Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pran refij nan non Jewova”

“Pran refij nan non Jewova”

“Pran refij nan non Jewova”

“M ap kite yon pèp ki enb e ki modès [...], e vrèmanvre yo pral pran refij nan non Jewova.” — SEF. 3:12, NW.

1, 2. Ki tanpèt senbolik ki pral frape lèzòm talè konsa?

ÈSKE sa rive w deja, ou te oblije pran refij anba yon galri poutèt gwo lapli oswa lagrèl t ap tonbe? Yon galri ta kapab byen pwoteje w si se gwo lapli oswa lagrèl k ap tonbe, men si se yon siklòn ki t ap pase, li gendwa pa t ap kapab byen pwoteje w.

2 Gen yon tanpèt k ap vini ki diferan ak lòt tanpèt yo, se yon tanpèt ki ka detwi lavi tout limanite. Se yon “jou tanpèt” senbolik (NW). Jou sa a, “gwo jou Senyè a”, pral frape tout limanite. Sepandan, nou kapab jwenn refij n ap bezwen an. (Li Sefànya 1:14-18.) Ki sa pou n fè pou n jwenn refij sa a nan “jou Senyè a pral move” a ki prèt pou rive?

Jou tanpèt nan tan biblik yo

3. Ki “gwo tanpèt” ki te frape wayòm dis tribi Izrayèl yo?

3 Jou Jewova a ap kòmanse ak destriksyon tout fo relijyon ki gen sou tè a. Pou nou ka konnen ki jan pou nou jwenn refij, nou kapab gade sa k te pase nan istwa pèp Bondye a nan tan lontan. Pwofèt Izayi, ki te viv nan uityèm syèk anvan epòk nou an, te konpare jijman Jewova sou wayòm dis tribi Izrayèl yo, ki te vire do ba li, ak yon “gwo tanpèt” ​(NW) pèsonn pa t ap kapab fè anyen pou anpeche l vini. (Li Izayi 28:1, 2.) Pwofesi sa a te akonpli nan ane 740 anvan epòk nou an lè Asiryen yo te anvayi tèritwa tribi sa yo. Nan Bib la, Efrayim reprezante dis tribi yo.

4. Ki jan yon “gwo jou Senyè a” te frape Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an?

4 Apre jijman Izrayèl enfidèl la, yon “gwo jou Senyè a” te vini sou Jerizalèm ak wayòm Jida a an 607 anvan epòk nou an. Sa te pase paske moun Jida yo te vire do bay Bondye tou. Sòlda babilonyen yo, ki te gen Neboukadnetsa alatèt yo, te vin yon menas pou Jida ak Jerizalèm, kapital wayòm Jida a. Moun Jida yo t al chèche refij nan yon “kachèt mantò”, sa vle di yo te met konfyans yo nan yon alyans politik yo te fè ak Ejip. Sepandan, menm jan ak yon gwo van lagrèl ki kraze tout bagay, se konsa tou Babilonyen yo te kraze “kachèt” sa a, oswa refij sa a. — Iza. 28:14, 17.

5. Ki sa k pral rive pèp Bondye a lè destriksyon tout fo relijyon yo?

5 Gwo jou Jewova ki te frape Jerizalèm nan se yon egzanp ki montre lakretyente ki vire do bay Bondye pral jwenn jijman pa l nan epòk nou an. Anplis, yo pral detwi rès “Gran Babilòn nan”, sa vle di tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Apre sa, yo pral detwi rès monn Satan an ki mechan. Sepandan, pèp Bondye a ap sove paske li pran refij nan Jewova. — Rev. 7:14; 18:2, 8; 19:19-21.

Refij nan domèn espirityèl e nan domèn fizik

6. Ki jan pèp Jewova a kapab jwenn refij?

6 Ki jan pèp Bondye a kapab jwenn refij depi kounye a nan epòk lafen an? Nou jwenn refij nan domèn espirityèl lè nou ‘panse ak non’ ​(NW) Bondye avèk respè e lè nou sèvi Bondye avèk zèl. (Li Malaki 3:16-18.) Se sèten nou rekonèt nou bezwen fè plis pase annik panse ak non Bondye piske Women 10:13 di: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.” Gen yon rapò ant envoke non Jewova ak jwenn delivrans nan men l. Gen anpil moun ki sensè ki ka wè diferans ki genyen ant vrè kretyen yo, ki ‘panse ak non’ Bondye avèk respè e k ap sèvi Bondye antanke Temwen, ak lòt moun ki pap sèvi l yo.

7, 8. Ki jan kretyen nan premye syèk la te jwenn refij nan domèn fizik, e ki jan sa pral fèt nan ka kretyen yo jodi a?

7 Nou pa jwenn refij nan domèn espirityèl sèlman. Bondye pwomèt pèp li a l ap ba li refij nan domèn fizik. Nou kapab konprann sa lè nou egzamine sa k te pase nan ane 66 epòk nou an, apre lame women an, ki te gen Sestiyis Galis alatèt li, te atake Jerizalèm. Jezi te fè konnen yo t ap “retire” nan jou tribilasyon sa yo (Mat. 24:15, 16, 21, 22). Sa te fèt lè lame women an ki te antoure vil la te vire do l l ale sanzatann. Sa te pèmèt kèk ‘moun sove’, anpalan de vrè kretyen yo. Sa te pèmèt yo chape poul yo, sa vle di yo te kite vil la ak zòn ki ozalantou vil la. Genyen nan yo ki te travèse rivyè Jouden an e ki te jwenn refij nan mòn ki te alès rivyè a.

8 Nou kapab fè yon konparezon ant kretyen sa yo ak moun ki fè pati pèp Bondye a jodi a. Kretyen yo nan premye syèk la te chèche yon refij, menm jan pèp Bondye a gen pou yo fè sa nan epòk nou an. Sepandan, fwa sa a, vrè kretyen yo pap sot nan yon zòn pou y al nan yon lòt, paske, yo sou tout tè a. Malgre sa, piske “moun Bondye chwazi yo” ansanm ak konpayon yo ki fidèl pran refij nan Jewova ak nan òganizasyon l lan ki konparab ak yon mòn, y ap sove fizikman lè lakretyente ki vire do bay Bondye jwenn destriksyon l.

9. Kiyès ki eseye fè moun bliye non Bondye? Bay yon egzanp.

9 Yon lòt bò, lakretyente merite destriksyon k ap tann li an paske li mete tout moun ki nan legliz yo nan fènwa nan domèn espirityèl e paske li montre li rayi non Bondye. Nan peryòd ki te kòmanse nan anviwon ane 500 nan epòk nou an pou rive nan anviwon ane 1500 nan epòk nou an, anpil moun te konnen non Bondye ann Ewòp. Nan lang ebre a, gen kat lèt ki reprezante non sa a yo rele Tetragram. Nan anpil lang, kat lèt yo koresponn ak YHWH oswa JHVH. Non sa a konn parèt sou pyès monnen, sou fasad kay, nan anpil liv ak Bib e menm nan kèk legliz katolik ak legliz potestan. Sepandan, sèjousi, moun ki tradui Bib yo gen tandans retire non Bondye nan tradiksyon Labib yo fè e an jeneral moun pa vle sèvi avè l ankò. Yon bagay ki montre sa se yon lèt, ki gen dat 29 jen 2008, Kongregasyon pou adorasyon Bondye ak disiplin sakreman yo te voye bay Konferans evèk yo ‘konsènan non Bondye’. Nan lèt sa a, Legliz katolik women an bay lòd pou yo mete Seyè tout kote tetragram nan parèt, nan kèlkeswa fòm li parèt la. Vatikan bay enstriksyon pou yo pa sèvi ak non Bondye ni pou yo pa pwononse l nan chante moun yo ap chante ak priyè k ap fèt nan sèvis Legliz katolik ap fè yo. Lòt chèf relijye yo, ni sa ki nan lakretyente yo, ni sa ki pa nan lakretyente yo, lakòz plizyè milyon moun pa rive konnen ki moun vrè Dye a ye toutbonvre.

Pwoteksyon pou moun ki sangtifye non Bondye yo

10. Ki jan yo onore non Bondye jodi a?

10 Kontrèman ak sa lòt relijyon yo ap fè, Temwen Jewova yo onore non Bondye e yo glorifye l. Yo sangtifye l lè yo sèvi avè l avèk diyite. Jewova pran plezi nan moun ki gen konfyans nan li, e li tounen sa ki nesesè pou l beni pèp li a e pou l pwoteje l. “Li konnen moun k ap chèche refij nan li yo.” — Naw. 1:7, NW; Tra. 15:14.

11, 12. Kiyès ki te montre yo te respekte non Bondye nan Jida nan tan lontan, e kiyès ki fè sa tou jodi a?

11 Byenke majorite moun ki t ap viv Jida nan tan lontan yo te vire do bay Jewova, genyen nan yo ki te “pran refij nan non Jewova”. (NW.) (Li Sefànya 3:12, 13.) Pou Jewova te pini Jida ki te vin enfidèl, li te kite Babilonyen yo pran peyi a e li te kite yo mennen moun yo nan kaptivite. Sepandan, gen kèk moun li te epaye tankou Jeremi, Bawouk ak Ebèd-melèk. Yo t ap viv “nan mitan” ​(NW) yon nasyon ki te vire do bay Bondye. Gen lòt moun ki te rete fidèl pandan yo te nan kaptivite. An 539 anvan epòk nou an, Siris, ki te alatèt Mèd yo ak Pès yo, te pran Babilòn. Li pa t pran lontan pou l fè pase yon dekrè ki te pèmèt rès Juif ki te rete yo retounen nan peyi yo.

12 Sefànya te anonse Jewova t ap sove moun ki t apral wè restorasyon vrè adorasyon an e yo t ap fè L kontan. (Li Sefànya 3:14-17.) Sa te rive tou nan epòk pa nou an. Apre Wayòm Bondye a te fin etabli nan syèl la, Jewova te delivre rès moun fidèl li chwazi pou y al nan syèl yo anba Gran Babilòn nan, kote yo te nan esklavaj nan domèn espirityèl. Yo fè l kontan jis jounen jodi a.

13. Ki liberasyon moun ki soti nan tout nasyon jwenn?

13 Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan yo soti nan Gran Babilòn nan tou e yo libere anba fo ansèyman l yo (Rev. 18:4). Konsa, Sefànya 2:3 jwenn pi gwo akonplisman l nan epòk pa nou an. Men sa vèsè a di: “Chèche Jewova, nou tout, moun ki enb sou latè.” ​(NW). Jodi a, gen moun enb ki soti nan tout nasyon ki pran refij nan non Jewova, kit yo gen esperans pou y al nan syèl, kit yo gen esperans pou viv sou tè a.

Non Bondye pa gen pouvwa majik

14, 15. a) Ki sa kèk moun te itilize kòm bagay ki ka pwoteje yo? b) Ki bagay nou pa ta dwe sèvi avèk yo paske nou panse yo ka pwoteje nou?

14 Gen kèk Izrayelit ki te panse tanp lan gen pouvwa majik e li te kapab pwoteje yo kont ènmi yo (Jer. 7:1-4). Anvan sa, yo te panse lach alyans lan te gen pouvwa majik e li te kapab pwoteje yo nan lagè (1 Sam. 4:3, 10, 11). Konstanten Legran te pentire de lèt grèk, ki ak ro, de premye lèt ki nan tit “Kris” la sou boukliye sòlda l yo. Li te espere sa t ap pwoteje yo nan lagè. E, gen moun ki panse Gistav Adòlf II, wa peyi Lasyèd, ki te batay nan gè Trantan an, te mete ekipman ki parèt nan paj 7 la sou li. N ap remake non Iehova a parèt byen klè sou plak sa a.

15 Gen kèk moun ki fè pati pèp Bondye a demon te atake e ki te jwenn pwoteksyon lè yo site non Jewova awotvwa. Menmsi sa konn fèt, nou pa dwe konsidere yon bagay ki gen non Bondye sou li kòm yon bagay ki kapab pwoteje nou akoz swadizan pouvwa majik nou panse li genyen. Se pa konsa nou pran refij nan non Jewova.

Fason pou n jwenn refij jodi a

16. Jodi a, ki jan nou kapab jwenn refij nan domèn espirityèl?

16 Pèp Bondye a an sekirite nan domèn espirityèl, e sa fè nou jwenn refij jodi a (Sòm 91:1). Grasa “esklav fidèl ki prevwayan an” ak ansyen yo nan kongregasyon an, nou jwenn avètisman kont tandans ki gen nan monn nan ki kapab mete sekirite sa a an danje (Mat. 24:45-47; Iza. 32:1, 2). Reflechi sou kantite fwa nou jwenn avètisman pou nou pa materyalis, e reflechi sou jan avètisman sa yo pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm nan domèn espirityèl. Anplis, nou jwenn avètisman pou nou pa devlope yon atitid kote nou pa pran anyen pou anyen, paske sa ka fè nou vin inaktif. Pawòl Bondye a di: “Moun fou [...] yo pa pran anyen pou anyen, se sa k’ap pèdi yo tou. Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y’a viv ak kè poze, yo p’ap bezwen pè anyen.” ​(Pwo. 1:32, 33). Lè nou fè tout sa n kapab pou nou rete pwòp nan domèn moral, sa ap ede nou tou pou nou rete an sekirite nan domèn espirityèl.

17, 18. Ki sa k ede plizyè milyon moun pran refij nan non Jewova jodi a?

17 Reflechi tou sou ankourajman nou jwenn nan men esklav la pou nou suiv kòmandman Jezi te bay pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a (Mat. 24:14; 28:19, 20). Sefànya te pale de yon chanjman ki t ap ede moun pran refij nan non Bondye. Men sa li te ekri: “M ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, dekwa pou yo ka sèvi l kòtakòt.” — Sef. 3:9, NW.

18 Ki sa lang pwòp sa a ye? Lang pwòp la se laverite sou Jewova Dye e sou objektif li nou jwenn nan Pawòl li a li enspire. Nan yon sans, ou itilize lang sa a lè w pataje bon konpreyansyon ou genyen sou Wayòm nan ak lòt moun, lè w fè yo konnen fason li pral sangtifye non Bondye, lè w atire atansyon yo sou Souvrènte Jewova ki gen pou l jistifye, lè w pale ak yo sou benediksyon moun ki fidèl yo pral jwenn pou toutan e ou fè sa ak kè kontan. Lefètke gen anpil moun k ap pale lang sa a, gen plis moun chak jou k ap “envoke non Jewova” e k ap “sèvi [Jewova] kòtakòt”. Wi, gen plizyè milyon moun sou tout tè a ki pran refij nan Jewova. — Sòm 1:1, 3.

19, 20. Poukisa nou kapab di Izrayelit yo pa t reyisi lè yo te met konfyans yo nan “kachèt mantò” a?

19 Moun yo nan monn nan rankontre yon bann pwoblèm yo sanble pa ka rezoud. Dezespwa fè yo chèche èd nan men lèzòm enpafè oswa li fè yo met espwa yo nan òganizasyon politik yo panse ki ka ede yo menm jan Izrayèl nan tan lontan an te konn fè alyans ak lòt nasyon pou nasyon sa yo te ka ede l. Lè nasyon Izrayèl la te fè sa, ou konnen yo pa t jwenn èd yo te bezwen an. Jodi a, ni Nasyonzini, ni okenn peyi sou tè a pap kapab rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen yo nèt. Donk, poukisa pou yon moun ta konsidere òganizasyon politik yo ak alyans politik yo kòm yon refij? Bib la di bagay sa yo se “kachèt mantò”. Ou gen bonjan rezon pou w konsidere yo konsa paske tout moun ki met konfyans yo nan yo ap regrèt sa anpil. — Li Izayi 28:15, 17.

20 Talè konsa, jou Jewova a, k ap sanble ak yon gwo van lagrèl, pral frape tè a. Malgre tout sa lèzòm fè, yo pap kapab pwoteje tèt yo, ni kote yo fè pou pwoteje moun si ta gen yon gè nikleyè, ni lajan yo pap kapab fè sa nonplis. Izayi 28:17 fè konnen: “Gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach [...] yo pote ale.”

21. Ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa tèks pou ane 2011 lan di a?

21 Ni kounye a, ni pandan jou Jewova a ki gen pou vini an, pèp Jewova a ap jwenn bonjan sekirite nan men l. Non Sefànya a, ki vle di “Jewova kache l”, atire atansyon sou moun ki kapab kache nou toutbonvre a. Tèks pou ane 2011 lan tonbe daplon. Se yon konsèy ki saj ki soti nan Sefànya 3:12 ki di: “Pran refij nan non Jewova.” Depi kounye a, nou kapab pran refij nan non Jewova e nou ta dwe fè sa lè nou fè l konfyans nèt (Sòm 9:10). Annou kenbe asirans sa a nou jwenn nan Bib la nan lespri nou chak jou: “Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon.” — Pwo. 18:10, NW.

Èske nou sonje?

• Ki jan nou ka pran refij nan non Jewova depi kounye a?

• Poukisa nou pa dwe met konfyans nou nan “kachèt mantò” yo?

• Poukisa nou gen asirans n ap jwenn refij alavni?

[Kesyon]

[Ti pawòl nan paj 6]

Men tèks pou ane 2011 lan: “Pran refij nan non Jewova.” — Sefànya 3:12.

[Liy kredi pou foto nan paj 7]

Thüringer Landesmuseum Heidecksburg Rudolstadt, Waffensammlung “Schwarzburger Zeughaus”.