Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou sa nou pa wè yo — Kiyès sa yo nou pa wè yo?

Pou sa nou pa wè yo — Kiyès sa yo nou pa wè yo?

Pou sa nou pa wè yo — Kiyès sa yo nou pa wè yo?

Ann Ewòp, yon ti granmoun fi antre nan yon legliz, li gen yon chaplè nan men l e li ajenou devan estati Mari pou l adore. Ann Afrik, yon fanmi ap jete yon bwason ki gen alkòl ladan l yo rele djin bò tonm yon manm fanmi yo yo respekte anpil. Nan zòn Amerik la, yon jèn mesye ap fè jèn e l ap medite nan espwa pou l antre an kontak ak zanj gadyen li. Ann Azi, yon prèt ap boule yon pakèt objè an papye ki gen diferan koulè kòm ofrann pou espri zansèt yo.

NAN ki sa tout moun sa yo ki nan entwodiksyon atik la kwè? Yo tout kwè moun ka antre an kontak ak kreyati entèlijan ki nan monn envizib la e kreyati sa yo ka gen gwo enfliyans sou lavi moun. Byennantandi, kwayans sa yo pa nouvo e okenn moun pa sezi tande gen moun ki gen kwayans sa yo. Sa ki vrèman etonan se kantite kwayans depaman moun genyen sou kreyati k ap viv nan monn envizib la.

Mizilman yo adore yon sèl Dye: Ala *. Moun ki nan Lakretyente yo di Bondye se yon Trinite oswa yon Dye an twa pèsòn: Dye Lepè, Dye Lefis e Dye Lesentespri. Endou yo menm kwè gen plis pase mil dye ak deyès. Gen lòt moun ki di espri yo abite nan kèk bèt, pyebwa, wòch ak nan dlo. Gen lòt moun menm ki kwè nan enfòmasyon yo jwenn nan liv, nan fim ak nan pwogram yo bay nan televizyon ki gen rapò ak zanj, demon, fantom, baka, dye ak deyès.

Menm jan moun yo gen ide depaman sou dye ak deyès yo, se konsa tou yo gen ide depaman sou fason pou yo kominike ak yo. Lojikman, se pa tout metòd moun itilize pou kominike ak dye ak deyès sa yo ki kòrèk. Ann pran yon egzanp: Anvan n rele yon moun nan telefòn, nou bezwen konnen ki moun nou pral rele a e nou bezwen asire nou moun sa a egziste toutbon e l ap reponn apèl nou an. Si nou ta eseye rele yon moun nou envante nan lespri nou nan telefòn, sa pa t ap gen sans. Pi mal ankò, si nou ta kontakte yon moun ki ta fè tèt li pase pou sa l pa ye, sa ta ka lage nou nan gwo pwoblèm.

Kidonk, ki moun ki abite nan monn envizib la? Bib la pa sèlman bay repons kesyon sa a, men tou, li esplike ak kiyès nou dwe antre an kontak nan monn envizib la e ki repons nou ka atann n ap jwenn. Tanpri, li atik ki vin apre yo. Ou ka sezi wè ki sa Bib la di sou sijè sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 “Ala” pa yon non, li vle di sèlman “Dye”.