Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Vizyon sou monn envizib la

Vizyon sou monn envizib la

Vizyon sou monn envizib la

OU TE mèt pase kantite tan w vle ap gade syèl la, ou pap janm wè yon espri. Ou te mèt panche zòrèy ou, ou pap janm tande youn k ap pale. Epoutan, ou mèt sèten espri yo egziste. Yo entèlijan anpil e yo pisan. Yo chak gen non pa yo ak pèsonalite pa yo. Genyen ki fè byen ak nou e gen lòt se mal yo vle pou nou. Yo tout gen je sou nou.

Menm vrè Dye a se yon Espri li ye (Jan 4:24). Li gen yon non ki distenge l ak bann lòt fo dye yo. Non sa a se Jewova. Men sa salmis la te ekri: “Jewova gran e nou dwe louwe l anpil. Li bay lakrentif plis pase tout lòt dye yo. Paske tout dye moun yo genyen yo se dye ki san valè, men, kanta pou Jewova, se li menm ki fè syèl la. Li gen diyite ak glwa, gen fòs ak bote nan tanp li a.” — Sòm 96:4-6, NW.

Vizyon vrè Dye a bay

Bib la di: “Okenn moun pa janm wè Bondye.” ​(Jan 1:18). Aparans Bondye ak glwa li depase sa nou ka konprann, menm jan yon moun ki fèt avèg pa ka konprann sa koulè ye. Sepandan, menm jan yon bon pwofesè esplike etidyan l yo bagay ki difisil pou konprann lè li sèvi ak mo ak egzanp yo konprann, se konsa tou pa mwayen Labib, Pawòl Bondye a, Bondye esplike nou bagay nou pa ka wè lè l sèvi ak bagay nou ka wè. Grasa vizyon Jewova te bay sèvitè fidèl li yo nan tan lontan, li ede nou konprann sa k ap pase nan syèl la pou nou ka konnen ki relasyon nou dwe genyen ak espri k ap viv ladan l yo.

Pa egzanp, nan yon vizyon Jewova te bay pwofèt Ezekyèl, Jewova te konpare glwa li ak dife, limyè, wòch safi ak lakansyèl. Nan yon lòt vizyon, apot Jan te wè Jewova chita sou twòn li e li te di Bondye “gen aparans yon pyè presye yo rele jasp ak yon pyè presye koulè wouj, e toutotou twòn nan gen yon lakansyèl ki sanble ak yon pyè presye yo rele emwòd”. Vizyon sa yo montre nou kote Jewova ye a gen yon bote estrawòdinè, li agreyab e li kalm. — Revelasyon 4:2, 3; Ezekyèl 1:26-28.

Jewova te bay pwofèt Dànyèl yon vizyon tou kote li te wè “dimil fwa dimil [zanj] ki te kanpe la devan [Jewova]”. (Dànyèl 7:10, NW.) Se pa ti estrawòdinè vizyon sa a estrawòdinè! Menmsi se yon sèl zanj nou ta wè nan vizyon, sa ta ka fè nou pè, men imajine plizyè miryad zanj pafè ansanm!

Yo pale de zanj nan Bib la anviwon 300 fwa e zanj yo gen ran yo. Genyen ki serafen e gen lòt ki cheriben. Nan Bib la, mo grèk ak mo ebre lè yo tradui l yo mete “zanj” pou yo a vle di “mesaje”. Zanj yo ka kominike youn ak lòt e yo te konn kominike ak lèzòm nan tan lontan tou. Zanj yo pa moun ki te konn viv sou tè a ki mouri. Jewova te kreye espri sa yo lontan anvan li te kreye lèzòm. — Jòb 38:4-7.

Nan vizyon Dànyèl la, gen yon gwo foul zanj ki te reyini pou yon evènman espesyal. Apre sa, Dànyèl wè “yon moun ki sanble ak yon pitit gason lòm” ki pwoche bò kot twòn Jewova a e yo ba li “dominasyon, diyite ak wayòm, dekwa pou pèp, kominote nasyonal e lang, yo tout sèvi l”. (Dànyèl 7:13, 14, NW.) “Pitit gason lòm” nan, yon pèsonaj enpòtan nan monn envizib la, se Jezi Kris ki te resisite e ki resevwa otorite pou l domine tè a. Dominasyon l lan pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo e l ap fè maladi, lapenn, zak maspinay, povrete e menm lanmò disparèt. — Dànyèl 2:44.

Siman, foul zanj ki fidèl yo e ki vle byen pou lèzòm yo te kontan anpil lè Jezi te vin Wa. Malerezman, se pa tout kreyati espirityèl yo ki te wè bagay yo konsa.

Ènmi Bondye ak lèzòm

Depi nan kòmansman istwa lèzòm, youn nan zanj yo te kite dezi li genyen pou moun adore l fè l vire do bay Jewova e l vin tounen Satan, ki vle di “Opozan”. Satan se espri ki pi mechan ki egziste e li opoze nèt ak Jewova ki li menm se espri ki gen plis lanmou ki egziste a. Gen anpil lòt zanj ki te suiv Satan nan rebelyon l lan e Labib rele yo demon. Menm jan ak Satan, demon yo se gwo ènmi lèzòm. Se demon yo ki lakòz pifò soufrans, enjistis, maladi, povrete ak lagè ki gen sou tè a.

Byenke nan anpil legliz lakretyente yo yo pa pale de Satan ankò, gen yon liv nan Bib la ki rele Jòb ki bay bonjan enfòmasyon sou ki moun Satan ye toutbon e ki pale sou entansyon zanj rebèl sa a. Men sa li di: “Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Senyè a, Satan vini tou nan mitan yo.” Pandan reyinyon sa a, Satan te akize Jòb yon fason ki awogan. Satan te fè konprann si Jòb t ap sèvi Bondye se sèlman paske Jòb t ap defann enterè l. Pou Satan eseye pwouve sa l te di a, li te fè Jòb soufri anpil. Li te touye tout bèt Jòb te genyen yo ak tout dis pitit li yo. Apre sa, Satan te frape Jòb ak yon vye maladi ki te fè yon pakèt boul leve sou tout kò l. Malgre tout sa Satan te fè, li pa t rive pwouve sa l te di a. — Jòb 1:6-19; 2:7.

Gen bonjan rezon ki fè Jewova kontinye tolere Satan toujou, men li pap tolere l nètale. Talè konsa, Dyab la pral disparèt. Gen anpil aksyon ki fèt pou sa deja e liv Revelasyon an pale de aksyon sa yo. Anplis, liv sa a revele yon lòt evènman enpòtan ki te pase nan monn envizib la, yon evènman nou pa t ap janm okouran de li si se pa t liv sa a. Men sa nou li: “Epi, gen yon gè ki pete nan syèl la: Mikayèl [Jezi ki resisite] ak zanj li yo batay ak dragon an [Satan], e dragon an ak zanj li yo batay avèk yo. Men, dragon an pa t pote laviktwa, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. Kidonk, yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. Yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li.” — Revelasyon 12:7-9.

N ap remake selon vèsè a Satan “ap twonpe lemonnantye”. Li twonpe moun yo lè l gaye yon pil fo doktrin pou l fè moun yo vire do bay Jewova ak Pawòl li a. Youn nan manti sa yo Satan bay se manti ki fè konprann tout moun ki mouri al nan monn envizib la. Manti sa a parèt sou diferan fòm. Ann Afrik ak ann Azi pa egzanp, anpil moun kwè lè yon moun mouri l al jwenn zansèt li yo ki abite nan monn envizib la. Doktrin pigatwa a ak doktrin dife lanfè a soti nan manti ki fè konprann moun yo kontinye viv apre yo fin mouri.

Èske apre yon moun mouri l al viv nan syèl?

Ki sa nou ka di sou kwayans plizyè milyon moun nan monn nan genyen ki fè konnen tout moun ki fè sa ki byen pral nan syèl la? Se vre gen kèk moun ki fè sa ki byen ki pral nan syèl, men kantite moun sa yo piti anpil parapò ak plizyè milya moun ki mouri yo. Bib la fè konnen se 144 000 moun Bondye ap “achte sou tè a”, yo pral sèvi kòm “prèt” e yo pral “dirije tè a antanke wa”. (Revelasyon 5:9, 10; 14:1, 3.) Ansanm ak Pitit gason lòm nan, anpalan de Jezi, yo pral fòme yon gouvènman nan syèl la, Wayòm Bondye a. Gouvènman sa a pral kraze Satan ak demon l yo e l ap fè tè a tounen yon paradi. Pifò moun ki mouri yo pral jwenn lavi ankò e y ap gen posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi a. — Lik 23:43.

An rezime, gen yon pakèt espri nan monn envizib la. Jewova Dye se Espri ki gen pi gwo pozisyon an paske se li ki fè tout kreyati vivan ki egziste. Gen plizyè milya zanj fidèl k ap sèvi Jewova. Gen anpil lòt zanj ki te suiv Satan, ki te vire do bay Jewova tou e k ap travay pou yo twonpe lèzòm. Anplis de sa, gen yon kantite moun ki pa anpil Bondye te “achte” sou tè a, oubyen li te chwazi, pou yo fè kèk travay espesyal nan syèl la. Avèk enfòmasyon sa yo nan lespri nou, annou egzamine ak kiyès nou dwe antre an kontak nan monn envizib la e ki fason pou nou fè sa.