Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a

Edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a

PANDAN ane ki pase yo, yo te revize Tradiksyon monn nouvo a yon pakèt fwa, men, se revizyon yo te fè nan ane 2013 la ki te pi gwo revizyon an. Pa egzanp, kounye a, yo retire anviwon 10 pousan mo anglè nan tradiksyon an. Gen kèk ekspresyon kle nan Bib la yo revize. Gen kèk chapit yo vin mete sou fòm pwezi epi yo ajoute kèk nòt anba paj pou pèmèt tradiksyon an vin pi klè. Li t ap enposib pou n pale konsènan tout chanjman yo fè yo nan atik sa a, men, ann egzamine kèk nan pi gwo chanjman yo.

Ki ekspresyon kle nan Bib la ki revize? Jan n te di sa nan atik ki vin anvan an, yo te revize fason yo tradui “Cheyòl”, “Adès” ak “nanm”. Anplis de sa, yo te chanje yon pakèt lòt ekspresyon.

Pa egzanp, pou yo pa bay yon move enpresyon sou fason yo te egzekite Jezi a, yo te chanje mo “pèse” a e yo te mete ekspresyon “kloure sou yon poto” nan plas li (Mat. 20:19; 27:31). Nan plas “konduit deregle”, yo met “konduit derespektan” ki bay menm ide ak lè yon moun gen yon atitid meprizan jan sa parèt nan tèm grèk la. Gen moun ki te ka mal konprann ekspresyon “andirans devan ofans” lan e yo te ka panse l vle di fè anpil tan ap soufri, konsa, mo “pasyans” lan vin bay pi bon sans lan. Nan plas “fèt ki dekole”, yo met “banbòch” ki se yon mo moun pi byen konprann jodi a (Gal. 5:19-22). Nan plas “bonte ki plen lanmou”, yo met “lanmou fidèl”, yon ekspresyon ki pi byen tradui ide a. Ekspresyon sa a gen sans yon tèm biblik yo souvan itilize an paralèl ak mo “fidelite” a. — Sòm 36:5; 89:1.

Gen kèk tèm yo te konn itilize yon sèl ekspresyon pou tradui yo, men, kounye a, yo tradui yo selon kontèks la. Pa egzanp, mo ebre olam nan yo te konn mete “tan endefini” pou li a te ka bay ide “pou toutan”. Gade ki efè l vin genyen lè yo tradui l selon kontèks li nan vèsè tankou Sòm 90:2 ak Miche 5:2.

Mo ebre ak mo grèk lè yo tradui yo yo met “semans” pou yo a parèt souvan nan Ekriti yo, kit se lè y ap pale de jaden kit se lè y ap pale de “desandans” nan yon sans senbolik. Yo te konn sèvi ak mo “semans” lan anpil fwa nan edisyon Tradiksyon monn nouvo ki te la anvan yo tankou nan Jenèz 3:15. Sepandan, an anglè, moun pa sèvi ak mo “semans” lan pou yo pale de “desandans” ankò, se sa k fè, tradiksyon revize a vin sèvi ak mo “desandans” lan nan Jenèz 3:15 ak lòt vèsè ki mache avè l yo (Jen. 22:17, 18; Rev. 12:17). Lòt kote yo, yo tradui l selon kontèks li. — Jen. 1:11; Sòm 22:30; Eza. 57:3.

Poukisa yo fè ajisteman nan anpil tradiksyon literal? Apendis A1 tradiksyon revize 2013 la fè konnen yon bon tradiksyon Labib se yon tradiksyon ki “bay vrè sans yon mo oswa yon fraz si yon tradiksyon literal t ap chanje sans lan oswa fè sans lan pa klè”. Lè ekspresyon ki nan lang orijinal yo gen sans nan lòt lang yo, yo tradui yo yon fason literal. Dapre lojik sa a, ekspresyon “egzamine kè” ki parèt nan Revelasyon 2:23 a fè sans nan anpil lang. Sepandan, li ka difisil pou moun konprann ekspresyon “egzamine ren” ki parèt nan menm vèsè a. Pou rezon sa a, yo chanje mo “ren” an e yo met “panse ki pwofon” nan plas li pou l vin gen menm sans ak mo orijinal la. Menm jan an tou, nan Detewonòm 32:14, yo ranplase ekspresyon literal “grès ki nan grenn vant ble a” e yo met “bon kalite ble” nan plas li, ki se yon ekspresyon pi klè. Nan menm sans lan, ekspresyon “pa ka pale byen” an pi klè lontan nan pifò lang pase ekspresyon “bouch mwen pa sikonsi” a. — Egz. 6:12.

Ki sa k fè kounye a yo met “Izrayelit yo” nan plas “pitit gason Izrayèl yo” epi “timoun ki san papa” nan plas “tigason ki san papa”? Nan lang ebre a, dabitid, yo idantifye sèks maskilen an oswa sèks feminen an si referans lan gen rapò ak yon mal oswa yon femèl. Sepandan, gen kèk tèm maskilen ki ka gen ladan l ni mal ni femèl. Pa egzanp, selon kontèks kèk vèsè, ekspresyon “pitit gason Izrayelit yo” ka gen ladan l ni gason ni fi. Se sa k fè, kounye a, yo mete “Izrayelit yo” nan plas ekspresyon sa a. — Egz. 1:7; 35:29; 2 Wa 8:12.

Nan menm sans lan tou, nan premye edisyon Tradiksyon monn nouvo yo, lè yo t ap tradui mo ebre maskilen ki vle di “tigason yo” nan Jenèz 3:16, yo te konn met “timoun” pou li. Sepandan, yo revize mo sa a kounye a nan Egzòd 22:24, e men ki jan yo li vèsè sa a: “Pitit nou [oswa timoun nou yo. Ebre: “tigason yo”] ap vin san papa.” Pou yo aplike prensip sa a nan kèk lòt ka, yo met “timoun ki san papa” oswa “òfelen” nan plas “tigason ki san papa”. (Det. 10:18; Jòb 6:27.) Konsa, ekspresyon sa a vin sanble ak fason yo tradui l nan tradiksyon grèk ki rele Septant lan. Anplis de sa, yo met “pandan w jèn” nan plas “pandan ou jèn gason” nan Eklezyas 12:1.

Ki sa k fè yo vin senplifye fason yo tradui anpil vèb ebre? Nan lang ebre a, de prensipal fòm vèb ki egziste yo se enpafè ak pafè. Fòm enpafè a bay ide yon aksyon k ap kontinye epi fòm pafè a bay ide yon aksyon ki fin fèt. Anvan sa, edisyon Tradiksyon monn nouvo yo te konn met yon vèb ak yon mo oksilyè lè y ap tradui vèb ebre enpafè yo. Pa egzanp, yo te konn met kèk ekspresyon tankou “kòmanse fè” oswa “kontinye fè” yon fason pou yo te ka montre se yon aksyon k ap kontinye oswa k ap repete *. Yo te konn sèvi ak kèk mo tankou “sandout”, “dwe” ak “kidonk” pou montre aksyon ki fin fèt selon jan fòm pafè a montre sa.

Nan edisyon revize 2013 la, gen kèk ekspresyon yo pa sèvi avè yo amwenske yo ajoute sou sans lan. Pa egzanp, nou pa bezwen met aksan pou n montre Bondye te repete ekspresyon “se pou limyè parèt” la. Se sa k fè, nan edisyon revize a, yo pa tradui vèb enpafè “di” a kòm yon aksyon k ap kontinye (Jen. 1:3). Sepandan, piske pa gen dout Jewova te rele Adan plizyè fwa, konsa, yo toujou met aksan sou vèb la nan Jenèz 3:9 la kote yo tradui l “plede rele”. An jeneral, yo tradui vèb yo yon fason ki senp e yo ret konsantre sou aksyon an olye de aspè konplè oswa ki pa konplè ki gen nan ebre a. Youn nan gwo byenfè sa lakòz sèke l pèmèt tèks la vin dirèk menm jan ak tèks ebre a.

Kounye a, pou yo ka respekte fòm pwezi tèks orijinal yo yo vin met plis chapit sou fòm pwezi.

Poukisa kounye a gen plis chapit ki vin sou fòm pwezi? Gen anpil pati nan Bib la ki te ekri sou fòm pwezi okòmansman. Nan fason moun pale nan epòk nou an, byen souvan yo distenge pwezi yo grasa fason yo rime a alòske nan lang ebre a, fòm pwezi ki pi enpòtan yo se lè de ide gen resanblans oswa lè youn kontrè lòt. Nan pwezi ann ebre yo, se pa son mo yo ki pèmèt yo jwenn rim yo, men, se grasa lojik ki genyen nan fason yo ranje panse yo.

Nan ansyen edisyon Tradiksyon monn nouvo yo, yo te met vèsè ki nan liv Sòm yo ak liv Jòb la yon fason ki montre yo te ekri yo pou moun ka chante oswa resite. Fason yo te ranje tèks sa yo te met aksan sou fòm pwezi, sa ki te ede moun sonje yo pi fasil. Nan edisyon revize 2013 la, vèsè ki nan liv Pwovèb yo, Chante Salomon an, ak anpil chapit nan liv pwofetik yo parèt sou fòm pwezi tou, yon fason pou ide ki paralèl yo ak ide ki opoze yo ka parèt pi klè. Yon egzanp ki montre sa se Ezayi 24:2 kote chak liy gen yon ide ki opoze ak lòt ladan l e youn konplete lòt pou yo montre pa gen pèsonn k ap chape anba jijman Bondye pral fè a. Lefètke nou rekonèt pasaj sa yo se sou fòm pwezi yo ye, sa ede lektè a konprann se pa sèlman repete ekriven an t ap repete sa l t ap di a, okontrè li te itilize yon teknik nan pwezi pou l mete plis aksan sou mesaj Bondye a.

Li pa toujou fasil pou yon moun rive fè diferans ant yon pwoz ak yon pwezi nan lang ebre a, se sa k fè nan tradiksyon Labib ki egziste yo, gen diferans ant pasaj ki ta dwe sou fòm pwezi yo. Tradiktè yo sèvi ak bonsans yo pou yo deside ki vèsè ki ta dwe enprime sou fòm pwezi. Gen kèk vèsè ki ekri sou fòm pwoz, ki gen yon seri parabòl ladan yo, kote ekriven an jwe sou mo l ap itilize yo e kote li met ide yo an paralèl pou l met aksan sou yon pwen.

Gen yon nouvo pati nan tradiksyon sa a ki rele Sa ki gen nan liv sa a ki sitou itil paske l pèmèt nou idantifye ki moun k ap pale nan pati ki se pwezi yo, tankou nan liv Chante Salomon an.

Ki efè etid yo fè nan ansyen maniskri ki te ekri nan lang orijinal yo genyen sou revizyon yo fè a? Lè yo t ap fè Tradiksyon monn nouvo a premye fwa, yo te baze tradiksyon an sou tèks Masorèt yo ki te ekri ann ebre ak tèks Westcott ak Hort te fè a, yon tèks tout moun gen anpil respè pou li. Yo kontinye ap etidye ansyen maniskri Labib yo, sa ki pèmèt yo vin pi byen konprann kèk pasaj ki nan Bib la. Gen kèk tèks yo jwenn nan woulo ki te nan Lanmò Mòt yo ki vin disponib kounye a. Yo te etidye plis maniskri ki te ekri nan lang grèk. Vin gen plis maniskri ki disponib sou fòma elektwonik, sa ki fè l vin pi fasil pou yo egzamine diferans ki genyen ant maniskri yo pou yo ka wè ki tèks ann ebre oswa an grèk yo ka plis fè konfyans. Komite Tradiksyon monn nouvo a te byen pwofite posiblite sa yo pou l etidye kèk pasaj nan Bib la, e sa te vin pouse yo fè kèk ajisteman nan tradiksyon y ap fè a.

Pa egzanp, nan 2 Samyèl 13:21, men sa nou li nan vèsyon Septant lan: “Men li pa t vle blese santiman pitit gason l, Amnon, paske l te renmen l e paske li se premye pitit li.” Ansyen edisyon Tradiksyon monn nouvo yo, pa gen pawòl sa yo paske yo pa t nan maniskri Masorèt yo. Men, yo nan woulo yo te jwenn nan zòn Lanmè Mòt yo e yo mete yo nan edisyon revize 2013 la. Pou menm rezon sa yo, yo te mete non Bondye nan plas li senk lòt kote nan liv 1 Samyèl. Grasa etid yo fè sou tèks ki te ekri an grèk yo, gen kèk ajisteman yo te fè nan lòd ide yo parèt nan Matye 21:29-31. Konsa, se sou baz sa yo te jwenn nan etid yo fè nan maniskri yo ki fè yo fè kèk ajisteman, se pa paske yo vle suiv yon sèl maniskri ki te ekri an grèk kòm maniskri prensipal.

Enfòmasyon ki nan atik sa a pale sèlman sou kèk ajisteman ki te fèt nan Tradiksyon monn nouvo a ki fè l vin pi fasil pou anpil nan moun ki konsidere tradiksyon sa a kòm yon kado Bondye ki konn kominike a bay rive li l epi konprann li.

^ § 10 Gade apendis 3C a ki gen tit “Verbes hébreux exprimant l’action continue ou en cours” nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références lan.