Èske lang nou pale yo te vin egziste lè yo t ap fè “Tou Babèl” la?
“Se konsa [Jewova] gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la [Jewova] te mele lang tout moun ki rete sou latè.” — Jenèz 11:8, 9.
ÈSKE evènman sa a yo rapòte nan Bib la te fèt vre? Èske se yon sèl kou moun yo te kòmanse pale lòt lang? Gen kèk moun ki pa dakò ak istwa Bib la rapòte sou fason lèzòm te kòmanse pale lòt lang ak sou fason moun te rive gaye sou tout tè a. Gen yon ekriven ki di: “Istwa konsènan Tou Babèl la, ki se yon lejann, se youn nan istwa yo rakonte ki pi enposib pou moun kwè.” Menm yon chèf relijye Juif rele istwa sa a yon “tantativ moun ki nayif fè pou yo esplike ki kote tout nasyon soti.”
Poukisa gen moun ki pa kwè istwa sa a? Tou senpleman paske li kontredi kèk teyori moun bay sou kote lang nou pale yo soti. Pa egzanp, gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen, divès lang moun pale yo pa t parèt yon sèl kou men yo te devlope ofiramezi apati yon sèl “lang ki te la depi okòmansman”. Gen lòt moun ki kwè te gen plizyè lang ki te egziste depi okòmansman e yo devlope yon fason endepandan. Lang sa yo pwogrese, yo soti nan stad kote moun ap mamòte pou yo pale, yo rive nan stad kote moun pale yon lang ki gen anpil règ gramè. Teyori sa yo ak lòt ankò ki lage moun nan konfizyon fè anpil moun dakò ak pawòl sa yo pwofesè W. Tecumseh Fitch te ekri nan yon liv: “Nou poko jwenn repons ki konvenk nou nèt.” — The Evolution of Language.
Ki sa akeyològ yo ak moun k ap fè rechèch yo di sou orijin lang moun pale yo ak sou fason lang sa yo devlope? Èske rezilta rechèch yo fè yo kore teyori moun yo bay yo? Oubyen èske yo kore istwa konsènan Tou Babèl la? Pou kòmanse ann egzamine istwa Bib la rapòte a pi byen toujou.
KI KOTE SA TE PASE EPI KI LÈ?
Bib la di se “nan peyi Chenea” Bondye te konfonn lang moun yo e li te gaye yo toupatou. Kèk tan apre, yo te vin rele zòn nan sa a Babiloni (Jenèz 11:2). Ki lè sa te pase? Bib la di, nan epòk Pelèg, “moun sou latè te divize youn ak lòt”. Pelèg te fèt anviwon 250 an anvan Abraram. Kidonk, li klè evènman sa a gen 4 200 an depi l te pase. — Jenèz 10:25; 11:18-26.
Gen kèk moun ki fè rechèch ki panse tout lang moun pale jodi a soti nan yon sèl lang orijinal yo rele l lang ki te la depi okòmansman an. Se yon lang yo panse lèzòm te konn pale sa gen prèske 100 000 an *. Gen lòt moun ki fè konnen lang moun pale jodi a soti nan plizyè lang orijinal, yon seri lang moun te konn pale sa gen omwen 6 000 an. Men, ki sa moun ki fè rechèch sou lang moun pale yo di sou fason lang moun pa pale ankò yo te devlope? Gen yon jounal ki di “se yon bagay ki difisil pou moun konnen. Kontrèman ak byolojis yo, moun ki fè rechèch sou lang moun pale yo, pa gen fosil ki pou gide yo nan rechèch y ap fè sou sa k te pase nan tan lontan”. Jounal la ajoute pou yon moun ki fè rechèch sou lang moun pale rive abouti ak rezilta li jwenn nan se “kalkil matematik li fè ki baze sou sipozisyon”. — The Economist.
Sepandan, gen “fosil ki ka ede moun k ap fè rechèch sou lang moun pale yo”. Ki fosil sa yo? E ki sa yo revele sou orijin lang moun pale yo? Men esplikasyon yon ansiklopedi bay: “Premye bagay yo te jwenn ki gen enfòmasyon yo ekri nan yon lang moun te pale, sèl fosil moun ka espere genyen, pa la pi lontan pase 4 000 an oswa 5 000 an.” (The New Encyclopædia Britannica). Ki kote akeyològ yo te jwenn “fosil” sa yo oubyen “bagay ki gen enfòmasyon yo ekri nan yon lang moun te pale lontan”? Yo te jwenn yo nan Mezopotami, kote ansyen zòn Chenea * te ye a. Pakonsekan, prèv vizib ki disponib lan kore istwa yo rakonte nan Bib la.
LANG DIFERAN, PANSE DIFERAN
Bib la fè konnen lè moun yo t ap fè Tou Babèl la, Bondye te ‘mele lang yo, konsa youn pa t ka konprann sa lòt ap di’. (Jenèz 11:7.) Kòm rezilta, moun ki t ap fè konstriksyon an te “sispann bati lavil” Babèl la e Bondye te gaye yo “toupatou sou latè”. (Jenèz 11:8, 9.) Kidonk, Bib la pa di tout lang moun pale jodi a soti nan yon sèl “lang ki te la depi okòmansman”. Okontrè, li di se yon sèl kou plizyè nouvo lang te parèt e moun yo te ka eksprime santiman yo, panse yo, nan chak lang sa yo ki te byen devlope, byenke youn te diferan parapò ak lòt.
Ki sa nou ka di sou lang diferan gwoup moun pale nan monn nan jodi a? Èske yo sanble sou tout aspè oubyen èske yo diferan? Men sa Lera Boroditsky, yon espesyalis nan domèn nan, te ekri: “Etandone moun ki fè rechèch sou lang moun pale yo te fouye fon nan etid yo fè sou diferan lang ki egziste nan monn nan (gen anviwon 7 000 lang, men se yon ti kantite sèlman yo te egzamine), yo jwenn anpil diferans, yon seri diferans yo pa t ka prevwa.” Wi, byenke yon seri lang ak dyalèk ki soti nan menm fanmi ka sanble youn ak lòt, tankou kantonè ak aka, lang yo pale nan sid peyi Lachin, yo pa sanble ditou ak kèk lòt lang ki soti nan yon lòt fanmi, tankou katalan oubyen valansyen, yon lang yo pale nan yon zòn ann Espay.
Lang moun pale enfliyanse fason moun panse ak fason yo dekri bagay ki ozalantou yo, tankou koulè, kantite, zòn, direksyon. Pa egzanp, nan yon lang yon moun ka di, “ou gen yon ti bèt sou men dwat ou”. Poutan, nan yon lòt lang, yon moun ka di, “ou gen yon ti bèt sou men ki bay sou sidwès la”. Jan de diferans sa yo ta ka lage moun nan konfizyon. Se pa etonan dèske moun ki t ap konstwi Tou Babèl yo te twouve sa enposib pou yo kontinye pwojè yo a.
YO TE MAMÒTE OUBYEN YO TE PALE YON LANG KI GEN ANPIL RÈG GRAMÈ?
Ak ki sa lang lèzòm te pale okòmansman an te sanble? Labib di, premye moun ki te egziste a, Adan, te envante nouvo mo pou l te ka bay tout bèt yo non (Jenèz 2:20). Anplis de sa, Adan te fè powèm pou l eksprime santiman l pou madanm li. Madanm li te esplike lòd Bondye te ba yo a byen klè e li te di ki konsekans sa t ap genyen si yo dezobeyi Bondye (Jenèz 2:23; 3:1-3). Donk, premye lang ki te egziste a te pèmèt lèzòm pale byen alèz e yo te ka eksprime santiman yo toutpandan yo t ap fè nouvo mo.
Lefètke te gen konfizyon nan lang moun yo te pale lè yo t ap fè Tou Babèl la, sa te bloke kapasite yo genyen pou yo mete entèlijans yo ak fòs yo ansanm pou yo reyalize pwojè a. Sepandan, nouvo lang yo te vin pale yo te gen anpil règ gramè menm jan ak premye lang yo te pale a. Nan kèk syèk sèlman, lèzòm te bati plizyè vil ki chaje aktivite, yo te fòme lame ki te pisan anpil, e yo te konn fè komès entènasyonal (Jenèz 13:12; 14:1-11; 37:25). Èske yo te ka fè tout pwogrè sa yo si yo pa t konn itilize lang ki gen anpil mo nan vokabilè yo e ki gen règ gramè? Selon Labib, lè moun yo t ap pale, se pa mamòte yo te konn mamòte ni premye lang moun te pale a ni lòt lang moun yo te vin pale lè yo t ap fè Tou Babèl la, men yo te pale yon lang ki te gen anpil mo e ki te gen anpil règ gramè.
Rechèch moun fè jodi a kore konklizyon sa a. Gen yon ansiklopedi ki di: “Tout kilti yo fè rechèch sou yo, kèlkeswa jan moun yo ‘pa ta eklere’ nan domèn kiltirèl, yo gen yon lang ki byen devlope, yon lang ki gen anpil règ gramè menm jan ak lang yo pale nan peyi yo di ki ‘sivilize yo’.” (The Cambridge Encyclopedia of Language). Nan menm sans lan, men sa Steven Pinker, yon pwofesè nan inivèsite Havard, ekri nan yon liv: “Pa gen okenn lang moun pale ki yon lang sou devlope.” — The Language Instinct.
SA K PRAL RIVE LANG MOUN PALE YO
Apre nou fin wè kantite ane “fosil” yo te dekouvri yo genyen, kote yo soti, gwo diferans ki egziste nan lang divès gwoup moun pale epi jan ansyen lang moun te konn pale yo te gen anpil règ gramè, ak ki konklizyon rezonab nou ka abouti? Anpil moun di, nou ka fè istwa Bib la rapòte sou vil Babèl la yon konfyans total.
Bib la fè konnen, Jewova Dye te konfonn lang moun ki t ap konstwi Tou Babèl yo paske yo te rebele kont li (Jenèz 11:4-7). Sepandan, men pwomès Jewova fè nou: “M ap chanje lang pèp yo pale, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, dekwa pou yo ka sèvi l kòtakòt.” (Sefànya 3:9, NW). “Lang pwòp” sa a, sa vle di laverite ki sot nan Pawòl Bondye a, rasanble moun ki soti nan lemonnantye, yo fòme yon sèl pèp. Li nòmal pou nou kwè Bondye pral ini tout limanite alavni, l ap fè yo pale yon sèl lang, konsa l ap retire konfizyon ki genyen depi lè moun yo t ap fè Tou Babèl la.
^ § 8 Byen souvan, teyori moun yo bay konsènan lang moun pale yo fè konprann se evolye lòm te evolye, sa vle di yo soti nan makak. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade paj 27-29 nan bwochi, Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie, se Temwen Jewova ki pibliye l.
^ § 9 Nan zòn Chenea, gen akeyològ ki te detere plizyè zigoura, sa vle di tanp ki gen fòm tou an piramid. Bib la di moun ki t ap konstwi Tou Babèl yo te sèvi ak brik yo pa t sèvi ak wòch, epi kòm mòtye, yo te itilize yon bagay ki tankou asfat yo rele bitim (Jenèz 11:3, 4). Gen yon ansiklopedi ki di, nan peyi Mezopotami, “wòch se yon bagay ki te ra anpil oubyen pa t gen wòch ditou”, poutan, te gen anpil bitim nan peyi a. — The New Encyclopædia Britannica.