Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki jan nou kapab chwazi bon zanmi?

Ki jan nou kapab chwazi bon zanmi?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Poukisa nou dwe byen chwazi moun n ap fè zanmi?

Pifò moun ta renmen lòt moun aksepte yo. Byen souvan, dezi sa a fè nou imite moun ki bò kote nou. Donk, moun ki zanmi nou gen yon gwo enfliyans sou atitid k ap devlope nan kè nou. Se poutèt sa, moun nou chwazi kòm zanmi kapab enfliyanse kalite moun n ap ye. — Li Pwovèb 4:23; 13:20.

David, youn nan moun Bondye te enspire pou ekri Bib la, te chwazi zanmi l avèk sajès. Li te fè zanmi ak moun ki te ede l kenbe entegrite l antanke sèvitè Bondye (Sòm 26:4, 5, 11, 12). Pa egzanp, David te kontan fè zanmi ak Yonatàn paske Yonatàn te ankouraje l met konfyans li nan Jewova. — Li 1 Samyèl 23:16-18.

2. Ki jan w ka zanmi Bondye?

Byenke Jewova toupisan, nou kapab vin zanmi l. Pa egzanp, Abraram te vin zanmi Bondye. Abraram te fè Jewova konfyans e li te obeyi l, se sa k fè Jewova te konsidere l kòm zanmi l (Jenèz 22:2, 9-12; Jak 2:21-23). Si nou fè Jewova konfyans e si nou fè sa l mande nou fè, nou menm tou nou kapab vin zanmi l. — Li Sòm 15:1, 2.

3. Ki byenfè w ka jwenn lè w gen bon zanmi?

Yon vrè zanmi se yon moun ki fidèl e ki ede nou fè sa ki byen (Pwovèb 17:17; 18:24). Pa egzanp, byenke l pwobab pou Yonatàn te gen 30 an anplis David e byenke se li menm nòmalman ki te dwe vin wa ann Izrayèl, li te soutni David antanke moun Bondye chwazi pou vin wa. Yon vrè zanmi tou se yon moun ki gen kouraj pou l korije nou si l wè nou pa aji ak bonsans (Sòm 141:5). Lè nou fè zanmi ak moun ki renmen Bondye, sa ap ede nou vin gen bon abitid. — Li 1 Korentyen 15:33.

Nou ka rankontre moun ki renmen sa ki byen menm jan avèk nou nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Nan Sal la, n ap jwenn zanmi k ap ankouraje nou nan efò n ap fè pou n fè Bondye plezi. — Li Ebre 10:24, 25.

Men, menmsi zanmi nou yo se moun ki renmen Bondye, yo kapab desevwa nou pafwa. Pinga nou kouri fache lè yo fè yon bagay ki pa bon (Eklezyas 7:9, 20-22). Sonje, pa gen okenn zanmi ki pafè e zanmi nou genyen ki renmen Bondye yo se moun ki gen valè pou nou. Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou pase sou fot kretyen parèy nou yo fè. — Li Kolosyen 3:13.

4. E si gen “zanmi” w ki opoze avè w?

Gen anpil moun ki konn gen kèk nan moun ki zanmi yo depi lontan ki opoze avèk yo lè yo kòmanse jwenn èd pou yo konprann Pawòl Bondye a. Petèt zanmi sa yo pa konprann konsèy nou jwenn nan Bib la se konsèy ki pratik oswa yo pa konprann esperans li fè nou genyen an se bonjan esperans. Petèt nou kapab ede yo. — Li Kolosyen 4:6.

Nan kèk lòt ka, gen “zanmi” ki kapab pase bon nouvèl ki nan Pawòl Bondye a nan rizib (2 Pyè 3:3, 4). Gen lòt ki ka pase nou nan rizib paske n ap fè efò pou n fè sa ki byen (1 Pyè 4:4). Si sa rive, nou ka bezwen chwazi swa rete zanmi moun sa yo swa rete zanmi Bondye. Si nou chwazi rete zanmi Bondye, n ap chwazi gen pi bon zanmi yon moun ka genyen. — Li Jak 4:4, 8.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 12 ak chapit 19 liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.