Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan n ka montre nou kontinye “ap ret tann”?

Ki jan n ka montre nou kontinye “ap ret tann”?

“M ap ret tann.” — MIKA 7:7, NW.

1. Ki sa k gendwa fè n vin enpasyan?

DÈNYE jou sistèm Satan an te kòmanse an 1914 nan moman Wayòm Mesi a te etabli nan syèl la. Apre yon gè ki te fèt nan syèl la, Jezi te pimpe Satan ak demon l yo ozalantou tè a. (Li Revelasyon 12:7-9.) Satan konnen se “yon tikras tan” sèlman li rete (Rev. 12:12). Sepandan, “tikras tan” sa a gentan gen plizyè dizèn ane, e gen kèk moun ki kapab santi dènye jou yo pran anpil tan. Èske n vin enpasyan toutpandan n ap tann Jewova aji?

2. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Yon moun ki enpasyan ka met lavi l an danje paske sa ka fè l pa aji avèk pridans. Ki jan n ka montre nou kontinye ap ret tann? Atik sa a pral ede nou wè kòman nou ka fè sa grasa repons kesyon ki vin apre yo. 1) Ki sa nou ka aprann nan egzanp pwofèt Mika konsènan pasyans? 2) Ki evènman k ap fè n wè lè pou n sispann ret tann? 3) Ki jan nou ka montre nou apresye pasyans Jewova?

KI SA NOU KA APRANN NAN EGZANP MIKA?

3. Nan epòk Mika a, ki jan bagay yo te ye ann Izrayèl?

3 Li Mika 7:2-6. Mika, yon pwofèt Jewova, te wè kòman nasyon Izrayèl la t ap degrengole nan domèn espirityèl jiskaske nasyon sa a te vin pa bon menm pandan rèy wa Ahaz la, yon wa ki te mechan. Mika te konpare Izrayelit ki pa t fidèl yo ak “pikan” ansanm ak “lantouray ki fèt ak pikan”. Menm jan yon pikan oswa yon lantouray ki fèt ak pikan ap pike nenpòt moun ki mache sou li, Izrayelit sa yo ki te kòwonpi te konn aji mal ak nenpòt moun ki te gen rapò ak yo. Koripsyon an te tèlman vin grav, li te menm rive kraze relasyon ki te gen nan fanmi yo. Piske Mika te rann li kont li pa t ap ka fè anyen pou l chanje sitiyasyon an, li te vide kè l bay Jewova. Apre sa, avèk pasyans, li te ret  tann pou Bondye aji. Mika te gen konfyans Jewova t ap aji nan lè l te dwe aji a.

4. Ak ki eprèv n ap fè fas?

4 Menm jan ak Mika, n ap viv nan mitan yon seri moun ki wè tèt yo sèlman. Gen anpil nan yo ki ‘engra, ki pa fidèl, e ki pa gen afeksyon pou moun parèy yo’. (2 Tim. 3:2, 3.) Nou kapab santi nou strese anpil lè n wè jan kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou ansanm ak vwazen nou yo montre se tèt yo sèlman yo wè. Sepandan, gen kèk moun pami sèvitè Bondye yo ki menm gen pi gwo pwoblèm pase sa. Jezi te fè konnen disip li yo t ap gen pou yo fè fas ak opozisyon nan fanmi yo, e l te sèvi ak kèk ekspresyon ki sanble ak sa nou jwenn nan Mika 7:6 la pou l montre ki efè mesaj li a t ap genyen. Men sa Jezi te di: “Mwen vin met divizyon ant yon pitit gason ak papa l, ant yon pitit fi ak manman l, ant yon jèn madan marye ak bèlmè l. Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” (Mat. 10:35, 36). Se pa ti difisil sa difisil lè se moun nan fanmi w ki pa gen menm fwa avè w k ap pase w nan rizib oswa ki opoze avè w! Si n ap fè fas ak yon eprèv konsa, pa kite presyon fanmi nou ap fè sou nou fè nou bay legen. Olye de sa, se pou nou kontinye rete fidèl anvè Jewova, epi, avèk pasyans, ret tann li aji pou l rezoud pwoblèm yo. Si nou pa sispann mande l pou l ede nou, l ap ban nou fòs ak sajès nou bezwen pou n andire.

5, 6. Ki fason Jewova te rekonpanse Mika, men, ki sa Mika pa t gentan wè?

5 Jewova te rekonpanse Mika pou pasyans li. Mika te wè fason wa Ahaz ansanm ak rèy li an te fini. Li te wè jan Izkiya, yon bon wa e ki te pitit gason Ahaz, te vin eritye twòn nan ak fason li te retabli vrè adorasyon an. Epitou, mesaj jijman Jewova te pwononse kont Samari pa mwayen Mika a te akonpli lè Asiryen yo te anvayi Izrayèl, wayòm ki te nan nò a. — Mika 1:6.

6 Sepandan, Mika pa t wè akonplisman tout bagay Jewova te enspire l pou l pwofetize sou yo a. Pa egzanp, men ki sa Mika te ekri: “Nan dènye pati jou yo, mòn mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e san mank l ap monte pi wo pase tèt kolin yo, e yon bann pèp dwe vini an foul nan direksyon l. E anpil nasyon prale san mank e y ap di : ‘Vini, annou monte nan mòn Jewova a.’” (Mika 4:1, 2, NW). Mika te gentan mouri byen lontan anvan pwofesi l la te akonpli. Malgre sa, kèlkeswa sa moun ki toutotou l yo te fè, li menm, li te detèmine pou l ret fidèl anvè Jewova jiskaske l mouri. Men ki sa Mika te ekri nan sans sa a: “Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan.” (Mika 4:5, NW). Avèk pasyans, Mika te kapab ret tann Jewova nan moman difisil yo paske l te gen yon konfyans total Jewova t ap reyalize tout pwomès li yo. Pwofèt sa a ki te fidèl te gen konfyans nan Jewova.

7, 8. a) Ki sa k fè n gen rezon pou n gen konfyans nan Jewova? b) Ki sa k ap fè n wè tan an pase byen vit?

7 Èske nou gen menm konfyans sa a nan Jewova? Nou gen bonjan rezon pou n gen kalite konfyans sa a paske pwofesi Mika te bay la ap akonpli devan je nou. Pandan “dènye pati jou yo”, gen plizyè milyon moun ki soti nan tout nasyon, tout tribi ak tout lang k ap vin an foul nan “mòn mezon Jewova a”. Byenke adoratè sa yo soti nan plizyè peyi ki nan kont youn ak lòt, yo bat “epe yo [pou] fè yo tounen pyès chari”, e yo pa vle “aprann [fè] lagè ankò”. (Mika 4:3, NW.) Se pa ti privilèj nou genyen pou nou fè pati pèp Jewova a, yon pèp k ap viv anpè!

8 Nou tout ta renmen pou Jewova met yon fen nan sistèm mechan sa a talè  konsa e gen bonjan rezon pou sa. Sepandan, si nou vle ret tann avèk pasyans, nou bezwen wè bagay yo menm jan Jewova wè yo. Li fikse yon jou kote l pral jije limanite pa mwayen Jezi Kris, “yon moun li chwazi”. (Tra. 17:31.) Men, anvan sa, Bondye kontinye bay tout kalite moun posiblite pou yo gen “yon konesans egzak sou laverite” yon fason pou yo aji ann amoni ak konesans sa a pou yo ka sove. Lavi anpil moun an danje. (Li 1 Timote 2:3, 4.) Si nou toujou okipe nan ede lòt moun pou yo rive gen yon konesans egzak sou Bondye, n ap wè tan ki rete anvan Jewova vin egzekite jijman l lan ap pase byen vit. San n pa menm rann nou kont, talè konsa, pap ret tan ankò. Lè sa rive, se pa ti kontan n ap kontan dèske nou te toujou okipe nan travay predikasyon Wayòm nan!

KI EVÈNMAN KI PRAL FÈ N WÈ LÈ POU N SISPANN RET TANN?

9-11. Èske pwofesi ki nan 1 Tesalonisyen 5:3 a akonpli deja? Esplike.

9 Li 1 Tesalonisyen 5:1-3. Talè konsa, nasyon yo pral di: “Lapè! Sekirite!” Si nou pa vle pou moun yo fè deklarasyon sa a san nou pa atann, nou bezwen ‘rete je klè epi nou bezwen rete nan bonsans nou’. (1 Tes. 5:6.) Pou ede nou rete je klè nan domèn espirityèl, yon lòt fwa ankò, nou pral fè yon ti pale tou kout konsènan kèk evènman ki te rive e ki te prepare teren an pou kokennchenn deklarasyon sa a fèt.

10 Nan fen chak gè mondyal yo, nasyon yo te toujou mande pou yo fè lapè. Apre Premye Gè mondyal la, yo te fòme Sosyete Nasyon yo nan espwa pou l pot lapè. Annapre, apre Dezyèm Gè mondyal la, anpil moun te vin wè Nasyonzini kòm yon espwa pou gen lapè sou tè a. Chèf gouvènman yo ansanm ak chèf relijye yo te konsidere òganizasyon sa yo kòm solisyon pou pèmèt limanite viv an pè. Pa egzanp, Nasyonzini te deklare ane 1986 la ane entènasyonal pou lapè e yo te fè anpil piblisite pou ane sa a. Nan ane sa a, dirijan plizyè nasyon ansanm plizyè chèf relijye te reyini ak chèf Legliz katolik la nan vil Asiz, nan peyi Itali, pou yo priye pou lapè.

11 Sepandan, ni deklarasyon lapè ak sekirite a, ni nenpòt lòt ki sanble avè l,  yo youn pa t akonpli pwofesi nou jwenn nan 1 Tesalonisyen 5:3 a. Sa k fè sa? Se paske pwofesi ki pale konsènan “destriksyon [k] ap tonbe sou yo sanzatann” nan poko rive.

12. Ki sa nou konnen konsènan deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a?

12 Ki moun ki pral fè kokennchenn deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a alavni? Ki wòl chèf legliz lakretyente yo ansanm ak lòt relijyon yo pral jwe nan sa? Ki jan dirijan plizyè gouvènman pral patisipe nan deklarasyon sa a? Ekriti yo pa di nou anyen sou sa. Sèl sa n konnen sèke kèlkeswa jan yo fè deklarasyon sa a oswa kèlkeswa fason li pral konvenk anpil moun, se sèlman yon manti l ap ye. Satan ap kontinye gen kontwòl vye sistèm sa a. Sistèm sa a pouri jis nan zo e l ap toujou rete konsa. Ala tris sa t ap tris si youn nan nou ta kwè nan pwopagann sa a Satan ap gaye a epi pou l ta pèdi netralite l antanke kretyen!

13. Poukisa zanj yo kenbe van destriksyon yo?

13 Li Revelasyon 7:1-4. Pandan n ap tann akonplisman pwofesi ki nan 1 Tesalonisyen 5:3 a, gen yon seri zanj pisan ki kenbe van destriksyon gwo tribilasyon an. Ki sa zanj sa yo ap ret tann? Apot Jan te pale de yon evènman enpòtan, anpalan de poze yo pral poze dènye so a sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, yo menm ki se “esklav Bondye nou an” *. Yonfwa yo fin poze dènye so a, zanj yo pral lage van destriksyon yo. Ki sa k pral rive lè sa a?

14. Ki sa k montre destriksyon Gran Babilòn nan toupre?

14 Gran Babilòn nan, li menm ki reprezante tout fo relijyon ki nan monn nan, pral jwenn destriksyon li merite a. Kit se “pèp, foul moun, nasyon ak moun divès kalite lang”, yo youn pap kapab ba l bonjan èd ankò, e nou gentan wè jan destriksyon l toupre (Rev. 16:12; 17:15-18; 18:7, 8, 21). Anfèt, kounye a, nou kapab wè jan lakretyente ap pèdi fòs piske se toutan medya yo ap kritike relijyon ansanm ak chèf relijye yo. Aktout sa, chèf Gran Babilòn yo santi yo pa an danje vre. Se pa ti twonpe yo twonpe yo! Apre deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a, gouvènman politik ki nan sistèm Satan an pral atake fo relijyon yo sanzatann e y ap detwi yo. Nou pap janm wè Gran Babilòn nan ankò! Se sèten, sa vo lapenn pou n ret tann gwo evènman sa yo avèk pasyans. — Rev. 18:8, 10.

KI JAN NOU KA MONTRE NOU APRESYE PASYANS BONDYE?

15. Ki sa k fè Jewova pa kouri aji?

15 Malgre tout vèni moun yo lage sou non Jewova, avèk pasyans, Jewova ap ret tann bon moman pou l aji. Jewova pa ta renmen pou okenn moun ki gen kè sensè detwi (2 Pyè 3:9, 10). Èske n santi nou menm jan an tou? Anvan jou Jewova a rive, nou kapab montre nou apresye pasyans li nan fason ki vin apre yo.

16, 17. a) Poukisa nou dwe dispoze ede moun ki vin inaktif yo? b) Ki sa k fè li ijan pou moun ki inaktif yo retounen vin jwenn Jewova?

16 Ede moun ki vin inaktif yo. Jezi te fè konnen gen anpil lajwa nan syèl la lè yon sèl mouton ki te pèdi retounen vin jwenn Jewova (Mat. 18:14; Lik 15:3-7). Sa klè, Jewova gen anpil sousi pou tout moun ki demontre lanmou pou non l, menmsi moun sa yo pa aktif nan sèvis li a kounye a. Lè n ede moun sa yo retounen nan kongregasyon an, nou kontribye pou nou fè kè Jewova ak zanj yo kontan.

17 Èske w pami moun ki inaktif yo nan sèvis Bondye a? Petèt, gen yon moun nan kongregasyon an ki te blese santiman w  e sa te fè w sispann asiste reyinyon yo. Piske kèk tan ka gentan pase depi lè sa a, mande tèt ou: ‘Èske lavi m gen plis sans kounye a? Èske m gen plis kè kontan? Èske se Jewova ki te fè m fache oswa èske se te yon moun enpafè? Èske Jewova Dye te janm fè m yon bagay ki blese santiman m?’ Vrèmanvre, Jewova toujou aji byen avèk nou. Menmsi nou pa respekte ve nou te fè l la, li kite nou pwofite bon bagay li ban nou yo (Jak 1:16, 17). Jou Jewova a pral rive talè konsa. Kounye a, li lè li tan pou n retounen vin jwenn Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an, e pou n retounen nan kongregasyon an. Se sèl kote n ap jwenn sekirite pandan dènye jou sa yo. — Det. 33:27; Ebre 10:24, 25.

Pèp Jewova a fè tout sa l kapab pou l ede moun ki inaktif yo retounen vin jwenn Jewova. (Gade paragraf 16, 17.)

18. Poukisa nou dwe soutni moun ki pran latèt yo?

18 Soutni moun ki pran latèt yo fidèlman. Menm jan ak yon bèje ki gen lanmou, Jewova gide nou e l pwoteje nou. Li te nome Pitit gason l lan bèje an chèf sou twoupo a (1 Pyè 5:4). Nan plis pase 100 000 kongregasyon, gen ansyen k ap pran swen chak moun ki fè pati mouton Bondye yo (Tra. 20:28). Lè nou soutni moun Bondye nome pou pran latèt yo fidèlman, nou montre nou gen rekonesans pou Jewova ak Jezi pou tout sa y ap fè pou nou.

19. Ki fason nou ka vin pwòch youn ak lòt?

19 Chèche vin pwòch youn ak lòt. Ki sa sa vle di? Lè yon ènmi atake yon lame ki byen antrene, chak sòlda pwoche pi pre lòt, e konsa yo vin fòme yon defans ki pa ka kraze. Satan ap atake pèp Bondye a plis toujou. Se pa moman pou n ap goumen ak frè nou yo. Men, se moman pou n vin pwòch youn ak lòt, pou n pase sou enpèfeksyon youn lòt e pou n montre n gen konfyans nan direksyon Jewova ap bay.

Kounye a se moman pou n rete pwòch youn lòt kont Satan ak demon yo. (Gade paragraf 19.)

20. Ki sa nou dwe fè kounye a?

20 Annou tout kontinye rete je klè nan domèn espirityèl, epi, annou tout kontinye ret tann. Avèk pasyans, ann ret tann deklarasyon “Lapè! Sekirite!” a ansanm ak dènye so yo pral met sou moun Bondye chwazi yo. Apre sa, kat zanj yo pral lage van destriksyon yo epi Gran Babilòn nan pral detwi. Toutpandan n ap tann gwo evènman sa yo rive, ann aksepte direksyon nou jwenn nan men moun Jewova chwazi pou pran latèt nan òganizasyon l lan. Annou rete pwòch youn lòt pou n goumen kont Dyab la ak demon yo! Kounye a, se moman pou n suiv konsèy sa a yon salmis te bay: “Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm, nou tout k ap tann Jewova.” — Sòm 31:24, NW.

^ § 13 Pou n ka jwenn plis enfòmasyon sou diferans ki genyen ant premye so yo poze sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ak dènye so a, gade Toudegad 1ye janvye 2007, paj 30-31, fransè.