Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pran desizyon ki saj pandan w jèn

Pran desizyon ki saj pandan w jèn

“Nou menm jèn gason ak nou menm jèn fi, [...] se pou [nou] louwe non Jewova.” — SÒM 148:12, 13, NW.

1. Ki bèl opòtinite anpil jèn kretyen genyen?

N AP viv nan yon epòk ki enpòtan anpil. Se premye fwa nan listwa plizyè milyon moun ap soti nan tout nasyon pou vin fè pati vrè adorasyon an (Rev. 7:9, 10). Gen anpil jèn k ap fè anpil bèl eksperyans pandan y ap ede lòt moun konprann yon seri verite nou jwenn nan Bib la ki kapab sove lavi yo (Rev. 22:17). Gen kèk jèn k ap kondui etid biblik ak lòt moun yon fason pou ede moun sa yo viv pi byen. Gen lòt k ap preche bon nouvèl la avèk anpil antouzyas nan tèritwa kote yo pale yon lang etranje (Sòm 110:3; Iza. 52:7). Ki jan w ka patisipe pi plis toujou nan travay pèp Jewova a ap reyalize a, yon travay ki bay satisfaksyon?

2. Ki jan egzanp Timote montre n Jewova dispoze bay jèn yo responsablite? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Antanke jèn, ou kapab pran desizyon k ap pèmèt ou jwenn anpil bèl opòtinite nan sèvis Bondye a alavni. Pa egzanp, Timote, ki soti nan vil Lis, te pran desizyon ki saj ki te vin pèmèt li al sèvi antanke misyonè lè l te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li (Tra. 16:1-3). Sanble se kèk mwa sèlman ki te pase apre apot Pòl te fin fè fas ak yon gwo opozisyon ki te fòse l kite kongregasyon Tesalonik la ki te fèk fòme, Pòl te bay Timote, ki te jèn gason lè sa a, misyon pou l retounen nan vil Tesalonik pou l te ka ankouraje frè yo (Tra. 17:5-15; 1 Tes. 3:1, 2, 6).  Èske w ka imajine fason Timote dwe te santi l lè l te jwenn asiyasyon sa a?

DESIZYON KI PI ENPÒTAN AN

3. Ki desizyon ki pi enpòtan w ka pran nan lavi a, e ki lè w kapab pran desizyon sa a?

3 Pandan w jèn nan, se moman pou w pran desizyon ki enpòtan. Sepandan, gen yon desizyon ki pi enpòtan lontan pase tout lòt desizyon, anpalan de desizyon pou w sèvi Jewova a. Ki pi bon lè pou w pran desizyon sa a? Men sa Jewova di: “Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn.” (Ekl. 12:1, NW). Sèl fason ki akseptab pou yon moun “sonje” Jewova se lè l sèvi l ak tout kè l (Det. 10:12). Kidonk, desizyon pou w sèvi Jewova ak tout kè w la, se desizyon ki pi enpòtan w ap gen pou w pran nan lavi w. Sa ap gen efè sou tout rès vi w. — Sòm 71:5.

4. Apa desizyon w pran pou w sèvi Jewova, ki lòt desizyon ki enpòtan nan lavi a k ap gen efè sou fason w ap sèvi Bondye?

4 Natirèlman, se pa sèlman desizyon w pral pran pou w sèvi Jewova a k ap gen efè sou lavi w. Pa egzanp, ou kapab ap mande tèt ou si w ap marye, ak ki moun w ap marye, epi ki sa w pral fè pou w viv. Desizyon sa yo enpòtan anpil, sepandan, l ap saj pou w chwazi an premye si wi ou non w ap sèvi Jewova ak tout kè w (Det. 30:19, 20). Pou ki rezon? Se paske desizyon sa yo gen yon rapò sere sere youn ak lòt. Chwa w fè konsènan maryaj ak travay ap gen efè sou fason w ap sèvi Bondye. (Konpare ak Lik 14:16-20.) Yon lòt bò, anvi w genyen pou w sèvi Bondye ap gen efè sou chwa w ap fè konsènan maryaj ak travay. Kidonk, se pou w chwazi bagay ki gen plis enpòtans yo an premye. — Fil. 1:10.

KI SA W PRAL FÈ PANDAN W JÈN NAN?

5, 6. Bay yon egzanp ki montre kòman lè yon moun fè bon chwa nan lavi l sa kapab fè l viv anpil bèl eksperyans alavni. (Gade atik ki gen tit “Chwa m te fè lè m te timoun” ki parèt nan Toudegad sa a.)

5 Yonfwa ou fin pran desizyon pou w sèvi Bondye, ou kapab reflechi sou sa li vle w fè, epi w kapab deside ki fason w ap sèvi l. Men sa yon frè ki soti nan peyi Japon fè konnen: “Lè m te gen 14 an, mwen t ap preche ak yon ansyen nan kongregasyon an, e ansyen an te remake mwen pa t pran plezi nan travay predikasyon an. Avèk jantiyès, li te di m: ‘Antre lakay ou Yuichiro. [Lè w rive], chita devan biwo w epi byen reflechi sou sa Jewova fè pou ou.’ Mwen te fè egzakteman sa l te di m nan. Anfèt, pandan kèk jou, mwen te kontinye reflechi e m te priye sou sa. Tikras pa tikras, atitid mwen te vin chanje. Sa pa t pran tan pou m te vin rann mwen kont mwen pran plezi sèvi Jewova. Mwen te renmen li istwa lavi misyonè yo, epi m te kòmanse reflechi ak fason m te kapab sèvi Bondye pi plis toujou.”

6 Men sa Yuichiro ajoute: “Mwen te kòmanse fè kèk chwa ki t apral pèmèt mwen sèvi Jewova nan lòt peyi. Pa egzanp, mwen te chwazi aprann anglè. Lè m te fini lekòl, mwen te chwazi yon travay amitan kote mwen te konn anseye anglè yon fason pou m te kapab pyonye. Lè m te gen 20 an, mwen te kòmanse aprann lang peyi Mongoli, e mwen te gen chans vizite yon gwoup pwoklamatè ki fè reyinyon nan lang sa a. Dezan annapre, nan ane 2007, mwen t al vizite peyi Mongoli. Lè m t al preche ak kèk nan pyonye yo epi m te wè jan gen anpil moun k ap chèche konnen laverite, sa te fè m anvi viv nan peyi sa a pou m te ka bay èd mwen. Mwen te retounen Japon yon fason pou m te ka òganize m. Kounye a, m ap sèvi kòm pyonye nan peyi Mongoli depi mwa avril 2008. Lavi a pa fasil nan peyi sa a. Sepandan, moun yo byen reyaji devan bon nouvèl la, epi mwen anmezi pou m ede yo pwoche bò kote Jewova. Mwen santi m te chwazi pi bon fason pou yon moun viv.”

7. Ki desizyon chak moun dwe pran pou tèt yo, e ki egzanp Moyiz kite pou nou?

7 Se chak moun ki dwe pran pwòp desizyon  pa l anrapò ak fason li pral viv antanke Temwen Jewova (Joz. 24:15). Nou pa kapab di w si wi ou non ou dwe marye, ak ki moun ou dwe marye, oswa ki travay ou dwe aksepte. Èske w ap chwazi yon travay ki pa mande pou w fè anpil etid? Gen kèk jèn kretyen menm jan avè w k ap viv nan yon seri zòn andeyò ki pòv, e konsa tou, gen lòt k ap viv nan yon seri vil ki rich. Toupatou sou tè a, jèn yo diferan anpil youn ak lòt, kit se nan tanperaman yo, nan kapasite yo, nan eksperyans yo fè, nan sa k enterese yo ak nan lafwa yo. Petèt, ou diferan ak lòt jèn yo menm jan jèn Ebre ki t ap viv nan Ejip tan lontan an te diferan ak Moyiz ki te jèn lè sa a. Moyiz, te ka jwi tout opòtinite ki te gen nan palè wa a, alòske lòt Ebre yo te esklav (Egz. 1:13, 14; Tra. 7:21, 22). Menm jan avè w, jèn sa yo t ap viv nan yon epòk ki te enpòtan anpil (Egz. 19:4-6). Yo chak te dwe deside ki sa y ap fè ak lavi yo. Moyiz te fè bon chwa a. — Li Ebre 11:24-27.

8. Ki èd jèn ki gen pou pran desizyon nan lavi a kapab jwenn?

8 Jewova ede w pran desizyon ki saj pandan w jèn nan. Li sèvi ak prensip yo pou l ba w konsèy ou kapab aplike nan sitiyasyon pa w (Sòm 32:8). Mete sou sa, paran w yo ki kwayan ansanm ak ansyen yo nan kongregasyon an kapab ede w wè fason pou w aplike prensip sa yo (Pwo. 1:8, 9). Ann egzamine twa prensip biblik ki kapab ede w pran desizyon ki saj e k ap pote byenfè pou ou alavni.

TWA PRENSIP BIBLIK KI KAPAB EDE W

9. a) Lefètke Jewova ban nou libète pou n chwazi, nan ki sans li onore n? b) Lè yon moun “chèche Wayòm nan an premye”, ki opòtinite sa ap ba l?

9 Chèche Wayòm Bondye a an premye, e chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye. (Li Matye 6:19-21, 24-26, 31-34.) Jewova onore nou lefètke l ban nou libète pou n chwazi. Li pa di nou ki kantite tan nou dwe pase nan jenès nou ap preche konsènan Wayòm nan. Sepandan, Jezi te ban nou yon prensip ki kapab ede nou lè l te mande n pou n chèche Wayòm nan an premye. Fason w aplike sa l te di a ap ba w opòtinite pou w demontre lanmou w gen pou Bondye, sousi w gen pou pwochen w ansanm ak rekonesans ou gen pou esperans lavi ki pap janm fini an. Lè w ap reflechi ak kesyon maryaj ak travay, gade pou w wè si wi ou non desizyon w pral pran yo ap montre w enkyete w pou bagay materyèl oswa si y ap montre w zele pou Wayòm Bondye a e w zele pou w fè sa ki jis nan je Bondye.

10. Ki sa k te fè kè Jezi kontan, e ki desizyon k ap fè kè w kontan?

10 Pran plezi pou w sèvi lòt moun. (Li Travay 20:20, 21, 25, 35.) Prensip sa a se yon prensip fondamantal Jezi te anseye n pou byen nou. Jezi te yon moun ki te gen anpil kè kontan paske l te fè volonte Papa l olye l te chèche fè volonte pa l. Li te pran plezi pou l wè jan moun ki gen imilite yo byen reyaji devan bon nouvèl la (Lik 10:21; Jan 4:34). Petèt, ou deja jwenn lajwa nan ede lòt moun. Si w kite prensip Jezi te anseye yo gide w nan desizyon enpòtan w ap pran nan lavi a, se sèten, w ap gen kè kontan e w ap fè kè Jewova kontan tou. — Pwo. 27:11.

11. Ki sa k fè Bawouk te pèdi jwa l, e ki konsèy Jewova te ba l?

11 Se lè w sèvi Jewova w ap jwenn pi gwo kè kontan an (Pwo. 16:20). Sanble Bawouk, sekretè Jeremi an, te bliye sa. Pandan yon tan, Bawouk te sispann pran plezi nan sèvis Jewova a. Men sa Jewova te di l: “Ou kontinye ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Pa kontinye chèche bagay sa yo. Paske mwen gen yon malè m ap voye sou tout kreyati [...] e mwen va ba ou nanm ou kòm yon byen, tout kote ou gen pou w ale.” (Jer. 45:3, 5, NW). Selon ou menm, ki sa k t ap fè kè Bawouk kontan? Èske se gwo bagay li t ap chèche yo oswa  èske se chape anba destriksyon Jerizalèm nan antanke yon sèvitè fidèl Bondye? — Jak 1:12.

12. Ki desizyon Ramiro te pran ki ba l kè kontan nan lavi l?

12 Men sa Ramiro, yon frè ki te kontan sèvi lòt moun fè konnen: “Mwen soti nan yon fanmi pòv k ap viv nan yon bouk nan mòn Lèzann yo. Kidonk, lè gran frè m nan te di m l ap peye inivèsite pou mwen, se te yon gwo opòtinite sa te ye. Men, mwen te apèn batize antanke Temwen Jewova, e yon pyonye te envite m pou m vin preche ansanm avè l nan yon ti vil. Mwen te ale vre, mwen te aprann fè cheve, epi mwen te ouvri yon salon kwafè pou m te ka pran swen tèt mwen. Etandone nou te ofri moun yo pou n anseye yo Ekriti yo, anpil nan yo te byen reyaji. Annapre, mwen te vin fè pati yon nouvo kongregasyon ki pale lang moun peyi a pale. Kounye a, mwen gen dizan depi m nan sèvis aplentan. Pa gen [anyen] ki te ka ban m plis jwa pase sa mwen jwenn pandan m ap ede moun yo konnen bon nouvèl la nan lang manman yo.”

Ramiro pran plezi sèvi Jewova depi l jèn. (Gade paragraf 12.)

13. Poukisa se pandan w jèn nan ki pi bon moman pou w sèvi Jewova ak tout kè w?

13 Pran plezi pou w sèvi Jewova pandan w jèn nan. (Li Eklezyas 12:1.) Pa panse ou dwe jwenn yon bon travay anvan pou w kapab vin sèvi Jewova. Pi bon moman pou w kòmanse sèvi Jewova ak tout kè w se pandan w jèn nan. Gen anpil jèn ki pa gen anpil responsablite nan fanmi yo, ki an sante e ki gen enèji k ap pèmèt yo ranpli asiyasyon ki difisil. Ki sa w ta renmen fè pou Jewova pandan w jèn nan? Petèt, objektif ou se vin pyonye, al sèvi nan yon tèritwa ki pale yon lòt lang, oswa chèche kèk fason ou ka sèvi plis nan kongregasyon w. Kèlkeswa objektif ou genyen nan sèvis Bondye a, w ap bezwen jwenn yon mwayen pou w viv. Ki kantite fòmasyon w ap bezwen? Ki chwa w ap fè?

 SÈVI AK PRENSIP BIBLIK YO POU W PRAN DESIZYON KI SAJ

14. Bay youn nan prekosyon yon moun dwe pran lè l ap planifye avni l.

14 Twa prensip biblik nou sot egzamine yo kapab ede w chwazi yon travay. Pa gen dout nan sa, moun ki nan lekòl ou ki la pou ede w chwazi yon metye gen kèk konesans konsènan travay ki gen nan zòn ou an. Oswa, gendwa gen yon ajans nan gouvènman an ki ka di w ki travay ki plis bezwen moun nan zòn ou an oswa kote w swete al sèvi a. Enfòmasyon sa yo kapab itil anpil, sepandan, ou bezwen fè atansyon ak yo. Moun ki pa renmen Jewova kapab eseye plante lanmou pou monn nan nan kè w (1 Jan 2:15-17). Si w ap gade sa monn nan ofri, l ap fasil pou kè w twonpe w. — Li Pwovèb 14:15; Jer. 17:9.

15, 16. Ki moun ki ka pi byen ede w nan kesyon travay?

15 Yonfwa ou fin konnen ki kalite travay ou ka jwenn, w ap bezwen jwenn bonjan konsèy (Pwo. 1:5). Ki moun ki kapab ede w chwazi yon travay ann amoni ak prensip ki nan Bib la? Se pou w koute moun ki renmen Jewova, moun ki renmen w, ki konnen w e ki byen konnen sitiyasyon w. Moun sa yo ap ede w analize kapasite w ansanm ak entansyon w. Petèt, sa y ap di w la ka fè w panse yon lòt fason anrapò ak objektif ou yo. Se pa ti benediksyon sa ye lè w gen paran ki renmen Jewova! Ansyen yo nan kongregasyon an se gason ki kalifye espirityèlman ki kapab gide w tou. Mete sou sa, pale ak pyonye yo ansanm ak siveyan itineran yo. Mande yo ki sa k fè yo te chwazi antre nan sèvis aplentan. Ki jan yo te fè vin pyonye, e ki jan yo te rive pran swen tèt yo? Ki satisfaksyon yo jwenn nan ministè a? — Pwo. 15:22.

16 Moun ki konnen w toutbon yo kapab ba w konsèy ki saj. Pa egzanp, ann sipoze ou anvi kite lekòl pou w ka vin pyonye paske w pa renmen egzijans lekòl fè yo. Yon moun ki renmen w kapab wè rezon ki fè w vle kite lekòl e l ka ede w konprann lekòl kapab aprann yon moun pou l pa kouri abandone, yon kalite ki enpòtan anpil ou dwe genyen si w vle sèvi Jewova ak tout kè w. — Sòm 141:5; Pwo. 6:6-10.

17. Ki desizyon nou dwe toujou evite pran?

17 Tout moun k ap sèvi Jewova gen pou yo fè fas ak yon seri danje nan domèn espirityèl, anpalan de kèk sitiyasyon ki ka fè yo abandone Jewova (1 Kor. 15:33; Kol. 2:8). Sepandan, gen kèk travay ki ka reprezante yon pi gwo danje nan domèn espirityèl pase lòt. Èske w konnen kèk moun nan zòn kote w abite a “lafwa yo [te] fè nofraj” apre yo te fin chwazi yon travay (1 Tim. 1:19)? Se sèten, l ap saj pou w evite pran desizyon k ap mete relasyon w gen ak Bondye a an danje. — Pwo. 22:3.

SE POU W FYÈ DÈSKE W SE YON JÈN KRETYEN

18, 19. Si yon moun santi l poko anvi fè plis nan sèvis Jewova a, ki sa l dwe fè?

18 Si w deside sèvi Jewova ak tout kè w, pwofite opòtinite w genyen pou w sèvi l pandan w jèn nan. Pran desizyon k ap pèmèt ou pran plezi pou w sèvi Jewova nan epòk espesyal sa yo. — Sòm 148:12, 13.

19 Yon lòt bò, ki sa w dwe fè si w santi w poko anvi fè plis nan sèvis Jewova a? Pinga w sispann fè efò pou fè lafwa w vin pi solid. Apre apot Pòl te fin dekri efò l te fè pou l te kapab viv yon fason ki t ap fè l jwenn benediksyon Bondye, men sa l te ekri: “Si nou ta panse yon lòt jan sou kèlkeswa pwen an, Bondye ap revele nou etadespri ki mansyone pi wo a. Antouka, kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an.” (Fil. 3:15, 16). Se pou w kontinye reflechi sou lanmou Bondye gen pou ou ansanm ak konsèy saj li ba w yo. Pa gen pèsonn ki ka pi byen plase pase Jewova pou ede w pran desizyon ki saj pandan w jèn nan!