Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske nou ka konprann Bib la vre?

Labib se Pawòl Bondye. Li tankou yon lèt yon bon papa voye bay pitit li (2 Timote 3:16). Nan Bib la, Bondye fè nou konnen sa nou dwe fè pou nou fè l plezi, rezon ki fè Li pèmèt mechanste e sa Li pral fè pou limanite alavni. Men, gen chèf relijye ki tòde sa Bib la anseye. Kòm rezilta, anpil moun vin dekouraje paske yo panse yo pap janm rive konprann sa k nan Bib la. — Travay 20:29, 30.

Jewova Dye vle nou konnen laverite sou li. Se pou rezon sa a, li ban nou yon liv nou ka konprann. — Li 1 Timote 2:3, 4.

Kòman nou ka rive konprann Bib la?

Jewova pa sèlman ban nou Bib la, men Li ede nou konprann li tou. Li te voye Jezi pou ede nou konprann Ekriti yo (Lik 4:16-21). Jezi te konn sèvi ak plizyè vèsè pou l ede moun ki te konn koute l yo konprann Ekriti yo. — Li Lik 24:27, 32, 45.

Jezi te mete kongregasyon kretyen an sou pye dekwa pou travay li te kòmanse a te ka kontinye (Matye 28:19, 20). Jodi a, moun k ap suiv Jezi toutbon yo ede lòt moun konprann sa Bib la anseye sou Bondye. Si w ta renmen rive konprann Bib la, Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w. — Li Travay 8:30, 31.