Al gade sa k anndan l

ERITRE

Yo nan prizon pou lafwa yo — Eritre

Yo nan prizon pou lafwa yo — Eritre

Nan dat ki te 4 desanm 2020 an, yo te lage 28 Temwen Jewova (26 gason ak 2 fi) apre yo chak te fin pase ant 5 a 26 an nan prizon pou lafwa yo. Nan dat ki te 29 janvye 2021 an, yo te lage yon mesye ki Temwen Jewova apre li te fin pase plis pase 12 an nan prizon, e nan dat ki te 1ye fevriye 2021 an, yo te vin lage twa lòt Temwen (yon gason ak de fi). Yo te pase ant 4 a 9 an nan prizon. Pou kounye a, gen 20 Temwen Jewova (14 gason ak 6 fi) ki nan prizon toujou.

Nan peyi Eritre, yo arete Temwen Jewova, sa gen ladan l fi ak moun ki aje, epi mete yo nan prizon, san yo pa jije yo, oswa yo lage akizasyon sou do yo pou aktivite relijye yo, oswa tou yo pa menm bay rezon ki fè yo mete yo nan prizon. Prezidan Afewerki te fè soti yon dekrè nan dat ki te 25 oktòb 1994 pou fè konnen Temwen yo pa sitwayen peyi a ankò paske yo pa t patisipe nan referandòm pou endepandans lan ki te fèt an 1993 e paske Temwen yo pa vle antre nan lame akoz konsyans yo. Anvan desizyon gwo ponyèt sa a, otorite nan peyi Eritre yo te pran bonjan dispozisyon pou pèmèt yon moun ki pa vle al nan lame akoz konsyans li fè yon lòt sèvis sivil. Te gen anpil Temwen ki te patisipe nan sèvis sa a anba administrasyon plizyè gouvènman ki te pase. Nòmalman, otorite yo te konn bay moun ki patisipe nan sèvis sa a yon sètifika ki rele “Sètifika pou montre yon moun fin fè sèvis li t ap rann nasyon an”. E byen souvan, yo fè lwanj pou travay moun ki te patisipe yo te fè. Men, apre prezidan an te fin soti dekrè a, lapolis te mete Temwen Jewova yo nan prizon, maltrete yo epi ba yo anpil pwoblèm pou fòse yo abandone lafwa yo.

Gen Temwen ki mouri akoz move kondisyon ki nan prizon an

Gen kat Temwen ki mouri nan peyi Eritre pandan yo nan prizon, e gen twa Temwen ki aje ki mouri apre yo lage yo, akoz move kondisyon ki te gen nan prizon an.

An 2018, gen de Temwen ki mouri apre yo fin transfere yo nan prizon May Sewa. Habtemichael Tesfamariam mouri a 76 an nan dat 3 janvye, Habtemichael Mekonen mouri a 77 an nan dat 6 mas. Otorite nan peyi Eritre yo te mete toule de mesye sa yo nan prizon nan ane 2008, alòske mesye yo pa t gen okenn akizasyon sou do yo.

An 2011 ak 2012, de Temwen mouri akoz vye tretman yo jwenn nan prizon Miti a. Misghina Gebretinsae mouri a 62 an an jiyè 2011 akoz gwo chalè ki te genyen nan blòk pinisyon ki rele “anba tè a”. Yohannes Haile mouri a 68 an nan dat 16 out 2012 apre li te fin pase prèske katran nan prizon nan menm kondisyon yo. Twa Temwen ki aje, Kahsai Mekonnen, Goitom Gebrekristos ak Tsehaye Tesfariam, mouri apre yo fin lage yo akoz kondisyon ki te gen nan prizon Miti a

Yo vag sou rekòmandasyon yon seri gwo òganizasyon dwa moun fè

Peyi Eritre kontinye ap vyole prensip entènasyonal sou dwa moun. Pifò òganizasyon dwa moun kondane peyi Eritre paske li vyole yon seri dwa fondamantal moun genyen, e yo kontinye mande l pou l ranje sitiyasyon an.

An 2014, Konsèy dwa moun (HRC) te dakò ak rapò yon Rapòtè espesyal te fè sou sitiyasyon dwa moun nan peyi Eritre, kote yo te mande otorite yo pou yo respekte dwa yon moun genyen pou l refize fè yon bagay akoz konsyans li, sa ki “ann amoni ak règ entènasyonal yo”, epi pou gouvènman an “asire l tout prizonye yo an sante, pou l ba yo aksè ak swen sante yo bezwen […] e pou l amelyore kondisyon ki gen nan prizon yo, jan lwa entènasyonal yo mande sa”. Nan yon rezolisyon HRC a te pran an 2015, li te mande gouvènman peyi Eritre pou l “bay moun ki pa vle al nan lame akoz konsyans yo yon lòt bagay pou yo fè”.

An 2016, Komisyon ankèt sou dwa moun nan peyi Eritre te fè konnen otorite yo nan peyi Eritre te fè yon “krim kont limanite” paske yo pèsekite Temwen Jewova yo ak lòt moun akoz “relijyon yo oswa ras yo”.

An 2017, Komite afriken espè nan dwa moun ak nan byennèt timoun (ACERWC) te montre enkyetid yo genyen, paske, malgre gen lwa sou pwoteksyon timoun, “pitit Temwen Jewova yo” pa benefisye dwa sa a e yo ba yo move tretman. ACERWC rekòmande pou peyi Eritre “rekonèt, san paspouki, dwa timoun yo genyen pou yo gen libète panse, libète konsyans ak libète relijyon, e pou yo byen respekte dwa sa a.”

An 2018, Komisyon afriken sou dwa moun ak pèp yo te rekòmande pou peyi Eritre “pran mezi prese prese pou regle kesyon vyole yo vyole dwa fondamantal tout moun ki nan prizon, sa gen ladan l […] moun ki Temwen Jewova” epi mande fè yon ankèt sou jan Temwen Jewova yo mouri pandan yo te nan prizon. Komisyon an te met aksan sou enpòtans pou peyi Eritre asire l Temwen Jewova yo “rejwenn dwa yo genyen antanke sitwayen”.

An me 2019, Komite dwa moun nan Nasyonzini (CCPR) te mande peyi Eritre pou l asire l moun yo gen bonjan libète relijyon ak kwayans, epi pou yo “lage tout moun yo arete oswa ki nan prizon, sa gen ladan l Temwen Jewova, paske yo t ap pratike relijyon yo, yon libète yo genyen.” Epitou, CCPR la mande peyi Eritre pou l “asire l yo rekonèt dwa yon moun genyen pou l refize al nan lame akoz konsyans li, epi bay moun sa a posiblite pou l fè yon lòt sèvis sivil”.

Moun ki nan prizon yo pa konn lè y ap lage

Pifò gason ki Temwen Jewova ki nan prizon yo pa konn ki lè y ap lage. Yo konnen yo nan prizon jiskaske yo mouri oswa jiskaske yo prèske mouri. Kòm pa gen okenn dispozisyon legal ki disponib pou ka yo a, malerezman akoz mechanste sa a, yo kondane a vi nan prizon.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 17 janvye 2022

    Gen 20 Temwen ki nan prizon.

  2. 1ye fevriye 2021

    Yo lage twa Temwen.

  3. 29 janvye 2021

    Yo lage yon Temwen.

  4. 4 desanm 2020

    Yo lage 28 Temwen.

  5. 6 mas 2018

    Habtemichael Mekonen mouri a 77 an apre yo fin transfere l nan prizon May Sewa.

  6. 3 janvye 2018

    Habtemichael Tesfamariam mouri a 76 an apre yo fin transfere l nan prizon May Sewa.

  7. Jiyè 2017

    Yo transfere tout Temwen ki te nan prizon Miti a nan prizon May Sewa, ki andeyò Asmara.

  8. 25 jiyè 2014

    Yo lage pifò nan moun yo te arete 14 avril la, men gen 20 nan moun yo te arete 27 avril la ki toujou nan prizon.

  9. 27 avril 2014

    Yo arete 31 Temwen pandan yo t ap asiste yon reyinyon ki baze sou Bib la.

  10. 14 avril 2014

    Yo arete plis pase 90 Temwen pandan yo t ap asiste Memoryal lanmò Kris.

  11. 16 out 2012

    Yohannes Haile mouri a 68 an pandan li te nan prizon nan vye kondisyon.

  12. Jiyè 2011

    Misghina Gebretinsae mouri a 62 an pandan li te nan prizon nan vye kondisyon.

  13. 28 jen 2009

    Otorite yo rantre ak fòs lakay yon Temwen pandan yo t ap asiste yon reyinyon, epi arete tout 23 Temwen ki te la yo, ki te gen laj 2 pou rive 80 an.

  14. 28 avril 2009

    Otorite yo transfere tout Temwen Jewova yo nan prizon Miti, sof youn yo kenbe nan pòs polis la.

  15. 8 jiyè 2008

    Otorite yo te kòmanse rantre ak fòs kay Temwen yo ak kote y ap travay, yo te arete 24 Temwen, e pifò nan yo se yo ki travay pou pote manje lakay yo.

  16. Me 2002

    Gouvènman an rekonèt kat relijyon, e li entèdi tout lòt relijyon yo.

  17. 25 oktòb 1994

    Prezidan an soti yon dekrè ki fè konnen Temwen Jewova yo pa sitwayen peyi a ankò e gen yon seri dwa fondamantal yo pa ka jwi ankò.

  18. 17 septanm 1994

    Yo mete Paulos Eyasu, Isaac Mogos ak Negede Teklemariam nan prizon alòske yo pa gen akizasyon sou do yo, e yo pa jije yo.

  19. Ane 1940 yo

    Se premye fwa te gen Temwen Jewova nan peyi Eritre.