Kiyès jodi a ki vrèman kalifye kòm dirijan ?
Kiyès jodi a ki vrèman kalifye kòm dirijan ?
An 1940, te gen yon kriz sou kesyon dirijan nan Palman britanik lan. David Lloyd George, yon mesye swasanndisèt an ki t ap koute deba a, te dirije Grann Bretay lè yo te ranpòte laviktwa nan Premye Gè mondyal la. Plizyè ane li te pase nan fè politik te pèmèt li byen evalye travay gwo otorite nan gouvènman an. Nan yon diskou li te bay 8 me nan Chanm bas la, li te di : “ Nasyon an pare pou l fè kèlkeswa sakrifis la toutotan li gen dirijan, depi gouvènman an montre aklè ki objektif li genyen e depi nasyon an gen konfyans moun k ap dirije l yo ap fè tout sa yo kapab. ”
PAWÒL Lloyd George yo montre aklè, moun yo atann pou dirijan yo genyen yo konpetan e pou yo fè efò sensè pou yo eseye fè bagay yo mache. Yon dam k ap travay nan domèn kanpay elektoral te di konsa : “ Lè moun jete yon bilten vòt pou yon prezidan, yo jete yon bilten vòt pou yon moun yo konfye vi yo, avni yo, pitit yo. ” Konsève yon konfyans konsa se yon kokennchenn djòb. Poukisa ?
Monn nou an chaje ak pwoblèm ki sanble pa gen solisyon. Ki dirijan, pa egzanp, ki montre li sitèlman gen sajès ak pisans li kapab elimine krim ak lagè ? Kiyès pami dirijan jounen jodi a ki gen mwayen ak konpasyon pou l bay tout moun manje, ba yo dlo potab ak swen sante ? Kiyès ki gen konesans ak detèminasyon pou l pwoteje e pou l restore anviwònman an ? Kiyès ki konpetan e ki gen ase pisans pou l asire l tout limanite ap gen posiblite jwi yon lavi long nan kè kontan ?
Lèzòm pa ka fè djòb la
Se vre gen kèk dirijan ki reyisi jwenn yon sèten siksè. Sepandan, pou piplis, se kèk dizèn ane yo ka sèvi, e kiyès k ap vin apre sa ? Wa Salomon, youn nan dirijan pi konpetan ki te egziste nan Izrayèl tan lontan an, te reflechi sou kesyon sa a. Men konklizyon li tire : “ Mwen menm, mwen rayi tout travay di mwen an mwen t ap travay di ladan l anba solèy la, e mwen ta gen pou m kite pou nonm ki ta gen pou vin apre m nan. E kiyès ki konnen si l ap saj oswa si l ap sòt ? Epoutan, li pral Eklezyas 2:18, 19.
pran kontwòl tout travay di mwen an mwen te travay di ladan l lan e mwen te montre sajès ladan l anba solèy la. Sa a tou se vanite. ” —Salomon pa t konnen si moun ki t ap vin apre l la t apral kontinye bon travay li a oswa si li t ap kraze tout bagay. Pou Salomon, metòd ranplase ansyen dirijan ak nouvo dirijan an se te “ vanite ”. Gen yon tradiksyon biblik ki di metòd sa a “ initil ”. Gen yon lòt ki di : “ Sa pa vo anyen. ”
Pafwa yo sèvi ak vyolans pou yo fòse yo fè yon chanjman dirijan. Gen dirijan konpetan yo asasinen pandan y ap fè travay yo. Abraham Lincoln, yon prezidan Etazini yo te gen anpil estim pou li, te di yon lè devan yon oditwa : “ Yo te chwazi m pou m ranpli yon fonksyon enpòtan pou yon peryòd tou kout, e kounye a, nan je nou, mwen gen yon pouvwa ki pral disparèt talè konsa. ” Sèvis li a te reyèlman kout. Malgre tout sa prezidan Lincoln te fè e dezi li te genyen pou l fè plis pou pèp la, li te dirije peyi a pou sèlman katran. Nan kòmansman dezyèm manda li, yon nonm ki te vle yon chanjman dirijan te asasinen l.
Menm meyè dirijan lèzòm genyen yo pa kapab garanti pwòp avni yo. Alò, èske w dwe fè yo konfyans pou yo garanti avni pa w ? Labib di : “ Pa plase konfyans nou nan potanta, ni nan pitit lòm ki fèt ak pousyè tè, e ki pa kapab sove pèsonn. Lespri l soti, li retounen nan tè li a, e nan menm jou a, tout sa l gen nan panse l peri. ” — Sòm 146:3, 4.
Mizangad pou nou pa met konfyans nou nan lèzòm kòm lidè kapab difisil pou moun aksepte. Sepandan, Labib pa di limanite pap janm gen bon dirijan, dirijan ki stab. Izayi 32:1 di : “ Gade ! Yon wa pral domine pou lajistis. ” Jewova Dye, ki kreye lòm, prepare “ yon wa ”, yon Dirijan, talè konsa ki pral pran kontwòl zafè tè a nèt. Kiyès sa a ? Pwofesi ki nan Bib la bay idantite l.
Youn ki vrèman kalifye pou dirije
Sa gen de mil an, yon zanj te di yon jèn dam juif ki rele Mari : “ Ou pral pote yon pitit nan matris ou, e w ap fè yon pitit gason, e w ap ba l non Jezi. Li gen pou l gran e y ap rele l Pitit Gason Trèwo a, e Jewova Dye ap ba li twòn David papa l, e li pral gouvène antanke wa sou mezon Jakòb la pou toutan, e wayòm li an pap gen fen. ” (Lik 1:31-33). Wi, se Jezi Nazarèt ki Wa yo pale nan pwofesi ki nan Bib la.
Imaj relijye yo, souvan yo reprezante Jezi tankou yon bebe, tankou yon moun mal nouri ki fèb, oswa tankou yon moun ki di ak tèt li ki reziyen l ak kèlkeswa sa k rive l. Imaj sa yo pa atire konfyans nan li kòm Dirijan. Sepandan, Jezi Kris reyèl ki nan Bib la te grandi pou l vin yon nonm ki gen anpil fòs, yon nonm byen devlope ki zele anpil e ki chaje ak inisyativ. E li te gen lòt aspè nan pèsonalite l ki te kalifye l pou l dirije (Lik 2:52). Sa nou pral wè la a se kèk aspè nan pèsonalite l ki estrawòdinè.
Jezi te kenbe yon entegrite san fay. Konduit li ki te onèt e ki te dwat te pèmèt li bay ènmi l yo defi an piblik pou yo prezante yon akizasyon ki valab kont li. Yo pa t kapab (Jan 8:46). Ansèyman san ipokrizi li t ap bay yo te konvenk anpil moun ki sensè pou yo vin suiv li. — Jan 7:46 ; 8:28-30 ; 12:19.
Jezi te vwe tèt li konplètman bay Bondye. Li te tèlman detèmine pou l fini travay Bondye te ba l fè a, pa t gen okenn opozan ni òm ni demon ki ta kapab detounen l. Atak vyolan pa t fè l pè (Lik 4:28-30). Fatig ak grangou pa t dekouraje l (Jan 4:5-16, 31-34). Menm lè zanmi l yo te abandone l, li pa t janm devye de objektif li. — Matye 26:55, 56 ; Jan 18:3-9.
Jezi te gen anpil sousi pou moun. Li te bay moun ki grangou manje (Jan 6:10, 11). Li te konsole moun ki deprime (Lik 7:11-15). Li te fè moun ki pa wè yo wè, li te fè sa k pa tande yo tande, e li te bay moun ki te bezwen gerizon yo lasante (Matye 12:22 ; Lik 8:43-48 ; Jan 9:1-6). Li te bay apot li yo ankourajman pou travay di yo reyalize (Jan chapit 13-17). Li te montre li se “ ekselan bèje ” ki te pran swen mouton l yo. — Jan 10:11-14.
Jezi te gen volonte pou l travay. Li te lave pye apot yo pou l anseye yo yon leson enpòtan (Jan 13:4-15). Alòske pye pa l tou te konn sal pandan li t ap preche bon nouvèl la nan wout pousyè yo ann Izrayèl (Lik 8:1). Menm lè li te deside repoze nan “ yon kote ki apa ”, li te byen reyaji lè foul yo te chèche l pou yo resevwa plis enstriksyon (Mak 6:30-34). Pakonsekan, li bay tout kretyen yon egzanp sou dilijans — 1 Jan 2:6.
Jezi te fini travay li te gen pou l fè e li te kite sèn tè a. Kòm rekonpans pou fidelite li, Jewova Dye te ba li pouvwa wayal ak imòtalite nan syèl la. Konsènan Jezi ki resisite, men sa Bib la di : “ Etandone nou konnen Kris gentan leve soti pami mò yo, li pap mouri ankò, lanmò pap domine sou li ankò. ” (Women 6:9). Ou mèt sèten li se meyè Dirijan posib pou limanite. Yon fwa Kris Jezi pran kontwòl tè a nèt, li pap nesesè ni pou yo mandate yon lòt moun, ni nonplis pap janm gen nesesite pou chanje dirijan. Yo pap janm touye l pandan l an fonksyon, e yon ranplasan enkonpetan pa pral ni defèt ni detwi travay li. Men, ki sa presizeman li pral fè pou byennèt limanite ?
Sa nouvo Dirijan sa a pral fè
Sòm 72 ban nou kèk detay pwofetik sou fason Wa pafè, Wa imòtèl sa a pral dirije. Nan vèsè 7 ak 8, men sa nou li : “ Nan jou li yo moun ki jis la pral boujonnen, epi ap gen abondans lapè jiskaske lalin nan pa la ankò. E ap gen moun l ap gouvène sou yo de lanmè a lanmè e depi Flèv la jis nan dènye bout tè a. ” Anba dominasyon l lan k ap pote anpil byenfè, moun ki abite sou tè a pral jwi yon sekirite nètale e ki pap janm fini. Li pral detwi tout zam ki egziste e li pral retire menm anvi batay lèzòm gen nan kè yo. Moun jodi a k ap atake lòt moun tankou lyon voras oswa ki aji ak pwochen yo tankou lous ki tchak pral chanje mantalite yo konplètman (Izayi 11:1-9). Ap gen lapè ann abondans.
Pi lwen, Sòm 72 vèsè 12 rive nan vèsè 14 di : “ Li pral delivre pòv la k ap rele osekou, moun ki aflije a tou ak nenpòt moun ki pa gen pèsonn pou ede l. Li pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo. Anba kraze zo ak vyolans l ap delivre nanm yo, epi san yo pral gen valè nan je l. ” Moun ki piti a, pòv la, ak moun ki aflije a pral tounen manm yon fanmi ki gen kè kontan, ki fè yon sèl anba dominasyon Wa Jezi Kris. Lajwa, non pa doulè ak dezespwa, se sa ki pral domine lavi yo. — Izayi 35:10.
Vèsè 16 la pwomèt : “ Pral gen abondans manje angren sou tè a, sou tout tèt mòn se pral debòdman. ” Gen plizyè milyon moun sou tè a jodi a ki toujou nan grangou. Byen souvan, politik ak avidite anpeche distribisyon kantite manje ki nesesè fèt san paspouki. Konsa, pakèt moun sa yo, espesyalman timoun, mouri anba malnitrisyon. Men, anba dominasyon Jezi Kris la, pwoblèm sa a pral disparèt. Tè a pral beni ak bon rekòt manje, manje ki gen bon gou. Tout moun pral byen nouri.
Èske w ta renmen jwi benediksyon sa yo anba yon bon dominasyon ? Si se wi, nou ankouraje w pou w chèche gen enfòmasyon sou Dirijan ki pral pran kontwòl tout tè a nèt talè konsa a. Temwen Jewova yo ap kontan ede w fè sa. Ou pap desi, paske Jewova Dye li menm di konsènan Pitit li a : “ Se mwen menm menm ki mete wa pa m nan chita sou Siyon, montay sakre mwen an. ” — Sòm 2:6.
[Kare nan paj 5]
YO PÈDI POUVWA SANZATANN
Yon dirijan kapab jeneralman konte sou respè ak sipò moun l ap dirije yo, si li pèmèt yo jwenn lapè ak bon kondisyon lavi nan yon mezi ki rezonab. Sepandan, si moun yo pèdi konfyans nan li pou kèlkeswa rezon an, talè konsa yon lòt moun kapab pran pouvwa a. Sa nou pral wè la a se kèk egzanp sou sitiyasyon ki te fòse dirijan solid kite pouvwa sanzatann.
Move kondisyon lavi. Nan fen 18yèm syèk la, yo te fòse anpil sitwayen fransè pou yo viv yon vi kote yo t ap peye anpil taks men yo pa t gen anpil manje. Sitiyasyon sa yo te mennen nan Revolisyon fransèz ki te lakòz an 1793 yo pase wa Louis XVI anba giyotin.
Lagè. Premye Gè mondyal la te mete yon fen nan dominasyon anperè ki te pami pi pisan yo nan listwa. Pa egzanp, an 1917, lagè te lakòz yon rate manje nan Senpetèsbou an Risi. Byen vit sa te mennen nan revolisyon ki te fèt an fevriye a. Revòl sa a te retire tsa Nikola II sou twòn nan e li te mennen nan dominasyon kominis lan. An novanm 1918, Almay te vle fè lapè, men alye yo pa t vle kanpe batay la toutotan pa t gen chanjman nan pouvwa a. Kòm rezilta, yo te fòse anperè alman an, Giyòm II al ann egzil nan Peyiba.
Volonte pou gen divès sistèm gouvènman. An 1989, rido fè a te vin tonbe. Rejim ki te sanble di kou wòch yo te tonbe lè moun yo t ap dirije yo te rejte kominis lan e yo te vin met sou pye divès fòm dominasyon.
[Foto nan paj 7]
Jezi te nouri moun ki grangou, li te geri malad, e li kite yon bèl egzanp pou tout kretyen.
[Liy kredi pou foto nan paj 4]
Lloyd George : Foto Kurt Hutton/Picture Post/Getty Images.