Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye dakò ak mouvman ekimenik?

Èske Bondye dakò ak mouvman ekimenik?

Yo te poze moun ki konn li yon jounal kesyon sa a: “Èske relijyon fè nou ini oswa l divize nou?” Pami moun ki te reponn yo, pifò nan yo, anviwon 89 pousan, te fè konnen relijyon divize nou. — The Sydney Morning Herald.

SEPANDAN, moun k ap soutni mouvman ekimenik yo pa panse menm jan ak moun sa yo. Men sa Eboo Patel, fondatè yon òganizasyon ekimenik te di: “Di m yon relijyon ou konnen kote moun pa gen konpasyon pou moun [...], kote yo pa ankouraje moun pwoteje anviwònman an [...], e kote yo pa enterese nan akeyi moun.” — Interfaith Youth Core.

An reyalite, Boudis, Katolik, Potestan, Endou, Mizilman ak lòt relijyon ankò konn met tèt ansanm pou yo lite kont povrete, yo fè kanpay pou yo defann dwa moun, pou yo entèdi moun mete bonm ki ka eksploze anba tè, oswa pou atire atansyon moun sou kèk pwoblèm anviwònman. Gen plizyè relijyon ki met ansanm pou yo pale sou fason pou youn rive konprann lòt ak fason pou youn ankouraje lòt. Yo òganize seremoni kote yo limen balèn, yo fè fèt, yo pase mizik, yo priye e yo fè lòt bagay ankò pou yo selebre diferans yo genyen.

Lè relijyon mele ansanm, èske sa ap ede yo rezoud pwoblèm kwayans yo genyen? Èske se mouvman ekimenik Bondye ap itilize pou l fè monn nan vin pi bon?

JIS NAN KI PWEN YO INI VRE?

Gen youn nan pi gwo òganizasyon ekimenik yo k ap vante tèt li paske li gen manm ki soti nan plis pase 200 relijyon e li aktif nan 76 peyi. Objektif òganizasyon sa a se “ankouraje moun ki soti nan divès relijyon pou yo kowopere youn ak lòt chak jou, yon fason k ap dire.” Men, se yon bagay ki pi fasil pou moun di pase pou yo rive fè l. Pa egzanp, fondatè òganizasyon sa a di yo dwe byen chwazi mo y ap itilize lè y ap fè lwa pou òganizasyon an yon fason pou yo pa ofanse moun ki gen divès kwayans e ki soti nan divès kominote endijèn ki siyen dokiman sa a. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske te gen diskisyon sou kesyon èske yo dwe mete Bondye nan lwa òganizasyon an oswa èske yo pa dwe mete l. Konsa, yo te evite fè referans ak Bondye oswa mansyone l nan kèlkeswa sa yo t ap fè.

Si yo mete Bondye sou kote, ki wòl lafwa jwe nan ka sa a? Mete sou sa, ki jan yon mouvman konsa ka fè diferan ak òganizasyon k ap fè charite yo oswa ak òganizasyon imanitè yo? Pou rezon sa a, òganizasyon nou te pale de li pi wo a pa dekri tèt li kòm yon òganizasyon relijye, men pito kòm “yon òganizasyon k ap ankouraje moun kowopere youn ak lòt”.

ÈSKE L SIFI POU YO ANKOURAJE MOUN FÈ BYEN?

Dalai Lama se yon gwo patizan mouvman ekimenik anpil moun byen konnen. Men sa l di: “Tout gwo tradisyon relijyon yo genyen transmèt prèske menm mesaj la ki se: lanmou, konpasyon ak padon.” Men sa li ajoute: “Sa ki enpòtan sèke kalite sa yo dwe fè pati lavi n ap mennen chak jou.”

Se vre, moun pap janm ensiste twòp sou enpòtans kalite tankou lanmou, konpasyon ak padon genyen. Men yon prensip enpòtan Jezi te bay: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” ​(Matye 7:12). Men, lè moun annik ankouraje lòt moun fè sa k byen, èske sa vle di yo gen vrè lafwa a pou sa?

Men sa Pòl te di konsènan moun nan epòk li a ki te fè konnen yo t ap sèvi Bondye: “Men temwayaj m ap bay sou yo: yo chofe pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la.” Ki kote pwoblèm nan te ye? Pòl te di piske yo ‘pa t konnen sou ki baz Bondye konsidere yon moun jis, yo t ap chèche montre yo jis nan jan pa yo’. (Women 10:2, 3.) Lefètke yo te manke konesans sou sa Bondye te vle yo fè, ni zèl yo te genyen ni lafwa yo pa t itil anyen vre. — Matye 7:21-23.

PWENNVI BIB LA SOU MOUVMAN EKIMENIK

Men sa Jezi te di: “Byennere moun ki renmen fè lapè.” ​(Matye 5:9). Jezi te konn pratike sa l t ap preche yo lè l te ankouraje moun yo pou yo pa fè vyolans, e mesaj li a se te yon mesaj lapè pou moun ki nan tout kalite relijyon (Matye 26:52). Moun ki te byen reyaji yo te gen yon lanmou ki ini yo yon fason ki san fay (Kolosyen 3:14). Men, èske objektif Jezi se te annik ankouraje moun tout kalite relijyon pou yo kowopere youn ak lòt dekwa pou yo ka viv anpè youn ak lòt? Èske l te mele ak relijyon sa yo pou l te ka adore Bondye ansanm ak yo?

Chèf relijye ki te fè pati sèk Farizyen ak sèk Sadiseyen yo te vrèman opoze ak Jezi, yo te menm ap chèche touye l. Ki jan Jezi te reyaji? Men enstriksyon Jezi te bay disip li yo: “Kite yo. Se yon bann gid je pete.” ​(Matye 15:14). Jezi te refize mele nan aktivite moun ki nan relijyon sa yo t ap fè.

Yon ti tan apre, gen yon kongregasyon ki te vin fòme nan vil Korent, nan peyi Lagrès. Pifò moun te konnen Korent se yon vil kote moun yo te gen tout kalite kilti ak tout kalite relijyon. Ki jan kretyen yo t ap konpòte yo nan yon anviwònman konsa? Men sa apot Pòl te ekri yo: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan.” Pou ki rezon? Men rezònman Pòl te fè: “Ki amoni ki genyen ant Kris ak Belyal? Oswa ki sa yon moun ki kwayan gen pou l wè ak yon moun ki pa kwayan?” Apre sa, li te ba yo konsèy sa a: “Se poutèt sa, soti nan mitan yo, mete nou apa.” — 2 Korentyen 6:14, 15, 17.

Bib la pale aklè kont mouvman ekimenik. Men ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki fason n ap rive gen vrè inite a.’

FONDMAN VRÈ INITE A

Stasyon spasyal entènasyonal la se yon mèvèy nan domèn teknoloji. Se 15 nasyon ki te met tèt yo ansanm pou yo rive fè aparèy sa a k ap fè wonn tè a. Èske w panse nasyon sa yo t ap janm rive reyalize pwojè sa a si yo pa t antann yo sou plan y ap itilize?

Anfèt, se nan yon sitiyasyon konsa mouvman ekimenik lan twouve l. Menmsi y ap ankouraje moun kowopere youn ak lòt, pou youn respekte lòt, men yo pa rive dakò sou plan y ap itilize pou yo bati lafwa moun. Kòm rezilta, mouvman an toujou divize sou kesyon moral ak sou kesyon doktrin.

Nan Bib la, nou jwenn prensip Bondye yo, e prensip sa yo tankou yon plan. Nou ka bati lavi nou sou sa Bib la di. Moun ki fè sa Bib la di rive venk prejije moun genyen kont ras, kont relijyon, e yo aprann travay ansanm nan lapè ak inite. Nan sans sa a, men sa Bondye te deklare: “M ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, dekwa pou yo ka sèvi l kòtakòt.” Se “lang pwòp” la, sa vle di prensip Bondye bay sou fason pou n adore l, ki pèmèt moun gen inite nan mitan yo. — Sefànya 3:9, NW; Izayi 2:2-4.

Temwen Jewova yo kontan envite w nan Sal Wayòm ki toupre lakay ou pou w ka wè jan lapè ak inite yo gen nan mitan yo a estrawòdinè. — Sòm 133:1.