Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Si yon timoun mouri nan vant manman l, èske gen espwa pou l resisite ?

Si yon moun pa janm pèdi yon bebe nan fason sa a, li ka difisil pou l imajine ki sa moun ki fè eksperyans lan santi. Gen kèk paran ki soufri anpil lè sa rive yo. Gen yon manman ki te pèdi senk timoun nan vant. Avèk letan, li te kontan vin gen de pitit gason ki an sante. Poutan, li te sonje chak timoun li te pèdi yo. Pou jis li mouri, li te toujou sonje ki laj pitit li yo t ap genyen si yo te vivan. Èske kretyen ki pèdi pitit yo konsa gen bonjan rezon pou yo espere timoun sa yo ap resisite ?

Yon repons senp nou genyen se nou pa konnen. Labib pa pale yon fason dirèk konsènan rezirèksyon timoun ki pèdi nan foskouch yo. Men, Pawòl Bondye a gen yon seri prensip ki touche kesyon an e ki ka ban nou konsolasyon kanmenm.

Annou konsidere de kesyon ki gen rapò ak sijè a. Premyèman, selon Jewova, ki lè lavi yon moun kòmanse : èske se depi nan moman fegondasyon an oswa èske se lè tibebe a fèt ? Dezyèmman, èske Jewova konsidere timoun ki poko fèt la kòm yon moun toutbon oswa li konsidere l senpleman kòm yon gwoup selil ki anndan vant yon fi ? Prensip ki nan Bib la reponn toule de kesyon sa yo yon fason ki klè.

Lwa Jewova te bay Moyiz la fè konnen yon fason klè lavi yon timoun pa kòmanse lè timoun nan fèt, men li kòmanse anvan sa. Kòman li montre sa ? Dapre Lalwa Moyiz la, si yon moun ta touye yon tibebe ki nan vant, yo ta dwe touye moun sa a tou. Remake sa lwa sa a te di : “ Ou fèt pou w bay nanm pou nanm *. ” ​(Egz. 21:22, 23, NW). Donk, tibebe ki nan vant manman an se yon nanm vivan. Kretyen yo, ki plizyè milyon, refize fè avòtman paske yo rive konprann verite sa a, e yo konsidere avòtman kòm yon peche grav kont Bondye.

Kounye a, nou konnen timoun ki poko fèt la se yon moun ki vivan, men, ki enpòtans lavi l genyen pou Jewova ? Lwa nou te pale de li pi wo a te egzije pou yo touye yon granmoun ki ta lakòz lanmò yon tibebe ki nan vant. Kidonk li klè, lavi yon tibebe ki poko fèt gen anpil valè nan je Bondye. Mete sou sa, gen anpil pasaj nan Labib ki montre Jewova konsidere chak tibebe ki nan vant kòm yon moun apa. Pa egzanp, men sa wa David te di anba enspirasyon konsènan Jewova : “ Ou te kenbe m alabri nan vant manman m. [...] Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri, kanta jou yo te fòme yo. ” — Sòm 139:13-16, NW ; Jòb 31:14, 15.

Yon lòt bagay Jewova wè, sèke timoun ki poko fèt la gen karakteristik pa l e li gen gwo posiblite devan l pou lavni. Pandan Rebeka, madanm Izarak, te ansent de jimo, Jewova te bay yon pwofesi konsènan de ti gason yo ki t ap lite nan vant li. Konsa, li te montre li te deja wè kèk bagay nan yo ki t ap gen efè sou anpil moun alavni. — Jen. 25:22, 23 ; Wom. 9:10-13.

Yon lòt egzanp enteresan, se egzanp Jan Batis. Men sa youn nan Evanjil yo di : “ Lè Elizabèt tande Mari di l bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. ” ​(Lik 1:41). Lè Lik, yon doktè, t ap dekri sa k te rive a, li te sèvi ak yon mo grèk yo te ka itilize ni pou yon tibebe ki nan vant, ni pou yon tibebe ki fèt deja. Li te sèvi ak menm mo sa a lè l t ap pale de Jezi ki te kouche nan manjwa a pandan Jezi te yon tibebe. — Lik 2:12, 16 ; 18:15.

Èske Labib ban nou yon rezon pou n ta fè yon gwo distenksyon ant yon tibebe ki nan vant ak yon tibebe ki gentan sot nan vant e ki gentan rale premye souf li ? Sanble li pa fè sa. E sa ann amoni ak dekouvèt lasyans fè. Pa egzanp, moun k ap fè rechèch yo dekouvri yon tibebe ki nan vant manman l gen kapasite pou l santi sa k ap pase nan antouraj manman l e li gen kapasite pou l reyaji ak sa k ap pase yo. Se sa k fè li pa etonan pou yon fi ki ansent gen yon gwo atachman pou timoun k ap grandi nan vant li a.

Se pa tout timoun ki fè menm kantite tan nan vant. Ann sipoze gen de fi ki ansent. Youn fè timoun nan anvan lè l, e timoun nan fèt tou vivan, men kèk jou apre, timoun nan mouri. E lòt la pote timoun nan nan vant li pandan tout nèf mwa yo, epi timoun nan mouri yon tikras tan anvan l fèt. Èske premye manman an ka gen espwa pitit li a ap resisite senpleman lefètke pitit pa l la te vivan lè l te fèt, tandiske dezyèm manman an pa ka gen espwa sa a ?

Labib aprann nou byen klè lavi kòmanse nan moman fegondasyon an, e Jewova konsidere timoun ki poko fèt la kòm yon moun apa ki gen valè nan je l. Lè nou konsidere verite biblik nou site pi wo yo, gen kèk moun ki ka twouve li pa t ap ann amoni ak verite sa yo pou nou ta di pa gen espwa rezirèksyon pou yon timoun ki mouri anvan l fèt. Vrèmanvre, yo ka santi si nou ta di sa, sa t ap mete dout sou pozisyon nou genyen sou kesyon avòtman an ki baze sou menm verite sa yo.

Oparavan, Toudegad te soulve kèk kesyon sanble ki te mete dout sou posiblite pou timoun ki mouri nan vant yo resisite. Pa egzanp, men yon kesyon ki te soulve : èske Bondye t ap mete yon anbriyon ki poko fin devlope nan vant yon fi nan paradi a ? Sepandan, Kolèj santral la te fè plis etid sou sijè sa a, yo te medite sou li, yo te priye anpil sou li, e kòm konklizyon, yo te di kesyon konsa se pa kesyon yo bezwen soulve anrapò ak esperans rezirèksyon an, paske Jezi te di : “ Pa gen anyen Bondye pa ka fè. ” ​(Mak 10:27). Eksperyans Jezi te fè pèsonèlman montre ki jan pawòl li yo nou sot site la yo se verite. Jewova te transfere lavi l sot nan syèl la al nan vant yon jèn fi vyèj, e sa se yon bagay ki totalman enposib nan je yon imen.

Donk, èske sa ta vle di Labib fè konnen timoun ki mouri anvan yo fèt yo pral resisite ? Yon bagay nou bezwen ensiste sou li, sèke Labib pa bay yon repons dirèk sou kesyon sa a. Se sa k fè nou pa ka kategorik sou kesyon an. Sijè sa a ka soulve yon kantite kesyon. Se sa k fè li pi bon pou n evite fè devinèt sou sijè a. Yon bagay nou konnen sèke sa nan men Jewova Dye ki chaje ak bonte ki plen lanmou e ki chaje ak mizèrikòd (Sòm 86:15). Pa gen dout nan sa, li anvi fè rezirèksyon an pou l ka repare dega lanmò fè (Jòb 14:14, 15). Nou mèt gen asirans Jewova ap toujou fè sa ki jis. Li pral efase tout soufrans nou genyen nan sistèm mechan sa a, lè li pral sèvi ak Pitit li a avèk amou pou l “ kraze travay Satan ”. — 1 Jan 3:8.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pafwa, gen kèk tradiksyon Labib ki tradui vèsè sa a yon fason ki lese konprann se sèlman si manman an te mouri yo te dwe touye moun nan. Men, tèks orijinal nan lang ebre a montre lwa sa a t ap pale de yon kou ki ta lakòz swa manman an, swa pitit ki nan vant li a, mouri.

[Foto nan paj 13]

Jewova pral efase tout soufrans nou genyen nan sistèm sa a.