Mete konfyans nou nan Jewova
Mete konfyans nou nan Jewova
“ Se ou menm ki espwa m, o Souvren Seyè Jewova, ou se konfyans mwen depi lè m te jèn. ”— SÒM 71:5.
1. Ki defi David, yon jèn bèje, te leve ?
MESYE a te mezire prèske twa mèt. Se pa etonan si tout sòlda ki nan liy batay Izrayèl yo te pè afwonte l ! Pandan plizyè semèn, chak maten e chak swa, Golyat, yon filisten jeyan, t ap pwovoke lame Izrayèl la, li te ba yo defi pou yo voye yon chanpyon vin batay avè l. Finalman, gen yon moun ki aksepte leve defi a. Men, se pa t yon sòlda, se te yon jèn ti bèje ki rele David. Li te parèt tou zuit devan advèsè l la. Ou gendwa wè ekipman sòlda Golyat yo ak zam li yo te pi lou pase David ! Malgre sa, ti jennonm nan afwonte jeyan an e li tounen yon senbòl moun ki brav. — 1 Samyèl 17:1-51.
2, 3. a) Sa k te fè David gen tout konfyans sa a lè l t ap afwonte Golyat ? b) Ki de etap nou pral egzamine k ap pèmèt nou mete konfyans nou nan Jewova ?
2 Sa k fè David te brav konsa ? Reflechi sou kèk pawòl David te ekri sandout nan vye jou l yo : “ Se ou menm ki espwa m, o Souvren Seyè Jewova, ou se konfyans mwen depi lè m te jèn. ” (Sòm 71:5). Wi, lè David te jèn, li te fè Jewova yon konfyans total. Men pawòl li te di lè l t ap afwonte Golyat : “ W ap avanse sou mwen ak yon epe, yon lans ak yon javlo, men mwen menm, m ap avanse sou ou avèk non Jewova [Chèf] lame yo, Bondye liy batay Izrayèl la, Bondye w ap pwovoke a. ” (1 Samyèl 17:45). Alòske Golyat te mete konfyans li nan gwo fòs li te genyen ak nan ekipman sòlda li, David li menm li te mete konfyans li nan Jewova. Piske David te gen Souvren Seyè linivè a avè l, poukisa pou l ta pè yon senp òm kèlkeswa gwosè l e kèlkeswa byen ame li ta byen ame ?
3 Etan w ap li sa k te rive David la, èske w swete
pou konfyans ou genyen nan Jewova ta vin pi djanm ? Sanble pifò nan nou ta swete sa. Donk, annou egzamine de etap nou ka franchi pou n mete konfyans nou nan Jewova. Toudabò, nou bezwen venk yon obstak ki kouran ki ka anpeche nou gen konfyans sa a. Dezyèmman, nou bezwen aprann egzakteman sa sa vle di mete konfyans nou nan Jewova.Annou venk obstak ki ka anpeche nou mete konfyans nou nan Jewova
4, 5. Poukisa anpil moun twouve li difisil pou yo mete konfyans yo nan Bondye ?
4 Ki sa ki anpeche moun yo mete konfyans yo nan Bondye ? Byen souvan, gen moun ki twouble akoz move bagay ki rive. Yo anseye anpil moun se Bondye ki responsab soufrans. Lè yon malè frape, manm klèje yo konn fè konnen Bondye “ pran ” viktim yo pou y al viv avè l nan syèl. Anplis de sa, anpil chèf relijye anseye tout evènman ki rive nan monn sa a, sa gen ladan l tout malè ak tout mechanste ki fèt, Bondye te gentan predestine yo depi byen lontan. Li t ap difisil pou yon moun mete konfyans li nan yon Dye ki ensansib konsa. Satan, li menm k ap avegle lespri enkredil yo, byen chofe pou l soutni tout “ ansèyman demon ” sa yo. — 1 Timote 4:1 ; 2 Korentyen 4:4.
5 Satan ta renmen pou moun yo pèdi konfyans nan Jewova. Ènmi Bondye sa a pa vle nou konnen vrè koz ki fè lèzòm ap soufri. E si nou deja aprann rezon biblik ki fè gen soufrans, Satan ta renmen nou bliye yo. Donk, detanzantan, li saj pou nou reegzamine twa rezon prensipal ki fè gen soufrans nan monn nan. Lè nou fè sa, n ap gen asirans nan kè nou yon lòt fwa ankò se pa Jewova ki responsab pwoblèm nou rankontre nan lavi a. — Filipyen 1:9, 10.
6. Ki jan 1 Pyè 5:8 lonje dwèt sou yon rezon ki lakòz lèzòm ap soufri ?
6 Youn nan rezon ki fè lèzòm ap soufri, se paske Satan vle kraze entegrite sèvitè fidèl Jewova yo. Li te eseye kraze entegrite Jòb. Satan te echwe nan okazyon sa a, men li pa kite sa. Antanke chèf monn sa a, l ap chèche “ devore ” sèvitè fidèl Jewova yo (1 Pyè 5:8). Nou chak nou konsène. Satan vle fè nou sispann sèvi Jewova. Se poutèt sa, byen souvan, li konn pouse moun pèsekite nou. Menmsi soufrans sa yo pa dous, nou gen bonjan rezon pou nou andire. Lè nou fè sa, nou potekole nan demontre Satan se yon mantè, e donk, nou fè Jewova plezi (Jòb 2:4 ; Pwovèb 27:11). Ofiramezi Jewova ap ban nou fòs pou nou andire pèsekisyon, konfyans nou gen nan li ap ogmante. — Sòm 9:9, 10.
7. Ki rezon ki lakòz soufrans Galat 6:7 ede nou rekonèt ?
7 Nou jwenn yon lòt rezon ki fè gen soufrans nan prensip sa a : “ Kèlkeswa sa yon moun simen, se li l ap rekòlte tou. ” (Galat 6:7). Pafwa, moun yo simen nan fè move chwa e kòm konsekans, yo rekòlte yon kantite soufrans. Petèt yo chwazi pou yo fè enpridans nan fason y ap kondui, e sa konn lakòz aksidan. Anpil moun chwazi fimen sigarèt, e sa fè yo soufri maladi kè oswa yo fè kansè poumon. Moun ki chwazi lage kò yo nan konduit seksyèl imoral riske pou relasyon nan fanmi yo depafini, pou yo pèdi diyite yo, pou yo pran maladi seksyèl trapan e pou yo ansent san yo pa vle. Moun yo gendwa ap chèche rann Bondye responsab soufrans sa yo, men anfèt, yo viktim pwòp move desizyon yo pran. — Pwovèb 19:3.
8. Selon Eklezyas 9:11, poukisa moun ap soufri ?
8 Nan Eklezyas 9:11, nou jwenn yon twazyèm rezon ki fè gen soufrans. Men sa vèsè a di : “ Anba solèy la, mwen vire gade, mwen wè se pa moun ki rapid la ki genyen nan kous, ni se pa moun ki vanyan yo ki genyen nan batay, ni se pa moun ki saj tou ki gen manje, ni se pa moun ki entèlijan yo ki gen larichès, nitou se pa moun ki gen konesans yo ki jwenn favè, paske tan ak evènman enprevi rive yo tout. ” Pafwa, moun yo konn senpleman twouve yo move kote a nan move moman an. Kèlkeswa fòs oswa feblès pèsonèl nou genyen, soufrans ak lanmò ka pote nenpòt nan nou ale nenpòt lè sanzatann. Ann pran egzanp sa k te pase pandan Jezi te sou tè a, lè yon tou nan vil Jerizalèm te tonbe e l te touye 18 moun. Jezi te montre se pa t Bondye ki t ap pini yo pou peche yo te fè (Lik 13:4). Non, Jewova pa responsab soufrans konsa.
9. Ki sa anpil moun pa rive konprann konsènan soufrans ?
9 Li enpòtan pou nou konprann kèk nan rezon ki fè gen soufrans. Sepandan, gen yon aspè nan bagay la anpil moun twouve li difisil pou yo konprann. Men li : Poukisa Jewova Dye pèmèt soufrans ?
Poukisa Jewova pèmèt soufrans ?
10, 11. a) Selon Women 8:19-22, ki sa ki rive “ tout kreyasyon an ” ? b) Ki jan nou fè konnen kiyès ki te soumèt kreyasyon an anba vanite ?
10 Gen yon pasaj nan lèt apot Pòl te ekri Women yo ki fè limyè sou sijè enpòtan sa a. Men sa Pòl ekri : “ Atant enpasyan kreyasyon an ap ret tann revelasyon pitit Bondye yo. Paske kreyasyon an te soumèt anba vanite, se pa ak pwòp volonte l, men se akoz sila a ki te soumèt li a, avèk espwa kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj koripsyon e li pral gen libète pitit Bondye yo nan laglwa. Paske nou konnen tout kreyasyon an kontinye ap jemi ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan. ” — Women 8:19-22.
11 Pou nou byen konprann sans vèsè sa yo, toudabò, nou bezwen reponn kèk kesyon enpòtan. Pa egzanp, kiyès ki te soumèt kreyasyon an anba vanite ? Gen moun ki lonje dwèt sou Satan, gen lòt ki di se fòt Adan. Men ni youn ni lòt pa t ap ka fè sa. Poukisa ? Ebyen, se paske moun ki soumèt kreyasyon an anba vanite a fè sa “ avèk espwa ” moun ki fidèl yo pral finalman “ libere anba esklavaj koripsyon ”. Ni Adan, ni Satan pa ta ka ofri yon espwa konsa. Se sèl Jewova ki te kapab. Donk, sa klè se li menm ki te soumèt kreyasyon an anba vanite.
12. Ki opinyon ki pa egzak moun yo genyen konsènan idantite “ tout kreyasyon an ”, e ki jan nou ka konnen sans ekspresyon sa a ?
12 Men, “ tout kreyasyon an ” y ap pale nan tèks sa a, ki sa l ye menm ? Gen moun ki di “ tout kreyasyon an ” gen rapò ak tout lanati, sa gen ladan l tou bèt yo ak plant yo. Men, èske bèt yo ak plant yo gen espwa pou yo rive jwenn “ libète pitit Bondye yo nan laglwa ” ? Non (2 Pyè 2:12). Nan ka sa a, “ tout kreyasyon an ” gen rapò ak moun sèlman. Se kreyasyon sa a peche ak lanmò afekte akoz rebelyon ann Edenn nan, e ki bezwen espwa kou tè sèk ki bezwen lapli. — Women 5:12.
13. Ki efè rebelyon ann Edenn nan te genyen sou limanite ?
13 Ojis, ki efè rebelyon sa a te genyen sou limanite ? Pòl dekri l ak yon sèl mo : “ vanite ”. * Selon yon ouvraj referans, mo sa a dekri “ eta initil yon bagay ki pa fonksyone jan yo te fè l pou l fonksyone a ”. Lèzòm te fèt pou yo viv pou toutan, pou yo travay ansanm kòm yon fanmi ki pafè, ki ini, etan y ap pran swen paradi a sou tè a. Olye de sa, vi yo kout, yo nan lapenn e byen souvan yo viv nan desepsyon. Se tankou Jòb te di l la, “ lòm ki sot nan vant fi viv yon ti kras tan, epi li chaje ak traka. ” (Jòb 14:1). Sa a se vanite toutbonvre !
14, 15. a) Ki prèv jistis nou jwenn nan jijman Jewova te pwononse sou limanite ? b) Poukisa Pòl di kreyasyon an te soumèt anba vanite “ san l pa t vle ” ?
14 Kounye a, nou rive nan kesyon prensipal la : Poukisa “ Jij tout tè a ” te soumèt limanite anba lavi sa a ki chaje ak lapenn epi ki bay desepsyon (Jenèz 18:25) ? Èske l te montre l jis lè l fè sa ? Bon, pa bliye sa premye paran nou yo te fè. Lè yo te rebele kont Bondye, yo te pran pozisyon bò kote Satan, ki te soulve yon kokenn defi kont souvrènte Jewova. Nan aksyon yo, yo te soutni lide ki fè kwè lòm ap viv pi byen san Jewova, etan li dirije tèt li poukont li anba direksyon yon kreyati espirityèl rebèl. Annefè, nan vèdik Jewova te pwononse kont rebèl yo, li te ba yo sa yo te mande a. Li pèmèt lòm gouvène tèt li anba enfliyans Satan. Nan sikonstans sa a, ki desizyon ki ta ka pi jis toujou pase soumèt limanite anba vanite, men, avèk espwa ?
15 Natirèlman, kreyasyon an te soumèt li “ san l pa t vle ”. Nou fèt antanke esklav peche ak koripsyon, san nou pa t gen chwa. Men, Jewova, nan mizèrikòd li, te pèmèt Adan ak Èv kontinye viv epi pwodui yon desandans. Menmsi nou menm, desandan yo, nou soumèt anba vanite peche ak lanmò, nou gen posiblite pou nou fè sa Adan ak Èv pa t reyisi fè a. Nou ka koute Jewova e rive aprann se souvrènte l ki jis e ki pafè, alòske dominasyon lèzòm san Jewova pa pote lòt bagay : lapenn, desepsyon ak vanite (Jeremi 10:23 ; Revelasyon 4:11). Anplis de sa, enfliyans Satan fè bagay yo vin pi mal. Istwa lèzòm pwouve verite sa yo. — Eklezyas 8:9.
16. a) Poukisa nou sèten Jewova pa responsab soufrans nou wè nan monn nan jodi a ? b) Ki espwa Jewova te founi avèk amou pou moun ki fidèl yo ?
16 Li klè Jewova te gen bonjan rezon pou l soumèt limanite anba vanite. Men, èske sa vle di se Jewova ki lakòz vanite ak soufrans k ap frape nou chak jou yo ? Ann pran egzanp yon jij ki pwononse yon santans ki jis sou yon kriminèl. Akize a gendwa ap soufri anpil pandan l ap sibi pèn li, men, èske l ap gen rezon pou l blame jij la kòmkwa se li ki lakòz soufrans li ? Non, jamè ! Anplis de sa, mechanste pa janm soti lakay Jewova. Men sa Jak 1:13 di : “ Moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv nan fason sa a. ” Annou pa bliye tou Jewova te pwononse santans sa a “ avèk espwa ”. Avèk amou, li pran dispozisyon pou desandan Adan ak Èv yo wè finisman vanite yo e pou yo jwi “ libète pitit Bondye yo nan laglwa ”. Diran tout letènite, limanite ki fidèl la pap janm gen pou yo pè pou tout kreyasyon an pa retounen ankò nan eta vanite ki pote soufrans lan. Fason Jewova regle bagay yo avèk jistis pral tabli souvrènte lejitim li a pou toutan. — Izayi 25:8.
17. Ki efè sa ta dwe gen sou nou dèske nou egzamine rezon ki fè gen soufrans nan monn nan jodi a ?
17 Etan nou t ap egzamine rezon sa yo ki fè lèzòm ap soufri, èske nou wè gen rezon la a pou moun lage mechanste sou do Jewova oubyen pou moun pèdi konfyans nan li ? Okontrè, yon etid konsa ban nou rezon pou nou montre nou dakò ak pawòl sa yo Moyiz te di : “ Wòch la, travay li bon nèt, paske tout chemen l se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. Li jis e li dwat. ” (Detewonòm 32:4). Grasa meditasyon n ap fè sou bagay sa yo, detanzantan annou amelyore konpreyansyon nou genyen sou yo. Si nou fè sa, lè nou devan eprèv, n ap reziste anba efò Satan ap fè pou l simen dout nan lespri nou. Men, e dezyèm etap nou t ap pale nan entwodiksyon an ? Sa sa enplike fè Jewova konfyans ?
Sa sa siyifi fè Jewova konfyans
18, 19. Ki pawòl Bib la di pou ankouraje nou mete konfyans nou nan Jewova, men, sou pwen sa a, ki lide ki pa egzak kèk moun konn genyen ?
18 Men ankourajman nou jwenn nan Pawòl Bondye a : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pinga w apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat pou ou. ” Pwovèb 3:5, 6). Pawòl sa yo bèl, yo rekonfòtan ! Sètènman, pa gen pèsonn nan tout linivè ki merite konfyans nou pi plis pase Papa nou ki nan syèl la. Epoutan, li pawòl sa yo nan liv Pwovèb la se youn, mete yo an pratik se de.
(19 Anpil moun gen lide ki pa egzak sou sa sa siyifi mete konfyans nou nan Jewova. Gen moun ki pran konfyans sa a senpleman kòm yon santiman, yon sòt de sansasyon ki anndan yon moun san l pa fè efò. Gen lòt moun sanble ki kwè depi nou fè Bondye konfyans, nou ka atann l ap pwoteje nou anba nenpòt difikilte, l ap rezoud tout ti pwoblèm nou, l ap fè yon jan pou tout ti traka nou yo fini jan nou espere l la e l ap fè sa tousuit ! Men, ide sa yo pa gen fondman. Konfyans mande plis pase yon senp santiman, e li pa baze sou bagay ki pa reyèl. Lakay granmoun, konfyans lan enplike pou nou pran desizyon ak tout volonte nou, pou nou byen kalkile desizyon n ap pran.
20, 21. Ki sa sa enplike fè Jewova konfyans ? Bay yon egzanp.
20 Annou fè yon ti retounen ankò sou Pwovèb 3:5. Vèsè a montre mete konfyans nou nan Jewova opoze ak apiye nou sou pwòp entèlijans nou, e li ede nou konprann nou pa ka fè toule de. Èske sa siyifi yo pa pèmèt nou sèvi ak kapasite entèlijans nou genyen an ? Non. Paske Jewova ki ban nou kapasite sa a atann pou nou itilize l nan sèvis li (Women 12:1). Men, sou ki sa nou apiye, oswa de ki sa nou depann ? Si panse nou pa ann amoni ak panse pa Jewova, èske nou aksepte sajès li pou sa l ye a : yon sajès ki siperyè lontan pase pa nou (Izayi 55:8, 9) ? Fè Jewova konfyans siyifi kite panse pa l gide panse pa nou.
21 Ann pran egzanp yon timoun ki chita dèyè nan yon machin, paran l chita devan. Se papa l k ap kondui. Sipozon vin gen pwoblèm pandan vwayaj la, pa egzanp yon dout sou ki wout ki bon wout la, oswa petèt yon pwoblèm anrapò ak tan an oswa kondisyon wout la. Si timoun nan obeyisan e li fè paran l konfyans, ki jan l ap reyaji ? Ou kwè l ap rete nan plas li ap bay lòd pou l di papa l ki jan pou l kondui machin nan ? Èske l ap gen dout sou desizyon paran l pran oswa èske l ap fè wòklò lè yo raple l pou l kite senti sekirite l byen tache ? Non. Natirèlman, li fè paran l konfyans pou yo okipe bagay sa yo, kwak yo enpafè. Jewova li menm se yon Papa ki pafè. Èske nou pa ta dwe fè l yon konfyans totalkapital, sitou lè nou anfas sitiyasyon ki difisil ? — Izayi 30:21.
22, 23. a) Poukisa nou ta dwe mete konfyans nou nan Jewova lè nou devan pwoblèm, e ki fason nou ka fè sa ? b) Konsènan ki sa nou pral pale nan lòt atik la ?
22 Sepandan, Pwovèb 3:6 fè konnen nou ta dwe ‘ sonje Jewova la nan tout wout nou ’, se pa sèlman lè nou nan sitiyasyon ki difisil. Donk, desizyon n ap pran chak jou nan lavi a ta dwe reflete konfyans nou genyen nan Jewova. Lè pwoblèm met pye, nou pa ta dwe pèdi espwa, nou pa ta dwe panike oswa reziste devan direksyon Jewova ap ban nou konsènan meyè fason pou nou fè fas ak sitiyasyon an. Nou bezwen konsidere pwoblèm yo kòm posiblite nou genyen pou nou soutni souvrènte Jewova, pou ede nou pwouve Satan se yon mantè, e pou nou devlope obeyisans ansanm ak lòt kalite ki fè Jewova plezi. — Ebre 5:7, 8.
23 Nou ka montre nou fè Jewova konfyans kèlkeswa obstak ki ta ka parèt devan nou. Nou fè sa nan priyè nou e nan fason nou chèche direksyon nan Pawòl Jewova ak nan òganizasyon l lan. Men, ki jan nou ka demontre nou fè Jewova konfyans lè nou devan yon seri pwoblèm byen presi ki rive nan monn jodi a ? Lòt atik la pral abòde sijè sa a.
[Nòt anba paj]
^ § 13 Mo grèk Pòl te itilize a se avè l yo te sèvi nan Septant grèk la pou yo rann ekspresyon Salomon te itilize plizyè fwa nan liv Eklezyas la, tankou nan ekspresyon “ tout bagay se vanite ! ”— Eklezyas 1:2, 14 ; 2:11, 17 ; 3:19 ; 12:8.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki jan David te montre li te fè Jewova konfyans ?
• Ki twa rezon ki fè lèzòm ap soufri jodi a, e poukisa li bon pou nou egzamine rezon sa yo detanzantan ?
• Ki jijman Jewova te pwononse sou limanite, e poukisa se te yon jijman ki te jis ?
• Ki sa sa enplike fè Jewova konfyans ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 21]
David te mete konfyans li nan Jewova.
[Foto nan paj 23]
Jezi te montre se pa t Jewova ki te lakòz yon tou tonbe nan Jerizalèm.