Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ansèyman veridik : ki kote nou ka jwenn yo ?

Ansèyman veridik : ki kote nou ka jwenn yo ?

Ansèyman veridik : ki kote nou ka jwenn yo ?

NAN peyi Tibè, gen yon mesye k ap vire yon wou priyè, yon ti bwat won ki gen priyè ekri anndan l. Mesye sa a kwè chak fwa li vire wou sa a se repete li repete demann li yo. Anndan yon gwo kay nan peyi End, gen yon ti chanm yo rezève pou yo pratike pouja, yon fòm adorasyon kote yo konn ofri lansan, flè ansanm ak lòt bagay ankò bay imaj plizyè dye ak deyès. Plizyè milye kilomèt pi lwen, nan peyi Itali, anndan yon legliz ki chaje ak dekorasyon, gen yon dam ki ajenou k ap lapriyè devan yon imaj Mari, manman Jezi, toutpandan l ap woule yon chaplè.

Petèt ou menm ou konstate enfliyans relijyon genyen sou lavi moun. Men sa yon liv deklare : “ Relijyon [...] te toujou jwe yon wòl esansyèl nan sosyete toupatou sou tè a, e li toujou kontinye jwe wòl sa a. ” ​(The World’s Religions — Understanding the Living Faiths). Men sa yon ekriven ki rele John Bowker fè remake : “ Pa janm gen yon sosyete kote Bondye pa jwe yon wòl, an jeneral wòl mèt ak wòl kreyatè. Sa valab menm nan sosyete ki deklare yo pa nan kesyon relijyon. ” — God — A Brief History.

Vrèmanvre, relijyon enfliyanse lavi plizyè milyon moun. Èske sa se pa yon prèv vivan ki montre lèzòm gen bezwen espirityèl e yo enterese anpil nan kesyon espirityèl ? Nan yon liv yon gwo sikològ ki rele Carl G. Jung ekri, li pale de bezwen lèzòm genyen lakay yo pou yo adore yon fòs siperyè e li di : “ Nou jwenn tras manifestasyon bezwen sa a pandan tout listwa limanite. ” — The Undiscovered Self.

Toutfwa, gen anpil moun ki pa ni kwè nan Bondye, ni enterese nan relijyon. Anpil moun ki doute de egzistans Bondye oswa ki nye l reyaji konsa paske toudabò relijyon yo konnen yo pa rive konble bezwen espirityèl yo. Men kòman yo defini relijyon : “ Atachman ak kèk prensip, fidelite strik, devouman, afeksyon ak atachman pèmanan. ” Dapre definisyon sa a, prèske tout moun demontre yon devosyon relijye nan lavi yo, menm moun ki ate.

Pandan plizyè milye ane listwa limanite, lèzòm eseye plizyè fòm adorasyon nan objektif pou yo satisfè bezwen espirityèl yo. E kòm rezilta, vin gen yon pakèt kwayans relijye tout kote sou tè a. Pa egzanp, menmsi prèske tout relijyon yo di yo kwè nan yon fòs siperyè, yo tout pa gen menm pwennvi konsènan kiyès oswa ki sa fòs siperyè sa a ye. Gen anpil kwayans ki souliye tou enpòtans pou gen yon delivrans oswa yon liberasyon. Men ansèyman yo diferan sou ki sa delivrans sa a ye e ki jan moun ka rive jwenn li. Men, piske gen tout kalite kwayans sa yo, ki jan nou ka rive idantifye ansèyman veridik ki fè Bondye plezi ?