Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye pitit ou

Timote te prè e li te dispoze sèvi

Timote te prè e li te dispoze sèvi

“ ÈSKE w prè ? ” Èske yon moun te janm poze w kesyon sa a ? Sandout moun ki te mande w sa a te vle konnen si w pare pou w fè yon bagay. Pa egzanp, moun nan gendwa te vle di w : ‘ Èske liv pou w etidye yo nan men w ? Èske w te li leson yo ? ’ Jan nou pral wè sa, Timote te prè.

Timote te byen dispoze tou. Ou konn sa sa vle di ? Lè yo te envite Timote pou l sèvi Bondye, li te gen menm atitid ak yon lòt sèvitè Bondye ki te di : “ Men mwen ! Voye m. ” ​(Izayi 6:8). Lefètke Timote te prè e li te byen dispoze pou l sèvi, lavi l te enteresan anpil. Èske w ta renmen konn plis sou lavi l ?

Timote te fèt nan Lis, yon vil ki nan yon distans plizyè santèn kilomèt parapò ak Jerizalèm. Granmè l, Loyis, ak manman l, Enis, se te de moun ki te konn etidye Ekriti yo byen. Depi lè Timote te yon tibebe, yo te kòmanse anseye l sa k nan Pawòl Bondye a. — 2 Timote 1:5 ; 3:15.

Ki sa k te rive la a ?

Sanble Timote te yon adolesan toujou lè apot Pòl ansanm ak Banabas t al vizite Lis. Se te premye gwo vwayaj apot Pòl te fè pou l al preche. Sanble se lè sa a manman Timote ak granmè l te vin kretyen. Èske w ta renmen konnen ki difikilte Pòl ak Banabas te rankontre ? Ebyen, moun ki pa t renmen kretyen yo te kalonnen Pòl ak wòch jis yo vide l atè e yo te rale l met deyò vil la. Yo te panse l mouri.

Apre moun ki te kwè nan sa Pòl t ap anseye yo te antoure l, li leve. Nan demen, Pòl ak Banabas ale. Men, yon ti tan apre sa, yo retounen Lis. Lè sa a, Pòl te fè yon diskou e li di disip yo : “ Nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon. ” ​(Travay 14:8-22). Èske w konn sa Pòl te vle di ? Li te vle di gen moun ki ta gen pou yo bay moun k ap sèvi Bondye yo pwoblèm. Men sa Pòl te ekri Timote annapre : ‘ Tout moun ki vle viv avèk atachman pou Bondye ap jwenn pèsekisyon. ’ — 2 Timote 3:12 ; Jan 15:20.

Apre Pòl ak Banabas fin kite Lis, yo retounen lakay yo. Kèk mwa apre sa, Pòl chwazi Silas pou l vwayaje avè l, e ansanm yo retounen kote Pòl te vizite yo pou yo ankouraje nouvo disip ki te nan zòn sa yo. Lè yo te rive Lis, se pa de kontan Timote dwe te kontan wè Pòl ankò ! Li dwe te pi kontan toujou lè l te resevwa envitasyon pou l vwayaje ansanm ak Pòl ak Silas. Timote te aksepte envitasyon an. Li te prè e li te dispoze ale. — Travay 15:40 –16:5.

Yo twa a te vwayaje ansanm. Yo te fè plizyè kilomèt ap mache, e apre sa, yo te pran yon bato. Lè bato a te rive kote li t aprale a, yo te mache al Tesalonik, yon vil ki nan peyi Grès. Grasa vizit sa a, anpil moun te vin kretyen nan vil sa a. Men, gen lòt moun ki te fache e yo te rasanble yon foul moun kont yo. Lavi Pòl, Silas ak Timote te an danje, se sa k fè yo te deplase al Bere. — Travay 17:1-10.

Pòl te gen sousi pou nouvo kwayan ki te Tesalonik yo, se sa k fè li te fè Timote tounen nan vil sa a. Ou konn poukisa li te fè sa ? Yon ti tan apre, Pòl te di kretyen Tesalonik yo pou ki rezon. Li te di : ‘ Pou l ka fè nou vin djanm e pou l ka konsole nou pou pèsonn pa dekouraje. ’ Èske w konn poukisa Pòl te bay Timote yon asiyasyon difisil konsa, byenke Timote te jèn ? Ebyen, se paske opozan yo pa t byen konnen Timote menm jan yo te konnen l lan, e anplis, Timote te dispoze ale. Sa te mande anpil kouraj ! Ki jan vizit la te pase ? Lè Timote te retounen vin jwenn Pòl, li te fè l konnen ki jan Tesalonisyen yo te gen lafwa. Se sa k fè Pòl te di yo nan yon lèt li te ekri yo : “ Nou jwenn konsolasyon anrapò ak nou. ” — 1 Tesalonisyen 3:2-7.

Timote te sèvi bò kote Pòl pandan dizan ankò. Apre sa, yo te met Pòl nan prizon nan Wòm, e Timote ki te fèk sot nan prizon t al jwenn li. Pandan Pòl te nan prizon, li te ekri Filipyen yo yon lèt, e petèt se Timote ki te sèvi l sekretè lè sa a. Men sa Pòl te di : ‘ Mwen espere voye Timote ban nou, paske mwen pa gen pèsonn ki fidèl konsa ni ki ka sèvi nou pi byen. ’ — Filipyen 2:19-22 ; Ebre 13:23.

Se pa ti kontan pawòl sa yo dwe te fè Timote kontan ! Pòl te vin renmen Timote anpil paske li te prè pou l sèvi e li te dispoze fè sa. Nou espere se konsa w ap ye tou.