Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1 Li ede n evite pwoblèm

1 Li ede n evite pwoblèm

Selon sa nou li nan Bib la, se Bondye ki te fè ekri konsèy ki ladan l yo e “yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat”. (2 Timote 3:16.) Èske se vre? Ann egzamine jan konsèy saj ki nan Bib la te ede plizyè moun evite kèk gwo pwoblèm nan lavi a anvan menm pwoblèm sa yo anrasinen lakay yo.

MAL SÈVI AK ALKÒL

Delphine, nou te pale de li nan atik ki anvan an, te santi pwoblèm li te genyen yo te pouse l bwè anpil alkòl. Bib la pa kont pou moun bwè yon ti alkòl, men li di: “Pinga w vin yon moun ki bwè twòp diven.” (Pwovèb 23:20). Lè yon moun mal sèvi ak alkòl, sa ka ba l gwo pwoblèm sante, sa ka gen efè sou amitye li gen ak lòt moun e menm kraze amitye a, e chak ane, sa lakòz plizyè milyon moun mouri anvan lè. Si moun yo te suiv konsèy saj ki nan Bib la, yo te ka evite anpil nan pwoblèm sa yo.

Se sa Delphine te fè. Men sa l di: “Mwen te rann mwen kont, alkòl pa t ede m rezoud pwoblèm mwen. Mwen te suiv konsèy ki nan Filipyen 4:6, 7 la ki di: ‘Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo.’ Chak swa, lè m santi m toumante epi enkyetid vle anvayi m, mwen priye Jewova. Mwen di l tout sa m santi, san wete sa k fè m fache, sa k fè m mal, sa k dekouraje m, e mwen sipliye l pou l ede m panse yon fason ki pozitif. E lè m leve nan maten, mwen fè tout sa m kapab pou m voye tout ansyen santiman sa yo jete byen lwen. Lefètke m te pran abitid priye, sanble sa te ede m konsantre sou sa mwen genyen olye mwen konsantre sou sa mwen pa t genyen. Mwen te pran detèminasyon pou m pa janm bwè alkòl ankò. Paske, lapè mwen te vin jwenn nan te tèlman enpòtan pou mwen, mwen pa t ka pran chans pèdi l.”

IMORALITE

Imoralite se youn nan bagay ki lakòz anpil soufrans ak lapenn. Men, etandone prensip ki nan Bib la ede n idantifye etap ki ka fè yon moun tonbe nan imoralite, pa egzanp jwe ak santiman moun oswa gade pònografi, sa ede n evite pwoblèm imoralite pote yo. Men sa yon jèn gason ki rele Samuel fè konnen: “Se pa ti fasil sa fasil pou yon moun jwe ak santiman lòt moun. Pafwa, yon fi gendwa pa menm enterese m men m santi li sou bò m, e sa ban m anvi jwe ak santiman l.” Souvan, yo te konn akize Samuel l ap jwe ak santiman medam yo, menmlè sa pa t nan entansyon l, donk, finalman li te pran sa kòm yon eskiz pou l lage kò l nan jwe ak santiman ti medam yo. Men, abitid sa a te kòmanse toumante l. Men sa l di: “Sa te fè m soufri, paske sa te fè m gen tandans wè tèt mwen sèlman.”

Samuel te li yon atik pou jèn yo sou sit Entènèt jw.org la. E li te medite sou Pwovèb 20:11 ki di: “Menm yon timoun [oswa “yon tigason, nòt”], aksyon l fè montre kiyès li ye, yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat.” Ki jan pawòl ki nan vèsè sa a te ede l? Samuel te vin rann li kont zafè jwe ak santiman moun pa t ni pwòp ni dwat. Men sa l di ankò: “Mwen te vin aprann tou, lè yon jèn pran abitid jwe ak santiman lòt moun se prepare l ap prepare l pou l yon move mari oswa yon move madanm lè l vin marye. Mwen te kòmanse reflechi sou fason madanm mwen t ap santi l si l ta wè m ap bay lòt fi bò. Mwen te vin rann mwen kont abitid sa a pa t bon menm. Se pa paske sa fasil pou m fè ki fè se yon bon bagay sa ye.” Samuel te vin chanje. Lefètke l te evite vye abitid sa a, sa ede l pou l pa tonbe nan imoralite.

Sa k te manke pou Antonio tonbe nan imoralite a pa t anpil menm. Li te esklav pònografi. Malgre l te marye ak yon dam li te renmen anpil, li pa t ka viv san l pa gade pònografi. Li te di lefètke li te reflechi ak 1 Pyè 5:8, sa te vrèman ede l. Men sa vèsè a di: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.” Men sa Antonio di: “Nan monn sa a, ou jwenn pònografi tout kote, e imaj sa yo ka rete nan lespri w. Vèsè sa a te vrèman ede m reflechi sou ki moun ki kache dèyè tantasyon sa yo. Mwen te bezwen devlope reflèks lakay mwen pou m sonje se Dyab la ki mete imaj pònografi yo. Kounye a, mwen konnen se sèlman Jewova ki kapab ede m ‘kenbe tèt mwen anplas epi ret veyatif’ yon fason pou m ka fè fas ak atak sa yo k ap fèt nan lespri m, nan kè m ak nan maryaj mwen.” Antonio te resevwa èd li te bezwen, e finalman li te rive venk vye abitid sa a. Kòm rezilta, sa te ede l evite tonbe nan pwoblèm ki pi grav toujou.

Pa gen dout nan sa, Bib la bay bonjan konsèy ki kapab ede n evite tonbe nan gwo pwoblèm. Men, e konsènan pwoblèm ki deja byen anrasinen e k ap rete pandan yon bon tan? Ann gade jan Pawòl Bondye a ka ede n fè fas ak difikilte sa yo.

Bonjan konsèy Bib la bay ka ede n evite kèk pwoblèm.