Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ka fè plis pou w avèti lòt moun?

Èske w ka fè plis pou w avèti lòt moun?

Gen yon bèl ti fim ki pa gen son ki rele A Trip Down Market Street ki toujou kapte atansyon moun grasa kèk detay li bay sou fason lavi a te ye chak jou nan Sann Fransisko, Ozetazini, nan kòmansman 20yèm syèk la. Moun ki fè fim sa a te met yon kamera sou tèt yon ti tren ki mache ak kab elektrik pou yo filme sa k ap pase sou yon gran wout. Nan fim nan, yo montre yon seri charyo cheval t ap rale, premye modèl machin yo, kèk moun k ap achte ak kèk moun k ap vann jounal, yon seri aktivite moun te konn fè chak jou.

Sa k te fè fim nan pi tris se lefètke sanble yo te filme l nan mwa avril 1906, yon ti tan anvan tranblemanntè ak dife 18 avril la. Katastwòf sa a te touye plizyè milye moun e li te prèske detwi yon pati nan vil la. Petèt, gen kèk moun ki parèt nan fim nan ki te ret kèk jou sèlman pou yo viv. Men sa Scott Miles, yon pitit pitit youn nan moun ki te fè fim nan di: “Mwen annik wè moun yo, mwen santi m gen pitye pou yo paske yo pa konn sa k pral rive yo.”

Piske yo pa t bay avètisman, tranblemanntè ki te fèt an 1906 la ansanm ak dife l te lakòz la te detwi yon bon pati nan vil Sann Fransisko.

Nou kapab konpare sa k te rive moun Sann Fransisko yo ak epòk nou an. Nou menm tou, nou santi n gen pitye pou vwazen nou yo. Moun sa yo ap fè aktivite yo chak jou san yo pa menm rann yo kont gen yon kalamite ki pral rive talè konsa sou yo. Kalamite sa a se pral destriksyon sistèm sa a ansanm ak fason y ap viv la. Sepandan, kontrèman ak yon tranblemanntè moun pa ka prevwa, se yon ti tan tou kout ki rete pou n pale ak vwazen nou yo konsènan jou jijman Jewova a. Petèt ou planifye pou w pase kèk tan ap preche kay an kay chak semèn, men, èske w ka fè plis pou w avèti lòt moun?

JEZI TE TOUJOU PARE POU L PRECHE

Jezi kite yon bèl egzanp pou nou piske l pa t janm konsidere tèt li kòm yon moun ki an konje. Li te preche tout moun li rankontre, kit se te yon pèseptè li te jwenn sou wout li oswa yon dam li te rankontre bò yon pi pandan l t ap pran yon ti poz midi (Lik 19:1-5; Jan 4:5-10, 21-24). Menm lè Jezi te rezève tan pou l detann li, li te toujou dispoze abandone sa l te prevwa fè yo yon fason pou l anseye lòt moun. Lefètke l te gen konpasyon pou pwochen l, li te konn ba yo plis pase yon senp temwayaj (Mak 6:30-34). Jodi a, ki jan nou ka montre nou toujou sonje gen ijans menm jan ak Jezi?

YO PWOFITE TOUT OKAZYON YO JWENN

Melika ap viv nan yon apatman ki gen gwo sistèm sekirite. Anpil nan vwazen l yo se etidyan ki soti nan lòt peyi ki toujou sèvi ak telefòn pòtab ki pa  anrejistre e non yo pa ekri nan lis lokatè k ap viv nan apatman an. Li apresye bèl okazyon l jwenn pou l kòmanse konvèsasyon espirityèl ak lokatè li rankontre nan resepsyon bilding nan oswa nan asansè a. Men sa l di: “Nan yon sans, mwen konsidere bilding nan kòm tèritwa m.” Melika konn pote piblikasyon nan plizyè lang, e anpil moun aksepte feyè ak peryodik yo. Li atire atansyon yo sou sit wèb jw.org nou an tou. Li kòmanse plizyè etid biblik.

Sonia chèche tout okazyon pou l bay kèlkeswa moun li rankontre temwayaj. L ap travay nan yon klinik, e l fikse objektif pou l bay chak kòlèg travay li yo yon temwayaj konplè. Toudabò, li pran tan pou l chèche konnen bezwen chak moun ak sa ki enterese yo. Apre sa, li pwofite poz midi yo pou l chèche moun pou l kòmanse yon konvèsasyon espirityèl. Kòm rezilta, Sonia te kòmanse de etid biblik. Li planifye tou pou l pase kèk tan nan poz li yo nan saldatant lopital la yon fason pou l ka pale ak moun k ap tann doktè yo.

PWOFITE TOUT OKAZYON W JWENN

Gen youn nan moun ki te chape nan tranblemanntè ki te fèt an 1906 la ki di tranblemanntè sa a “se katastwòf ki pi terib ki te rive nan yon vil oswa nan yon eta”. Sepandan, talè konsa, tout katastwòf ki rive deja yo pap reprezante anyen devan sa ki pral rive nan jou Bondye pral fè vanjans sou tout “moun ki pa konnen” l yo (2 Tes. 1:8). Jewova ta renmen pou moun yo chanje kè yo ak lespri yo, e pou yo byen reyaji devan avètisman Temwen l yo ap bay la. — 2 Pyè 3:9; Rev. 14:6, 7.

Èske w ka pwofite tout okazyon w jwenn pou w bay temwayaj pandan w ap fè aktivite w chak jou?

Ou gen privilèj pou w fè moun yo konnen y ap viv nan yon tan difisil epi pou w ede yo sispann chèche pwòp enterè yo yon fason pou yo chèche Jewova (Sef. 2:2, 3). Èske w pwofite tout okazyon w jwenn pou w preche kòlèg travay ou, vwazen w ansanm ak moun ou rankontre pandan w ap fè aktivite w chak jou? Èske w ap fè plis pou w avèti lòt moun?