Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Imite Moun ki pwomèt lavi ki pap janm fini an

Imite Moun ki pwomèt lavi ki pap janm fini an

“Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen.” — EFE. 5:1.

1. Ki kapasite ki kapab ede n imite kalite Bondye yo?

JEWOVA kreye n ak kapasite pou n met tèt nou nan plas lòt moun. Sou kèk aspè, nou kapab imajine yon sitiyasyon nou pa t menm viv. (Li Efezyen 5:1, 2.) Ki jan n ka itilize kado sa a Bondye ban nou an avèk sajès? Ki sa n dwe fè pou n anpeche l gen move efè sou nou?

2. Ki efè detrès nou yo genyen sou Jewova?

2 Pa gen dout nan sa, nou kontan dèske Bondye pwomèt pou l bay moun fidèl li chwazi yo lavi imòtèl nan syèl la e dèske l pwomèt “lòt mouton” fidèl Jezi yo pou l ba yo lavi ki pap janm fini an sou tè a (Jan 10:16; 17:3; 1 Kor. 15:53). Nòmalman, okenn nan soufrans n ap rankontre jodi a pap gen plas li nan lavi imòtèl nan syèl la ak nan lavi pou toutan sou tè a. Jewova byen konnen ki soufrans n ap sibi menm jan l te konnen ki kalite soufrans Izrayelit yo t ap sibi antanke esklav nan peyi Ejip. Vrèmanvre, “toutpandan yo te nan detrès, se te yon detrès sa te ye pou li”. (Iza. 63:9, NW.) Plizyè syèk annapre, Juif yo te pè akoz kèk ènmi ki te vle anpeche yo rebati tanp lan, men, Bondye te di yo: “Moun ki touche nou, se gla je m li touche.” (Zek. 2:8, NW). Menm jan ak yon manman ki gen tandrès pou pitit li, lanmou te pouse Jewova aji an favè pèp li a (Iza. 49:15). Nan yon sans, Jewova ka met tèt li nan plas lòt moun e l kreye nou ak kapasite sa a. — Sòm 103:13, 14.

FASON JEZI TE REFLETE LANMOU BONDYE

3. Ki sa k montre Jezi te gen konpasyon?

3 Jezi te konn santi soufrans menm moun ki te nan sitiyasyon li pa t janm viv. Pa egzanp, mas pèp la t ap viv nan laperèz akoz chèf relijye yo ki te twonpe yo e ki t ap fè yo pase tray ak yon pakèt règ yo te envante (Mat. 23:4; Mak 7:1-5; Jan 7:13). Jezi pa t janm konn pè e yo pa t janm ka twonpe l, sepandan, li te ka konprann yon seri sitiyasyon l pa t janm viv. Se sa k fè, Bib la di: “Lè l wè foul moun yo, li gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje.” (Mat. 9:36). Jezi te gen lanmou ak konpasyon menm jan ak Papa l. — Sòm 103:8.

4. Ki efè sa te gen sou Jezi lè l te wè lòt moun ap soufri?

4 Lè Jezi te wè moun yo ap soufri, li te demontre lanmou anvè yo. Konsa, li te imite lanmou Papa l genyen an yon fason ki pafè. Apre Jezi ak apot li yo te fin fè yon bon bout tan ap preche, yo te vle al yon kote apa pou yo pran yon ti repo. Men, etandone Jezi te gen pitye pou foul moun ki t ap tann li yo, li te pran tan pou l “anseye yo anpil bagay”. — Mak 6:30, 31, 34.

FASON NOU KA IMITE LANMOU JEWOVA

5, 6. Pou n imite lanmou Bondye, ki fason n dwe trete pwochen nou? Bay yon egzanp. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Nou kapab imite lanmou Bondye nan fason n trete pwochen nou. Ann pran yon egzanp pou n montre sa. Ann sipoze yon jèn kretyen n ap bay non Alan ta ap panse ak yon frè aje ki difisil pou l li akoz li gen pwoblèm nan je. Anplis de sa, li rann li kont li difisil pou frè a mache kay an kay pou l al preche. Alan sonje pawòl sa yo Jezi te di: “Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.” (Lik 6:31). Konsa, Alan mande tèt li: ‘Ki sa m ta renmen yo fè pou mwen?’ Li reponn yon fason ki sensè: ‘M ta renmen yo jwe boul avè m!’ Men, frè aje sa a pa ka jwe boul, pa vre? Pawòl Jezi yo montre nou ta dwe mande tèt nou: ‘Ki sa m ta renmen yon pwochen m fè pou mwen si m te nan sitiyasyon l?’

6 Se vre Alan pa granmoun, men, li gen kapasite pou l imajine yon seri sitiyasyon li pap viv. Li te pase tan ak frè aje a e l te pran tan pou l koute l. Tikras pa tikras, Alan te vin konprann ki sa sa vle di lè yon moun aje twouve l difisil pou l li Labib oswa pou l mache kay an kay. Lè Alan te vin konprann pwoblèm frè aje a, li te wè ki èd li bezwen e l te vle ede l. Nou kapab fè menm bagay la tou. Pou n imite lanmou Bondye, nan yon sans, nou dwe met tèt nou nan plas frè nou yo. — 1 Kor. 12:26.

Ann imite Jewova lè n aji ak lanmou. (Gade paragraf 7.)

7. Ki jan n ka rive jwenn ase enfòmasyon sou lòt moun pou n konprann pwoblèm yo?

7 Li pa toujou fasil pou n konprann soufrans lòt moun ap andire. Gen anpil moun k ap fè fas ak yon seri pwoblèm nou pa janm konn rankontre. Gen kèk k ap fè fas ak pwoblèm fizik akoz aksidan, maladi oswa laj. Gen lòt k ap fè fas ak eprèv nan domèn moral akoz depresyon, kriz panik oswa efè abi seksyèl kite. Mete sou sa, gen lòt moun k ap viv nan fanmi ki divize nan kesyon relijyon oswa k ap viv ak yon sèl paran. Chak moun gen pwoblèm pa yo e byen souvan, se pwoblèm nou pa janm rankontre. Nan ka sa a, ki jan n ka imite lanmou Bondye? Nou ka fè sa lè n pran san n pou n koute jiskaske n rive konprann santiman lòt moun omwen nan kèk aspè. Sa ap pouse nou imite lanmou Jewova lè n aji selon bezwen an. Se vre chak moun gendwa pa gen menm bezwen, men, nou ka anmezi pou n ba yo ankourajman nan domèn espirityèl ansanm ak kèk lòt èd ki pratik. — Li Women 12:15; 1 Pyè 3:8.

ANN IMITE BONTE JEWOVA

8. Ki sa k te ede Jezi aji avèk bonte?

8 Men sa Pitit gason Bondye a te di: “Trèwo a [...] bon ni ak moun ki engra, ni ak moun ki mechan.” (Lik 6:35). Anfèt, Jezi te imite bonte Bondye. Ki sa k te ede l fè sa? Li te konn trete moun avèk bonte lè l te reflechi ak ki efè pawòl li ak aksyon l te ka genyen sou santiman yo. Pa egzanp, gen yon dam tout moun te byen konnen kòm yon moun k ap pratike peche ki te pwoche kot Jezi, li t ap kriye anpil e l te lave pye Jezi ak dlo ki sot nan je l. Jezi te rive konprann dam sa a te repanti e l te konnen ki jan sa t ap fè dam nan mal si l ta trete l yon fason ki di. Se sa k fè l te felisite l e l te padone l. Lè yon Farizyen te montre l pa dakò ak sa k te pase a, Jezi te pale avè l avèk bonte tou. — Lik 7:36-48.

9. Ki sa k ka ede nou imite bonte Bondye? Bay yon egzanp.

9 Ki jan n ka imite bonte Bondye? Men sa apot Pòl te ekri: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun.” (2 Tim. 2:24). Yon moun ki gen dousè ap chèche wè kòman pou l fè fas ak sitiyasyon ki delika yo yon fason pou l pa blese santiman lòt moun. Fè yon ti reflechi ak fason nou ka montre n gen bonte nan sitiyasyon ki vin apre yo: Nan travay nou, sipèvizè nou pa fè travay li byen. Ki jan n ap reyaji? Gen yon frè ki vin nan reyinyon pou premye fwa apre plizyè mwa. Ki sa n ap di l? Nan travay predikasyon an, nou rankontre yon moun ki di n: “M twò okipe pou m pale kounye a.” Èske n ap pran sa an konsiderasyon? Lakay nou, konjwen nou di n: “Poukisa w pa t di m sa w te planifye pou w fè samdi?” Èske n ap reponn avèk dousè? Lè n met tèt nou nan plas lòt moun epi n eseye wè ki efè pawòl nou ka gen sou yo, nou kapab konprann ki jan pou n pale epi pou n aji yon fason pou n imite bonte Jewova. — Li Pwovèb 15:28.

ANN IMITE SAJÈS BONDYE

10, 11. Ki sa k ka ede nou imite sajès Bondye? Bay yon egzanp.

10 Kapasite n genyen pou n imajine kèk evènman nou pap viv la ka ede n imite sajès Jewova tou e l ka ede n gentan wè ki rezilta aksyon nou yo ka pote. Sajès se youn nan kalite prensipal Jewova yo epi si l vle, li kapab gentan konnen tout ti detay kèk aksyon ka pote. Se vre n pa gen nivo kapasite sa a pou n gentan wè bagay yo alavans, men, l ap bon pou n reflechi ak rezilta aksyon nou yo ka pote. Izrayelit yo pa t reflechi ak sa k te ka rive yo si yo te dezobeyi Bondye. Malgre tout sa Bondye te fè pou yo a, Moyiz te konnen yo t apral fè sa k mal nan je Jewova. Li te repete yon chante ki gen pawòl ki vin annapre yo pou tout nasyon Izrayèl la: “Izrayèl se yon nasyon ki pa gen bonsans, ki pa konprann anyen. Si yo te gen bon konprann, yo ta reflechi sou sa. Yo ta reflechi sou sa k ka rive yo.” — Det. 31:29, 30; 32:28, 29, NW.

11 Pou n imite sajès Bondye, l ap bon pou n reflechi oswa pou n menm chèche wè ki konsekans aksyon nou yo ka pote. Pa egzanp, si n ap frekante, l ap bon pou n rekonèt pouvwa dezi seksyèl genyen. Nou pa dwe janm fè plan oswa fè anyen ki ka met bèl relasyon nou gen ak Jewova a an danje! Olye de sa, annou aji ann amoni ak pawòl sa yo Bondye te fè ekri a ki di: “Moun ki entèlijan an wè malè a, li kouri kache, men moun ki pa gen eksperyans lan al pase e li dwe sibi konsekans lan.” — Pwo. 22:3, NW.

EVITE IMAJINE MOVE BAGAY

12. Ki fason kapasite n genyen pou n imajine a kapab fè n ditò?

12 Yon moun ki entèlijan ap rann li kont kapasite l genyen pou l imajine a kapab tankou dife. Si yo byen sèvi ak dife, li kapab itil anpil, pa egzanp pou fè manje. Men, lè yo pa gen kontwòl li, li ka lakòz moun mouri, li ka boule yon kay rapyetè epi l ka touye tout moun nan kay la. Menm jan an tou, kapasite n genyen pou n imajine a itil nou lè l ede n imite Jewova. Sepandan, si se bagay ki imoral sèlman n ap imajine sa ka fè n ditò. Pa egzanp, si n gen abitid reflechi ak bagay ki ka lakòz nou peche, sa ka pouse n aji ann amoni ak panse sa yo. Kidonk, si n pran plezi ap panse ak bagay ki imoral sa ka lakòz nou mouri nan domèn espirityèl! — Li Jak 1:14, 15.

13. Ak ki kalite lavi petèt Èv t ap panse?

13 Ann wè kòman Èv, premye fi a, te vin anvi manje fwi “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal” Bondye te entèdi l manje a (Jen. 2:16, 17, NW). Sèpan an te di Èv: “Nou pap mouri pyès. Paske Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” Èv “te wè pyebwa a te bon pou moun manje epi se te yon bagay ki te fè je anvi gade l”. Ki sa sa te lakòz? Bib la di: “Li pran nan fwi ki ladan l [lan] epi li manje l. Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li manje l.” (Jen. 3:1-6, NW). Pou Èv, sanble te gen yon bagay atiran nan ide Satan te ba l la. Olye pou se yon moun ki te dwe di l sa ki byen ak sa ki mal, se li menm ki ta dwe deside sa pou tèt li. Se pa ti pwoblèm fason Èv te panse a te lakòz! Pa mwayen Adan, mari Èv, “peche [te] antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre”. — Wom. 5:12.

14. Ki fason Bib la ede n evite move konduit?

14 Peche Èv te fè nan jaden Edenn nan pa t gen rapò ak imoralite seksyèl. Sepandan, Jezi te avèti nou kont danje ki ka genyen lè n ap plede panse ak bagay ki imoral. Li te di: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” (Mat. 5:28). Anplis de sa, Pòl te di: “Pinga nou fè pwojè pou nou satisfè dezi lachè.” — Wom. 13:14.

15. Ki kalite trezò nou ta dwe sere, e poukisa?

15 Yon lòt bagay ankò ki reprezante yon danje se lè n ap imajine nou menm ki vin rich anpil toutpandan n pa bay Bondye anpil atansyon. Jodi a, “nan tèt [moun ki rich la, richès li yo] tankou yon miray k ap pwoteje l”. (Pwo. 18:11, NW.) Jezi te rakonte yon istwa pou l montre jis nan ki pwen yon “moun k ap sere trezò pou tèt li, men ki pa rich anvè Bondye” se yon moun ki nan yon eta mizerab (Lik 12:16-21). Jewova kontan lè n fè sa ki fè l plezi (Pwo. 27:11). Se pa ti kontan nou kontan lè Jewova apwouve n paske n sere “trezò nan syèl la”! (Mat. 6:20.) Epi, pa gen dout nan sa, yon bon relasyon ak Jewova se trezò ki gen plis valè nou te ka genyen.

MET ENKYETID NOU YO SOU KONTWÒL

16. Bay youn nan fason nou ka kontwole enkyetid nou yo.

16 Imajine jis nan ki pwen nou t ap enkyè si n ta nan fè anpil efò pou n sere “trezò sou tè a”. (Mat. 6:19.) Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre kòman “enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” ka toufe mesaj Wayòm nan (Mat. 13:18, 19, 22). Gen kèk moun, kit y ap bay tèt yo pwoblèm pou lajan kit yo pap bay tèt yo pwoblèm pou sa, ki toujou ap imajine tout vye bagay ki ka rive yo. Sepandan, lè n pa gen kontwòl sou sa k ap enkyete n yo, sa ka fè n soufri ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Kidonk, ann toujou met konfyans nou nan Jewova epi ann pa janm bliye “enkyetid nan kè yon nonm se sa k ap fè kè l pliye, men bon pawòl la se sa ki rejwi kè l”. (Pwo. 12:25, NW.) Bon pawòl ankourajan nou jwenn nan men yon moun ki konprann nou kapab fè kè n kontan. Lè n fè paran nou, konjwen nou oswa yon zanmi nou fè konfyans e ki wè bagay yo menm jan ak Bondye konnen sa n santi, sa ka ede n fè fas ak enkyetid nou genyen an.

17. Ki fason Jewova ede n fè fas ak enkyetid?

17 Pa gen pèsonn ki ka konprann enkyetid nou yo pi byen pase Jewova. Men sa Pòl te ekri: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” (Flp. 4:6, 7). Fè yon ti reflechi ak tout kantite moun k ap fè efò pou pwoteje n kont danje nan domèn espirityèl: Nou gen kwayan parèy nou yo, ansyen yo, esklav fidèl la, zanj yo, Jezi ak Jewova.

18. Ki fason kapasite n genyen pou n imajine a ka ede nou?

18 Jan nou sot wè sa, kapasite n genyen pou n imajine a ka ede n imite kalite Bondye yo, pa egzanp lanmou (1 Tim. 1:11; 1 Jan 4:8). N ap kontan anpil si n demontre bonjan lanmou, si n reflechi ak konsekans aksyon nou yo epi n evite enkyete n opwen pou n pèdi jwa nou. Kidonk, annou byen sèvi ak kapasite Bondye ban nou an pou n kenbe esperans nou an nan lespri n epi pou n imite lanmou, bonte, sajès ak lajwa Jewova genyen. — Wom. 12:12.