“ Bat tout peyi a ”
“ Bat tout peyi a ”
“ Leve, bat tout peyi a, ni nan longè l ni nan lajè l. ” — Jenèz 13:17.
1. Ki enstriksyon enteresan Bondye te bay Abraram ?
ÈSKE w renmen vwayaje al an pwovens, petèt nan machin pandan yon wikenn ? Gen moun ki prefere vwayaje sou bisiklèt, pou yo fè egzèsis e pou yo pi rilaks pou y ap gade tout kote. Gen lòt menm ki chwazi mache pito, pou yo ka pi byen familyarize yo ak zòn nan, pou yo pi byen apresye l. Jeneralman, jan de vwayaj sa yo se pou yon tan limite. Men, èske w imajine jan Abraram dwe te santi l apre Bondye te fin di l : “ Leve, bat tout peyi a, ni nan longè l ni nan lajè l, paske se ou menm m ap bay li ” ? — Jenèz 13:17.
2. Apre Abraram te fin kite Ejip, ki kote li te ale ?
2 Ann analize kontèks pawòl sa a. Abraram, madanm li, ansanm ak lòt moun ki te avè l, te pase yon ti tan ann Ejip. Jenèz chapit 13 di nou yo te kite Ejip e yo te deplase twoupo yo ale “ Negèb ”. Apre sa, Abraram “ ale, li tabli kan l yon kote apre lòt, soti Negèb jis rive Betèl ”. Lè te vin gen yon pwoblèm ant gadyen betay pa l ak gadyen betay neve l Lòt, li te vin evidan yo chak te oblije jwenn yon teren ki gen patiraj pou y ale. E jantiman, Abraram te bay Lòt chwazi anvan. Lòt te chwazi “ Distri Jouden an ”, yon vale ki byen vèt, “ tankou jaden Jewova a ”, e finalman, li t al ret Sodòm. Bondye te di Abraram : “ Leve je w, tanpri, epi, detan kote w ye a, gade nan nò, nan sid, nan lès ak nan lwès. ” Sanble, kote Abraram te ye a, nan yon zòn toupre Betèl ki wo, li te ka wè lòt pati peyi a. Men, li te dwe fè plis bagay toujou pase annik gade peyi a. Bondye te envite l pou l “ bat tout peyi a ” e pou l chèche konnen anviwònman an ak tout zòn nan byen.
3. Poukisa li ka difisil pou nou lokalize nan lespri nou kote Abraram te pase pandan vwayaj li a ?
3 Kèlkeswa kantite kote Abraram te pase nan peyi a anvan l te rive Ebwòn, se sèten, li te konnen Latè pwomiz pi byen pase pifò nan nou. Reflechi sou kèk kote yo site nan resi sa a : Negèb, Betèl, Distri Jouden, Sodòm ak Ebwòn. Èske w twouve li difisil pou w lokalize zòn sa yo nan lespri w ? Pou anpil moun se yon gwo pwoblèm sa ye, paske nan tout sèvitè Jewova yo, pa gen anpil ki rive vizite zòn yo jwenn nan lekti yo fè nan Bib la, ki rive vwayaje nan zòn sa yo ni nan longè yo ni nan lajè yo. Toutfwa, nou gen rezon pou nou vrèman enterese konnen ki kote zòn yo pale de yo nan Bib la twouve yo. Poukisa ?
4, 5. a) Ki rapò pawòl ki nan Pwovèb 18:15 lan genyen ak konesans ak konpreyansyon sou peyi biblik yo ? b) Ki sa Sefànya chapit 2 montre ?
4 Men ki kòmantè Pawòl Bondye a fè : “ Kè moun ki entèlijan an ranmase konesans, e zòrèy moun ki saj yo chèche jwenn konesans. ” (Pwovèb 18:15). Gen anpil sijè moun ka chèche gen konesans sou yo, men konesans egzak ki konsène Jewova Dye ak fason l aji se sijè pi enpòtan ki te ka genyen. E pa gen dout, sa nou li nan Bib la esansyèl pou nou gen konesans sa a (2 Timote 3:16). Sepandan, sa mande pou nou gen entèlijans, sètadi pou nou gen abilite pou n konprann yon sijè, pou nou disène relasyon ki genyen ant diferan pati sijè a ak tout sijè a nèt. Sa valab tou pou divès andwa yo mansyone nan Bib la. Pa egzanp, pifò nan nou konnen ki kote Ejip ye, men nan ki mezi nou konprann pawòl sa yo ki di Abraram sot Ejip l al “ Negèb ”, apre sa l al Betèl e finalman l al Ebwòn ? Èske w reyalize ki relasyon ki egziste ant zòn sa yo ?
5 Petèt, nan pwogram lekti Labib ou, ou deja li Sefànya chapit 2. E nan chapit sa a, ou te li non yon seri de vil, non yon seri de pèp ak yon seri de zòn tankou Gaza, Achkelòn, Achdòd, Ekwòn, Sodòm, Niniv, Kanaran, Mowab, Amòn ak Asiri. Yo mansyone tout non sa yo nan yon sèl chapit la. Èske mantalman ou te reyisi wè ki kote zòn sa yo ye, zòn ki te gen moun ap viv ladan yo, moun ki te jwe yon wòl nan akonplisman pwofesi Bondye yo ?
6. Poukisa kèk kretyen vin apresye enpòtans kat peyi biblik yo genyen (gade kare a) ?
6 Anpil moun ki etidye Pawòl Bondye a tire anpil pwofi lè yo itilize kat peyi biblik yo. Se pa paske yo pasyone, yo renmen sèvi ak kat ki fè yo fè sa, men se paske yo remake lè yo itilize kat jeyografik, li posib pou yo ogmante konesans yo genyen sou Pawòl Bondye a. Kat yo ede yo konprann pi byen, yo ede yo wè ki rapò enfòmasyon yo te konnen deja yo genyen ak lòt enfòmasyon yo vin aprann. Egzanp nou pral egzamine yo ap pèmèt ou vin gen plis lanmou pou Jewova e y ap ede w pi byen konprann sa ki di nan Pawòl li (gade kare ki nan paj 14 la).
Konesans sou distans egal yon pi bon konpreyansyon
7, 8. a) Pandan Sanson ap kite Gaza, ki bagay estrawòdinè li te fè ? b) Ki enfòmasyon ki bay eksplwa Sanson an plis sans toujou ? c) Ki jan konesans ak konpreyansyon nou genyen sou resi Sanson an ka ede nou ?
7 Nan Jij 16:2, yo pale de jij Sanson ki te Gaza. Kòm non Gaza a parèt souvan nan nouvèl sèjousi, petèt ou gen yon ide sou kote Sanson te ale a, yon tèritwa Filisten ki toupre kot lanmè Mediterane [11]. Kounye a, gade sa ki di nan Jij 16:3 : “ Sanson te rete kouche jiska minui epi, a minui, li leve, li pran batan pòtay vil la ak de montan yo, li rache yo ansanm ak ba a epi li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas Ebwòn nan. ”
8 Pa gen dout, pòtay ak montan pòtay yon fòtrès tankou Gaza, se bagay ki te gwo e ki te lou. Imajine ou menm ki t ap eseye pote bagay sa yo ! Sanson te pote yo, men jis ki kote li te pote yo rive, e ki kalite trajè li te gen pou l fè ? Gaza se yon vil ki arebò lanmè, yon vil ki apeprè nan menm nivo ak lanmè a [15]. Tandiske, Ebwòn li menm te twouve l a lès, nan yon wotè 900 mèt pi wo pase nivo lanmè a. Pou l rive fè yon trajè konsa, sa te reprezante yon gwo eksplwa. Byenke nou pa ka detèmine ki kote egzakteman “ mòn ki anfas Ebwòn nan ” te ye, sepandan, gen yon distans 60 kilomèt anviwon ki separe Ebwòn ak Gaza. E sa k pi rèd la, pou w al la, se mòn pou w monte ! Lè nou konnen distans ki separe de vil yo, sa fè nou vin pi byen konprann kalite eksplwa Sanson te fè a. Se te yon gwo zafè, pa vre ? E pa bliye ki sa k te fè Sanson anmezi pou l fè kokenn eksplwa sa a : se paske ‘ lespri Jewova te aji sou li ’. (Jij 14:6, 19 ; 15:14.) Jodi a, antanke kretyen, nou pa atann pou espri Bondye ban nou yon fòs fizik ki estrawòdinè. Toutfwa, menm espri pisan sa a ka ogmante konpreyansyon nou sou kesyon espirityèl ki pwofon e li ka fè nou vin pisan selon moun nou ye pa anndan an (1 Korentyen 2:10-16 ; 13:8 ; Efezyen 3:16 ; Kolosyen 1:9, 10). Wi, lè nou konprann resi konsènan Sanson an, nou vin konvenki se toutbon lespri Bondye ka ede nou.
9, 10. a) Esplike tout sa ki te gen nan viktwa Gideyòn te ranpòte sou Madyanit yo. b) Ki jan konesans nou nan domèn jeyografi fè istwa sa a vin gen plis sans pou nou ?
9 Yon lòt istwa biblik ki ede nou konprann enpòtans sa genyen lè nou konnen distans ki separe de kote, se viktwa Gideyòn te ranpòte sou Madyanit yo. Pifò moun ki li Bib la konnen jij Gideyòn ansanm ak gwoup 300 sòlda ki te avè l yo te ranpòte laviktwa sou 135 000 sòlda ki te tabli kan yo nan plèn Jizreyèl, toupre mòn More. Sòlda sa yo se te Madyanit, Amalekit mete ansanm ak yon seri lòt sòlda ki te fè yon kowalisyon pou yo vin anvayi Izrayelit yo [18]. Mesye Gideyòn yo te sonnen kòn, yo te kraze ja yo pou fè tòch ki te anndan yo vin klere e yo kriye avèk fòs : “ Epe Jewova, epe Gideyòn ! ” Sa te fè ènmi yo tonbe nan konfizyon, yo te pè, e konsa youn te pran touye lòt (Jij 6:33 ; 7:1-22). Èske se tout evènman an sa, yon aksyon ki fèt byen vit, nan nuit, nan fènwa ? Kontinye lekti a nan Jij chapit 7 ak chapit 8, w ap wè jan Gideyòn te kontinye atak la. Nan tout zòn yo pale yo, gen kèk yo pa ka idantifye jodi a pami zòn moun konnen, konsa li pa posib pou yo parèt nan kat biblik yo. Malgre tou, yo rive idantifye yon bon valè nan zòn yo site yo pou nou, konsa nou ka suiv aksyon Gideyòn yo.
10 Gideyòn te kouri dèyè rès sòlda ki te nan fòs kowalisyon an, yo pase Bèt-chita e apre sa yo met tèt nan sid Abèlmehola, toupre Jouden an (Jij 7:22-25). Men sa resi a di : “ Gideyòn rive nan Jouden an, li travèse l, li menm ak twa san mesye ki te avèk li yo. Yo te fatige, men yo te kontinye pousuiv yo. ” Apre Izrayelit yo fin travèse Jouden an, yo pousuiv ènmi yo nan direksyon sid jis yo rive Soukòt ak Penouwèl toupre Yabòk, e apre sa yo monte mòn pou y al Yogbea (toupre yon vil, jodi a, ki rele Aman, nan peyi Jòdani). Kidonk, yo te fè anviwon 80 kilomèt ap pousuiv ènmi yo e yo t ap batay. Gideyòn te kaptire de wa Madyanit e li te touye yo, e apre sa li retounen Òfra, nan vil pa l la, toupre kote batay la te kòmanse a (Jij 8:4-12, 21-27). Li klè, eksplwa Gideyòn nan se pa t sèlman kèk minit kote yo t ap sonnen kòn, souke tòch epi yo t ap rele. Kounye a, fè yon ti reflechi sou jan eksplwa sa a fè kòmantè ki fèt sou moun ki te gen lafwa yo vin pi touchan, kote li di : “ Mwen pa t ap gen tan pou m kontinye pale de Gideyòn, [ak lòt ankò] yo menm ki te fèb men ki te vin pisan, ki te vin vanyan nan lagè. ” (Ebre 11:32-34). Kretyen yo tou ka fatige fizikman, men malgre tou, èske li pa endispansab pou nou kontinye fè volonte Bondye ? — 2 Korentyen 4:1, 16 ; Galat 6:9.
Ki jan moun yo panse, ki jan yo reyaji ?
11. Ki vwayaj Izrayelit yo te fè anvan yo rive Kadèch e apre yo te fin kite Kadèch ?
11 Gen kèk moun ki sèvi ak kat biblik pou yo ka lokalize kèk zòn, men èske w panse kat sa yo ka ede nou pi byen konprann fason moun yo te konn panse ? Ann pran egzanp Izrayelit yo ki t ap soti mòn Sinayi pou yo ale nan Latè pwomiz. Yo fè kèk reta sou wout, e finalman yo rive Kadèch (oubyen Kadèch-Baneya) [9]. Detewonòm 1:2 esplike se te yon vwayaj ki te dire 11 jou. Yo te mache yon distans apeprè 270 kilomèt. Etan Kadèch, Moyiz te voye 12 espyon nan Latè pwomiz (Nonb 10:12, 33 ; 11:34, 35 ; 12:16 ; 13:1-3, 25, 26). Espyon yo te travèse Negèb pou yo ale nan nò, sanble yo te pase Beyècheba, apre sa Ebwòn e finalman yo te rive nan limit nò Latè pwomiz (Nonb 13:21-24). Poutèt Izrayelit yo te kwè move rapò dis espyon yo, yo te monte desann nan dezè a pandan 40 an ((Nonb 14:1-34). Ki sa sa demontre konsènan fwa yo ak volonte yo pou yo mete konfyans yo nan Jewova ? — Detewonòm 1:19-33 ; Sòm 78:22, 32-43 ; Jid 5.
12. Ak ki konklizyon nou ka abouti konsènan fwa Izrayelit yo, e poukisa se yon bagay nou bezwen reflechi sou li ?
12 Ann konsidere aspè jeyografik kesyon an. Si Izrayelit yo te manifeste lafwa e yo te suiv konsèy Jozye ak Kalèb, èske yo t ap oblije fè tout wout sa a pou yo rive nan Latè pwomiz ? Se anviwon 16 kilomèt ki separe Kadèch ak Beyè-Lahayi-Wòy kote Izarak ak Rebeka te rete a [7]. Gen mwens pase 95 kilomèt ki separe Kadèch ak Beyècheba yo site kòm vil ki nan limit sid Latè pwomiz (Jenèz 24:62 ; 25:11 ; 2 Samyèl 3:10). Sa vle di, yon fwa yo te fin vwayaje soti Ejip pou rive mòn Sinayi e yo te fè 270 kilomèt pou rive Kadèch, se kòmsi yo te nan papòt Latè pwomiz. Nan ka pa nou, nou nan papòt Paradi terès Jewova pwomèt la. Ki leson nou ka tire nan sa ? Apot Pòl te bay yon konsèy ki fè referans ak sitiyasyon Izrayelit yo te twouve yo a : “ Ann fè tout sa nou kapab pou nou antre nan repo sa a, dekwa pou yon moun pa tonbe nan menm fòm dezobeyisans lan. ” — Ebre 3:16–4:11.
13, 14. a) Ki sitiyasyon ki te oblije Gibeyonit yo pran yon desizyon enpòtan ? b) Ki sa atitid Gibeyonit yo demontre, e ki leson nou ta dwe tire nan sa ?
13 Resi biblik ki konsène Gibeyonit yo montre yo te gen yon lòt etadespri yo menm, yo te kwè nan kapasite Bondye genyen pou l akonpli volonte l. Apre Jozye te fin mennen Izrayelit yo lòt bò rivyè Jouden an, nan peyi Bondye te pwomèt Abraram ak fanmi l, moman an te rive pou yo fè Kananeyen yo bay talon yo (Detewonòm 7:1-3). Gibeyonit yo tou te ladan l. Izrayelit yo te ranvèse Jeriko ak Ay e yo te tabli kan yo toupre Gilgal. Gibeyonit yo pa t vle mouri menm jan ak Kananeyen yo ki te modi, konsa yo te voye kèk reprezantan Gilgal pou pale ak Jozye. Yo prezante tèt yo kòm moun ki soti andeyò tèritwa Kananeyen an, yon fason pou yo te ka vin gen yon relasyon amikal ak Ebre yo.
14 Reprezantan yo te di : “ Se nan yon peyi byen lwen sèvitè w yo soti konsènan non Jewova Bondye w la. ” (Jozye 9:3-9). Rad sou yo ansanm ak manje yo te pote te fè yo parèt tankou moun ki soti lwen vre, men, an reyalite, se anviwon 30 kilomèt ki separe Gibeyòn ak Gilgal [19]. Jozye ansanm ak chèf tribi yo te kwè yo e yo te fè yon antant pou yo rete zanmi ak Gibeyòn ansanm ak vil ki ozalantou Gibeyòn yo. Èske fent Gibeyonit yo te fè a se te tou senpleman pou yo te evite yo egzekite yo ? Okontrè, sa te montre dezi yo genyen pou yo jwenn favè Bondye Izrayèl la. Jewova te apwouve Gibeyonit yo e yo te vin nan “ ranmase bwa e nan bwote dlo pou asanble a ak pou lotèl Jewova a ”, yo t ap bay bwa pou lotèl kote yo fè sakrifis la (Jozye 9:11-27). Gibeyonit yo te kontinye montre yo dispoze fè nenpòt ki travay nan sèvis Jewova. Sanble kèk nan yo te pami Netinim ki te kite Babilòn e ki te sèvi nan rekonstriksyon tanp lan (Ezra 2:1, 2, 43-54 ; 8:20). Nou ka imite atitid yo lè nou prezève lapè ak Bondye e lè nou dispoze akonpli nenpòt ki travay yo konfye nou nan sèvis Bondye.
Prèt pou fè sakrifis
15. Poukisa nou dwe enterese nan jeyografi peyi ki nan Ekriti grèk yo ?
15 Jeyografi peyi biblik yo parèt tou nan resi ki nan Ekriti grèk yo, tankou vwayaj ak ministè Jezi ak apot Pòl (Mak 1:38 ; 7:24, 31 ; 10:1 ; Lik 8:1 ; 13:22 ; 2 Korentyen 11:25, 26). Nan resi ki vin apre yo, eseye imajine trajè jan de vwayaj konsa te mande.
16. Ki jan kretyen Bere yo te montre apresyasyon yo pou Pòl ?
16 Nan dezyèm vwayaj Pòl antanke misyonè (liy mov ki sou kat la), li te rive nan vil Filip, yon vil kounye a ki fè pati peyi Lagrès [33]. Li te bay temwayaj nan vil sa a, yo te mete l nan prizon, apre sa yo lage l e finalman li te ale Tesalonik (Travay 16:6-17:1). Lè Juif yo t ap soulve foul la, frè Tesalonik yo te konseye Pòl ale Bere, yon vil ki nan yon distans 65 kilomèt. Pòl te jwenn bon rezilta nan ministè l nan vil Bere, men Juif yo te vini e yo te soulve popilasyon an. Pou rezon sa a, “ menm kote a, frè yo fè Pòl pati, yo fè l ale jis bò lanmè a ” e “ moun ki t ap kondui Pòl yo te mennen l jis Atèn ”. (Travay 17:5-15.) Sanble te gen kèk nouvo konvèti ki te dispoze mache 40 kilomèt pou yo rive bò lanmè Eje, pou yo peye bato e apre sa pou yo vwayaje anviwon 500 kilomèt nan vwalye. Yon vwayaj konsa te riske, men malgre tou, frè yo te aksepte pran risk la, yon fason pou yo te pase plis tan ak siveyan itineran sa a, yon reprezantan Bondye.
17. Ki sa nou ka vin apresye pi plis toujou lè nou konprann distans ki separe Milè ak Efèz ?
17 Nan twazyèm vwayaj Pòl la (liy vèt ki sou kat la), li te rive nan pò yon vil ki rele Milè. Li voye chèche ansyen ki nan kongregasyon Efèz yo, ki twouve l a anviwon 50 kilomèt. Imajine ansyen sa yo ki kite tout lòt aktivite yo pou yo vin kot Pòl. Sandout, nan tout wout la, yo te byen chofe, yo t ap pale konsènan reyinyon sa a yo t apral genyen an. Apre yo fin rankontre Pòl e yo tande priyè li fè, “ yo tout te pran kriye, e yo te vole nan kou Pòl epi yo anbrase l avèk tandrès. ” Apre sa, “ yo mennen l jis nan bato a ” pou li ale Jerizalèm (Travay 20:14-38). Yo dwe te gen anpil bagay pou yo reflechi sou yo, anpil bagay pou yo pale pandan yo t ap fè wout pou yo tounen Efèz. Èske apresyasyon yo te demontre pou yo mache tout distans sa a pou yo akonpaye yon minis itineran ki ka enstwi yo, ki ka ankouraje yo, pa touche w ? Èske w wè yon bagay nan resi sa a ki ka itil ou nan lavi w, yon bagay ki ka itil ou nan fason w panse ?
Chèche jwenn plis ansèyman sou peyi sa a ak sou lavni
18. Ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè anrapò ak peyi biblik yo ?
18 Egzanp sa yo montre enpòtans pou nou byen konnen peyi Bondye te bay Izrayelit yo, yon peyi ki gen anpil enpòtans nan bonkou resi biblik. (E nou ka elaji vizyon nou lè nou chèche gen konesans sou lòt peyi ki nan resi biblik yo, peyi ki ozalantou Latè pwomiz yo). Toutpandan n ap ogmante konesans nou ak konpreyansyon nou sou Latè pwomiz an patikilye, nou bezwen sonje yon kondisyon esansyèl Izrayelit yo te dwe ranpli pou yo te posede peyi kote “ lèt ak siwo myèl ” t ap koule a. Kondisyon an se te pou yo krenn Jewova e pou yo kenbe kòmandman l yo. — Detewonòm 6:1, 2 ; 27:3.
19. Ki de paradi ki merite kapte atansyon nou ?
19 Menm jan an tou jodi a, se tou pa nou pou nou krenn Jewova e pou nou rete atache ak sa li di. Lè nou aji konsa, nou kontribye pou nou bay paradi espirityèl la plis valè, pou nou anbeli paradi sa a ki deja egziste nan kongregasyon kretyèn nan, nan lemonnantye. Konesans nou sou paradi espirityèl la ap ogmante e n ap vin pi byen konprann divès aspè ki karakterize l ansanm ak benediksyon nou jwenn ladan l. E nou konnen gen plis benediksyon k ap vini toujou. Jozye te mennen Izrayelit yo lòt bò Jouden an, nan yon peyi ki te pwodui anpil, yon bèl peyi. Jodi a, nou gen bonjan rezon pou nou tann avèk konfyans Paradi terès la, wi, bon peyi k ap tann nou an.
Èske nou sonje ?
• Poukisa nou ta dwe anvi ogmante konesans nou ak konpreyansyon nou sou peyi biblik yo ?
• Ki detay jeyografik yo egzamine nan atik sa a ki te itil ou patikilyèman ?
• Ki leson ki vin pi klè pou ou pandan w ap aprann plis bagay konsènan detay jeyografik ki enplike nan yon seri de resi ?
[Kesyon]
[Kare/Foto nan paj 14]
‘ Voyez le bon pays ’
Nan kongrè distri ane 2003-2004 la, se pa ti kontan Temwen Jewova yo te kontan resevwa bwochi ki rele “ Voyez le bon pays ” a. Piblikasyon sa a disponib nan 80 lang, li ranpli ak kat ak reprezantasyon grafik an koulè ki montre divès zòn biblik, patikilyèman Latè pwomiz, nan diferan epòk.
Atik sa a fè referans ak yon seri de kat byen presi e nimewo paj kote yo ye a an karaktè gra, tankou [15]. Si ou gen nouvo bwochi sa a, pran yon ti tan pou familyarize w ak diferan aspè ladan l ki ka ede w ogmante konesans ou ak konpreyansyon w sou Pawòl Bondye a.
1) Anpil nan kat yo gen yon lejann ki akonpaye yo oubyen yon kare ki bay esplikasyon sou senbòl espesyal, oubyen mak, yo itilize nan kat la [18]. 2) Pifò nan kat yo gen yon echèl an mil e an kilomèt k ap pèmèt ou konprann distans yo [26]. 3) Jeneralman, gen yon flèch ki endike direksyon nò k ap pèmèt ou oryante w [19]. 4) Souvan kat yo kolore yon fason pou endike kote an jeneral ki elve yo [12]. 5) Toutotou yon seri kat, gen liy ki gen kowòdone lèt/chif ekri sou yo. Ou ka sèvi ak kowòdone liy sa yo pou w fòme yon kadriyaj k ap pèmèt ou jwenn pozisyon yon vil oubyen yon non sou kat la [23]. 6) Nan de paj ki gen endèks non andwa yo [34-5], w ap wè nimewo paj yo an karaktè gra, tousuit apre yo, byen souvan, gen lèt ak chif, tankou E2, ki endike pozisyon an. Apre w fin sèvi pandan yon ti tan ak karakteristik sa yo bwochi a genyen, ou ka sezi wè nan ki pwen yo jwe yon wòl enpòtan pou ogmante konesans ou sou Bib la e pou fè konpreyansyon w gen sou li vin pi pwofon.
[Tablo/Kat jeyografik nan paj 16, 17]
KAT REPATISYON NATIRÈL ZÒN NAN
(Gade peryodik la)
A. Kot Gwo Lanmè a
B. Plèn ki nan lwès rivyè Jouden
1. Plèn Achè
2. Bodmè vil Dò
3. Patiraj ki nan Chawòn
4. Plèn Filisti
5. Vale santral lès-lwès
a. Plèn Megido
b. Basplèn Yizreyèl
C. Mòn ki nan lwès rivyè Jouden
1. Mòn Galile
2. Mòn Kamèl
3. Mòn Samari
4. Chefela (ti mòn)
5. Zòn ki nan mòn nan Jida
6. Dezè Jida
7. Negèb
8. Dezè Paràn
D. Araba (Rift Valley)
1. Bafon Woule
2. Rejyon ki nan zòn lanmè Galile
3. Vale Jouden
4. Lanmè Sale (Lanmè Mòt)
5. Araba (nan sid lanmè Sale)
E. Mòn ak plato ki nan lès rivyè Jouden
1. Bachàn
2. Gileyad
3. Amòn ak Mowab
4. Plato ki sou Mòn Edòm
F. Mòn ki nan Liban
[Kat jeyografik]
Mòn Hèmòn
More
Abèlmehola
Soukòt
Yogbea
Betèl
Gilgal
Gibeyòn
Jerizalèm
Ebwòn
Gaza
Beyècheba
Sodòm?
Kadèch
[Kat jeyografik/Foto nan paj 15]
(Gade piblikasyon an)
KANARAN
Megido
GILEYAD
Dotàn
Chekèm
Betèl (Louz)
Ay
Jerizalèm (Salèm)
Betleyèm (Efrat)
Mamre
Ebwòn (Makpela)
Gera
Beyècheba
Sodòm?
NEGÈB
Reyobòt?
[Mòn]
Moriya
[Dlo]
Lanmè Sale
[Rivyè]
Jouden
[Foto]
Abraram te travèse peyi a.
[Kat jeyografik nan paj 18]
(Gade piblikasyon an)
Twowas
SAMOTRAS
Neyapolis
Filip
Anfipolis
Tesalonik
Bere
Atèn
Korent
Efèz
Milè
WOD