Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Pale ak pitit ou sou sèks

Pale ak pitit ou sou sèks

Sandra *, yon jèn fi ki gen 17 an, di: “Pafwa, mwen ta renmen konn kèk bagay sou sèks, men mwen santi si m mande paran m, y ap panse genlè m nan yon bagay.”

Mona, manman Sandra, di: “Mwen ta renmen chita pale ak Sandra sou sèks, men, li tèlman gen bagay l ap regle, li difisil pou nou jwenn yon moman pou nou pale.”

JODI A, gen imaj ak enfòmasyon sou sèks tout kote tankou nan televizyon, nan fim ak nan pankat yo fè reklam nan lari. Sanble se sèl paran ak pitit ki pa tèlman pale de sijè sa a. Michèl, yon jèn k ap viv Kanada, di: “Mwen ta renmen pou paran yo konnen ki jan nou menm jèn nou gen strès e nou jennen lè n ap pale avèk yo sou sèks. Li pi fasil pou n pale ak yon zanmi sou sa.”

Byen souvan, paran yo tou konn pa twò chofe pou yo pale ak pitit yo sou sèks. Men sa Debra W. Haffner, yon dam ki anseye moun sou kesyon ki gen rapò ak sante, di nan yon liv li ekri: “Anpil paran di m yo achte yon liv ki pale sou sèks oubyen ki pale sou lè timoun fòme bay pitit yo, yo kite liv la nan chanm timoun nan epi yo pa janm pale avè l sou sa ankò.” Debra Haffner di sa timoun nan konprann paran l vle di l sèke: “Nou vle w gen konesans sou kò w e nou vle w gen konesans sou sèks. Men, nou pa vle pale avè w sou sa.” — Beyond the Big Talk.

Si w se yon paran, ou pa ta dwe wè bagay yo konsa. An reyalite, li enpòtan anpil pou se ou menm ki pale ak pitit ou sou sèks. Men twa rezon ki fè sa:

  1. Fason monn nan wè sèks jodi a chanje. Men sa Jan, yon jèn gason ki gen 20 an, di: “Moun yo pa wè sèks sèlman kòm relasyon seksyèl ant mari ak madanm. Kounye a, gen sèks nan bouch, sèks nan dèyè, sèks sou Entènèt, e menm gen moun ki voye mesaj ak imaj ki gen rapò ak sèks nan telefòn selilè.”

  2. Li pwobab pou pitit ou tande enfòmasyon ki pa kòrèk sou sèks depi lè yo toupiti. Men sa yon manman ki rele Chela di: “Kou timoun yo kòmanse al lekòl, y ap tande pale de sèks, men se pa opinyon w ta renmen yo genyen sou sèks la y ap genyen.”

  3. Pitit ou yo gen kesyon sou sèks, men yo gendwa pa pale avè w sou sa. Ana, yon jèn fi ki gen 15 an k ap viv nan peyi Brezil, di: “Franchman, mwen pa konn ki pye pou m met devan pou m pale ak paran m sou sèks.”

Vrèmanvre, pale ak pitit ou sou sèks fè pati responsablite Bondye ba ou antanke paran (Efezyen 6:4). Se vre, ni ou menm ni pitit ou ka santi nou yon ti jan jennen pou n pale sou sèks. Men, anpil jèn dakò ak Kamèl, yon ti jèn fi ki gen 14 an, ki di: “Nou vle se paran nou ki pou pale avèk nou sou sèks, nou pa vle pou se pwofesè nou oswa pwogram sou televizyon ki ban nou enfòmasyon sou sa.” Kidonk, ki jan w ka pale ak pitit ou sou kesyon enpòtan sa a, byenke se yon kesyon ki ka fè w santi w jennen? *

Ba yo enfòmasyon mezi laj yo

Timoun yo kòmanse tande pale de sèks depi yo toupiti, amwenske yo pa gen kontak ak moun ditou. Sa k pi rèd la, nan “dènye jou” sa yo, moun ki mechan yo “vin pi mal toujou”. (2 Timote 3:1, 13.) Malerezman, anpil timoun viktim anba granmoun ki sèvi ak yo pou fè zak seksyèl ki sal.

Se sa k fè li vrèman enpòtan pou w kòmanse bay timoun ou edikasyon pandan yo toupiti. Men sa yon manman ki rele Renate k ap viv nan peyi Almay di: “Si w tann se lè yo prèske gen dis oswa douz an, yo ka pa vle pale avè w akoz difikilte yo vin genyen pou yo fè sa lè yo fòme.” Sekrè a se bay timoun yo enfòmasyon mezi laj yo.

Pou timoun ki nan kindègadenn:

Nan laj sa a, fè timoun yo konnen bon non ògàn seksyèl yo genyen, e di yo pèsonn pa gen dwa manyen pati sa yo. Men sa Julia, yon manman k ap viv Meksik, te di: “Mwen te kòmanse anseye ti gason m nan depi lè l te gen twazan. Piske m konnen pwofesè lekòl yo, moun k ap gade timoun yo, oswa lòt timoun ki pi gran yo kapab kòwonp pitit mwen an, sa te enkyete m anpil. Li te bezwen aprann pwoteje tèt li kont moun li pa konnen.”

MEN SA W KA FÈ: Anseye pitit ou pou l reponn yon fason ki fèm si yon moun ta eseye jwe ak ògàn seksyèl li. Pa egzanp, ou ka anseye pitit ou pou l reponn konsa: “Pa fè m sa! M pral pot plent pou ou!” Esplike timoun ou yo li toujou pi bon pou yo pote plent pou sa k pase a menmsi moun nan pwomèt l ap ba yo kado oswa li fè yo menas *.

Pou elèv primè yo:

Pwofite ane sa yo nan lavi pitit ou pou w ogmante kantite konesans yo genyen sou sèks tikras pa tikras. Men konsèy yon papa ki rele Peter te bay: “Anvan w pale ak timoun ou sou sèks, chèche wè ki sa yo deja konnen sou sa e si yo ta renmen konnen plis toujou. Pa fòse yo pale. L ap pi fasil pou yo pale avè w si w toujou pase tan avèk yo.”

MEN SA W KA FÈ: Toujou fè ti pale ak timoun ou detanzantan olye w chita pou w fè yon sèl gwo pale avèk yo (Detewonòm 6:6-9). Konsa, ou pap chaje tèt yo ak twòp enfòmasyon. Anplis, tank y ap grandi, ou kapab ba yo enfòmasyon yo bezwen selon nivo matirite yo.

Pou adolesan yo:

Nan peryòd sa a, ou bezwen asire w pitit ou a gen ase konesans sou kò l, li konprann dezi seksyèl li genyen yo e li konnen prensip Bondye yo sou sèks. Men sa Ana, ki gen 15 an, yo te pale de li anvan nan atik sa a, rakonte: “Ti gason ak tifi nan lekòl mwen yo deja nan relasyon seksyèl youn ak lòt. Antanke kretyèn, mwen panse mwen bezwen gen ase konesans sou sijè sa a. Menmsi moun ka santi yo jennen pou yo pale de sèks, se yon sijè mwen dwe gen enfòmasyon sou li *.”

Atansyon: Timoun ki adolesan yo ka pè poze paran yo kesyon paske yo pa vle pou paran yo panse yo nan sa k pa . Se sa yon papa ki rele Steven te vin konprann. Men sa l di: “Pitit gason nou an te yon ti jan renka pou l pale de sèks. Men annapre, nou te vin konprann se paske li te panse nou genlè panse li nan sa k pa sa. Nou te di l byen klè nou pa t pale avè l sou sèks paske nou gen dout sou li, men se paske nou te vle asire nou li gen ase konesans pou l defann tèt li kont move enfliyans.”

MEN SA W KA FÈ: Olye w poze pitit ou ki adolesan yon seri kesyon dirèkteman sou kèk bagay an patikilye ki gen rapò ak sèks, mande l ki sa elèv lekòl li yo panse sou kesyon an. Pa egzanp, ou ka mande l: “Anpil moun jodi a panse pa gen anyen ki mal nan fè sèks nan bouch. Èske se sa elèv lekòl ou yo panse tou?” Li pi fasil pou fòm kesyon endirèk sa yo fè pitit ou ki adolesan pale avè w san pwoblèm.

Menmsi w santi w jennen, pale ak pitit ou

Sa ka rive, antanke paran, ou santi pale ak pitit ou sou sèks se youn nan responsablite ki fè w pi jennen. Men, sa vo lapenn. Men sa Diane, yon manman, te di: “Tank tan ap pase, ou pap santi w jennen ankò, e lè w pale ak timoun ou sou sèks, sa kapab ede w gen pi bon relasyon avè l.” Steven, nou te pale de li pi wo a, dakò ak sa Diane di a. Li te di: “Li vin pi fasil pou nou pale sou bagay ki fè nou santi nou jennen tankou sèks si nou pran abitid pale an fanmi sou kèlkeswa sijè a. N ap toujou santi nou yon ti jan jennen, men bonjan kominikasyon esansyèl pou moun ki nan yon fanmi kretyen gen bon relasyon youn ak lòt.”

^ § 3 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

^ § 11 Atik sa a montre enpòtans pou w pale ak pitit ou sou sèks. Nan yon lòt atik ki gen pou parèt nan ribrik sa a, n ap gen pou n pale sou fason pou w bay pitit ou prensip moral lè w ap pale avèk yo sou sèks.

^ § 16 Gade liv Koute gran Anseyan an nan paj 171. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 19 Pou w ka pale ak pitit ou ki adolesan sou sèks, itilize chapit 1-5, 28, 29 ak chapit 33 nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2 a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

POZE TÈT OU KESYON SA YO

Men kèk kòmantè kèk jèn sou tout tè a fè. Li yo epi poze tèt ou kesyon ki akonpaye kòmantè yo.

“Paran m mande m li atik ki pale sou sèks lèfini pou m pale avèk yo sou atik sa yo si m gen kesyon. Men, mwen t ap pi pito si yo te pale avè m plis sou sa.” — Ana, Brezil.

Poukisa w panse li enpòtan pou w fè plis pase annik bay pitit ou enfòmasyon pou l li ki pale sou sèks?

“Mwen tèlman tande pale de pratik seksyèl ki dwòl, mwen pa panse papa m konn anyen sou pratik sa yo. Li t ap sezi si m ta poze l kesyon sou bagay sa yo.” — Ken, Kanada.

Poukisa pitit ou kapab pè pale avè w sou kèk bagay ki nan lespri l?

“Lè m te resi jwenn kouraj pou m poze paran m yon kesyon sou sèks, yo te reponn mwen, ‘Poukisa w poze kesyon sa a? Èske gen yon bagay ki rive?’ Men, jan yo te reponn mwen an te fè m santi se akize yo t ap akize m.” — Masami, Japon.

Lè pitit ou poze w yon kesyon sou sèks, ki jan reyaksyon w ka fè swa li pi fasil pou l pale avè w sou sa ankò swa li pi difisil pou l fè sa?

“Mwen t ap santi m pi alèz si paran m fè m konnen lè yo te gen laj mwen yo te konn poze menm kesyon yo [sou sèks] e si yo fè m konnen li nòmal pou m poze kesyon sa yo tou.” — Lisette, Frans.

Ki jan w ka met pitit ou alèz yon fason pou l pa pè pale avè w sou sèks?

“Manman m konn poze m kesyon sou sèks, men li fè sa ak yon ton vwa ki agreyab. Mwen santi sa enpòtan, konsa pitit yo pa santi kòmsi se jije y ap jije yo.” — Gerald, Frans.

Ki ton vwa w pran lè w ap pale ak pitit ou sou sèks? Èske w bezwen fè chanjman nan domèn sa a?