Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mete konfyans nou nan Jewova tank lafen an ap pwoche

Mete konfyans nou nan Jewova tank lafen an ap pwoche

Mete konfyans nou nan Jewova tank lafen an ap pwoche

“Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan.” — IZA. 26:4.

1. Ki diferans ki genyen ant sèvitè Bondye yo ak moun ki nan monn nan?

N AP viv nan yon monn kote plizyè milyon moun pa konn kiyès pou yo fè konfyans oswa ki sa pou yo kwè. Petèt, se paske twòp moun te blese santiman yo oubyen yo te twonpe yo. Ala diferan sa diferan pou sèvitè Jewova yo! Piske se sajès Bondye k ap gide yo, yo konnen pou yo pa mete konfyans yo ni nan monn nan ni nan “grannèg” li yo (Sòm 146:3). Olye de sa, yo mete lavi yo ak avni yo nan men Jewova, paske yo konnen li renmen yo e li toujou reyalize pawòl li. — Wom. 3:4; 8:38, 39.

2. Ki sa Jozye te di ki montre nou ka fè Bondye konfyans?

2 Jozye, yon moun ki t ap viv ann Izrayèl tan lontan an, te fè konnen moun ka fè Bondye konfyans. Yon ti tan anvan l mouri, men sa l te di Izrayelit parèy li yo: “Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.” — Joz. 23:14.

3. Ki sa non Bondye fè konnen sou Bondye?

3 Jewova reyalize tout pwomès li fè nonsèlman paske li renmen sèvitè l yo, men li fè sa tou espesyalman akoz non li (Egz. 3:14; 1 Sam. 12:22). Nan entwodiksyon yon Bib (The Emphasized Bible), yo esplike non Bondye vle di Bondye kapab tounen nenpòt sa ki nesesè yon fason pou l reyalize pwomès li. Non l fè nou sonje li toujou fè sa l di. Li ka fè sa l vle fè a nenpòt ki lè e nenpòt ki kote. Pa gen anyen ki twò difisil pou li. Bondye ap toujou aji ann amoni ak non l.

4. a) Ki konsèy nou jwenn nan Izayi 26:4? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Mande tèt ou: ‘Èske m gen ase konesans sou Jewova pou m gen yon konfyans total nan li? Èske m gen konfyans nan sa demen ap pote paske m konnen Bondye gen kontwòl tout bagay?’ Men sa Izayi 26:4 (NW) di: “Se pou nou mete konfyans nou nan Jewova pou toutan, paske se Ya Jewova ki mas Wòch pou tan endefini an.” Se vre, jounen jodi a, Bondye pa fè mirak pou l ede moun jan li te konn fè sa pafwa nan tan lontan. Men, piske li se “mas Wòch pou tan endefini an”, nou ka fè l konfyans “pou toutan”. Ki jan Bondye nou an, ki merite pou nou fè l konfyans lan, ede adoratè fidèl li yo jodi a? Annou egzamine twa fason li fè sa: li ban nou fòs lè nou chèche èd li pou nou reziste kont tantasyon, li ede nou lè lòt moun pa enterese nan mesaj nou an oswa lè nou jwenn opozisyon, e li ban nou fòs lè tètchaje lavi a soti pou mennen n ale. Pandan n ap egzamine pwen sa yo, reflechi sou ki jan ou menm ou ka vin gen plis konfyans nan Jewova.

Fè Bondye konfyans lè nou jwenn tantasyon

5. Sa k ka fè li difisil anpil pou nou montre nou fè Bondye konfyans?

5 Li fasil pou nou fè Jewova konfyans lè l pwomèt nou tè a pral tounen yon paradi oswa li pral resisite mò yo piske nou deja swaf bagay sa yo. Men, li ka difisil anpil pou nou fè l konfyans lè n gen pou n deside si wi ou non n ap suiv prensip moral li yo. Li ka difisil anpil tou pou nou kwè ak tout kè nou li pi bon pou nou suiv prensip li yo, li pi bon pou nou fè sa l di nou fè e sa ap fè n jwenn kè kontan toutbonvre. Men yon konsèy wa Salomon te bay: “Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.” ​(Pwo. 3:5, 6). Remake byen, vèsè a pale sou “chemen” pou nou pran. Se vre, lè nou kwè nan pwomès Bondye yo nou montre nou fè l konfyans, men se nan tout aspè nan lavi nou nou dwe montre nou fè l konfyans. Ki jan nou ka montre nou fè Jewova konfyans lè nou jwenn tantasyon?

6. Ki jan nou ka ranfòse detèminasyon nou pran pou nou rejte move panse?

6 Pou yon moun pa fè sa ki mal, li dwe kòmanse kontwole panse l. (Li Women 8:5; Efezyen 2:3.) Nan ka sa a, ki jan nou ka ranfòse detèminasyon nou pran pou nou rejte move panse? Men senk fason nou ka fè sa: 1) Priye Bondye pou l ede nou (Mat. 6:9, 13). 2) Medite sou egzanp moun Bib la pale de yo ki pa t koute Jewova ak egzanp moun ki te koute l. Apre sa, gade ki jan sa te fini pou chak gwoup moun sa yo * (1 Kor. 10:8-11). 3) Reflechi sou tout mal ou ka fè tèt ou ak moun ou renmen yo si w ta fè yon peche grav. Sa ka twouble ni ou menm ni yo menm e sa ka demoralize nou. 4) Reflechi sou ki jan Bondye dwe santi l lè youn nan sèvitè l yo fè yon peche grav. (Li Sòm 78:40, 41.) 5) Imajine jan Jewova kontan lè l wè yon adoratè fidèl li ki vire do bay sa ki mal e ki fè sa ki byen kit se an piblik kit se an prive (Sòm 15:1, 2; Pwo. 27:11). Ou menm tou, ou ka montre ou fè Jewova konfyans.

Fè Bondye konfyans lè moun yo pa enterese e lè nou jwenn opozisyon

7. Ki eprèv Jeremi te jwenn e ki jan li te santi l pafwa?

7 Anpil nan frè nou yo ap sèvi nan tèritwa ki vrèman difisil. Pwofèt Jeremi t ap sèvi Jewova nan yon tèritwa ki te difisil anpil tou, nan wayòm Jida a, pandan dènye jou wayòm sa a ki te makawon anpil. Chak jou, li te jwenn eprèv ki te ka fè l pèdi konfyans nan Jewova paske li t ap anonse mesaj jijman Bondye yo jan Bondye te mande l fè sa. Te gen yon lè, menm Bawouk, sekretè l la, t ap plenyen paske li te bouke (Jer. 45:2, 3). Èske Jeremi te kite dekourajman pote l ale? Pafwa, li te konn santi l about. Men sa l te di: “Madichon pou jou mwen te fèt la!” Li te ajoute: “Poukisa m te fèt atò? Pou m te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m te ka mouri nan lawont?” — Jer. 20:14, 15, 18.

8, 9. Ann amoni ak Jeremi 17:7, 8 ak Sòm 1:1-3, ki sa nou dwe fè pou nou ka kontinye donnen?

8 Malgre tout eprèv sa yo, Jeremi pa t abandone. Li te kontinye fè Jewova konfyans. Kòm rezilta, pwofèt fidèl sa a te wè pawòl Jewova nou jwenn nan Jeremi 17:7, 8 yo reyalize. Men sa nou li nan vèsè sa yo: “Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L’ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l anyen, l’ap toujou donnen.”

9 Menm jan ak yon bèl pyebwa ki bay fwi, ki “plante bò larivyè” oswa nan yon jaden ki byen wouze, Jeremi te “toujou donnen”. Li pa t kite moun mechan k ap pase moun nan rizib ki t ap viv bò kote l yo enfliyanse l. Olye de sa, li te rete bò kote Sous “dlo” ki kenbe moun vivan an e li te bay tout sa Jewova di l enpòtans. (Li Sòm 1:1-3; Jer. 20:9.) Ala yon bèl egzanp Jeremi kite pou nou e sitou pou nou menm k ap sèvi Bondye nan tèritwa ki difisil! Si se ka pa w, kontinye mete tout konfyans ou nan Jewova k ap toujou ba w fòs pou w andire toutpandan w ap “fè deklarasyon piblik pou non l”. — Ebre 13:15.

10. Ki benediksyon Jewova ban nou e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

10 Jewova ban nou anpil bagay pou ede nou ak pwoblèm nou rankontre nan lavi nou pandan dènye jou yo. Pami bagay Bondye ban nou ki ede nou, gen Pawòl li a ann antye. Yo tradui l chak jou nan plis lang yon fason ki egzak. Li ban nou yon pakèt manje espirityèl nan bon moman pa mwayen esklav fidèl ki prevwayan an. Anplis de sa, li ban nou yon gwo foul kwayan parèy nou ki la bò kote nou nan reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo, e yo ankouraje nou. Èske w byen pwofite tout dispozisyon sa yo? Tout moun ki fè sa “ap pouse kri kè kontan akoz bon kondisyon kè a”. Men, moun ki pa koute sa Bondye di yo va “rele akoz lapenn ki nan kè a e [...] [y a] wouke akoz lespri a ki kraze”. — Iza. 65:13, 14, NW.

Fè Bondye konfyans lè n gen tètchaje

11, 12. Lè nou wè tout pwoblèm ki gen nan monn nan, ki sa nou ta dwe fè si nou saj toutbonvre?

11 Jan pwofesi Labib yo te anonse sa, tank jou ap pase, se tank pwoblèm ap anvayi lèzòm (Mat. 24:6-8; Rev. 12:12). Lè gen inondasyon, tout moun gen tandans kouri al yon kote ki pi wo, yo monte sou tèt kay, oswa y al nenpòt lòt kote ki wo anpil. Se menm jan an tou, tank lèzòm ap gen plis pwoblèm, se tank plizyè milyon moun al chèche pwoteksyon nan òganizasyon k ap pèmèt yo fè lajan, òganizasyon politik ak òganizasyon relijye, e yo chèche pwoteksyon nan lasyans ak teknoloji. Men, pa gen youn nan bagay sa yo ki bay sekirite toutbonvre (Jer. 17:5, 6). Yon lòt bò, sèvitè Jewova yo gen yon bonjan refij: “Mas Wòch pou tan endefini an.” ​(Iza. 26:4, NW). Men sa salmis la te di (NW): “[Jewova] se mas wòch mwen an e li se sila k ap sove m nan, li se yon kote ki wo e se la m jwenn sekirite.” ​(Li Sòm 62:6-9.) Ki jan nou ka fè mas Wòch sa a tounen refij nou?

12 Nou rete atache ak Jewova lè nou obeyi konsèy li ban nou nan Pawòl li. Byen souvan, sajès lèzòm depaman ak konsèy sa yo (Sòm 73:23, 24). Pa egzanp, moun k ap suiv konsèy lòt moun yo konsidere ki saj kapab di: ‘Se yon sèl lavi a ki genyen! Jwi lavi w toutotan w kapab!’, ‘chèche fè yon bèl karyè’, ‘fè anpil lajan’, ‘achte sesi, achte sela’, ‘vwayaje, jwi sa k gen nan monn nan’. Yon lòt bò, sajès Bondye mande “pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. Paske, monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat.” ​(1 Kor. 7:31). Menm jan an tou, Jezi konseye nou pou nou toujou bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi nou. Konsa, n ap anpile “trezò nan syèl la”, kote y ap an sekirite toutbonvre. — Mat. 6:19, 20.

13. Lè nou sonje pawòl ki nan 1 Jan 2:15-17 yo, ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

13 Èske fason ou wè “monn nan” ak “bagay ki nan monn nan” montre ou gen yon konfyans total nan Bondye (1 Jan 2:15-17)? Èske richès espirityèl yo ak privilèj nou genyen pou nou fè plis nan sèvis n ap bay Jewova a gen plis valè pou nou pase bagay monn nan ap ofri nou yo (Fil. 3:8)? Èske w fè tout efò w pou w kite “je w fikse sou yon sèl bagay”? (Mat. 6:22.) Natirèlman, sa pa vle di Bondye pa vle w pran responsablite w oserye, sitou si w gen fanmi sou kont ou (1 Tim. 5:8). Men, l ap atann pou sèvitè l yo gen yon konfyans total nan li. Li pa vle yo konte sou monn Satan an ki prèt pou l detwi. — Ebre 13:5.

14-16. Ki avantaj kèk moun te jwenn paske yo te kite “je yo fikse sou yon sèl bagay” e paske yo te toujou bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo?

14 Annou pran egzanp Richard ak Ruth ki gen twa timoun. Men sa Richard rakonte: “Mwen te santi m te ka fè plis pou Jewova. Mwen t ap viv byen, men m te santi kòmsi se yon ti rès mwen t ap bay Jewova. Apre Ruth avè m te fin priye Jewova sou fason nou t ap viv la e nou kalkile depans lan, nou te dakò pou m al mande patwon m pou m travay kat jou nan semèn nan sèlman malgre peyi a te gen gwo pwoblèm ekonomik. Patwon an te aksepte, e nan espas yon mwa mwen te kòmanse ak nouvo orè travay mwen an.” Ki jan Richard santi l kounye a?

15 Men sa li rakonte: “Yo retire 20 pousan nan lajan mwen te konn touche a, men kounye a, mwen gen 50 jou anplis nan ane a pou m avèk fanmi m e pou m elve pitit mwen yo. Mwen double kantite lè mwen pase ap preche, mwen vin gen twa fwa plis etid biblik, e m patisipe plis nan aktivite kongregasyon an. Anplis de sa, piske mwen vin pi disponib pou m ede Ruth ak timoun yo, sa pèmèt li pran sèvis pyonye oksilyè detanzantan. Mwen detèmine pou m kenbe orè travay sa a toutotan m kapab.”

16 Roy ak madanm li, Petina, ki gen pitit fi yo a k ap viv lakay yo toujou, te rive diminye kantite tan yo pase nan travay yo yon fason pou yo ka pase plis tan nan travay predikasyon an antanke pyonye. Men sa Roy rakonte: “Mwen travay twa jou nan semèn nan e Petina travay de jou. Yon lòt bagay nou fè tou, nou kite gwo kay nou t ap viv ladan l lan pou n al rete nan youn ki pi piti e ki pi fasil pou nou pran swen. Nou te konn sèvi kòm pyonye anvan nou te gen pitit gason nou an ak pitit fi nou an, e nou te toujou anvi retounen nan sèvis pyonye. Se sa k fè, lè pitit nou yo te vin gran, nou te repran sèvis la. Lajan pa ka konpare ak benediksyon nou jwenn nan sèvis la.”

Kite “lapè Bondye” pwoteje kè w

17. Byenke pèsonn pa konnen ki sa ki pral rive demen, ki jan Labib ankouraje w pèsonèlman?

17 Nou youn pa konnen ki sa k ka rive demen paske “evènman moun pa prevwa” rive nou tout “nan moman [nou] pa t atann”. (Ekl. 9:11, NW.) Men, se pa paske nou pa konnen sa k pral rive demen ki ta dwe fè lespri nou pa anpè jodi a, menm jan sa konn rive moun ki pa gen pwoteksyon Bondye bay moun ki gen bonjan relasyon avè l yo (Mat. 6:34). Men sa apot Pòl te ekri: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Fil. 4:6, 7.

18, 19. Ki fason Bondye ankouraje nou? Bay yon egzanp.

18 Anpil frè ak sè ki te nan sitiyasyon difisil te benefisye lapè Jewova bay la. Men sa yon sè rakonte: “Te gen yon chirijyen ki pa t sispann fè presyon sou mwen pou l fè m aksepte pran san. Men premye bonjou li te di m: ‘Ki afè pa pran san sa a?’ Lè sa a, mwen te priye Jewova nan kè m menm jan m te konn fè sa nan lòt okazyon, e Jewova te fè m jwenn lapè. Mwen te santi m djanm! Byenke mwen te fèb akoz nivo san m ki te ba, mwen te kapab bay rezon ki klè e ki baze sou Bib la ki fè mwen pa aksepte san.”

19 Pafwa, Bondye sèvi ak yon kwayan parèy nou pou l ede nou, oswa ak manje espirityèl li bay nan bon moman. Petèt ou konn tande yon frè oswa yon sè di: “Se yon atik konsa mwen te bezwen. Se pou mwen menm yo te ekri l!” Kèlkeswa sitiyasyon nou oswa kèlkeswa pwoblèm nou genyen, Jewova ap pwouve nou jan li renmen nou, si nou fè l konfyans. Èske se pa “mouton” Jewova nou ye e èske li pa fè nou pote non l? — Sòm 100:3; Jan 10:16; Tra. 15:14, 17.

20. Poukisa sèvitè Jewova yo pral viv an sekirite lè monn Satan an detwi?

20 Pandan “jou Senyè a pral move sou yo a”, yon jou k ap pwoche rapid rapid, tout bagay moun ki nan monn Satan an fè konfyans yo pral detwi nèt. Lò, ajan ak lòt bagay ki gen anpil valè pap bay mèt yo okenn pwoteksyon nan jou sa a (Sef. 1:18; Pwo. 11:4). Sèl refij k ap genyen se pral “mas Wòch pou tan endefini” nou an (Iza. 26:4, NW). Se sa k fè, annou montre nou fè Jewova yon konfyans total depi kounye a lè nou obeyi prensip li yo ki jis, lè nou preche mesaj Wayòm li an menm lè mesaj sa a pa enterese moun yo oswa yo opoze ak nou, e lè nou lage tout tètchaje nou yo sou li. Si nou fè tout bagay sa yo n ap “viv an sekirite, [n] ap viv trankil, san [n] pa pè okenn malè”. — Pwo. 1:33, NW.

[Nòt anba paj]

Èske nou ka esplike?

Ki jan nou ka mete konfyans nou nan Bondye

• lè nou jwenn tantasyon?

• lè moun pa enterese nan mesaj la e lè nou jwenn opozisyon?

• lè nou gen tètchaje?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Lè nou obeyi prensip Bondye yo, n ap gen kè kontan.

[Foto nan paj 15]

Se “Jewova ki mas Wòch pou tan endefini an”.