Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU PWOCHE BÒ KOTE BONDYE

“Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”

“Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”

Èske efò sèvitè Jewova yo ap fè pou yo fè Jewova plezi gen enpòtans nan je l? Gen moun ki ka di non. Yo ka di Bondye pa enterese nan nou. Men moun ki di pawòl sa yo fè moun gen yon move opinyon sou Bondye. Pawòl li a, Labib, di nou laverite. Li fè nou konnen ki moun Bondye ye toutbonvre. Li asire nou Jewova apresye efò sèvitè fidèl li yo fè. Ann egzamine pawòl apot Pòt te di nan Ebre 11:6.

Ki sa nou bezwen genyen pou nou fè Bondye plezi? Apot Pòl di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” N ap remake, apot Pòl pa di san lafwa li difisil pou yon moun fè Bondye plezi. Men, apot Pòl di san lafwa li enposib pou yon moun fè Bondye plezi. Sa vle di, li esansyèl pou yon moun gen lafwa si l vle fè Bondye plezi.

Ki kalite lafwa yon moun bezwen genyen pou l fè Bondye plezi? Lafwa nou gen nan Bondye a mande pou n fè de bagay. Premyèman, nou dwe “kwè li egziste”. Gen lòt tradiksyon Labib ki di nou dwe “kwè Bondye reyèl”, nou dwe “kwè gen yon Bondye”. Ki jan nou ka fè Bondye plezi si nou pa kwè li egziste? Men, vrè lafwa a vle di plis pase annik kwè Bondye egziste, paske menm demon yo kwè Jewova egziste (Jak 2:19). Si nou kwè Bondye reyèl, sa ap pouse nou aji, sa vle di, n ap montre nou gen lafwa lè nou viv yon fason ki fè Bondye plezi. — Jak 2:20, 26.

Dezyèmman, nou “dwe kwè” Bondye se “sila a ki rekonpanse moun”. Yon moun ki gen vrè lafwa a ap gen fèm konviksyon efò l ap fè pou l viv yon fason ki fè Bondye plezi yo pa anven (1 Korentyen 15:58). Ki jan nou ka fè Jewova plezi si nou gen dout sou kapasite l ak sou anvi li genyen pou l rekonpanse nou (Jak 1:17; 1 Pyè 5:7)? Yon moun ki panse Bondye ensousyan, Bondye pa konn apresye sa moun fè e Bondye pa renmen bay, pa konnen Bondye Bib la pale de li a.

Ki moun Jewova rekonpanse? Pòl di se “moun k ap chèche l toutbonvre”. Gen yon diksyonè biblik yo fè pou moun k ap tradui Labib ki di, mo grèk lè yo tradui l ki bay ekspresyon “moun k ap chèche l toutbonvre” a pa vle di “soti pou w jwenn” men li vle di vin jwenn Bondye pou w “adore” l. Gen yon lòt diksyonè biblik ki esplike, vèb grèk sa a yo itilize l nan yon fòm ki mete aksan sou kantite efò yon moun dwe fè ak kokenn efò li dwe fè. Wi, Jewova rekonpanse moun ki kite lafwa yo pouse yo adore l ak yon kè ki chaje lanmou e yo fè sa avèk zèl. — Matye 22:37.

Ki jan nou ka fè Jewova plezi si nou gen dout sou kapasite l ak sou anvi li genyen pou l rekonpanse nou?

Kòman Jewova rekonpanse sèvitè li yo ki fidèl? Li pwomèt yo yon bèl avni, li pral ba yo lavi etènèl nan paradi sou tè a. Sa montre jan li renmen bay e jan l renmen yo anpil (Revelasyon 21:3, 4). Menm depi kounye a, moun ki chèche Jewova toutbon yo jwenn anpil benediksyon. Grasa èd lespri sen e grasa sajès ki soti nan Bib la, yo mennen yon vi ki ba yo satisfaksyon e ki pwofitab pou yo. — Sòm 144:15; Matye 5:3.

Vrèmanvre, Jewova se yon Bondye ki konn apresye sa moun fè e ki renmen adorasyon sèvitè l yo ki devwe ap ba li avèk fidelite. Lefètke w konn sa, èske sa pa fè w anvi vin pi pwòch li? Si repons lan se wi, nou ankouraje w aprann plis bagay sou fason ou ka demontre kalite lafwa k ap fè Jewova rekonpanse w anpil la.

Lekti Labib ou ka fè pou novanm

Tit 1-3; Filemon 1-25; Ebre 1-13Jak 1-5