Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Lanmou mwen te gen okòmansman an te ede m andire

Lanmou mwen te gen okòmansman an te ede m andire

SE TE nan kòmansman sezon ete ane 1970. M te kouche sou kabann yon lopital ki rele Valley Forge General Hospital ki nan Phoenixville, Pennsilvani, Ozetazini. Te gen yon gason ki enfimye ki t ap pran tansyon m chak demi èdtan. M te yon sòlda, m te gen 20 an e m te fè yon enfeksyon ki grav anpil. Mesye ki t ap pran swen m nan te yon tikras pi gran pase m e sou figi l m te ka wè jan l enkyè anpil. Etandone tansyon m te kontinye ap bese, mwen te di l: “Poko janm gen moun ki mouri devan w, pa vre?” Figi l te vin blèm epi l te reponn: “Non, m poko wè sa.”

Nan moman sa a, avni m te parèt sanzespwa. Men, ki jan m te fè ateri nan lopital la? Ebyen, kite m rakonte nou kèk bagay sou lavi m.

MWEN ANTRE NAN LAGÈ

M te vin malad pandan m t ap sèvi kòm teknisyen nan sal operasyon pandan gè Vyetnam nan. M te renmen ede moun malad ak moun ki blese e m te gen objektif pou m vin chirijyen. M te rive nan peyi Vyetnam nan mwa jiyè 1969. Menm jan ak tout moun ki te fèk vini yo, m te jwenn pèmisyon pou m gen yon semèn oryantasyon yon fason pou m te ka adapte m ak diferans lè a ansanm ak gwo chalè ki te genyen an.

Yon ti tan annapre, yo te afekte m nan yon lopital chiriji ki nan Mekong Delta, nan Dong Tam. Gen anpil elikoptè ki t ap ateri e yo te chaje ak moun ki te blese oswa ki te mouri nan gè a. Etandone m te yon bon patriyòt e m te renmen travay, m te vle kòmanse san pèdi tan. Yo te prepare moun ki blese yo epi annapre yo te transpòte yo nan yon ti konntenè klimatize ki te sèvi kòm sal operasyon. Nan ti konntenè kwense sa a, te gen yon chirijyen, yon anestezis, de gason ki enfimye ki t ap fè tout sa yo kapab pou yo sove lavi moun yo. Mwen te remake gen kèk bagay ki te nan yon seri gwo valiz nwa yo pa t dechaje nan elikoptè yo. Yo te fè m konnen se kò sòlda ki te fè miyèt moso nan gè a ki te nan valiz sa yo. Se konsa m te antre nan lagè.

MWEN KÒMANSE CHÈCHE BONDYE

Lè m te jèn m te gen kèk ide konsènan laverite.

Lè m te jèn, m te gen kèk ide konsènan verite Temwen Jewova yo t ap anseye a. Manman m, yon moun m te renmen anpil, te etidye Labib ak Temwen yo men l pa t janm fè pwogrè pou l rive batize. M te vrèman renmen asiste etid manman m yo. Prèske nan menm epòk sa a, pandan m t ap pase devan yon Sal Wayòm ak bòpè m, m te di l: “Ki sa sa ye?” Li te reponn mwen: “Pa janm pwoche bò kot moun sa yo tande!” Etandone m te renmen bòpè m e m te fè l konfyans, m te koute konsèy li. Se konsa m te pèdi kontak ak Temwen Jewova yo.

Apre m te fin sot Vyetnam, mwen te santi m bezwen Bondye nan lavi m. M te gen anpil move souvni ki t ap boulvèse m. Se kòmsi pa t gen pèsonn ki te vrèman konnen sa k t ap pase Vyetnam. Mwen sonje jan te konn gen anpil moun ki te konn fè manifestasyon e yo te konn di sòlda ameriken yo se moun k ap touye tibebe paske gen kèk rapò ki te fè konnen yo te masakre anpil timoun inosan nan gè a.

Pou m te satisfè swaf m te gen nan domèn espirityèl la, m te kòmanse vizite plizyè legliz. M te toujou renmen Bondye, men, sa m te aprann nan legliz yo pa t gen okenn efè sou mwen. Finalman, m t al nan yon Sal Wayòm Temwen Jewova yo ki te twouve l nan Delray Beach, Florid. Se te yon jou dimanch nan mwa fevriye 1971.

Etandone lè m te rive a diskou piblik la te prèske fini, m te ret suiv etid Toudegad la. M pa sonje sou ki sa yo t ap pale nan etid la, men, m toujou sonje timoun piti yo ki t ap vire paj Bib la pou yo chèche vèsè. Sa te vrèman enpresyone m! M te koute avèk atansyon e m t ap gade tou. Pandan m t ap kite Sal Wayòm nan, gen yon frè ki te gen anviwon 80 an ki te pwoche kote m. Li te rele Jim Gardner. Li te lonje yon liv ki rele Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la (anglè) ban mwen epi l te di m: “Èske w ka aksepte sa a tanpri?” Nou te pran randevou jedi maten pou nou kòmanse yon etid Labib.

Jou dimanch swa sa a, m te gen pou m travay. Mwen t ap travay nan sèvis ijans nan yon lopital prive ki nan Boca Raton, nan Florid. M te konn travay soti onzè nan aswè pou rive setè nan maten. Etandone pa t gen anpil aktivite jou swa sa a, m te ka li liv Laverite a. Gen yon enfimyè an chèf ki te pwoche kote m, li rale liv la nan men m, li gade paj kouvèti a epi l di m byen fò: “M pa kwè w ap vin fè pati moun sa yo non, pa vre?” Mwen te pran liv Laverite m nan nan men l epi m te di l: “Se sèlman nan mwatye liv la m rive e m sèten m ap vin Temwen Jewova!” Li te kite m trankil e m te fin li liv la menm jou swa a.

Jim Gardner te etidye Labib avè m e l te yon frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki te konn Charles Taze Russell.

Pou n te kòmanse premye etid la, mwen te mande frè Gardner: “Donk, ki sa n pral etidye?” Li te reponn mwen: “Liv m te ba w la.” M te di l: “Men, m gentan fin li l.” Avèk jantiyès, frè Gardner te reponn: “Ebyen, ann jis egzamine premye chapit la.” M te sezi wè tout bagay m pa t konprann. Li te fè m chèche anpil vèsè nan tradiksyon Labib mwen an ki se yon tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè) kote yo ekri pawòl Jezi te di yo an wouj. Finalman, m te resi kòmanse aprann konnen vrè Dye a, Jewova. Jou maten sa a, Frè Gardner, m te konn bay ti non Jim tou, te etidye twa chapit nan liv Laverite a avè m. Apre sa, chak jedi maten nou te konn etidye twa chapit. M te vrèman renmen etid sa yo. Se pa ti privilèj m te genyen dèske se frè sa a Bondye te chwazi pou al nan syèl e ki te konnen Charles T. Russell pèsonèlman ki te anseye m laverite!

Apre kèk semèn, yo te dakò pou m vin yon pwoklamatè bon nouvèl la. Jim te ede m fè fas ak anpil pwoblèm san wete difikilte m te genyen pou m preche kay an kay la (Tra. 20:20). Toutpandan Jim t ap travay ansanm avè m nan ministè a, m te vin renmen travay predikasyon an anpil. M toujou konsidere travay predikasyon an kòm pi gwo privilèj mwen genyen. Se pa ti bèl sa bèl pou yon moun vin konpayon travay Bondye! — 1 Kor. 3:9.

LANMOU M TE GEN POU JEWOVA OKÒMANSMAN AN

Kounye a, kite m rakonte nou yon bagay ki vrèman pèsonèl anpalan de lanmou m te gen pou Jewova okòmansman an (Rev. 2:4). Lanmou sa a te ede m fè fas ak anpil move souvni gè a te kite ansanm ak anpil lòt eprèv ankò. — Iza. 65:17.

Lanmou m gen pou Jewova a ede m fè fas ak anpil move souvni gè a te kite ansanm ak anpil lòt eprèv ankò.

M te batize an jiyè 1971 nan asanble distri ki te gen tit “Le nom divin” ki te fèt nan Yankee Stadium nan.

Mwen sonje yon jou nan sezon prentan ane 1971 ki te espesyal pou mwen. Yo te fèk fin mete m deyò nan ti apatman paran m yo te pèmèt mwen abite a. Bòpè m pa t ap pèmèt yon Temwen Jewova abite lakay li! M pa t gen anpil lajan nan moman sa a. Lopital kote m t ap travay la te konn peye m chak de semèn epi m te fèk fin depanse pifò nan ti kòb m te genyen an pou m achte rad yon fason pou m te ka al preche epi pou m te byen reprezante Jewova. M te gen yon ti kòb sere men l te nan yon bank nan eta Michigan kote m te grandi a. Donk, m te oblije viv nan machin mwen an pandan kèk jou. M te konn fè bab mwen e m te konn pwòpte kòm nan twalèt ki nan estasyon gaz yo.

Nan epòk m te konn dòmi nan machin mwen an, gen yon jou m te rive nan Sal Wayòm nan kèk èdtan anvan gwoup la rive pou y al preche. M te apèn fini travay mwen nan lopital la. Pandan m te chita pa dèyè nan Sal Wayòm nan kote pèsonn pa t ka wè m, m te kòmanse ap panse ak sa k te pase nan peyi Vyetnam. Sant kò moun ki te boule, imaj san ki te gaye pasipala ansanm ak moun ki blese grav te kòmanse ap vin nan tèt mwen. Nan lespri m, m te ka tande vwa jèn gason yo epi m te ka yo byen klè k ap sipliye m k ap di m: “Èske m ap viv? Èske m ap viv?” M te konnen yo t apral mouri, men, m te eseye fè tout sa m kapab pou m rekonfòte yo toutpandan m pa t kite yo wè verite a sou figi m. Gen anpil santiman ki te anvayi m pandan m te chita nan Sal la.

Mwen toujou fè tout sa m kapab pou m pa pèdi lanmou m te gen pou Jewova okòmansman an, sitou lè m ap fè fas ak eprèv ak difikilte.

Dlo t ap koule nan je m toutpandan m t ap priye Jewova (Sòm 56:8). M te kòmanse ap reflechi afon sou esperans rezirèksyon an. Epi, gen yon bagay ki te fè yon gwo efè sou mwen: Pa mwayen rezirèksyon an, Jewova Dye pral retire tout kalamite m te wè yo ansanm ak tout soufrans mwen menm ak lòt moun te viv yo. Bondye pral rebay jèn gason sa yo lavi ankò epi yo pral gen opòtinite pou yo aprann laverite sou Bondye (Tra. 24:15). Nan moman sa a, se pa ti lanmou m te vin gen nan kè m pou Jewova e lanmou sa a te touche m jis nan zantray mwen. Jou sa a toujou ret yon jou espesyal pou mwen. Depi lè sa a, m toujou fè tout sa m kapab pou m pa pèdi lanmou m te gen pou Jewova okòmansman an sitou lè m ap fè fas ak eprèv ak difikilte.

JEWOVA TOUJOU AJI BYEN ANVÈ M

Lèzòm fè anpil move bagay lè gen lagè. M te ladan l tou. Men, lè m medite sou de nan pasaj m pi renmen yo sa ede m anpil. Premye a se Revelasyon 12:10, 11 ki fè konnen nonsèlman temwayaj n ap bay la fè n pot laviktwa sou Dyab la, men, laviktwa sa a fèt grasa san Timouton an tou. Dezyèm nan se Galat 2:20. Nan vèsè sa a, m aprann Kris Jezi te mouri “pou mwen”. Jewova wè m atravè san Jezi a e Li padone m pou sa m te fè yo. Konesans sa a pèmèt mwen gen yon konsyans ki pwòp e sa ankouraje m fè tout sa m kapab pou m anseye lòt moun laverite sou Jewova, Bondye nou an ki gen mizèrikòd. — Ebre 9:14.

Lè m ap reflechi ak lavi m, m vrèman rekonesan anvè Jewova dèske l toujou pran swen m. Pa egzanp, jou Jim te vin aprann se nan machin mwen an m ap dòmi, li te mete m an kontak ak yon sè ki te gen yon pansyon. M pa gen okenn dout se Jewova ki te sèvi ak Jim ansanm ak sè sa a pou l te pèmèt mwen jwenn yon bon kote pou m rete. Jewova tèlman bon! Li pran swen adoratè fidèl li yo.

M APRANN FÈ EKILIB ANT ZÈL AK PRIDANS

Nan mwa me 1971, m te oblije al regle kèk bagay nan eta Michigan. Anvan m te kite kongregasyon Delray Beach la ki nan Florid, m te chaje kòf machin mwen ak piblikasyon, apre sa, m te met tèt nan direksyon nò sou otowout ki rele Interstate 75 lan. Kòf la te gentan vid anvan menm m te rive nan eta Jòji. M te preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl plizyè kote. M t al preche nan prizon e m te menm distribye feyè bay mesye m te rankontre nan twalèt ki nan kèk zòn kote moun konn pran poz. Jis jounen jodi a, m ap mande tèt mwen si gen kèk nan semans m te simen yo ki grandi. — 1 Kor. 3:6, 7.

Sepandan, m dwe admèt sa, lè m te fèk aprann laverite m pa t vrèman konn montre m pridan nan pawòl mwen sitou lè m te konn ap pale ak fanmi pwòch mwen yo. Etandone lanmou m te gen pou Jewova okòmansman an t ap bouyi anndan m, m te chofe pou m preche yo, men, m te konn pale twò di ak yo. M vrèman renmen John ak Ron, de frè m yo, e m te konn twò di ak yo lè m ap pataje verite a avèk yo. Annapre, m te mande yo eskiz pou fason m te konn aji a. Sepandan, m pa janm sispann priye pou yo aksepte laverite. Depi lè sa a, Jewova te fòme m e m te vin aprann pou m montre m pi pridan lè m ap preche ak lè m ap anseye. — Kol. 4:6.

LÒT MOUN MWEN RENMEN

Byenke m toujou sonje lanmou m gen pou Jewova a, m pa bliye lòt moun mwen renmen yo. Dezyèm moun mwen renmen an se Susan, madanm ki gen anpil valè pou mwen an. Mwen konnen m te bezwen yon patnè pou ede m nan travay Wayòm nan. Susan se yon fi ki espirityèl e ki djanm. M pa janm bliye yon jou m t al vizite l pandan nou t ap frekante. Jou sa a, Susan te chita sou galri kay paran l yo nan Cranston, Wodaylann. Li t ap li yon Toudegad ansanm ak bib li nan men l. Sa k te plis enpresyone m sèke l t ap li youn nan atik segondè yo epi l t ap chèche vèsè yo. M te di: ‘Sa a se yon fi ki espirityèl!’ Nou te marye nan mwa desanm 1971 e m vrèman rekonesan dèske depi jou sa a li toujou ret bò kote m e l toujou soutni m. Sa m vrèman apresye lakay li sèke toutpandan l renmen m, li renmen Jewova pi plis toujou.

Mwen menm ak Susan ansanm ak Paul ak Jesse, pitit gason nou yo.

Mwen menm ak Susan te vin gen de pitit gason anpalan de Jesse ak Paul. Jewova te toujou avèk yo toutpandan yo t ap grandi (1 Sam. 3:19). Etandone yo te fè laverite vin pa yo, sa fè yo onore Susan avè m. Yo kontinye sèvi Jewova paske yo pa bliye lanmou yo te gen pou li okòmansman an. Yo chak gen plis pase 20 an depi yo nan sèvis aplentan. Anplis de sa, m fyè de de bèlfi m yo ki bèl anpil anpalan de Stephanie ak Racquel e m konsidere yo kòm pwòp pitit fi m. Pitit gason m yo marye ak de fi ki espirityèl e ki renmen Jewova Dye ak tout kè yo e ak tout nanm yo. — Efe. 6:6.

Nou te renmen preche an fanmi nan tèritwa ki pa sou responsablite okenn kongregasyon.

Apre batèm mwen, m te fè 16 an ap sèvi nan Wodaylann kote m te vin gen anpil bon zanmi. M gen anpil bèl souvni konsènan ansyen m te konn travay avèk yo. Mete sou sa, m rekonesan anvè siveyan itineran yo ki tèlman anpil m pa ka site non yo, yon seri mesye ki te gen bon enfliyans sou mwen. Ala yon gwo privilèj mwen genyen pou m travay ansanm ak yon seri frè ki kontinye kenbe lanmou yo te gen pou Jewova okòmansman an! Nan ane 1987, nou t al nan Kawolin dinò pou n al sèvi kote ki gen plis bezwen e n te vin gen lòt bon zanmi ankò *.

M ap kondui yon reyinyon predikasyon pandan m te nan sèvis itineran an.

Nan mwa out 2002, mwen menm ak Susan te aksepte envitasyon pou n vin fè pati fanmi Betèl Patèsonn nan ki Ozetazini. M te travay nan Biwo sèvis epi Susan te travay nan biyandri. Li te renmen travay sa a! Annapre, nan mwa out 2005, m te jwenn privilèj pou m sèvi kòm manm Kolèj santral la. M te santi m toupiti devan responsablite sa a. Madanm mwen renmen anpil la te santi ni responsablite sa a, ni travay la ansanm ak deplasman sa mande yo te twòp pou li. Susan pa t janm twò renmen vwayaje nan avyon, poutan, nou pran avyon souvan! Susan fè konnen konsèy madanm lòt frè ki manm Kolèj santral la te ba l avèk lanmou te ede l pran detèminasyon pou l soutni m otank posib. Li fè sa vre, e m renmen l pou sa.

Mwen chaje ak anpil foto nan biwo m ki reprezante anpil bagay pou mwen! Yo fè m sonje jan m gen yon bèl vi. M deja resevwa anpil bèl rekonpans lefètke m fè tout sa m kapab pou m sonje lanmou m te gen pou Jewova okòmansman an!

Mwen vrèman renmen pase tan ak fanmi m.

^ § 31 Nou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan epòk frè Morris te nan sèvis aplentan an nan Toudegad 1ye avril 2006, paj 12.