Yo te fè konnen Pawòl Bondye a ann Espay nan mwayennaj la
“Sa m plis swete, se pou m wè nou lè mwen va nan wout pou m al ann Espay, e apre m fin pwofite konpayi nou pou yon ti tan, pou nou akonpaye m mete m nan wout.” — Women 15:24.
APOT Pòl te ekri kretyen ki nan vil Wòm yo pawòl sa yo ozanviwon ane 56 epòk nou an. Bib la pa di si Pòl t al ann Espay vre. Sepandan, grasa efò Pòl ak lòt kretyen misyonè yo te fè, bon nouvèl nou jwenn nan Bib la, Pawòl Bondye a, te rive ann Espay nan dezyèm syèk epòk nou an.
Yon ti tan apre, kominote kretyen yo te kòmanse devlope, e chak jou yo te vin pi plis ann Espay. Se poutèt sa, moun ki t ap viv ann Espay yo te vin bezwen pou yo tradui Bib la nan lang laten. Rezon ki te fè sa se paske pandan dezyèm syèk la, Espay te anba dominasyon Anpi women an e sa te lakòz lang laten an te vin lang ki te pi popilè nan tout anpi a, yon anpi ki te gwo anpil.
BIB AN LATEN YO TE SATISFÈ BEZWEN MOUN YO
Premye kretyen espayòl yo te pwodui plizyè tradiksyon Bib an laten, e yo te rele tradiksyon sa yo Vetus Latina Hispana. Bib sa yo te gaye toupatou ann Espay pandan anpil ane anvan Jewòm te fini tradiksyon laten ki rele Vilgat la, yon tradiksyon anpil moun te byen konnen nan kòmansman senkyèm syèk epòk nou an.
Tradiksyon Jewòm te fè a te gaye byen vit ann Espay. Se yon tradiksyon li te fin fè nan vil Betleyèm nan Palestin. Lè Lousiniyous, yon etidyan Labib ki te rich anpil, te aprann Jewòm t ap prepare yon tradiksyon an laten, li te vle gen kopi nouvo tradiksyon sa a osito sa posib. Li te voye sis skrib al Betleyèm pou yo kopye tèks la epi pou yo tounen ann Espay avè l. Nan syèk ki te vin apre yo, tikras pa tikras, Vilgat la te vin pi popilè pase Vetus Latina Hispana a. Tradiksyon sa yo ki te an laten te pèmèt moun ki t ap viv ann Espay yo li Bib la e li te pèmèt yo konprann mesaj ki ladan l lan. Men, tank anpi women an t ap rive nan fen l, se tank te vin gen bezwen nan lòt lang.
YO TE EKRI BIB LA SOU ADWAZ
Nan senkyèm syèk la, Wizigòt yo ansanm ak kèk lòt tribi alman te anvayi Espay, konsa te gen yon nouvo lang ki rele gotik ki te parèt sou penensil sa a. Anvayisè yo te pratike yon fòm krisyanis yo rele aryanis, e yo te rejte doktrin trinite a. Anplis de sa, yo te vin ak pwòp tradiksyon Labib yo, yo te rele l Oulfilas, ki te nan lang gotik la. Yo te sèvi ak Bib sa a jis nan fen sizyèm syèk lè Rekarèd, wa Wizigòt la, te vin katolik. Konsa, li te renonse ak aryanis lan. Li te fè sanble tout liv aryanis yo e li te fè detwi yo. Kòm rezilta, tout tèks gotik yo te disparèt nan peyi Espay.
Malgre sa, Pawòl Bondye a te kontinye gaye ann Espay pandan peryòd sa a. Apa lang gotik la, te gen yon dyalèk laten anpil moun te pale ann Espay. Annapre, dyalèk sa a te vin bay yon seri lang women yo pale nan penensil Iberik la *. Yo rele dokiman ki pi ansyen yo gen nan dyalèk laten sa a adwaz wizigotik paske yo te ekri dokiman sa yo sou moso adwaz. Yo egziste depi nan sizyèm syèk ak setyèm syèk la, e gen kèk nan yo ki gen kèk vèsè nou jwenn nan liv Sòm nan ak nan Evanjil yo. Gen yon moso adwaz ki gen tout Sòm 16 la ekri sou li.
Lefètke nou jwenn kèk vèsè nan Bib la sou moso adwaz sa yo, sa montre moun nan epòk sa a te konn li Pawòl Bondye a e yo te konn kopye l. Sanble, pwofesè yo te konn sèvi ak tèks biblik sa yo kòm egzèsis yo te konn bay elèv ki t ap aprann li ak ekri yo fè. Adwaz se yon bagay moun te konn itilize pou yo ekri e li pa t koute chè kontrèman ak pachemen ki koute byen chè mwàn nan epòk mwayennaj la te konn itilize pou yo fè Bib ki gen imaj.
Nou ka jwenn youn nan Bib ki gen imaj sa yo, yon Bib ki gen anpil valè, nan legliz San Isidoro ki nan vil León, ann Espay. Bib sa a la depi ane 960 epòk nou an e li gen 516 fèy. Li mezire 47 santimèt longè, 34 santimèt lajè e li peze anviwon 18 kilogram. Gen yon lòt Bib ki rele Bib Ripòl, nou ka jwenn li nan bibliyotèk Vatikan an. Li egziste ozanviwon ane 1020 epòk nou an. Se youn nan Bib ki gen plis imaj ki te egziste nan epòk mwayennaj la. Pou yo te rive fè bèl travay sa yo, yon mwàn te ka pase tout yon jounen ap fè yon sèl lèt, oswa l te ka fè tout yon semèn pou l prepare tit pou yon paj. Sepandan, kèlkeswa valè Bib sa yo genyen, yo pa t vrèman kontribye pou gaye mesaj ki nan Pawòl Bondye a pami moun yo.
BIB LA ANN ARAB
Bò uityèm syèk la, akoz Mizilman yo te anvayi penensil la, te gen yon lòt lang ki te parèt ann Espay. Nan zòn kote Mizilman yo te anvayi yo, lang arab la te pran pye sou lang laten an e sa fè moun yo te vin bezwen yon Bib nan nouvo lang sa a.
Soti senkyèm syèk rive uityèm syèk epòk nou an, moun ki pale espayòl yo te ka li Pawòl Bondye a grasa Bib an laten yo ak Bib ann arab yo.
Pa gen dout nan sa, te gen anpil tradiksyon Bib ann arab, sitou Evanjil yo, ki te gaye toupatou ann Espay pandan mwayennaj la. Sanble, nan uityèm syèk la, John, yon evèk nan vil Sevil, te tradui tout Bib la ann arab. Malerezman, pifò nan tradiksyon Bib ann arab sa yo pèdi. Gen youn nan tradiksyon Evanjil yo ann arab, ki te egziste nan mitan
dizyèm syèk la, yo konsève nan katedral ki nan vil León, ann Espay.BIB ANN ESPAYÒL YO PARÈT
Nan fen mwayennaj la, moun yo te kòmanse pale kastiyan oswa espayòl sou penensil Iberik la. Nouvo lang sa a t apral vin yon mwayen enpòtan pou moun yo gaye Pawòl Bondye a *. Premye tradiksyon Bib ann espayòl la te parèt nan kòmansman 13yèm syèk la nan yon liv ki rele La Fazienda de Ultra Mar (Travay yo fè lòtbò lanmè yo). Nan liv sa a, nou jwenn istwa yon vwayaj ann Izrayèl, e li gen ladan l kèk pati ki soti nan Pentatek la ak lòt Liv ki te ekri ann ebre yo e li te gen Evanjil yo ak lèt yo.
Chèf legliz yo pa t kontan akoz tradiksyon sa a. Nan ane 1234, gwoup evèk ki nan vil Tarragone yo te pase lòd pou yo pote tout Bib ki nan lang pèp la bay chèf legliz ki nan zòn bò lakay yo pou yo boule yo. Erezman, lòd la pa t anpeche moun yo fè lòt tradiksyon Labib. Wa Alfons X (1252-1284), yon wa yo konsidere kòm fondatè lang espayòl yo ekri a, te vle yo tradui Bib la nan nouvo lang sa a e li te soutni travay la. Pami tradiksyon Labib ann espayòl ki te parèt nan peryòd sa a, nou jwenn Bib yo rele Pre-Alfonsine a ansanm ak Bib Alfonsine a ki te parèt yon ti tan apre. Dènye tradiksyon Labib ann espayòl sa a te pi popilè nan epòk la.
Toule de Bib sa yo te ede moun yo etabli règ pou lang espayòl la yo te fèk kòmanse pale e yo te anrichi lang nan. Men sa yon biblis ki rele Thomas Montgomery di konsènan Bib Pre-Alfonsine a: “Tradiktè Bib sa a te fè yon bèl travay ni nan domèn egzaktitid ni nan fason li te ekri fraz yo ki te bèl anpil [...]. Langaj la te senp, li te klè piske sa te nesesè pou yon Bib yo t ap tradui pou moun ki pa pale laten.”
Sepandan, olye yo te tradui premye Bib ann espayòl sa yo apati lang orijinal yo, yo te itilize Vilgat laten an pito. Apati 14yèm syèk, kèk anseyan juif te fè plizyè tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo ann espayòl e yo te itilize maniskri ki te nan lang ebre a dirèkteman. Nan epòk sa a, se Espay ki te gen plis Juif nan tout Ewòp la, e tradiktè juif yo te ka jwenn bon maniskri ki te ann ebre pou yo fè tradiksyon yo *.
Bib Alba a, yon Bib yo te fin tradui nan 15yèm syèk la, se youn nan egzanp estrawòdinè nou genyen. Gen yon gwo zotobre espayòl ki rele Luis de Guzmán ki te bay yon raben ki rele Moisés Arragel, lòd pou l tradui Bib la nan lang castizo (bon) espayòl. Li te bay de rezon ki fè l te mande Moisés Arragel fè nouvo tradiksyon sa a. Premyèman, li te di: “Jodi a, tradiksyon Labib ki egziste nan lang women yo pa egzak.” Dezyèmman, li te di: “Moun ki tankou nou yo ap vrèman bezwen nòt ki nan maj yo anrapò ak vèsè ki pa klè yo.” Demann Luis de Guzmán te fè a montre moun nan epòk li a te vrèman enterese nan li Bib la e yo te vle konprann li. Mete sou sa, sa montre tradiksyon Bib nan lang pèp la pale a te gentan gaye toupatou ann Espay.
Grasa tradiktè ak kopis ki t ap viv nan mwayennaj la, moun ki enstwi ann Espay yo te ka li Bib la nan lang manman yo san gwo difikilte. Se sa k fè, Juan Orts González te fè konnen “Espayòl yo te konn Bib la pi byen pase Alman ak Anglè ki t ap viv anvan peryòd Luther la.”
“Espayòl yo te konn Bib la pi byen pase Alman ak Anglè ki t ap viv anvan peryòd Luther la.” — Istoryen Juan Orts González.
Sepandan, nan fen 15yèm syèk la, moun ki t ap fè Enkizisyon ann Espay yo te entèdi yo tradui Bib la nan kèlkeswa lang moun pale e yo pa t vle moun posede Bib la. Konsa, yo te entèdi moun sèvi ak Bib la pandan lontan ann Espay. Finalman, yo te leve entèdiksyon an apre twa syèk. Pandan epòk difisil sa a, te gen kèk tradiktè brav ki te pwodui lòt vèsyon Labib ann espayòl aletranje e yo te fè yo antre ann Espay an kachèt *.
Jan istwa Bib la ann Espay pandan mwayennaj la montre sa, opozan yo te fè gwo efò pou yo elimine Pawòl Bondye a plizyè fason. Sepandan, yo pa t ka anpeche pawòl Toupisan an rive jwenn moun yo. — Sòm 83:1; 94:20.
Travay anpil biblis te fè san yo pa t fatige te pèmèt Bib la pran rasin ann Espay pandan mwayennaj la e sa te fè l gaye toupatou. Tradiktè nan epòk nou an suiv egzanp premye tradiktè sa yo ki te tradui Bib la nan lang laten, gotik, arab ak espayòl. Konsa, plizyè milyon moun ki pale espayòl jodi a ka li Pawòl Bondye a nan lang ki touche kè yo.
^ § 10 Sa gen ladan l lang kastiyan, katalan, galisyen ak pòtigè.
^ § 17 Jodi a, lang espayòl la se premye lang anviwon 540 milyon moun pale.
^ § 20 Gade atik ki gen tit “Le nom divin et les travaux d’exégèse d’Alphonse de Zamora” ki te parèt nan Toudegad 1ye desanm 2011, fransè.
^ § 23 Gade atik ki gen tit “Casiodoro de Reina et la Bible espagnole” ki te parèt nan Toudegad 1ye jen 1996, fransè.
Adwaz: Isabel Velázquez Soriano