Jewova se sekou nou
Jewova se sekou nou
“ Sekou m soti nan Jewova, Kreyatè syèl la ak tè a. ” — SÒM 121:2.
1, 2. a) Poukisa nou kapab di nou tout nou konn bezwen èd ? b) Ki jan de Èd Jewova ye ?
KIYÈS pami nou ki pa janm bezwen pou yon lòt moun ede l ? Sa a se vre, nou tout nou konn bezwen èd. Se kapab pou nou fè fas ak yon gwo pwoblèm, oubyen pou nou andire paske nou pèdi yon moun nou renmen, oubyen tou pou nou ka sipòte anba yon eprèv difisil n ap rankontre. Souvan, lè yon moun bezwen èd, li chèche yon bon zanmi. Lè nou pataje chaj nou yo ak yon zanmi konsa, li vin pi fasil pou nou pote yo. Men, gen yon limit nan sa yon imen ka fè pou l ede yon lòt. San konte, lòt moun gendwa pa menm anmezi pou ede nou lè nou nan bezwen.
2 Sepandan, gen yon Moun ki gen yon pisans ki san limit e ki gen tout mwayen a dispozisyon l ki la pou l ede nou. E anplis, li asire nou li pap janm abandone nou. Se Moun sa a yon salmis idantifye pou nou lè li deklare avèk yon konfyans total : “ Sekou m soti nan Jewova. ” (Sòm 121:2). Poukisa salmis lan te gen asirans Jewova t ap toujou ede l ? Annou egzamine Sòm 121 pou nou ka reponn kesyon sa a. Egzamen sa a ap ede nou wè poukisa nou menm tou nou ka chèche Jewova avèk konfyans antanke Sekou nou.
Sekou li toujou la
3. Ki mòn sa yo salmis la dwe te leve je l gade a, e poukisa ?
3 Pou kòmanse, salmis la montre piske se Jewova ki kreye tout bagay, nou kapab mete konfyans nou nan li. Men sa salmis la di : “ M ap leve je m gade mòn yo. Ki kote sekou m ap soti ? Sekou m soti nan Jewova, Sila a ki fè syèl la ak tè a. ” (Sòm 121:1, 2). Salmis la pa t jis leve je l gade nenpòt mòn. Lè pawòl sa yo te ekri, tanp Jewova a te Jerizalèm. Vil sa a, ki twouve l byen wo sou tèt mòn Jida yo, se te andwa senbolik kote Jewova abite (Sòm 135:21). Siman salmis la te leve je l gade mòn Jerizalèm yo, kote tanp Jewova a te konstwi, pou l te chèche èd, avèk konfyans, nan men Jewova. Sa k fè salmis la te gen tout asirans sa a Jewova ka ede l ? Paske se Li “ ki fè syèl la ak tè a ”. Se kòmsi salmis la di : ‘ Se sèten, pa gen anyen ki ka anpeche Kreyatè toupisan an ede m. ’ — Izayi 40:26.
4. Ki jan salmis la montre Jewova toujou atantif devan bezwen sèvitè l yo, e poukisa pawòl sa a ankourajan ?
Sòm 121:3, 4). Li pa posib pou Bondye ta kite moun ki gen konfyans nan li yo “ kilbite ”, oubyen pou yo ta tonbe epi pou yo pa ka leve (Pwovèb 24:16). Sa k fè sa ? Paske Jewova tankou yon bèje vijilan k ap veye twoupo l. Èske se pa yon pawòl ki ankourajan ? Li pap fèmen je l devan bezwen sèvitè l yo menm pou yon tikras tan. Lajounen kou lannuit, l ap voye je sou yo.
4 Apre sa, salmis la esplike Jewova toujou atantif devan bezwen sèvitè l yo, men sa l di : “ Li pa posib pou l ta kite pye w kilbite. Li pa posib pou Moun k ap veye sou ou a ta kabicha. Gade ! Moun k ap veye sou Izrayèl la pap kabicha, ni li pa pral dòmi. ” (5. Poukisa salmis la di se “ sou bò dwat ” Jewova ye ?
5 Salmis la gen konfyans Jewova pwoteje pèp li ak fidelite, men sa li ekri : “ Jewova ap veye sou ou. Jewova se lonbray ou sou bò dwat. Pandan lajounen solèy la pap frape w, ni lalin nan pandan lannuit. ” (Sòm 121:5, 6). Yon moun k ap fè yon vwayaj apye nan Mwayèn Oryan byen kontan jwenn yon ti kote ki gen lonbray pou pwoteje l kont chalè solèy la. Jewova tankou yon lonbray pou pèp li, li pwoteje yo kont gwo chalè kalamite. Remake salmis la di Jewova “ sou bò dwat ”. Nan gè ki te konn fèt nan tan lontan yo, bò dwat yon sòlda pa t twò pwoteje ak boukliye a, paske se ak men goch li li te kenbe l. Yon bon zanmi t ap pwoteje sòlda a si se sou bò dwat li li ta kanpe pou l goumen. Jewova tankou yon zanmi konsa, li kanpe bò kote adoratè l yo ak fidelite, toujou pare pou l ede yo.
6, 7. a) Ki jan salmis la ban nou asirans Jewova pap janm sispann ede sèvitè l yo ? b) Sa k fè nou ka gen menm konfyans ak salmis la ?
6 Èske Jewova ap janm sispann ede sèvitè l yo ? Ide sa a pa dwe janm pase nan tèt yon moun. Men pawòl salmis la di pou l fini Sòm nan : “ Jewova li menm pral veye sou ou kont tout kalamite. Li pral veye sou nanm ou. Jewova li menm pral veye sou soti w e li pral veye sou rantre w, depi kounye a e pou tan endefini. ” (Sòm 121:7, 8). Remake salmis la pa rete nan prezan, li pale de lavni tou. Anvan sa, nan vèsè 5 lan, salmis la te di : “ Jewova ap veye sou ou. ” Men, nan vèsè 7 ak vèsè 8, salmis la ekri : “ Jewova li menm pral veye sou ou. ” Kidonk, vrè adoratè yo gen asirans Jewova ap ede yo ni kounye a ni alavni. Kèlkeswa kote yo ale, kèlkeswa kalamite yo rankontre, yo pap janm nan yon sitiyasyon pou men Jewova ta twò kout pou ede yo. — Pwovèb 12:21.
7 An reyalite, moun ki te ekri Sòm 121 an te gen konfyans Kreyatè toupisan an ap veye sou sèvitè l yo avèk menm tandrès ak yon bèje ki gen kè sansib e avèk menm vijilans ak yon gad ki ann eta d alèt. Nou gen tout rezon nou pou nou gen menm konfyans ak salmis la paske Jewova pa chanje (Malaki 3:6). Èske sa vle di n ap toujou jwenn pwoteksyon nan domèn fizik ? Non. Men, toutotan se Jewova nou chèche pou sekou nou, l ap pwoteje nou kont tout sa ki ta ka fè nou ditò nan domèn espirityèl. Kounye a, li nòmal pou nou mande : ‘ Ki jan Jewova ede nou ? ’ Annou egzamine kat fason li fè sa. Nan atik sa a, n ap wè fason li te konn ede sèvitè l yo nan tan biblik yo. E nan atik ki vin apre a, n ap pale sou fason li ede sèvitè l yo jodi a.
Li ede nou pa mwayen zanj yo
8. Poukisa li nòmal pou zanj yo enterese anpil nan byennèt sèvitè Bondye ki sou tè a ?
8 Jewova ap kòmande dè e dè milyon zanj (Danyèl 7:9, 10). Pitit espirityèl sa yo ap fè volonte l ak fidelite (Sòm 103:20). Yo konnen Jewova renmen imen k ap adore l yo anpil e yo konnen li vle ede yo. Li toutafè nòmal pou zanj sa yo enterese anpil nan byennèt sèvitè Bondye ki sou tè a (Lik 15:10). Se sa k fè, nou gen asirans zanj yo byen kontan Jewova itilize yo pou ede lèzòm. Ki fason Jewova te konn itilize zanj pou ede sèvitè l yo nan tan lontan ?
9. Bay yon egzanp kote Bondye te otorize zanj li pou pwoteje sèvitè fidèl li yo.
9 Bondye te bay zanj pouvwa pou pwoteje sèvitè fidèl yo e pou delivre yo. De zanj te ede Lòt ak pitit fi l yo chape anba destriksyon Sodòm ak Gomò (Jenèz 19:1, 15-17). Yon sèl zanj te touye 185 000 sòlda asiryen ki te yon menas pou Jerizalèm (2 Wa 19:35). Lè yo te lage Danyèl nan twou lyon an, Jewova te ‘ voye zanj li an, e li te fèmen bouch lyon yo ’. (Danyèl 6:21, 22.) Yon zanj te libere apot Pyè nan prizon (Travay 12:6-11). Bib la bay anpil lòt egzanp ankò kote zanj te konn pwoteje moun, sa ki konfime pawòl Sòm 34:7 la, ki di : “ Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li, e li delivre yo. ”
10. Ki jan Jewova te sèvi ak yon zanj pou ankouraje pwofèt Danyèl ?
10 Nan lòt okazyon, Jewova sèvi ak zanj pou ankouraje sèvitè fidèl li yo e pou fòtifye yo. Nou jwenn yon egzanp touchan nan Danyèl chapit 10. Petèt Danyèl te prèske gen santan lè sa a. Pwofèt la te dekouraje anpil, siman akoz Jerizalèm ki te dezole e akoz reta yo te pran pou rekonstwi tanp lan. Li te twouble tou akoz yon vizyon li te fèk fin fè ki te efreye l (Danyèl 10:2, 3, 8). Avèk amou, Bondye te delege yon zanj pou ankouraje l. Plizyè fwa, zanj lan te fè Danyèl sonje li se yon moun Bondye “ apresye anpil ”. Ki efè sa te gen sou li ? Pwofèt la di zanj lan : “ Ou fòtifye m. ” — Danyèl 10:11, 19.
11. Bay yon egzanp sou kòman Bondye te sèvi ak zanj pou dirije travay predikasyon bon nouvèl la.
11 Jewova te sèvi ak zanj pou dirije travay predikasyon bon nouvèl la tou. Yon zanj te dirije Filip pou l al preche yon enik etyopyen konsènan Kris, apre sa mesye sa a te batize (Travay 8:26, 27, 36, 38). Yon ti tan apre sa, se te volonte Bondye pou yo preche janti ki pa t sikonsi yo bon nouvèl la. Annefè, nan yon vizyon, yon zanj te parèt devan Kònèy, yon janti ki te gen krentif pou Bondye, e zanj lan te di l pou l voye chèche apot Pyè. Lè mesaje Kònèy te voye yo jwenn Pyè, yo di l konsa : “ Kònèy, [...] pa mwayen yon zanj ki sen, te resevwa enstriksyon ki soti nan men Bondye pou l voye mande w pou w vin lakay li pou l ka tande sa w gen pou w di. ” Pyè te fè sa yo mande l la, e se moun sa yo ki te premye janti ki pa sikonsi ki te vin fè pati kongregasyon kretyèn nan (Travay 10:22, 44-48). Imajine ki jan w t ap santi w si w ta konnen yon zanj te gide w pou fè w pran kontak ak yon moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl !
Li ede nou pa mwayen lespri sen
12, 13. a) Sa k fè apot Jezi yo te gen tout rezon yo pou yo kwè lespri sen te kapab ede yo ? b) Nan ki fason lespri sen te rann kretyen premye syèk yo pisan ?
12 Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te bay disip yo asirans yo pa t ap lage san okenn sekou. Papa a t ap ba yo yon ‘ asistan, lespri sen ’. (Jan 14:26.) Apot yo te gen tout rezon yo pou yo kwè lespri sen te kapab ede yo. Lèfini tou, Ekriti enspire yo chaje ak egzanp ki montre fason Jewova te konn sèvi ak lespri sen, pi gwo fòs ki egziste a, pou ede sèvitè l yo.
13 Nan anpil okazyon, Bondye te itilize lespri sen pou bay moun pisans pou akonpli volonte l. Lespri sen te bay jij yo pisans pou delivre Izrayèl (Jij 3:9, 10 ; 6:34). Se menm lespri sen sa a ki te bay premye kretyen yo pisans pou yo kontinye preche avèk kran malgre tout opozisyon yo te rankontre (Travay 1:8 ; 4:31). Bèl rezilta yo te jwenn nan ministè yo se yon prèv konvenkan ki montre lespri sen t ap opere. Ki lòt esplikasyon yon moun te ka bay pou esplike kòman moun “ san enstriksyon, moun òdinè ” konsa, te fè anmezi pou gaye mesaj Wayòm nan nan tout peyi yo te konnen nan epòk sa a ? — Travay 4:13 ; Kolosyen 1:23.
14. Ki jan Jewova sèvi ak lespri sen l pou l eklere sèvitè l yo ?
14 Jewova sèvi ak lespri sen l tou pou l eklere sèvitè l yo. Grasa èd lespri sen, Jozèf te anmezi pou l entèprete rèv pwofetik Farawon yo (Jenèz 41:16, 38, 39). Pa mwayen lespri sen, Jewova te revele pwogram li bay moun ki enb, tandiske li te kache l pou moun ki ògeye (Matye 11:25). Se sa k fè, konsènan bagay Jewova bay “ moun ki renmen l yo ”, apot Pòl te di : “ Se nou menm Bondye revele yo pa mwayen lespri li. ” (1 Korentyen 2:7-10). Se sèlman grasa èd lespri sen yon moun ka rive konprann volonte Bondye toutbonvre.
Li ede nou pa mwayen Pawòl li
15, 16. Ki sa yo te di Jozye pou l fè pou l ka aji avèk sajès ?
15 Pawòl Jewova enspire a “ itil pou anseye ”, e li pèmèt sèvitè Bondye yo byen ‘ kalifye, totalman ekipe pou tout zèv ki bon ’. (2 Timote 3:16, 17.) Labib mansyone anpil ka kote sèvitè Bondye nan tan lontan yo te jwenn èd nan pati ki te deja ekri nan Pawòl Bondye a.
16 Ekriti yo sèvi kòm èd pou bay sèvitè Bondye yo bonjan direksyon. Lè Jozye te jwenn responsablite pou l dirije pèp Izrayèl, men sa yo te di l : “ Liv lalwa sa a [sa Moyiz te ekri a] pa dwe kite bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba lajounen kou lannuit, dekwa pou w pran san w pou w fè selon tout sa ki ekri ladan l, paske se konsa w ap reyisi nan chemen w yo e se konsa w ap aji avèk sajès. ” Remake Bondye pa t pwomèt Jozye l ap fè yon mirak pou ranpli l ak sajès. Men, se si Jozye te li ‘ liv lalwa a ’ e si l te medite sou li, li t ap aji avèk sajès. — Jozye 1:8 ; Sòm 1:1-3.
17. Ki jan pòsyon Ekriti sakre ki te disponib yo te ede ni Danyèl ni wa Yochiya ?
17 Bondye sèvi ak Pawòl li pou l revele volonte l ansanm ak objektif li. Danyèl, pa egzanp, grasa liv Jeremi an, te disène konbyen tan Jerizalèm t ap fè nan dezolasyon (Jeremi 25:11 ; Danyèl 9:2). Konsidere tou sa k te pase pandan rèy Yochiya, wa Jida a. Nan epòk sa a, nasyon an te ekate l lwen Jewova, e asireman, wa yo pa t fè yon kopi Lalwa pou yo menm ankò, ni yo pa t suiv li (Detewonòm 17:18-20). Yon jou, pandan yo t ap repare tanp lan, yo te jwenn “ liv lalwa a menm ”, siman se liv Moyiz te ekri ak men l lan. Petèt se te tèks orijinal ki te fin ekri depi 800 an an. Lè yo fin li sa k anndan liv sa a pou Yochiya, li vin reyalize nan ki pwen nasyon an ekate l de volonte Jewova. Konsa, wa a pran mezi ki fèm pou l suiv sa ki ekri nan liv sa a (2 Wa 22:8 ; 23:1-7). Èske li pa klè pòsyon Ekriti sakre ki te disponib yo te konn ede sèvitè Bondye nan tan lontan yo ?
Li ede nou pa mwayen kwayan parèy nou
18. Poukisa nou ka di chak fwa yon vrè adoratè ede yon adoratè parèy li, se Jewova ki gen tout merit la ?
18 Byen souvan, nou jwenn èd nan men Jewova pa mwayen lòt kwayan. An reyalite, chak fwa yon vrè adoratè ede yon konpayon l, se Bondye ki gen tout merit la. Sa k fè nou ka di sa ? Pou de rezon. Premyèman, lespri sen Bondye jwe yon wòl nan sa. Li pwodui yon fwi lakay moun k ap chèche Galat 5:22, 23). Kidonk, lè yon sèvitè Bondye santi l pouse pou l ede yon lòt sèvitè Bondye, sa a se yon prèv lespri Jewova ap travay lakay li. Dezyèmman, nou fèt pòtre ak Bondye (Jenèz 1:26). Sa vle di nou gen kapasite pou nou reflete kalite Bondye yo, tankou bonte ak konpasyon. Se sa k fè, nenpòt lè yon sèvitè Jewova ede yon lòt, se Jewova an reyalite ki Sous èd sa a, piske se pòtre l moun sa a reflete.
enfliyans li, e lanmou ak bonte fè pati fwi sa a (19. Selon Bib la, kòman Jewova te konn ede sèvitè l yo pa mwayen kwayan parèy yo ?
19 Nan tan biblik yo, ki jan Jewova te konn sèvi ak kwayan yo pou ede lòt kwayan ? Souvan, Jewova konn fè yon sèvitè l bay yon lòt sèvitè l konsèy, tankou lè Jeremi te bay Bawouk yon konsèy ki te sove lavi l (Jeremi 45:1-5). Dèfwa tou, vrè adoratè yo konn santi yo pouse pou yo bay kwayan parèy yo èd nan domèn materyèl, tankou lè kretyen Masedwàn ak kretyen Akayi yo te montre anpresman pou yo ede frè yo nan Jerizalèm ki te nan bezwen. Selon remak apot Pòl te fè, li nòmal pou jan de jenewozite konsa “ fè Bondye jwenn remèsiman ”. — 2 Korentyen 9:11.
20, 21. Nan ki sikonstans frè Wòm yo te fòtifye apot Pòl ?
20 Istwa kote sèvitè Jewova yo ap fè efò pou fòtifye youn lòt, pou ankouraje youn lòt, se istwa yo ki touchan anpil. Ann pran yon egzanp ki konsène apot Pòl. Etan li t apral Wòm antanke prizonye, li te vwayaje sou yon gwo wout ki genyen Wòm yo te rele Wout Apyen. Dènye bout vwayaj la te rèd anpil, paske vwayajè yo te dwe pase nan yon plèn ki plen marekaj *. Frè nan kongregasyon Wòm yo te konnen Pòl ap vini. Ki sa yo te fè ? Èske yo te ret chita byen alèz lakay yo nan vil la ap tann Pòl rive, epi lè l rive, y a al salye l ?
Travay 28:15). Imajine sa, lè Pòl annik remake frè yo ki sot fè tout trajè sa a, sa te fòtifye l e sa te konsole l ! E kiyès Pòl te di mèsi pou soutyen sa a ? Moun ki gen tout merit la, Jewova Dye.
21 Lik, yon ekriven biblik ki te akonpaye Pòl nan vwayaj sa a, esplike nou sa k te pase : “ De la etan [anpalan de Wòm], lè frè yo pran nouvèl nou, yo vin rankontre nou jis nan Mache Apiyis la e jis Twa Obèj. ” Èske ou ka imajine sèn nan ? Piske frè yo te konnen Pòl ap vini, gen yon delegasyon frè ki vwayaje soti Wòm pou vin rankontre l. Kèk ladan yo te ret tann nan Mache Apiyis la, yon estasyon byen koni, ki twouve l apeprè a 74 kilomèt andeyò vil Wòm. E rès frè yo te ret ap tann li nan Twa Obèj, yon estasyon ki twouve l a anviwon 58 kilomèt andeyò vil la. Ki efè sa te gen sou Pòl ? Men sa Lik rapòte : “ Lè Pòl remake yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj. ” (22. Ki vèsè k ap sèvi kòm tèks pou ane 2005 lan, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a ?
22 Li klè, resi enspire ki rakonte fason Bondye te konn boule ak sèvitè l yo ede nou konprann nan ki pwen li se yon èd ki san parèy. Se pou sa, li apwopriye pou Temwen Jewova yo chwazi Sòm 121:2 kòm tèks pou ane 2005 lan. Tèks sa a di : “ Sekou m soti nan Jewova. ” Men, ki jan Jewova ede nou jodi a ? Nou pral pale de sa nan atik ki vin apre a.
[Nòt anba paj]
^ § 20 Gen yon powèt women ki rele Oras (ane 65—8 anvan epòk nou an), ki te fè vwayaj sa a tou. Li esplike jan dènye pati vwayaj sa a fatigan. Oras dekri mache Apiyis la tankou yon kote ki chaje ak “ maren ansanm ak yon bann moun kras k ap travay nan obèj yo ”. Li plenyen konsènan “ vye moustik, vye krapo ” ansanm ak “ move ” dlo ki gen nan zòn nan.
Èske nou sonje ?
Ki jan Jewova te ede sèvitè l yo :
• pa mwayen zanj li ?
• pa mwayen lespri sen li ?
• grasa Pawòl enspire li a ?
• pa mwayen kwayan parèy yo ?
[Kesyon]
[Antrefilè nan paj 9]
Tèks pou ane 2005 : “ Sekou m soti nan Jewova. ” — Sòm 121:2.
[Foto nan paj 10]
Pòl te di Bondye mèsi poutèt frè Wòm yo te ede l.