Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

• Bay twa bagay ki kapab ede nou reziste kont tandans pou nou malonèt.

Twa bagay sa yo se 1) devlope lakrentif pou Jewova, 2) fòme konsyans nou grasa Labib (1 Pyè 3:12) e 3) aprann kontante nou. — 15/4, paj 6-7.

• Pran sèvis n ap bay Bondye a oserye pa vle di nou dwe toujou gen kat min nan fwon nou oswa nou pa dwe pase bon moman ak lòt moun. Ki jan nou fè konn sa?

Ann pran egzanp Jezi: Li te konn pase bon moman ap manje ak lòt moun. Nou konnen li pa t yon moun ki te twò serye oswa ki te di. Lòt moun, menm timoun, te anvi al bò kote l e yo te alèz avè l. — 15/4, paj 10.

• Ki sa yon mari ak madanm kapab fè si relasyon yo kòmanse febli apre yo vin gen timoun?

Yo bezwen montre yo toujou renmen youn lòt. Yon mari dwe fè efò pou l elimine tout ti dout madanm li ka genyen. Yo bezwen fè efò pou yo kominike byen youn ak lòt sou santiman yo e sou bezwen fizik yo genyen. — 1/7, paj 14, 15.

• Ki sa pye oliv yo pale de li nan chapit 11 liv Women an reprezante?

Pye oliv la gen rapò ak pati segondè desandans Abraram nan. Jewova se rasin pye oliv la e Jezi se twon an. Lè pifò nan Juif yo te rejte Jezi, moun ki te nan nasyon yo te vin jwenn posiblite pou Bondye grefe yo. Konsa, pati segondè desandans Abraram nan t ap kapab vin konplè. — 15/5, paj 22-25.

• Ki bon nouvèl nou genyen pou moun ki pòv yo?

Bon nouvèl sa a sèke Bondye chwazi Jezi kòm Wa. Jezi se dirijan ki pi byen plase pou l fini ak povrete. Poukisa? Se paske li pral dirije limanite e li gen pouvwa pou l aji, li gen konpasyon pou pòv yo, e li pral elimine sa ki lakòz povrete a, anpalan de tandans nou genyen pou n wè tèt nou sèlman, yon tandans nou fèt avè l. — 1/7, paj 7.

• Ki sa Jezi te vle di lè l te di Kayif “se ou menm ki di l”? — Mat. 26:63, 64.

Sanble ekspresyon “se ou menm ki di l” la se yon ekspresyon Juif yo te konn itilize pou yo montre sa yon moun te di se laverite. Kayif, gran prèt la, te mande Jezi si l se Kris la, Pitit gason Bondye a. Lè Jezi te di “se ou menm ki di l” la, li te vle fè Kayif konnen sa l te di a se sa. — 1/6-F, paj 18.

• Èske desandan Jezi te kapab genyen antanke yon moun ki pafè a fè pati ranson an?

Non. Byenke Jezi te kapab gen plizyè milya desandan ki t ap pafè, pitit sa yo li te kapab genyen yo pa fè pati ranson an. Se lavi Jezi antanke òm pafè sèlman ki te koresponn ak lavi Adan (1 Tim. 2:6). — 15/6, paj 13.

• Nan Travay 20:29, 30 la, kretyen yo jwenn avètisman pou yo pa suiv fo anseyan yo. Ki jan yo kapab montre yo pran avètisman sa a oserye?

Se lè yo pa resevwa fo anseyan lakay yo e yo pa salye yo (Wom. 16:17; 2 Jan 9-11). Kretyen yo pa li piblikasyon aposta yo pibliye, yo pa gade emisyon yo genyen nan televizyon e yo pa al vizite sit Entènèt yo. — 15/7, paj 15-16.

• Kiyès ki ta dwe anseye timoun yo sou Bondye?

Selon sa Labib di, se papa ak manman timoun yo ki ta dwe fè sa (Pwo. 1:8; Efe. 6:4). Gen rechèch ki fèt ki montre lè de paran yo anseye pitit yo, sa gen bon efè sou timoun yo. — 1/8-F, paj 6, 7.