Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo t ap tann Kris la

Yo t ap tann Kris la

Yo t ap tann Kris la

“Pèp la, li menm, t ap tann. Yo tout t ap reflechi nan kè yo sou Jan. Yo t ap mande si se li ki ta Kris la.” — LIK 3:15, BIB KREYÒL LA.

1. Ki bon nouvèl ki bay kè kontan zanj yo te anonse bèje yo?

LI TE deja fin fè nwa, e gen kèk bèje ki t ap pran swen mouton yo. Bridsoukou, zanj Jewova a kanpe bò kote yo, e gen yon gwo limyè ki briye toutotou yo. Yo te pè, men yo te tande bon nouvèl ki bay kè kontan zanj lan te pote pou yo a: “Nou pa bezwen pè, paske m ap anonse nou bon nouvèl sou yon gwo kè kontan tout pèp la pral genyen. Paske jodi a, [...] gen yon Sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a.” Tibebe zanj lan t ap pale de li a, se li ki t apral Kris la oswa Mesi a. Zanj lan di bèje yo y ap jwenn tibebe a kouche yon kote yo konn bay bèt manje nan yon vil ki toupre a. Menm kote a, yon pakèt lòt zanj vin parèt. Yo t ap bay Jewova louwanj ansanm ak premye zanj lan konsa: “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun li apwouve yo.” — Lik 2:8-14.

2. Ki sa mo “Kris” la vle di, e ki jan moun t ap fè konnen kiyès ki te Kris la vre?

2 Bèje sa yo ki te Juif te konnen “Kris” la, oswa Mesi a, se Moun Bondye te chwazi a (Egz. 29:5-7). Men, ki jan bèje sa yo ak lòt moun t ap kapab jwenn plis enfòmasyon sou tibebe sa a, e ki jan yo t ap fè konnen se li Jewova te chwazi pou l vin Kris la? Premye bagay yo t ap bezwen fè se etidye pwofesi ki nan Ekriti yo ki gen rapò ak Kris la, epi gade si pwofesi sa yo akonpli sou timoun sa a.

Poukisa moun yo t ap tann Kris la?

3, 4. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Dànyèl 9:24, 25 lan te akonpli?

3 Plizyè ane annapre, Jan ki te konn batize moun nan te kòmanse ak travay predikasyon l lan. Akoz sa li te di ak sa li te fè, kèk moun te kòmanse panse petèt se li ki Kris la. (Li Lik 3:15.) Men, nan Bib la, gen yon pwofesi ki pale de 70 semèn, e pwofesi sa a te ede moun yo konnen ki lè Kris la t ava parèt. Men sa pwofesi a te di: “Depi pawòl la soti pou yo restore Jerizalèm e pou yo rebati l rive jiska Mesi, Lidè a, ap gen sèt semèn, epitou ap gen swasannde semèn.” ​(Dàn. 9:24, 25, NW). Biblis yo dakò semèn sa yo pa semèn sèt jou, men chak semèn reprezante sèt ane. Nan plas swasanndis semèn ki parèt nan vèsè 24 la, tradiksyon yo rele Bib la mete: “Sèt fwa swasanndizan.”

4 Jodi a, pèp Jewova a konprann swasant nèf semèn ki nan Dànyèl chapit 9 vèsè 25 lan egal a 483 ane e yo te kòmanse nan ane 455 anvan Jezi Kris. Se lè sa a, Atakzèksès, wa peyi Pès la, te di Neyemya pou l al restore Jerizalèm epi rebati l (Ney. 2:1-8). Se nan ane 29, ane Jezi te batize a, 483 ane sa yo te fini. Lè sa a, Jewova te chwazi l grasa lespri sen e li te vin Kris la. — Mat. 3:13-17 *.

5. Ki pwofesi nou pral egzamine?

5 Nan Bib la, gen anpil lòt pwofesi ki pale sou Kris la. Nou pral egzamine kèk ladan yo nan atik sa a ki gen rapò ak nesans li, ak lavi l antanke timoun, ak lè l te vin granmoun, e ak travay predikasyon l lan. Nou pral wè ki jan pwofesi sa yo te akonpli pandan Jezi te sou tè a. Sa ap fè nou gen plis konfyans nan Bib la e sa ap montre tou se Jezi ki te Kris moun yo t ap tann nan.

Pwofesi ki te akonpli lè Jezi te timoun

6. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Jenèz 49:10 la te akonpli?

6 Kris la t ap soti ann Izrayèl, nan tribi Jida. Yon ti tan anvan Jakòb te mouri, li te beni pitit gason l yo. Men sa l te di Jida: “Baton wa a pap kite Jida, ni baton kòmandan an [pap kite] mitan pye l, jiskaske Chilo vini. E se li menm pèp yo ap obeyi.” ​(Jen. 49:10, NW). Anseyan juif yo te toujou kwè pawòl Jakòb te di Jida yo te gen rapò ak Kris la. Men, ki sa pawòl Jakòb yo te vle di? Nou konnen Jakòb t ap pale de yon wa paske wa yo te konn gen yon baton nan men yo ki te montre yo gen dwa pou yo dirije e pou yo bay lòd. Donk, pwofesi sa a montre wa ki t ap gen dwa pou l dirije a t ap soti nan tribi Jida. David se premye wa ki te soti nan tribi Jida a. Sidkiya se dènye wa imen ki te soti nan tribi sa a. Sepandan, pwofesi Jakòb la te anonse t ap gen yon lòt wa apre Sidkiya e wa sa a t ap dirije pou toutan. Yo rele wa sa a Chilo. Mo sa a vle di “moun ki mèt li a.” Bondye te fè Sidkiya konnen se wa sa a ki gen dwa legal pou l dirije (Eze. 21:26, 27). Anvan Jezi te fèt, zanj Gabriyèl te di Mari: “Jewova Dye ap ba li twòn David, papa li. Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa, pou toutan, e wayòm li an pap janm fini.” ​(Lik 1:32, 33). Jezi te soti nan tribi Jida a, nan fanmi David. Jezi se sèl moun nan fanmi David Jewova te pwomèt l ap ba l dwa pou l vin wa. Donk, se Jezi Kris menm ki Chilo a. — Mat. 1:1-3, 6; Lik 3:23, 31-34.

7. Ki jan pwofesi ki te anonse nesans Jezi a te akonpli?

7 Kris la t ap fèt Betleyèm. Men sa pwofèt Mika te ekri: “Ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m’ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k’ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.” ​(Mi. (Mika) 5:2). Pwofesi sa a fè nou konnen Kris la t ap fèt Betleyèm, yon vil nan Jide ki te rele Efrata yon lè. Men, Mari, manman Jezi, ak Jozèf, mari l, te abite nan yon lòt vil yo te rele Nazarèt. Lè lè a te prèske rive pou Jezi fèt, dirijan Wòm nan te mande tout moun pou yo retounen nan vil papa yo te fèt la pou yo anrejistre non yo. Se konsa Mari ak Jozèf te retounen Betleyèm, vil kote Jezi te fèt la (Mat. 2:1, 5, 6). Donk, Jezi te fèt egzakteman kote pwofesi a te di li t ap fèt la.

8, 9. Ki sa yon pwofesi te di konsènan nesans Kris la, e ki sa ki t ap rive apre sa?

8 Se yon jèn tifi, yon vyèj ki t ap manman Kris la. (Li Ezayi (Izayi) 7:14.) Vèsè sa a montre jèn tifi a t ap fè yon pitit gason. Mo ebre lè yo tradui l yo mete vyèj pou li a se betoula. Men la a, vèsè sa a itilize yon lòt mo ebre, alma, ki vle di “jenn tifi”. Sepandan nou konnen mo alma a vle di “vyèj” tou. Bib la pale de Rebeka kòm yon jèn fi (alma), anvan l te marye (Jen. 24:16, 43). Anba enfliyans lespri sen Bondye, Matye te fè konnen Ezayi 7:14 te akonpli lè Jezi te fèt. Matye pa t itilize mo grèk ki vle “jèn tifi” a, men li te itilize yon mo grèk, patenos, ki vle di “vyèj”. Matye ak Lik te di Mari te yon vyèj ki te vin ansent pa mwayen lespri sen. — Mat. 1:18-25; Lik 1:26-35.

9 Gen timoun yo t ap touye apre Kris la fin fèt. Evènman sa a te sanble ak sa k te rive plizyè santèn lane anvan Kris la te fèt. Nan peyi Ejip, Farawon te bay lòd pou yo lage tout tigason juif yo nan rivyè ki rele Nil la apre yo fin fèt (Egz. 1:22). Gen yon pwofesi nan Jeremi 31:15, 16 ki pale de “Rachèl k’ap kriye pou pitit li yo” paske yo mouri. Moun yo te tande l k ap kriye byen lwen nan Rama, ki nan tribi Benjamen, nan nò Jerizalèm. Matye fè konnen pwofesi sa a te akonpli lè wa Ewòd te bay lòd pou yo touye tout tigason ki nan Betleyèm. (Li Matye 2:16-18.) Imajine jan sa te fè moun yo tris!

10. Ki jan pwofesi ki nan Oze 11:1 an te akonpli?

10 Kris la t ap gen pou l kite Ejip. (Oze (Och.) 11:1.) Pou Bondye te pwoteje Jezi anba men wa Ewòd, li te voye yon zanj al di Jozèf ak Mari pou y al ann Ejip avè l. Yo te rete la jiskaske Ewòd te mouri. Apre lanmò Ewòd, Jozèf te mennen Jezi tounen ann Izrayèl. Se konsa pawòl Jewova te di Ocheya a te akonpli: “Mwen rele pitit gason m nan pou l kite peyi Ejip.” ​(Mat. 2:13-15). Byennantandi, li te enposib pou Jezi te gen kontwòl sou tout sa k te pase lè l te fèt ak lè l te timoun.

Kris kòmanse ministè l

11. Kiyès ki te prepare chemen an pou Kris la?

11 Gen yon mesaje ki t ap prepare chemen an pou Kris la. Malaki te di gen yon moun ki t ap vin anvan Kris la pou l prepare chemen an pou li. Li t ap ede moun yo prepare yo pou yo aksepte Kris lè l t ava parèt. Malaki te rele mesaje sa a Eliya, pwofèt la. (Li Malachi (Malaki) 4:5, 6.) Jezi te di moun ki te tankou Eliya a se Jan ki te konn batize moun nan (Mat. 11:12-14). Mak te di Jan te prepare chemen an. Se egzakteman sa Izayi te pwofetize (Eza. 40:3; Mak 1:1-4). Jezi pa t mande Jan prepare chemen an pou li. Bondye te vle moun yo konnen kiyès Kris la t ap ye. Donk, se Bondye ki te chwazi Jan pou l fè yon travay ki te sanble ak travay pwofèt Eliya te fè a e pou l prepare moun yo pou yo akeyi Kris la.

12. Ki travay espesyal Bondye te bay Kris la fè?

12 Bondye t ap gen yon travay espesyal pou Kris la. Yon lè, pandan Jezi te nan sinagòg vil Nazarèt la kote l te grandi a, li te ouvri yon woulo e li te li pawòl pwofèt Izayi yo ki di: “Lespri Jewova sou mwen, paske li deziyen mwen pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la. Li voye m preche pou m fè konnen moun ki nan prizon yo ap libere, e moun ki avèg yo ap wè ankò. Li voye m pou m libere moun y ap toupizi yo, pou m preche konsènan ane Jewova apwouve a.” Apre sa, Jezi te di pwofesi sa a te akonpli sou li. Se li menm ki te Kris la toutbon. Se sa k fè l te gen dwa pou l di: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.” — Lik 4:16-21.

13. Ki sa Izayi te di sou ministè Jezi nan Galile?

13 Gen yon pwofesi ki pale de ministè Kris la nan Galile. Nan pwofesi Izayi a, pwofèt la te pale de “Zeboulòn” ​(NW), “Neftali” ak “Galile [...] nasyon yo”. Men sa li te ekri: “Pèp ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!” ​(Eza. 9:1, 2). Jezi te kòmanse ministè l nan Galile, nan vil ki te rele Kapènawòm nan. Li te anseye nan zòn Zeboulòn ak Neftali tou. Li te ede moun yo nan zòn sa yo lè l te anseye yo verite ki te briye tankou yon gwo limyè (Mat. 4:12-16). Se nan Galile Jezi te bay Sèmon sou montay la, li te chwazi apot li yo e li te fè premye mirak li. Se la tou li te parèt devan plis pase 500 disip apre rezirèksyon l (Mat. 5:1–7:27; 28:16-20; Mak 3:13, 14; Jan 2:8-11; 1 Kor. 15:6). Kidonk, pwofesi Izayi a te akonpli lè Jezi te preche nan ‘peyi fanmi Zeboulòn yo ak peyi fanmi Neftali yo’. Jezi te anonse bon nouvèl Wayòm nan lòt kote ann Izrayèl tou.

Lòt pwofesi sou Kris la

14. Ki jan Sòm 78:2 te akonpli sou Jezi?

14 Kris la t ap itilize istwa ak parabòl pou l anseye moun yo. Men sa Azaf te chante nan youn nan Sòm yo: “M ap ouvè bouch mwen e se pwovèb k ap sòti ladan l.” ​(Sòm 78:2, NW). Matye fè nou konnen ki jan pwofesi sa a te akonpli. Jezi te toujou itilize egzanp, oswa parabòl, lè l t ap anseye. Matye te ekri konsènan yon lè kote Jezi te sèvi ak yon grenn moutad e ak ledven kòm egzanp pou l anseye moun sou Wayòm Bondye a. Men sa li te ekri: “Li pa t pale avèk yo san l pa sèvi ak parabòl, dekwa pou sa pwofèt la te di a ka reyalize. Li te di: ‘M ap sèvi ak parabòl pou m pale, m ap fè konnen bagay ki te kache depi lè monn nan te fonde.’” ​(Mat. 13:31-35). Istwa ak parabòl Jezi te itilize yo te ede anpil moun konprann laverite sou Jewova.

15. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Ezayi 53:4 la te akonpli?

15 Kris la t ap gen pou l geri moun. Men sa pwofèt Izayi te di: “Se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l.” ​(Eza. 53:4). Lè bèlmè Pyè te malad, Jezi te geri l. Apre sa, anpil lòt moun te vin lakay Pyè e Jezi te geri yo tou. Matye te di sa te akonpli pawòl Izayi yo ki vin annapre yo: “Li te retire maladi nou yo ak doulè nou yo.” ​(Mat. 8:14-17). Men, se pa lè sa a sèlman Jezi te geri moun, paske, Bib la pale de anpil lòt okazyon kote Jezi te fè sa tou.

16. Ki sa apot Jan te ekri ki pwouve Ezayi 53:1 te akonpli sou Jezi?

16 Anpil moun pa t ap kwè se Jezi ki Kris la, menm lè l t ap fè anpil bon bagay. (Li Ezayi 53:1.) Apot jan te di pwofesi sa a te akonpli. Men sa li te ekri: “Byenke li te reyalize tout pil siy sa yo devan yo, yo pa t mete lafwa nan li, yon fason pou pawòl pwofèt Izayi a te ka reyalize, pawòl ki di: ‘Jewova, kiyès ki mete lafwa nan bagay nou tande a? E kanta pou fòs ponyèt Jewova, pou ki moun li te fè l parèt aklè?’” ​(Jan 12:37, 38). Menm plizyè ane annapre, lè apot Pòl t ap preche bon nouvèl la, pa t gen anpil moun ki te kwè se Jezi ki Kris la. — Wom. 10:16, 17.

17. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Sòm 69:4 la te akonpli?

17 Moun t ap rayi Kris la san rezon (Sòm 69:4). Men sa Jezi te di: “Si mwen pa t fè sa pèsonn lòt moun pa t fè nan mitan yo, yo pa t ap peche. Men, kounye a, yo wè sa m fè, yo rayi ni mwen ni Papa m. Men, se yon fason pou pawòl ki ekri nan Ekriti sakre yo, pawòl ki di: ‘Yo rayi m san rezon’ an, ka akonpli.” ​(Jan 15:24, 25). “Ekriti sakre yo” reprezante tout pòsyon nan Labib ki te egziste nan epòk la (Jan 10:34; 12:34). Sa nou li nan Evanjil yo konsènan Jezi montre anpil moun te rayi l, espesyalman moun ki te chèf nan relijyon juif la. Men sa Jezi te di tou: “Monn nan pa gen okenn rezon pou l rayi nou, men li rayi m, paske mwen bay temwayaj sou li, mwen fè konnen sa l ap fè yo pa bon.” — Jan 7:7.

18. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Nan premye syèk la, disip Jezi yo te kwè toutbon se li menm ki te Kris la. Yo te konnen tout pwofesi konsènan Kris la ki te nan liv ki te ekri ann ebre yo te akonpli sou Jezi (Mat. 16:16). Nan atik sa a, nou te aprann pwofesi ki gen rapò ak lavi Jezi lè l te timoun e ki gen rapò ak ministè l la te akonpli. Men, nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine anpil lòt pwofesi nan Bib la ki montre se Jezi ki Kris la. Si nou reflechi seryezman sou pwofesi sa yo, nou pap janm gen dout se Jezi menm Jewova te chwazi kòm Kris la.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou nou aprann plis bagay sou “swasanndis semèn” sa yo, gade apendis ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, nan paj 197-199.

Ki repons nou ta bay?

• Site kèk pwofesi ki gen rapò ak nesans Jezi.

• Kiyès ki te prepare chemen an pou Kris la?

• Ki jan pwofesi nou jwenn nan Ezayi chapit 53 yo te akonpli?

[Kesyon]