te patisipe nan yon kanpay espesyal nan ane 1955. Nan yon lèt yo te pibliye nan Enfòmatè a *, frè Nathan Knorr te fè konnen kanpay sa a se youn nan pi gwo kanpay òganizasyon an ap fè. Li te di si tout pwoklamatè sou tè a patisipe nan kanpay sa a, “se pi bèl mwa n ap fè ap preche”. Se egzakteman sa k te rive! Yon ti tan annapre, mwen te vwe Jewova lavi m, e nan ane 1956, mwen te batize ansanm ak papa m ak sè m nan. Men, pi devan, mwen te gen pou m pran yon lòt gwo desizyon.
Depi plizyè ane, mwen te konnen fò m pran sèvis pyonye, men mwen te toujou panse m a gentan fè sa. Toudabò, mwen te deside aprann fason pou m achte pwodui nan lòt peyi ak fason pou m vann pwodui bay lòt peyi. Apre sa, mwen te vle travay sou sa m te aprann nan pandan yon tan pou m vin gen plis eksperyans. Kidonk, nan ane 1961, mwen te aksepte yon djòb nan vil Anbou, vil ki gen pi gwo pò ann Almay la. Plis mwen te vin renmen travay la se plis mwen te di tèt mwen m a gentan pyonye. Ki sa m t apral fè?
Mwen di Jewova mèsi dèske l te sèvi ak yon seri frè ki gen lanmou pou l ede m konprann se sèvi l ki pi enpòtan. Gen plizyè nan zanmi m yo ki te pran sèvis pyonye e ki te ban m yon bèl egzanp. Mete sou sa, frè Erich Mundt, yon frè ki te pase nan kan konsantrasyon, te ankouraje m mete konfyans mwen nan Jewova. Li te di m, lè l te nan kan konsantrasyon an, frè ki te konte sou tèt yo te vin febli. Men, moun ki te mete tout konfyans yo nan Jewova yo te rete fidèl e yo te vin yon gwo èd pou òganizasyon Jewova a.
Mete sou sa, frè Martin Poetzinger, ki te vin manm Kolèj santral annapre, te kontinye ankouraje frè yo lè l te konn di: “Kouraj se byen ki gen plis valè nou te ka genyen.” Apre m te fin medite sou pawòl sa yo, finalman mwen te kite travay mwen an e m te kòmanse sèvi kòm pyonye an jen 1963. Se te pi bon desizyon m te ka pran! Apre de mwa, anvan menm mwen te kòmanse chèche yon lòt travay, yo te envite m sèvi kòm pyonye espesyal. Kèk ane annapre, Jewova te fè plis pase sa mwen te atann. Mwen te jwenn envitasyon pou m asiste 44yèm klas Lekòl Galaad.
MWEN TE APRANN YON GWO LESON NAN LEKÒL GALAAD
Men youn nan pi gwo leson m te aprann, sitou nan men frè Natan Knorr ak frè Lyman Swingle: “Pa janm kouri kite asiyasyon w.” Yo te ankouraje n rete nan asiyasyon nou menmsi asiyasyon an difisil. Men sa frè Knorr di: “Sou ki sa w ap konsantre w? Sou pousyè a, sou ti bèt nuizib yo, sou jan moun yo pòv? Oubyen èske w ap wè pyebwa yo, flè yo, ak kè kontan ki sou vizaj moun yo? Aprann renmen moun yo!” Yon jou, pandan frè Swingle t ap esplike rezon ki fè kèk frè te kouri kite asiyasyon yo, li te fè efò pou l pa kriye paske dlo t ap monte nan je l. Li te oblije fè yon ti kanpe sou diskou a pou l reprann li. Sa te touche m anpil e mwen te detèmine pou m pa desevwa ni Kris ni frè fidèl li yo. — Mat. 25:40.
Lè nou te fin resevwa asiyasyon nou, gen kèk Betelit ki te vin mande kèk nan nou ki kote nou prale. Yo te di yon bon bagay sou chak asiyasyon. Men, lè m te di: “Kongo (Kinchasa)”, yo pe, epi yo di: “Ki sa? Kongo? Jewova ap ede w!” Nan epòk sa a, yo te konn bay anpil nouvèl sou Kongo (Kinchasa) paske te gen lagè ak anpil krim ki t ap fèt nan peyi a. Men, m te sonje sa m te aprann yo. Yon ti tan apre nou fin gradye an septanm 1967, mwen menm ak Heinrich Dehnbostel ak Claude Lindsay t al Kinchasa, kapital peyi Kongo.
NOU TE JWENN YON KOKENN FÒMASYON KÒM MISYONÈ
Lè nou te rive Kinchasa, nou te fè twa mwa ap aprann fransè. Apre sa, nou te pran avyon pou n al Louboumbachi, ki te rele Elizabètvil anvan sa, toupre fwontyè Zanbi nan pwent sid peyi Kongo. Nou t al viv nan yon mezon misyonè nan mitan vil la.
Piske yo potko preche pifò tèritwa Louboumbachi, nou te kontan anpil lefètke nou te premye moun ki t ap pataje laverite ak anpil moun nan zòn nan. Nan yon tikras tan, te tèlman gen moun ki te vle etidye Labib, nou pa t gen tan pou n fè etid ak tout. Nou te konn preche ofisyèl nan gouvènman yo tou oswa polisye yo. Anpil moun te montre gwo respè pou Pawòl Bondye a ak travay predikasyon nou t ap fè a. Pifò moun yo pale swayili, se sa k fè mwen menm ak Claude Lindsay te aprann lang sa a. Yon ti tan apre, yo te voye nou nan yon kongregasyon swayili.
Byenke nou te fè anpil bèl eksperyans, nou te jwenn difikilte tou. Byen souvan, nou te konn rankontre ak sòlda ki gen zam nan men yo e ki sou oswa ak polisye ki fache ki te konn akize nou pou yon seri bagay nou pa t fè. Yon lè, te gen yon gwoup polisye ak zam ki antre nan mezon misyonè a pandan n t ap fè yon reyinyon. Yo mennen nou nan komisarya polis la epi yo fè nou ret chita atè jiskaske yo lage nou nan zòn dizè diswa.
An 1969, yo te voye m nan travay sikonskripsyon an. Nan sikonskripsyon m te ye a, m te konn oblije pase nan yon seri zòn ki gen labou ak yon pakèt zèb ki byen wo. Gen anpil
zòn konsa ann Afrik. Nan youn nan bouk yo, gen yon manman poul ak ti poul li ki te konn vin dòmi anba kabann mwen nan aswè. Mwen pa bliye jan l te konn fè m pantan nan dòmi akoz li t ap fè yon pakèt bri pandan l pral fè jou. Bèl souvni m genyen se lè m te konn pale ak frè yo sou verite ki nan Bib la pandan nou chita bò yon boukan dife nan aswè.Youn nan pwoblèm ki te pi rèd se te annafè ak yon seri fo frè ki t ap soutni mouvman Kitawala a *. Kèk ladan yo te fofile kò yo nan kongregasyon an e gen nan yo ki te menm vin ansyen. Frè ak sè ki sensè yo te rive dekouvri anpil nan moun sa yo ki te tankou “resif ki kache anba dlo”. (Jid 12.) Alafen, Jewova te netwaye kongregasyon an e l te poze baz pou gen gwo akwasman.
An 1971, yo te voye m nan filyal Kinchasa, kote m te gen pou m fè plizyè travay, pa egzanp travay nan sèvis korespondans, kòmann piblikasyon ak depatman sèvis. Nan Betèl la, mwen te aprann fason pou òganize travay la nan yon gwo peyi kote pifò sèvis debaz yo pa t fonksyone byen. Gendelè, kourye nou voye nan kongregasyon yo konn pran plizyè mwa anvan yo rive. Yo konn sot nan avyon al nan bato ki konn ret kole pandan plizyè semèn nan yon seri plant ki sou dlo a. Sepandan, travay la te rive fèt malgre difikilte sa yo ak lòt ankò.
Mwen te sezi wè jan frè yo òganize gwo kongrè menm lè yo pa t gen anpil kòb. Yo te konn sèvi ak nich poudbwa pou yo fè estrad. Yo te konn sèvi ak yon seri zèb ki wo anpil ki rele zèb elefan pou yo fè panno, e yo te konn mare yo fè pakèt pou fè kousen pou moun chita. Yo te konn sèvi ak banbou kòm poto, e yo te konn sèvi ak nat pou yo kouvri lokal la e pou yo fè tab. Yo te konn taye kòs bwa pou sèvi nan plas klou. Mwen te toujou sezi wè tout bèl ide frè ak sè sa yo te genyen pou yo fè fas ak difikilte yo. Mwen te vin renmen yo anpil. Se pa ti sonje m te sonje yo lè m te oblije al nan yon lòt asiyasyon.
MWEN TE SÈVI NAN PEYI KENYA
An 1974, yo te voye m nan filyal Naywobi, nan peyi Kenya. Nou te gen anpil travay pou n fè paske filyal Kenya a t ap sipèvize travay predikasyon an nan dis peyi ki toupre. Gen kèk nan peyi sa yo ki te entèdi travay nou an. Plizyè fwa, yo te voye m al vizite peyi sa yo, sitou Etyopi, kote yo t ap pèsekite frè nou yo e yo te pase yo anba gwo eprèv. Yo te matirize anpil ladan yo oswa yo te mete yo nan prizon. Gen ladan yo yo te menm touye. Men, yo te andire fidèlman paske yo te gen bon relasyon ak Jewova, e yo te byen antann yo youn ak lòt.
An 1980, gen yon bèl bagay ki te rive nan lavi m. Mwen te marye ak Gail Matheson ki se moun Kanada. Mwen menm ak Gail te nan menm klas nan Lekòl Galaad. Youn te konn ekri lòt pou n kenbe kontak. Gail t ap sèvi kòm misyonè nan peyi Bolivi. Apre 12 an, nou te rankontre ankò nan Nouyòk. Yon ti tan apre, nou te marye nan peyi Kenya. Mwen gen Gail anpil rekonesans paske li te toujou wè bagay yo jan Jewova wè yo e li te toujou kontante l ak sa l genyen. Jiska prezan, li se yon gwo èd pou mwen e mwen renmen l anpil.
An 1986, yo te mande mwen menm ak Gail fè travay sikonskripsyon an pandan m te toujou ap sèvi kòm manm Komite filyal. Nan travay sikonskripsyon an, nou te konn vizite anpil peyi ki te anba sipèvizyon filyal Kenya.
Mwen byen sonje lè m t ap fè preparasyon pou yon kongrè ki t ap fèt nan Asmara (nan peyi Eritre) nan ane 1992. Nan epòk sa a, travay nou an pa t anba entèdiksyon nan zòn sa a. Malerezman, se sèlman yon vye espas nou te jwenn ki te lèd pa deyò e ki te pi lèd toujou pa anndan. Jou kongrè a, mwen te sezi wè jan frè yo te chanje anndan an pou fè l tounen yon bèl kote pou moun adore Jewova. Anpil fanmi te
pote rido e yo te byen kouvri tout bagay ki te lèd yo. Nou te gen yon bèl kongrè ki te vrèman enteresan, e te gen 1 279 moun nan asistans lan.Travay sikonskripsyon an pa t fasil pou nou paske nou te loje yon kote ki diferan chak semèn. Gen yon lè nou te loje nan yon bèl kay ki toupre lanmè. Yon lòt fwa, nou te loje nan yon ti kay ki fèt ak tòl, e twalèt la te lwen kay la, li te nan yon distans 100 mèt. Men, kèlkeswa kote nou te ye a, sa nou sonje ki ban nou plis kè kontan se jounen predikasyon nou te konn fè ak pyonye yo ansanm ak pwoklamatè ki zele yo. Lè nou te resevwa yon lòt asiyasyon, nou te kite anpil bon zanmi dèyè, e nou vrèman sonje yo.
NOU TE JWENN ANPIL BENEDIKSYON NAN PEYI ETYOPI
Nan fen ane 1980 yo ak nan kòmansman ane 1990 yo, Leta te vin rekonèt aktivite nou yo nan plizyè peyi ki te anba sipèvizyon filyal peyi Kenya a. Konsa, yo te vin met filyal ak biwo pou peyi nan zòn sa yo. An 1993, yo te voye nou al sèvi nan biwo Adis Abeba a, nan peyi Etyopi, kote travay nou an t ap fèt an kachèt pandan plizyè dizèn ane. Kounye a, Leta rekonèt travay nou an nan peyi Etyopi.
Jewova beni travay la nan peyi Etyopi. Anpil frè ak sè te pran sèvis pyonye. Depi 2012, gen plis pase 20 pousan nan pwoklamatè yo ki pyonye pèmanan chak ane. Mete sou sa, gen plizyè lekòl teyokratik ki bay frè ak sè yo fòmasyon yo te bezwen, e yo konstwi plis pase 120 Sal Wayòm. An 2004, fanmi Betèl la te demenaje al nan yon nouvo lokal, e te gen yon Sal asanble sou menm teren an. Sa a se te yon benediksyon!
Pandan plizyè ane mwen menm ak Gail te vin gen anpil bon zanmi pami frè ak sè yo ann Etyopi. Nou te renmen yo anpil paske yo te janti e yo renmen moun. Tou dènyèman la a, nou vin ap goumen ak pwoblèm sante, sa ki te fè li nesesè pou yo voye nou nan filyal Ewòp santral la. Nan filyal sa a, yo byen pran swen nou. Men, se pa ti sonje nou sonje bon zanmi nou yo nan peyi Etyopi!
JEWOVA TE FÈ L GRANDI
Nou te wè jan Jewova te fè travay la grandi (1 Kor. 3:6, 9). Pa egzanp, lè m te fèk kòmanse preche Wanndè ki te vin travay nan min kuiv nan peyi Kongo yo, pa t gen pwoklamatè nan peyi Wannda. Kounye a, gen plis pase 30 000 frè ak sè nan peyi sa a. Nan ane 1967, Kongo (Kinchasa) te gen anviwon 6 000 pwoklamatè. Kounye a, gen anviwon 230 000 pwoklamatè, e nan ane 2018, plis pase yon milyon moun te asiste Memoryal. Nan tout peyi filyal Kenya t ap sipèvize yo, vin gen plis pase 100 000 pwoklamatè antou.
Sa gen plis pase 50 an, Jewova te sèvi ak plizyè frè pou ede m antre nan sèvis aplentan. Se vre mwen toujou ap goumen ak timidite, men, mwen te aprann pou m konte nèt sou Jewova. Sa mwen te viv ann Afrik te aprann mwen pou m gen pasyans e pou m kontante m. Mwen menm ak Gail gen anpil admirasyon ak lanmou pou frè ak sè sa yo ki te byen akeyi nou, ki te andire gwo pwoblèm e ki te met konfyans yo nan Jewova. Se pa ti rekonesans mwen gen pou favè san parèy Jewova fè m nan. Vrèmanvre, Jewova beni m plis pase sa mwen te atann. — Sòm 37:4.
^ § 11 Annapre yo te vin rele l Ministè Wayòm nan, e kounye a li rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri.
^ § 23 “Kitawala” sot nan yon mo swayili ki vle di “domine, dirije oswa gouvène”. Mouvman sa a se te yon mouvman politik e objektif li se te pran endepandans anba men peyi Bèljik. Gwoup Kitawala a te chèche jwenn piblikasyon Temwen Jewova yo, yo te etidye yo, yo te distribye yo epi yo te tòde ansèyman ki nan Bib la pou soutni pwennvi politik yo genyen ansanm ak koutim ki gen rapò ak sipèstisyon ak fason imoral yo t ap viv.