Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen gen Jewova rekonesans dèske m ap sèvi l

Mwen gen Jewova rekonesans dèske m ap sèvi l

Mwen gen Jewova rekonesans dèske m ap sèvi l

Dapre Maatje de Jonge-van den Heuvel

MWEN gen 98 an. E sa fè 70 an depi m ap sèvi Jewova ak kè kontan, byenke lafwa m te pase anba eprèv. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te mete m nan yon kan konsantrasyon. Mwen te vin tèlman dekouraje, mwen te pran yon desizyon mwen te regrèt annapre. Plizyè ane apre sa, mwen te jwenn yon lòt eprèv ki te fè m soufri anpil. Malgre sa, mwen gen Jewova rekonesans paske li ban m privilèj pou m sèvi l menm anba eprèv.

Ann oktòb 1940, lavi m te chanje. Mwen t ap viv Hilversum, yon ti vil ki a anviwon 24 kilomèt nan sidès Amsterdam, nan Peyiba. Lè sa a se Nazi yo ki t ap dirije peyi a. Mwen menm ak mari m, Jaap de Jonge, te gen yon pitit fi ki te gen twazan ki te rele Willy. Nou te gen senkan depi nou te marye, e Jaap te yon mari ki gen anpil sousi pou fanmi an. Nou t ap viv akote yon fanmi ki te pòv, ki t ap lite pou yo bay uit pitit manje. Poutan, te gen yon jenòm ki te abite lakay yo e se yo menm ki te ba l manje. Mwen te konn mande tèt mwen: ‘Poukisa yo pran chay sa a met sou do yo?’ Yon lè, mwen t al lakay yo pou m pote manje pou yo e mwen te aprann jenòm sa a se yon pyonye. Li te pale avè m sou Wayòm Bondye a e sou benediksyon Wayòm nan ap pote pou lèzòm. Sa m te aprann yo te touche m anpil. Mwen pa t pran tan pou m aksepte laverite. Nan menm ane sa a, mwen te vwe lavi m bay Jewova e mwen te batize. Yon ane apre batèm mwen, mari m te batize tou.

Byenke m pa t gen anpil konesans sou Bib la, mwen te konnen trè byen lè m vin Temwen, se nan yon òganizasyon ki anba entèdiksyon mwen t ap antre. Mwen te konnen tou gen anpil Temwen ki te deja al nan prizon paske yo t ap preche mesaj Wayòm nan. Malgre sa, mwen te kòmanse preche kay an kay tousuit e mwen menm ak mari m te met kay nou an a dispozisyon pyonye yo ak siveyan itineran yo. Kay la te vin tounen yon depo tou pou stoke piblikasyon biblik kèk frè ak sè ki te sot Amsterdam te konn pote pou nou. Yo te gen yon seri bisiklèt ki te fèt pou pote gwo chay ki te chaje ak liv yo te kouvri ak prela. Se pa ti kouraj ak lanmou frè sa yo te demontre! Yo te met lavi yo an danje pou frè yo. — 1 Jan 3:16.

“W ap retounen talè manmi?”

Anviwon simwa apre batèm mwen, twa polisye te vin lakay nou. Yo antre nan kay la e yo kòmanse fouye toupatou. Byenke yo pa t jwenn pandri a ki te plen ak piblikasyon, yo te jwenn kèk liv anba kabann nou an. La pou la, yo te ban m lòd pou m akonpaye yo nan pòs polis Hilversum nan. Lè m te pran Willy, pitit fi m nan, nan bra m pou m di l orevwa, li te di m: “W ap retounen talè manmi?” Mwen te reponn li: “Wi cheri, manmi ap retounen talè konsa.” Sepandan, mwen te pase 18 mwa tètchaje anvan m te pran Willy nan bra m ankò.

Yon polisye te mennen m Amsterdam nan tren pou y al entèwoje m. Moun ki t ap entèwoje m yo te eseye fè m idantifye twa frè ki soti Hilversum kòm Temwen Jewova. Mwen te di yo: “Mwen pa konnen yo, sof youn ladan yo. Se li menm ki vann nou lèt.” Sa m te di a se te laverite, frè sa a te vann lèt vre. Apre sa mwen te di: “Si w vle konnen si se Temwen Jewova l ye, se li menm pou w mande.” Lè yo wè m pa vle di anyen ankò, yo frape m nan figi e yo fèmen m nan prizon pou de mwa. Lè mari m te aprann kote m ye, li te pote kèk rad pou mwen ak manje pou m manje. Apre sa, ann out 1941, yo voye m Ravensbrück, yon kan konsantrasyon pou fi anpil moun konnen ki a anviwon 80 kilomèt nan nò Bèlen, ann Almay.

“Pran kouraj ti cheri”

Lè nou rive, yo te di nou t ap kapab retounen lakay nou si nou siyen yon deklarasyon pou nou montre nou abandone lafwa nou. Byennantandi, mwen pa t siyen l. Olye de sa, mwen te bay tout sa m genyen e yo te fè m rete toutouni anndan yon gwo douch. Mwen te rankontre kèk sè anndan douch la ki te soti Peyiba tou. Yo te ban nou inifòm kan an e yo te koud yon triyang mov sou yo, anplis, yo te ban nou yon asyèt, yon gode ak yon kiyè. Premye nuit la, yo te mete nou nan yon kazèn pou yon ti tan. Pandan m te nan kazèn nan, mwen te pran kriye. Se premye fwa m te fè sa depi lè yo te arete m nan. Pandan mwen t ap kriye, mwen t ap di: “Ki sa k pral rive? Pou konbyen tan m la a?” Franchman, nan moman sa a, relasyon m ak Jewova potko fin solid, piske mwen te gen kèk mwa sèlman nan laverite. Mwen te gen anpil bagay toujou pou m aprann. Nan demen, pandan yo t ap fè apèl, youn nan sè ki sot Peyiba yo te remake mwen te tris. Li te di m: “Pran kouraj ti cheri, pran kouraj! Ki sa yo ka fè nou?”

Apre yo fin fè apèl la, yo mennen nou nan yon lòt kazèn, kote plizyè santèn sè ki te soti ann Almay ak Peyiba te akeyi nou. Gen nan sè ki soti Almay yo ki te gentan ap viv nan kazèn sa a pandan plis pase ennan. Lefètke mwen te ansanm avè yo, sa te ankouraje m toutbon. Kazèn kote sè yo te rete a te pi pwòp lontan pase tout lòt kazèn ki te gen nan kan an e sa te enpresyone m anpil. Nonsèlman li te pwòp, men, tout moun te konnen pa gen vòlè anndan l, ni moun k ap di betiz, ni moun k ap goumen. Bagay yo te rèd nan kan an, men kazèn nou an te tankou yon zile ki te pwòp nan mitan yon lanmè ki te sal anpil.

Lavi nan kan an

Nan kan an, moun te travay anpil, men yo pa t bay anpil manje. Nou te oblije leve a senkè chak maten. Yon ti tan apre sa, yo te kòmanse fè apèl. Gad yo te konn fè nou kanpe deyò a pandan anviwon inèdtan, kit se te anba solèy kit se te anba lapli. A senkè nan aprèmidi, apre nou fin travay di, yo te konn fè apèl ankò. Apre sa, nou te konn bwè yon ti soup ak pen epi n al dòmi ak kò kraze.

Yo te ban m travay chak jou nan fèm yo, eksepte ledimanch. Mwen te konn taye ble ak yon gwo kouto digo, mwen te konn netwaye kanal ak pak kochon. Byenke travay la te di e li te sal, mwen te rive fè l chak jou paske mwen te jèn toujou e mwen te gen bonjan fòs sou mwen. Pandan m ap travay, mwen te konn chante chante ki gen mesaj biblik ladan yo, e sa te fòtifye m. Sepandan, pa gen yon jou ki te pase san m pa t anvi wè mari m ak pitit fi m nan.

Yo te ban nou yon ti kras manje, men tout sè yo te fè sa yo kapab pou yo sere yon moso pen chak jou yon fason pou nou te kapab jwenn yon ti bagay anplis ledimanch lè nou te konn reyini ansanm pou nou diskite sou kèk sijè biblik. Nou pa t gen okenn piblikasyon, men mwen te konn koute sè fidèl ki sot Almay ki pi aje yo avèk anpil atansyon pandan yo t ap pale sou sijè biblik. Nou te konn menm selebre Memoryal lanmò Kris la.

Soufrans, regrè ak ankourajman

Pafwa yo te konn mande nou fè travay ki t ap soutni Nazi yo nan gè yo t ap fè a. Men, piske nou net nan zafè politik, sè yo te refize fè travay sa yo. Yo te montre yo pa pè, e mwen te suiv egzanp yo. Kòm pinisyon, yo pa t ban nou manje pandan anpil jou e yo te fè nou kanpe pandan plizyè èdtan pandan yo t ap fè apèl. Yon lè, nan sezon ivè, yo te fèmen nou nan yon kazèn pandan 40 jou san chofaj.

Yo te kontinye di nou si nou siyen yon fòmilè ki gen yon deklarasyon ki montre nou renonse ak lafwa nou, yo t ap lage nou e nou t ap kapab al lakay nou. Apre mwen te fin pase plis pase ennan nan Ravensbrück, mwen te vin dekouraje anpil. Mwen te tèlman anvi wè mari m ak pitit fi m nan, m al wè gad yo, mwen mande yo pou yo ban m fòmilè a, epi mwen siyen l.

Lè sè yo te vin okouran sa m te fè a, genyen nan yo ki te kòmanse rale kò yo sou mwen. Men, te gen de sè aje alman, Hedwig ak Gertrud, ki te vin jwenn mwen e ki te ban m asirans yo toujou renmen m. Pandan nou t ap travay ansanm nan pak kochon yo, yo te ede m konprann enpòtans pou nou kenbe entegrite nou devan Jewova e pou nou montre l nou renmen l lè nou pa fè konpwomi. Yo te montre yo enterese nan mwen e yo gen afeksyon pou mwen tankou de manman. Sa te touche m anpil *. Mwen te konnen sa m te fè a pa t bon e mwen te deside pou m anile deklarasyon an. Yon jou swa, mwen te fè yon sè konn sa. Men, genlè youn nan ofisye ki nan kan an te tande konvèsasyon an, paske, nan menm swa sa a yo mete m deyò nan kan an e yo te voye m tounen Peyiba nan yon tren. Gen youn nan sipèvizè yo, mwen sonje vizaj li toujou, ki te di m: “Ou se yon Etidyan Labib e w ap toujou yon Etidyan Labib.” Lè sa a mwen reponn li: “Wi, m ap toujou yon Etidyan Labib, si se volonte Jewova.” Malgre sa, sèl sa k te nan lespri m, se ‘Ki jan m ka anile deklarasyon an?’

Youn nan pwen ki te parèt nan deklarasyon an te di: “Mwen bay garanti mwen pap janm fè anyen ankò pou Sosyete entènasyonal Etidyan Labib yo.” Mwen te vin wè sa pou m fè! An janvye 1943, yon ti tan apre m retounen lakay mwen, mwen te rekòmanse patisipe nan travay predikasyon an. Si Nazi yo te kenbe m ap preche Wayòm Bondye a yon dezyèm fwa, pinisyon an t ap rèd anpil.

Pou m montre Jewova plis toujou mwen te gen dezi pou m sèvi l avèk fidelite, mari m ansanm avè m te dakò pou frè k ap pote kourye yo ak siveyan itineran yo desann lakay nou. Se pa ti kontan mwen te kontan poutèt mwen te jwenn yon lòt okazyon pou m bay prèv mwen renmen Jewova ak pèp li a!

Yon bagay ki fè m soufri anpil

Kèk mwa anvan gè a fini, gen yon bagay ki te fè mari m avè m soufri anpil. Ann oktòb 1944, Willy, pitit fi nou an, te vin malad. Li te trape difteri. Kondisyon l te deteryore rapidman, e li te mouri twa jou apre. Li te gen uit an sèlman.

Pèdi nou te pèdi pitit nou an te kraze nou anpil. Eprèv mwen te jwenn nan kan Ravensbrück la pa t reprezante anyen devan doulè m te santi lè nou te pèdi pitit nou an. Men, nan moman difisil yo, nou te toujou jwenn rekonfò nan pawòl ki nan Sòm 16:8 la: “Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.” Mari m avè m te toujou gen konfyans nan pwomès Jewova fè anrapò ak rezirèksyon an. Nou te kontinye pèsevere nan laverite e nou te rete zele nan travay predikasyon bon nouvèl la. Mari m mouri an 1969, li te vrèman ede m sèvi Jewova avèk rekonesans.

Benediksyon ak bagay ki fè kè m kontan

Pandan plizyè dizèn ane ki pase yo, yon bagay ki toujou fè kè m kontan se rapò sere mwen genyen ak moun ki nan sèvis aplentan. Menm jan nou te konn resevwa siveyan itineran yo ansanm ak madanm yo lakay nou pandan gè a, nou te kontinye fè sa apre gè a. Te gen yon koup, Maarten ak Nel Kaptein, ki te nan sèvis itineran ki te menm rete lakay nou pandan 13 an! Nel, sè a, te vin gen yon maladi ki t apral touye l finalman, e mwen te gen privilèj pou m pran swen l lakay nou pandan twa mwa jiskaske l mouri. Relasyon mwen te gen ak koup sa a e relasyon mwen gen ak frè ak sè yo mwen renmen anpil ede m pwofite paradi espirityèl nou ladan l kounye a.

Youn nan pi gwo bagay ki te rive nan lavi m se envitasyon mwen te jwenn an 1995 pou m al nan yon komemorasyon ki t ap fèt nan kan Ravensbrück la. Mwen te rankontre kèk sè ki te avèk mwen nan kan an, e sa te fè plis pase 50 an depi m te wè yo! Moman sa a mwen te pase ansanm ak yo a te touche m anpil e mwen pap janm bliye l. Sa te ban nou okazyon pou nou ankouraje youn lòt pou nou sonje, yon jou, moun nou renmen ki mouri yo pral viv ankò.

Nan Women 15:4 apot Pòl di nou kapab “gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. Mwen remèsye Jewova poutèt li ban m esperans sa a ki ede m sèvi l avèk rekonesans menm anba eprèv.

[Nòt anba paj]

^ § 19 Nan epòk sa a, piske frè yo pa t gen kontak ak syèj mondyal la, yo te trete ka ki gen rapò ak netralite yo jan yo te konprann yo te dwe fè sa. Se sa k fè tout frè yo pa t konn reyaji menm jan.

[Foto nan paj 10]

Mwen menm ak Jaap, an 1930.

[Foto nan paj 10]

Willy, pitit fi nou an, lè l te gen uit an.

[Foto nan paj 12]

An 1995, mwen t al nan yon reyinyon ki te touche m anpil. Mwen nan premye ranje a, dezyèm moun nan, sou bò goch.