Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Lefètke m konte sou Jewova, mwen jwenn anpil benediksyon

Lefètke m konte sou Jewova, mwen jwenn anpil benediksyon

Pafwa, gen yon seri bagay ki ka rive sanzatann nan lavi a, e ki ka menm difisil pou n fè fas ak yo. Men, Jewova beni moun ki konte sou li e ki pa konte sou pwòp entèlijans yo. Se eksperyans sa a mwen menm ak madanm mwen te fè pandan tout lavi nou ki rich ak benediksyon. Men yon pati nan istwa nou an.

PAPA M ak manman m te rankontre an 1919 nan yon kongrè entènasyonal Etidyan Labib yo te fè nan Cedar Point, Ohio, Ozetazini. Annapre, yo te marye nan menm ane a. Mwen fèt an 1922, e Paul, frè m nan, te fèt dezan apre. Grace, madanm mwen, fèt an 1930. Paran l yo, Roy ak Ruth Howell, te grandi antanke Etidyan Labib, e granparan l yo, ki te Etidyan Labib tou, te zanmi frè Charles Taze Russell.

Mwen te rankontre Grace an 1947, e nou te marye nan dat 16 jiyè 1949. Anvan nou te marye, nou te gen yon konvèsasyon ki fran konsènan sa n pral fè ak lavi nou. Nou te deside antre nan sèvis aplentan, e nou te di nou pap pran responsablite leve timoun. Nou toule de te kòmanse sèvis pyonye a nan dat 1ye oktòb 1950. Apre sa, nan ane 1952, yo te envite nou nan travay sikonskripsyon an.

TRAVAY ITINERAN AK FÒMASYON NAN GILEYAD

Nou toule de te santi nou bezwen plis èd pou n ka reyisi nan nouvo asiyasyon nou an. Toutpandan mwen t ap aprann nan men frè ki gen eksperyans yo, mwen te chèche èd pou Grace tou. Mwen t al kot Marvin Holien, yon zanmi fanmi an depi lontan ki te gen anpil eksperyans antanke moun ki t ap sèvi kòm siveyan itineran, epi m te di l: “Grace jèn anpil e l manke eksperyans. Èske w ka fè m jwenn yon moun ki kapab travay avè l pandan yon ti tan yon fason pou l jwenn kèk fòmasyon?” Li te reponn mwen: “Wi, gen yon pyonye ki rele Edna Winkle ki gen anpil eksperyans ki kapab ede l.” Annapre, men sa Grace te di konsènan Edna: “Li te fè m santi m alèz pou m preche pòt an pòt, li te montre m kòman pou m byen reponn objeksyon yo, e l te anseye m pou m aprann koute moun k ap pale avè m yo yon fason pou m ka konsantre m sou sa ki apwopriye pou m reponn. Se te egzakteman moun mwen te bezwen an!”

Soti sou bò goch: Nathan Knorr, Malcolm Allen, Fred Rusk, Lyle Reusch ak Andrew Wagner.

Grace avè m te sèvi nan de sikonskripsyon ki nan eta Ayowa, e te gen kèk tèritwa nan eta Minesota ak Dakota disid ki te ladan l tou. Annapre, yo te voye n al sèvi nan sikonskripsyon 1 ki nan vil Nouyòk la ki te gen ladan l katye Bwouklin ak Kwins. Nou pap  janm bliye jan nou te santi nou pa alawotè nan asiyasyon sa a. Sikonskripsyon an te gen ladan l kongregasyon Brooklyn Heights, yon kongregasyon ki reyini nan Sal Wayòm ki nan Betèl la e ki te gen anpil manm fanmi Betèl ki gen anpil eksperyans ladan l. Apre m te fin bay premye diskou sèvis mwen nan kongregasyon an, frè Nathan Knorr te vin kote m epi l di m pawòl ki annapre yo: “Malcolm, ou te ban nou kèk pwen pou n travay, e pwen sa yo te apwopriye. Pa bliye, si w pa ban nou bonjan konsèy pou ede nou, ou pap gen anpil valè nan òganizasyon an. Kontinye fè bon travay.” Apre reyinyon an, mwen te di Grace sa. Annapre, nou te monte nan chanm nou te gen nan Betèl la ki te aletaj. Nou te tèlman enkyè, nou tonbe kriye.

“Si w pa ban nou bonjan konsèy pou ede nou, ou pap gen anpil valè nan òganizasyon an. Kontinye fè bon travay.”

Kèk mwa annapre, nou te resevwa yon lèt envitasyon pou n al asiste 24yèm klas Lekòl Gileyad, e yo t ap remèt diplòm yo nan mwa fevriye 1955. Anvan nou t al nan lekòl la, yo te fè n konnen se pa fòseman pou n vin misyonè yo t apral ban nou fòmasyon sa a. Olye de sa, li t ap ede nou vin pi maton nan travay itineran an. Asiste lekòl sa a te yon bèl eksperyans ki te mande anpil imilite.

Fern ak George Couch ansanm ak Grace avè m pandan nou te Gileyad an 1954.

Apre lekòl la, nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan distri. Distri nou t ap sèvi a te gen ladan l eta Indyana, Michigan ak Ohio. Annapre, nan mwa desanm 1955, nou te sezi resevwa yon lèt frè Knorr te voye pou nou. Men sa l te di nan lèt la: “Santi w alèz pou w pale, epi fè sa yon fason ki sensè. Fè m konnen si w dispoze vin nan Betèl epi rete la [...] oswa si w dispoze resevwa yon lòt asiyasyon apre w fin fè yon ti tan nan Betèl. Mwen ta renmen konnen tou si w prefere sèvis distri a ak sèvis sikonskripsyon an.” Nou te reponn li n ap kontan fè kèlkeswa sa yo mande nou fè. Prèske tousuit apre, nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan Betèl!

BÈL ANE NOU TE PASE NAN BETÈL

Pandan tout bèl ane mwen te fè ap sèvi nan Betèl la, mwen te jwenn asiyasyon pou m bay diskou epi anseye toupatou Ozetazini. Mwen te ede anpil jèn frè ki te vin gen anpil responsablite nan òganizasyon Jewova a, epi mwen te patisipe nan fòmasyon yo. Finalman, mwen te travay kòm sekretè frè Knorr nan biwo ki t ap òganize aktivite predikasyon an nan lemonnantye.

Pandan m t ap travay nan Biwo sèvis an 1956.

Mwen te sitou renmen ane mwen te fè ap travay nan Biwo sèvis la. Nan biwo sa a, mwen te gen privilèj pou m travay avèk T. J. (Bud) Sullivan. Se li ki te siveyan depatman sa a pandan plizyè ane. Men, mwen te aprann nan men lòt moun tou. Youn nan yo se te Fred Rusk, yon frè yo te asiyen pou ban m fòmasyon. Yon lè, mwen sonje mwen te mande l  avèk jantiyès: “Fred, poukisa w fè tout chanjman sa yo nan kèk nan lèt mwen yo?” Li te ri epi l te di pawòl sa yo ki te fè m reflechi: “Malcolm, lè w di yon pawòl, ou kapab esplike l avèk anpil mo, men, lè se ekri w ap ekri yon bagay, sitou si se isit la l ap soti, li ta dwe sonnen byen epi l ta dwe presi otank posib.” Epi, annapre, avèk jantiyès li te di m: “Pran kouraj, ou byen fè travay ou, epi rive yon lè, w ap vin pi bon.”

Pandan ane nou te fè nan Betèl la, Grace te resevwa anpil asiyasyon tankou netwaye chanm Betelit yo antanke menajè. Li te renmen travay sa a anpil. Jouk jounen jodi a, pafwa, lè n rankontre kèk frè pami jèn frè ki te nan Betèl pandan ane sa yo, yo konn souri bay Grace epi yo di l: “Ou te byen montre m kòman pou m ranje kabann mwen, e m kapab di w manman m renmen sa w te fè a.” Grace te renmen travay nan Sèvis peryodik, Sèvis korespondans ak nan Sèvis anrejistreman tou. Lefètke l te sèvi nan tout asiyasyon sa yo, sa te ede l konprann kèlkeswa sa n ap fè a e kèlkeswa kote n ap sèvi nan òganizasyon Jewova a, se yon privilèj e se yon benediksyon. Li toujou santi sa jouk jounen jodi a.

KÈK AJISTEMAN NOU TE FÈ

Nan mitan ane 1970 yo, nou te kòmanse rann nou kont paran nou yo ki aje te bezwen plis atansyon. Finalman, nou te gen pou n pran yon desizyon ki difisil. Nou pa t vle kite Betèl la ak sèvitè Jewova parèy nou yo, yon seri moun nou te vin renmen anpil. Aktout sa, mwen te santi se te responsablite m pou m pran swen paran nou yo. Se sa k fè, kèk tan apre, nou te kite Betèl, men, nou te gen espwa nou t ap ka retounen lè sitiyasyon nou chanje.

Pou n te ka pran swen tèt nou nan domèn ekonomik, mwen te kòmanse travay kòm moun k ap vann kontra asirans. M ap toujou sonje sa yon sipèvizè te di m lè m t ap pran fòmasyon nan travay la. Men sa l te di m: “Travay w ap fè a mande pou w rele moun nan telefòn leswa. Se lè sa a ou kapab jwenn moun yo. Ou dwe la chak swa pou w fè apèl yo, pa gen anyen ki pi enpòtan pase sa.” Mwen te reponn li: “Mwen sèten w ap pale dapre eksperyans ou fè, e m respekte sa. Men, mwen gen yon responsablite ki gen rapò ak bagay espirityèl mwen pa janm neglije, e m pa gen entansyon kòmanse neglije l kounye a. M ap fè kèk apèl leswa, men, lè madi ak lè jedi swa, mwen dwe asiste yon seri reyinyon ki vrèman enpòtan.” Jewova te beni m anpil lefètke mwen pa t kite travay pwofàn fè m pa asiste reyinyon yo.

Nou te la lè manman m te mouri nan yon mezon retrèt nan mwa jiyè 1987. Enfimyè ki te responsab mezon retrèt la te vin kot Grace epi l te di l: “Madan Allen, rantre lakay ou epi pran yon ti repo. Tout moun konnen ou te toujou la pou bèlmè w. Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm paske w te fè tout sa w kapab.”

 Nan mwa desanm 1987, nou te ranpli fòmilè pou n al sèvi nan Betèl, kote nou te renmen an. Sepandan, kèk jou annapre, doktè te fè n konnen Grace te gen kansè nan trip. Apre l te fin fè operasyon epi l te geri, doktè yo te fè konnen li pa gen kansè ankò. Sepandan, nan menm peryòd la, nou te resevwa yon lèt ki sot nan Betèl ki te mande pou nou kontinye ministè nou nan kongregasyon kote n te ye a. Nou te pran detèminasyon pou n kontinye nan aktivite Wayòm nan.

Kèk tan apre, mwen te jwenn opòtinite pou m al travay nan Tegzas. Nou te rann nou kont lefètke l te fè pi cho nan zòn sa a, sa t ap bon pou nou, e li te bon vre. Isit la nan Tegzas, gen anviwon 25 an depi nou antoure ak anpil frè ak sè k ap pran swen nou, yon seri moun nou vin atache ak yo anpil.

LESON NOU APRANN

Grace te vin gen kansè nan trip ankò, apre sa, li te gen kansè nan tiwoyid, e dènyèman, li te gen kansè nan tete. Men, li pa t janm plenyen sò l, ni li pa t rebele kont prensip otorite a. Byen souvan, yo konn mande l: “Ki sekrè ki pèmèt nou reyisi antanke koup, e ki pèmèt nou jwenn lajwa nan maryaj nou?” Li bay kat rezon: “Nou se bon zanmi. Nou toujou kominike youn ak lòt chak jou. Nou renmen pase tan ansanm chak jou. Epi, nou pa janm al dòmi nan fen jounen an tou an kòlè.” Natirèlman, nou konn gen ti pwoblèm youn ak lòt detanzantan, men, nou aprann padone epi nou bliye. Metòd sa a toujou bay bon rezilta.

“Toujou konte sou Jewova epi aksepte sa l pèmèt.”

Malgre tout eprèv nou te rankontre, nou te aprann anpil bon leson:

  1.  Toujou konte sou Jewova epi aksepte sa l pèmèt. Pa janm apiye sou pwòp entèlijans ou. — Pwo. 3:5, 6; Jer. 17:7.

  2.  Toujou konte sou Pawòl Jewova a pou w jwenn direksyon kèlkeswa pwoblèm ou jwenn. Li enpòtan anpil pou w obeyi Jewova ak lwa l yo. Ou pa ka ret net, se swa w obeyi oubyen w pa obeyi. — Wom. 6:16; Ebre 4:12.

  3.  Sèl bagay ki pi enpòtan nan lavi a se chèche gen yon bon repitasyon devan Jewova. Met enterè Jewova yo an premye, pa chèche vin rich nan domèn materyèl. — Pwo. 28:20; Ekl. 7:1; Mat. 6:33, 34.

  4.  Priye Jewova pou l ede w fè tout sa w kapab pou w aktif nan sèvis li a e pou w toujou bay bon rezilta nan sèvis sa a. Konsantre w sou sa w ka fè, pa konsantre sou sa w pa ka fè. — Mat. 22:37; 2 Tim. 4:2.

  5.  Sonje pa gen okenn lòt òganizasyon Jewova beni epi li apwouve. — Jan 6:68.

Ni mwen menm, ni Grace, nou chak gen plis pase 75 an depi n ap sèvi Jewova, e nou gen prèske 65 an depi n ap sèvi l antanke koup marye. Nou te vrèman pase anpil bèl moman ap sèvi Jewova ansanm pandan tout ane sa yo. Nou espere tout frè ak sè nou yo kapab wè, yo menm tou, kòman lè yon moun konte sou Jewova sa fè l jwenn byenfè, e n ap priye pou sa.