Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran: Pran swen pitit ou

Paran: Pran swen pitit ou

“Ou bezwen byen konnen jan twoupo bèt ou yo ye.” — PWO. 27:23, NW.

1, 2. a) Bay kèk responsablite yon bèje Izrayelit te genyen. b) Nan ki sans paran yo menm jan ak bèje yo?

BÈJE ann Izrayèl tan lontan yo te konn mennen yon lavi ki difisil anpil. Nonsèlman yo te konn andire chalè ak fredi, men tou, yo te gen pou yo pwoteje twoupo yo kont yon seri moun oswa yon seri bèt sovaj ki te ka fè yo mal. Bèje yo te dwe egzamine mouton yo regilyèman epi yo te dwe pran swen nenpòt nan yo ki ta malad oswa yo ta bat. Etandone ti mouton yo frajil e yo pa gen menm fòs ak rès mouton yo, bèje yo te konn ba yo yon atansyon espesyal. — Jen. 33:13.

2 Nan kèk domèn, paran kretyen yo tankou bèje, paske, menm jan ak bèje yo, yo demontre yon seri kalite ki enpòtan. Yo gen responsablite pou yo leve pitit yo ‘nan disiplin ak nan avètisman Jewova bay’. (Efe. 6:4.) Èske se yon asiyasyon ki fasil? Non! Timoun yo ap fè fas ak pwopagann Satan yo e y ap fè fas ak pwòp enpèfeksyon yo (2 Tim. 2:22; 1 Jan 2:16). Si w gen timoun, ki jan w ka ede yo? Ann konsidere twa bagay ou ka fè pou w pran swen pitit ou, anpalan de konnen yo, anseye yo, epi gide yo.

BYEN KONNEN PITIT OU

3. Ki sa sa vle di pou paran yo “byen konnen” pitit yo?

3 Yon bon bèje toujou byen egzamine chak mouton l genyen yon fason pou l ka asire l yo an sante. Nan yon sans senbolik, ou ka fè menm bagay la tou pou pitit ou. Bib la di: “Byen konnen jan twoupo bèt ou yo ye.” (Pwo. 27:23, NW). Pou w rive fè sa, ou bezwen reflechi ak sa timoun yo ap fè, ak fason yo panse ansanm ak santiman yo. Ki jan w ka rive fè sa? Youn nan pi bon fason w ka fè sa se lè w pale souvan ak pitit ou.

4, 5. a) Ki sijesyon pratik paran yo ka suiv pou yo gen konvèsasyon ak timoun yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa w fè pou w fè l fasil pou pitit ou pale avè w?

4 Gen kèk paran ki rann yo kont li pi difisil pou yo pale ak pitit yo lè yo vin adolesan, paske timoun yo ka gen tandans deplase, e yo ka santi yo malalèz pou yo di sa k nan panse yo oswa pou yo pale de santiman yo. Si se konsa pitit ou a ye, ki sa w ka fè? Olye w fòse pitit gason w lan oswa pitit fi w la gen yon konvèsasyon byen long e ki serye avè w, eseye byen pwofite okazyon w jwenn nan aktivite w fè chak jou yo (Det. 6:6, 7). Ou kapab bezwen fè efò pou n fè yon seri aktivite ansanm. Nou gendwa al fè yon ti pwomnad ansanm, swa apye oswa nan machin, nou ka jwe yon jwèt ansanm oswa n ka fè kèk travay nan kay la. Ti anbyans rilaks sa yo ka ede adolesan yo pou yo santi yo alèz epi pou yo pi dispoze pale.

5 E si pitit ou a toujou pa anvi pale? Lè sa a, ou ka eseye yon lòt metòd. Pa egzanp, olye w mande pitit fi w la kòman jounen pa l te ye, ou ka esplike l kòman jounen pa w te ye, konsa, pou l reponn ou, li gendwa di w kèk bagay sou jounen pa l la. Oswa, pou w ka konn ki opinyon pitit fi w la genyen sou yon sijè, poze l kesyon ki pap atire atansyon sou li. Ou ka mande l ki sa youn nan zanmi l yo panse sou sijè a. Apre sa, ou ka mande l ki konsèy li t ap bay zanmi l lan.

6. Ki sa sa vle di pou nou disponib e pou nou abòdab?

6 Nòmalman, pou pitit ou ka pale avè w, li bezwen wè w kòm yon moun ki toujou disponib e ki abòdab. Lè paran yo sanble toujou twò okipe pou moun pale avè yo, jèn nan fanmi an ka gen tandans kenbe pwoblèm yo poukont yo. Ki sa n ka di konsènan kesyon abòdab la? Nou dwe fè plis pase annik di: “Ou ka pale avè m nenpòt lè.” Pitit ou yo ki adolesan bezwen santi w pap ni minimize pwoblèm yo genyen yo ni w pap mal reyaji. Gen anpil paran ki bay bon egzanp nan sans sa a. Men sa Kayla ki gen 19 an fè konnen: “Mwen ka pale sou nenpòt bagay ak papa m. Li annik koute m, li pa janm ni entèwonp mwen ni jije m, epi l toujou ban m pi bon konsèy la.”

7. a) Ki pwennvi ekilibre yon paran ka genyen lè l ap pale sou yon sijè tankou frekantasyon? b) Ki jan paran yo ka irite pitit yo san yo pa vle?

7 Menm lè n ap pale konsènan sijè ki delika, pa egzanp frekantasyon, nou bezwen fè atansyon pou n pa tèlman ret konsantre sou avètisman yo opwen pou n neglije anseye timoun yo pi bon fason pou yo fè fas ak sitiyasyon sa a. Ann pran yon egzanp pou n montre sa: Ann sipoze w ta al nan yon restoran epi w ta rann ou kont se sèlman avètisman kont yon seri manje ki gate ki gen nan meni an. Sandout, ou t ap kite restoran sa a epi w t apral chèche yon lòt. Pitit ou yo ka reyaji menm jan an tou si yo ta vin mande w konsèy epi pou se yon lis avètisman byen di sèlman w ta ba yo. (Li Kolosyen 3:21.) Olye de sa, chèche gen yon pwennvi ekilibre. Men sa yon jèn sè ki rele Emily fè konnen: “Lè paran m ap pale avè m sou frekantasyon, yo pa fè sijè a parèt negatif. Yo plis met aksan sou lajwa ki genyen lè yon moun rive konn yon moun epi l rive jwenn yon konjwen. Sa fè m santi m alèz pou m pale avèk yo sou sa. Anfèt, mwen vle pale avèk yo sou nenpòt relasyon m genyen olye pou m ta kache yo sa.”

8, 9. a) Ki byenfè w ap jwenn lè w koute pitit ou san w pa entèwonp li? b) Ki rezilta w jwenn lè w koute pitit ou?

8 Nan menm sans ak sa Kayla te di a, nou kapab montre nou se moun ki abòdab lè n koute pitit nou avèk pasyans. (Li Jak 1:19.) Men sa yon manman ki rele Katia e k ap leve pitit li poukont li fè konnen: “Mwen te enpasyan anpil ak pitit fi m nan. Mwen pa t janm ba l yon chans pou l fin di sa l ap di yo. Mwen te toujou swa twò fatige pou m tande l oswa m te jis pa vle l deranje m. Lefètke kounye a mwen chanje atitid, sa fè pitit fi m nan chanje tou. Li vin pi anvi kowopere avè m.”

Koute yo pou w ka konnen yo. (Gade paragraf 3-9.)

9 Gen yon papa ki rele Ronald ki te fè menm eksperyans sa a ak pitit fi l la ki adolesan. Men sa l fè konnen: “Lè l te fè m konnen li renmen ak yon ti gason nan lekòl li a, okòmansman, sa te fè m fache anpil. Men, lè m te reflechi ak jan Jewova pasyan epi l rezonab ak sèvitè l yo, mwen te panse l t ap pi bon pou m ta bay pitit fi m nan yon chans pou l eksprime santiman l anvan m eseye korije l. Mwen kontan dèske m te fè sa! Paske, se premye fwa m rive konprann sa pitit fi m nan santi. Lè l te fin pale, mwen te santi m alèz pou m pale avè l avèk lanmou. Mwen te sezi lè m te wè fason l ap koute konsèy mwen yo avèk anpil atansyon. Li te montre l vrèman anvi chanje konpòtman l.” Lè n pale ak pitit nou souvan, sa ban nou posiblite pou n konn sa yo panse ak fason yo santi yo. Kòm rezilta, sa ap pèmèt nou gen yon gwo enfliyans sou desizyon y ap pran nan lavi a *.

ANSEYE PITIT OU

10, 11. Ki jan w ka ede pitit ou pou l pa tonbe nan move sitiyasyon?

10 Yon bon bèje konnen nenpòt nan mouton l yo ka kite twoupo a. Petèt, kèk zèb ki toupre a te atire l epi, kèk lòt ki yon ti jan pi lwen, e konsa, sa fè l vin separe ak twoupo a. Menm jan an tou, lè kèk move zanmi oswa kèk divètisman ki degradan atire yon timoun, sa ka fè l glise tikras pa tikras jis li tonbe nan yon sitiyasyon ki reprezante yon danje nan domèn espirityèl (Pwo. 13:20). Ki jan w ka ede pitit ou pou l pa tonbe nan yon sitiyasyon konsa?

11 Lè w ap anseye pitit ou, ou bezwen aji byen vit si w ta rann ou kont li gen kèk pwen fèb lakay li. Ou bezwen travay pou w ede pitit ou ranfòse kalite yo genyen ki bezwen vin pi solid yo (2 Pyè 1:5-8). Youn nan bon moman w ka fè sa se pandan adorasyon an fanmi an ki fèt regilyèman. Anrapò ak dispozisyon sa a, Ministè Wayòm oktòb 2008 la te di: “Yo ankouraje chèf fanmi yo pou yo andose responsablite yo genyen devan Jewova pou yo sèten yo gen yon bon pwogram etid familyal, e yo dwe asire yo etid sa a fèt regilyèman.” Èske w byen pwofite dispozisyon ki plen lanmou sa a pou w pran swen pitit ou? Ou mèt gen asirans pitit ou yo vrèman kontan lefètke w met bezwen yo genyen nan domèn espirityèl la an premye. — Mat. 5:3; Fil. 1:10.

Anseye yo byen. (Gade paragraf 10-12.)

12. a) Ki byenfè jèn yo jwenn nan adorasyon an fanmi ki fèt regilyèman yo? (Gade kare “ Yo renmen l” lan tou.) b) Ki byenfè w jwenn nan adorasyon an fanmi an?

12 Men ki sa yon adolesan ki rele Carissa te di konsènan fason pwogram adorasyon an fanmi an pwofitab pou fanmi l: “Mwen kontan dèske nou tout ka chita ansanm pou n pale. Toutpandan n ap fè sa, nou vin pi pwòch youn ak lòt e sa fè n gen anpil bon souvni. Papa m toujou fè adorasyon an fanmi an. Sa ankourajan pou m wè jan l pran sa trèzoserye, e sa fè m pran sa oserye tou. Sa vin fè m gen plis rezon pou m respekte l antanke papa m e antanke chèf mwen nan domèn espirityèl.” Men sa yon jèn sè ki rele Brittney fè konnen: “Adorasyon an fanmi an fè m vin pi pwòch ak paran m yo. Li fè m wè yo vle tande pwoblèm mwen yo epi yo vle ede m toutbon. Li ede fanmi nou vin pi djanm e l pèmèt nou rete soude.” Vrèmanvre, youn nan pi bon fason w ka montre w se yon bon bèje se lè w anseye pitit ou nan domèn espirityèl, sitou grasa adorasyon an fanmi an *.

GIDE PITIT OU

13. Ki jan n ka motive yon timoun pou l sèvi Jewova?

13 Yon bon bèje ap sèvi ak yon baton pou l gide twoupo l la epi pou l defann li. Youn nan premye objektif bèje a se gide mouton l yo pou l mennen yo nan “bon patiraj”. (Eze. 34:13, 14, NW.) Antanke paran, èske se pa yon objektif konsa w genyen nan domèn espirityèl? Ou vle gide pitit ou yo pou yo vin sèvi Jewova. Ou vle pou yo santi yo menm jan ak salmis la ki te di: “Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen.” (Sòm 40:8NW). Jèn ki gen menm santiman sa a ap vwe lavi yo bay Jewova e y ap batize. Nòmalman, se lè yo rive gen ase matirite pou yo pran yon desizyon konsa ak lè yo vrèman anvi sèvi Jewova, y ap ka franchi etap sa a.

14, 15. a) Ki objektif paran yo ta dwe genyen? b) Ki sa k gendwa fè yon adolesan montre l gen dout sou vrè adorasyon an?

14 Men, e si pitit ou yo sanble pa anvi pwogrese nan domèn espirityèl, oswa petèt, yo menm gen dout sou lafwa yo? Fè efò pou w ede yo vin gen lanmou pou Jewova Dye e pou yo apresye tout sa l kreye yo (Rev. 4:11). Konsa, lè yo nan pozisyon pou sa, y ap ka pran pwòp desizyon yo konsènan adorasyon Bondye a.

15 Men, e si pandan tan sa a timoun yo kòmanse fè w konnen yo gen dout? Ki jan w ka pran swen yo e ki jan w ka ede yo rann yo kont nonsèlman sèvi Jewova se pi bon bagay ki gen nan lavi a, men tou, l ap ede yo gen kè kontan pou toutan? Fè efò pou w rive wè rezon petèt ki fè yo gen dout la. Pa egzanp, èske se renmen pitit gason w lan pa renmen ansèyman ki nan Bib la toutbon, oswa, èske se jis paske l pa gen ase asirans pou l defann ansèyman sa yo devan lòt adolesan parèy li? Èske se yon pwoblèm pitit fi w la genyen ak prensip Bondye yo toutbon, oswa, èske se jis paske l santi l poukont li oubyen l santi lòt moun rejte l?

Gide yo nan wout yo. (Gade paragraf 13-18.)

16, 17. Ki fason paran yo ka ede pitit yo fè laverite vin pa yo?

16 Kèlkeswa sa k ka lakòz dout la, ou kapab ede timoun ou yo derasinen tout sa k ka fè yo gen dout nan domèn espirityèl. Ki jan w ka fè sa? Youn nan bagay anpil paran twouve ki pratik e ki efikas se ankouraje pitit gason yo oswa pitit fi yo pale lè yo mande yo: “Ki jan santi w dèske w se yon kretyen? Ki byenfè w jwenn nan sa pèsonèlman? Ki pri w oblije peye pou sa? Èske w panse kantite byenfè w ap jwenn depi kounye a ansanm ak byenfè w ap jwenn alavni yo vo pri w peye yo? Nan ki sans?” Nòmalman, ou dwe sèvi ak pwòp mo pa w pou w poze kesyon sa yo, ou dwe fè sa yon fason ki janti e ki enteresan, pa fè sa kòmsi se nan yon entèwogatwa timoun nan ye. Pandan konvèsasyon an, ou ka pale avè l sou Mak 10:29, 30. Gen kèk jèn ki ka fè de kolòn sou yon papye yon fason pou yo ekri sa yo panse, youn pou yo di pri y ap peye yo, lòt la pou yo di byenfè y ap jwenn. Lè yo ekri sa yo panse yo sou yon papye, sa ka ede yo idantifye nenpòt pwoblèm e sa ka ede yo travay pou yo rezoud yo. Si l enpòtan pou n etidye liv Sa Labib anseye a ak liv Lanmou Bondye” a ak moun ki enterese yo, li pi enpòtan toujou pou n fè sa ak pwòp pitit nou! Èske w fè sa?

17 Rive yon lè, timoun ou yo ap gen pou yo deside poukont yo kiyès y ap sèvi. Pa panse yo pral annik aksepte kwayans ou yo san bri san kont. Yo dwe fè laverite vin pa yo (Pwo. 3:1, 2). Si w ta wè youn nan pitit ou yo sanble gen yon pwoblèm pou l fè sa, poukisa w pa retounen nan bagay de baz yo avè l? Ede l rezone sou kèk kesyon tankou: “Ki jan m fè konnen Bondye egziste? Ki sa k konvenk mwen Jewova Dye ban m anpil valè toutbon? Ki sa k fè m kwè prensip Jewova yo se pou byen m yo ye toutbon?” Montre w se yon bon bèje lè w gide pitit ou avèk pasyans toutpandan w ap pwouve yo chemen Jewova yo se pi bon chemen ki gen nan lavi a *. — Wom. 12:2.

18. Ki jan paran yo ka imite Jewova, pi Gran Bèje a?

18 Tout vrè kretyen yo vle imite pi Gran Bèje a (Efe. 5:1; 1 Pyè 2:25). Paran yo, an patikilye, bezwen byen konnen twoupo yo a, anpalan de timoun yo ki gen anpil valè, e yo bezwen fè tout sa yo kapab pou yo gide yo pou yo jwenn benediksyon Jewova sere pou yo a. Kidonk, ann pran swen timoun nou yo lè n kontinye leve yo nan chemen verite a!

^ § 9 Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad 1ye oktòb 2008 paj 8-10.

^ § 12 Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Adorasyon an fanmi enpòtan anpil pou nou sove” a ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 2009, paj 29-31.

^ § 17 N ap jwenn plis esplikasyon sou sa nan Toudegad 1ye jiyè 2012, paj 22-25.