Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou rejwi ansanm!

Se pou nou rejwi ansanm!

Se pou nou rejwi ansanm!

DE JOU an jou li vin pi difisil pou kè nou kontan. Pou anpil moun, se yon bagay ki prèske enposib pou yo jwenn tan pou yo gen konvèsasyon ankourajan ak lòt moun. Lavi nan epòk pa nou an, sitou nan gwo vil yo, fè moun yo viv ti vi yo apa, sa ki fè yo izole tèt yo.

Men sa yon pwofesè ki rele Alberto Oliverio di: “Gen anpil moun ki santi yo poukont yo. Pa gen dout nan sa, lavi moun yo ap mennen nan gwo vil yo fè li pi fasil pou yo izole tèt yo. Nan anpil ka, li fè nou pa enterese konnen sa k ap pase nan lavi moun k ap travay menm kote avèk nou, vwazen nou, oswa moun k ap travay nan makèt ki sou katye bò lakay nou.” Lè yon moun izole tèt li konsa, sa ka lakòz li fè depresyon.

Sepandan, frè ak sè nou yo pa nan sitiyasyon sa a e yo pa wè bagay yo menm jan an. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou nou toujou ap rejwi.” ​(1 Tes. 5:16). Nou gen anpil rezon pou kè nou kontan e pou nou rejwi ansanm: N ap adore Jewova, Bondye Trèwo a, nou konprann verite ki nan Bib la, nou gen esperans pou nou sove e pou nou jwenn lavi ki pap janm fini an, e nou kapab ede lòt moun jwenn menm benediksyon nou jwenn yo. — Sòm 106:4, 5; Jer. 15:16; Wom. 12:12.

Vrè kretyen yo rejwi ansanm e yo pale youn ak lòt sou sa ki ba yo lajwa nan sèvis y ap bay Jewova a. Donk, sa pa etonan dèske Pòl te ekri kretyen Filip yo pou l di yo: “Mwen kontan e mwen rejwi avèk nou tout. Menm jan an tou, se pou nou kontan e se pou nou rejwi avèk mwen.” ​(Fil. 2:17, 18). Nan de vèsè sa yo sèlman, an de fwa Pòl pale de rejwi ansanm e li pale de kè kontan.

Nòmalman, kretyen yo bezwen fè atansyon pou yo evite tout tandans pou yo izole tèt yo. Pa gen moun ki izole tèt li ki kapab rejwi ansanm ak kwayan parèy li. Donk, ki jan nou kapab suiv konsèy Pòl bay pou nou “kontinye rejwi nan Seyè a” ansanm ak frè ak sè nou yo? — Fil. 3:1.

Se pou nou rejwi ak kwayan parèy nou yo

Lè Pòl te ekri kretyen Filip yo, sanble li te nan prizon nan vil Wòm akoz travay predikasyon an (Fil. 1:7; 4:22). Sepandan, sa pa t fè l pèdi zèl li pou ministè a. Okontrè, li te kontan fè tout sa l kapab pou l sèvi Jewova e l te kontan pou yo “vide [l] tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann”. (Fil. 2:17.) Pòl se yon egzanp ki montre nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun ye, li kapab jwenn lajwa. Menm lè Pòl te nan prizon, li te di: “M ap toujou kontinye rejwi.” — Fil. 1:18

Se Pòl ki te fòme kongregasyon Filip la, e li te vrèman renmen frè yo nan kongregasyon sa a. Li te konnen lè l te di frè sa yo jan sèvis li t ap bay Jewova a te fè l jwenn lajwa, sa t ap ankouraje yo tou. Se sa k fè li te ekri yo pou l di yo: “Kounye a, frè m yo, mwen ta renmen nou konnen bagay ki rive m yo vire nan avantaj bon nouvèl la. Konsa, tout moun ki nan Gad Anperè a ak tout rès moun yo vin konnen se pou Kris mwen gen chenn ki mare m yo.” ​(Fil. 1:12, 13). Pataje Pòl te pataje eksperyans ankourajan sa a ak frè ak sè l yo se yon fason li te montre li kontan e li te rejwi ansanm avèk yo. E sandout Filipyen yo dwe te rejwi ansanm ak Pòl tou! Men, pou yo te kapab fè sa, yo pa t dwe kite sitiyasyon Pòl t ap viv la dekouraje yo. Olye de sa, yo te bezwen imite egzanp Pòl (Fil. 1:14; 3:17). Mete sou sa, yo te gen posiblite pou yo kontinye priye pou Pòl e pou yo kontinye ede l jan yo te kapab. — Fil. 1:19; 4:14-16.

Èske nou santi nou kontan menm jan ak Pòl? Èske nou eseye wè sitiyasyon nou ak ministè nou yon fason pozitif? Lè nou ansanm ak frè ak sè n yo, li bon pou nou pale sou sa ki ban nou lajwa nan ministè a. Nou pa bezwen tann se lè nou fè yon gwo eksperyans pou nou fè sa. Petèt gen yon rezònman oswa yon entwodiksyon ki efikas nou te itilize pou nou fè moun yo enterese nan mesaj Wayòm nan. Petèt nou te gen yon bèl konvèsasyon ak yon moun nou te jwenn lakay li sou yon vèsè biblik nou te chwazi. Oubyen, petèt moun yo nan tèritwa a te wè se Temwen Jewova nou ye e sa sèlman te fè nou bay yon bon temwayaj. Lè nou pataje eksperyans sa yo youn ak lòt se yon fason nou rejwi ansanm.

Gen anpil Temwen Jewova ki te fè anpil sakrifis pou yo patisipe nan travay predikasyon an e ki kontinye ap fè sakrifis toujou. Pyonye yo, siveyan itineran yo, Betelit yo, misyonè yo ak sèvitè entènasyonal yo depanse yo nan sèvis y ap bay Jewova a e yo gen lajwa pandan y ap fè sa. Èske sa fè nou kontan? Èske nou rejwi ansanm avèk yo? Si se wi, annou montre nou apresye ‘konpayon sa yo k ap travay pou wayòm Bondye a’. (Kol. 4:11.) Lè nou ansanm avèk yo nan reyinyon oswa nan asanble, nou kapab ba yo bonjan ankourajman. Anplis, nou kapab imite zèl yo. Mete sou sa, lè nou akeyi yo lakay nou, petèt pou yo pran yon ti repa ansanm avèk nou, n ap kreye “okazyon” pou nou koute eksperyans yo e pou yo di nou ti pawòl ki ankourajan. — Fil. 4:10.

Se pou nou rejwi ak moun ki nan eprèv

Pòl te vin gen plis detèminasyon pou l rete fidèl ak Jewova paske li te andire anba pèsekisyon ak eprèv (Kol. 1:24; Jak 1:2, 3). Piske li te konnen frè ak sè yo nan kongregasyon Filip la t ap gen pou yo jwenn menm kalite eprèv avè l e andirans li t ap ankouraje yo, sa te ba l rezon pou l gen kè kontan e pou l rejwi ansanm avèk yo. Se sa k fè li te ekri yo pou l di yo: “Se nou menm yo bay privilèj nonsèlman pou nou mete lafwa nou nan Kris, men tou pou nou soufri pou li. Paske, menm batay nou te wè m ap mennen an e kounye a nou tande mwen toujou ap mennen an, se li menm tou n ap mennen.” — Fil. 1:29, 30.

Menm jan an tou jodi a, kretyen yo jwenn opozisyon paske y ap patisipe nan travay predikasyon an. Pafwa, opozisyon sa a konn vyolan, men, byen souvan li anba anba. Se gendwa aposta k ap lage fo akizasyon sou do nou, moun nan fanmi nou k ap pèsekite nou, moun k ap travay menm kote avèk nou oswa kamarad lekòl nou k ap pase nou nan rizib. Jezi te fè konnen eprèv sa yo pa dwe ni fè nou sezi ni dekouraje nou. Okontrè, yo ban nou okazyon pou nou rejwi. Men sa Jezi te di: “[Se pou] nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè tèlman nou kontan, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la.” — Mat. 5:11, 12.

Nou pa dwe ni pè ni tranble lè nou tande frè ak sè nou yo anba gwo pèsekisyon nan kèk peyi. Okontrè, se pou nou rejwi ansanm avèk yo paske y ap andire. Nan priyè nou, nou kapab mande Jewova pou l fòtifye lafwa yo e pou l ede yo andire (Fil. 1:3, 4). Byenke nou gendwa pa ka fè plis pase sa pou n ede frè ak sè sa yo nou renmen anpil, sepandan, nou kapab ede frè ak sè ki nan kongregasyon nou yo k ap andire anba eprèv. Nou kapab montre yo nou gen sousi pou yo e nou kapab ede yo. Nou kapab kreye okazyon pou nou rejwi ansanm avèk yo lè nou envite yo detanzantan pou yo vin patisipe nan adorasyon nou fè an fanmi, lè nou preche avèk yo e lè nou pase bon ti moman avèk yo.

Se pa ni de ni twa rezon nou genyen pou nou rejwi ansanm! Se pou nou reziste kont tandans moun yo genyen nan monn nan pou yo izole tèt yo e se pou nou kontinye pale ak frè ak sè nou yo sou sa ki ban nou lajwa nan sèvis n ap bay Jewova a! Lè nou fè sa, nonsèlman n ap pèmèt kongregasyon an gen tèt ansanm ak lanmou, men tou, n ap jwenn anpil byenfè grasa bèl relasyon nou gen ak frè ak sè nou yo (Fil. 2:1, 2). Wi, jan Pòl ankouraje nou fè sa, se pou nou rejwi. Men sa l te di: “Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a. M ap di nou [sa] ankò: Se pou nou rejwi!” — Fil. 4:4.

[Liy kredi pou foto nan paj 6]

Glòb: Koutwazi Replogle Globes.