Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki jan pou nou konprann enfòmasyon ki parèt chak ane nan rapò sèvis la?

Chak ane gen yon rapò ki fèt sou travay predikasyon an ki parèt nan Annuaire la. Se pa ti kontan nou kontan li sa pèp Jewova a ap fè sou tout tè a pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a e pou yo anseye moun konsènan Wayòm sa a! Sepandan, pou nou byen konprann enfòmasyon ki nan rapò sa a, nou bezwen esplikasyon sou kèk tit ak chif ki parèt ladan l. Men kèk egzanp.

Ane sèvis. Ane sèvis la kòmanse an septanm e li fini ann out. Rapò ki parèt nan Annuaire la se toujou rapò pou ane sèvis anvan an. Pa egzanp, Annuaire 2011 lan gen rapò ane sèvis ki te kòmanse depi 1ye septanm 2009 pou rive 31 out 2010.

Maksimòm pwoklamatè ak mwayèn pwoklamatè. Pwoklamatè yo se moun ki batize ak lòt moun ki poko batize kongregasyon an apwouve pou yo preche bon nouvèl la. Chif yo bay pou “maksimòm pwoklamatè” a, yo pran l nan mwa nan ane sèvis la ki te gen plis pwoklamatè ki te bay rapò. Chif sa a ka gen ladan l tou kèk rapò yo pa t gentan remèt nan mwa anvan an. Chif yo bay pou “mwayèn pwoklamatè” a reprezante kantite pwoklamatè ki remèt rapò yo nòmalman chak mwa.

Total lè. Annuaire 2011 lan montre Temwen Jewova yo te pase plis pase 1,6 milya èdtan ap preche. Men, chif sa a pa gen ladan l tout lè yo pase ap adore Jewova. Pa egzanp, li pa gen ladan l kantite lè ansyen yo pase ap vizite frè ak sè yo nan kongregasyon an pou yo ede yo epi ankouraje yo. Li pa gen ladan l nonplis tan nou pase nan reyinyon yo, nan etidye Labib epi medite sou sa nou aprann yo.

Depans. Pandan ane sèvis 2010 la, Temwen Jewova yo te depanse plis pase 155 milyon dola ameriken pou ede pyonye espesyal yo, misyonè yo ak siveyan itineran yo nan asiyasyon yo. Chif sa a pa gen ladan l lajan ki te depanse pou enprime Bib, liv ak peryodik yo. Li pa gen ladan l nonplis lajan ki depanse pou plis pase 20 000 frè ak sè k ap travay kòm volontè nan Betèl, toupatou sou tè a.

Kantite moun ki manje pen e ki bwè diven nan Memoryal la. Chif sa a reprezante Temwen Jewova ki batize ki te manje pen e ki te bwè diven nan Memoryal la. Sepandan chif sa a gendwa pa reprezante egzakteman kantite moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la e ki toujou ap viv sou tè a. Pa egzanp, gen moun ki gendwa konprann yo pral nan syèl akoz kwayans yo te genyen anvan yo te vin Temwen oubyen paske yo gen pwoblèm mantal oswa pwoblèm afektif. Se sa k fè, li pa posib pou nou konnen egzakteman kantite moun ki pral nan syèl la ki sou tè a toujou. Dayè, nou pa bezwen konnen chif sa a. Kolèj santral la pa gen yon lis non moun ki manje pen e ki bwè diven nan Memoryal la *.

Sèl bagay nou konnen, gen kèk nan “esklav Bondye nou an” ki gen esperans pou y al viv nan syèl la k ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse (Rev. 7:1-3). Pandan moun sa yo sou tè a toujou, y ap travay di anpil nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an. Rapò ki parèt chak ane a fè nou konnen ki sa pèp Jewova a sou tout tè a ap fè nan travay sa a ki se travay ki pi enpòtan k ap fèt nan tout istwa limanite.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Pou plis enfòmasyon, gade atik “Entandan fidèl la ak Kolèj santral li a” ki nan Toudegad 15 jen 2009, paj 24.