Al gade sa k anndan l

Sè Anna Denz ak frè Erich Frost; Bilding palman rejyonal Baden-Woutenbèg la, ann Almay.

22 FEVRIYE 2021
ALMAY

Yon palman rejyonal nan peyi Almay onore Temwen Jewova yo poutèt yo te kanpe fèm devan pèsekisyon Nazi a

Yon palman rejyonal nan peyi Almay onore Temwen Jewova yo poutèt yo te kanpe fèm devan pèsekisyon Nazi a

Muhterem Aras, prezidan palman rejyonal Baden-Woutenbèg la, pandan li nan pwogram ki te fèt sou Entènèt la.

Nan dat 27 janvye 2021 an, palman rejyonal Baden-Woutenbèg la, nan peyi Almay, te onore Temwen Jewova yo nan reyinyon anyèl yo te genyen pou komemore moun ki te viktim anba rejim Nazi a pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Akoz pandemi COVID-19 la, yo te prezante pwogram nan sou Entènèt. Plis pase 37 000 moun ann Otrich, Almay, Peyiba ak Laswis te asiste evènman sa a. E kòm yo te anrejistre pwogram nan, moun deja gade l prèske 78 000 fwa.

Madam Muhterem Aras, prezidan palman rejyonal Baden-Woutenbèg la, rekonèt byenke “gen anpil dokiman ki pale sou pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn, [..] anpil moun pa byen konnen istwa yo”. Epi, li te kontinye pou l di Temwen Jewova yo ki te viv moman fènwa sa a nan listwa se “yon modèl yo ye pou nou menm jodi a paske yo te fè fas ak lahèn, prejije, ansanm ak [...] move tretman”.

Madam Aras te atire atansyon sou istwa Anna Denz, yon Temwen ki fèt Lörrach, nan Baden-Woutenbèg. Papa l ak manman l te mouri nan kan konsantrasyon. Anna te refize di “Heil Hitler” nan lekòl li. Rive yon lè, li te oblije chape poul li al nan peyi Laswis grasa èd kèk Temwen. Annapre, Anna t al viv Ozetazini ak mari l. Madam Aras di: “Anna Denz te gen kouraj pou l reziste. Se grasa lafwa li li te rive gen kouraj sa a.”

Dr. Hans Hesse

Dr. Hans Hesse, yon istoryen, esplike jan yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan peyi Almay an 1933, sèlman de mwa apre Nazi yo te pran pouvwa a. Dr. Hesse te fè moun k ap asiste seremoni an konnen frè nou yo “te reziste anba entèdiksyon an, yo te distribye feyè oswa yo te kontinye travay predikasyon yo a”.

Dr. Hesse te rakonte eksperyans frè Gustaf Stange. Pandan yo t ap jije frè Stange poutèt li te refize antre nan lame akoz konsyans li, komisè gouvènman yo te mande l: “Ki sa k ap pase si tout moun fè menm jan avè w?” Frè nou an te reponn: “Gè a t ap fini tousuit.”

Yo te pase kantik Wayòm “Annavan, nou menm Temwen!” an pandan seremoni an. Frè Wolfram Slupina, ki sipèvize aktivite Biwo enfòmasyon pou piblik la pou filyal Ewòp santral la, te esplike se frè Erich Frost, yon mizisyen pwofesyonèl, ki te ekri pawòl kantik sa a pandan li te nan prizon nan kan Sachsenhausen nan an 1942. Nan yon entèvyou frè Frost te fè sa gen plizyè dizèn ane, li te esplike rezon ki fè li te ekri chante sa a se te pou l ankouraje lòt prizonye yo paske “sa te vrèman difisil pou yo sipòte move tretman yo t ap sibi nan kan an”.

Mara ak Finn Kemper, de jèn Temwen Jewova, youn gen 13 an e lòt la gen 15 an, te entèvyouwe sè Simone Arnold Liebster, youn nan moun ki te rive chape anba pèsekisyon Nazi a. Sè Liebster te jwenn opozisyon ki rèd anpil lè l te timoun. Piske l pa t aksepte pran pozisyon pou rejim Nazi a, otorite Nazi yo te voye l nan yon mezon koreksyon. Li di li te “kontan anpil” lè l te wè li te rive reziste anba tout efò yo te fè pou yo kraze fidelite l.

Mara ak Finn Kemper, de frè ak sè, k ap entèvyouwe sè Simone Arnold pandan seremoni an.

Nou kontan dèske seremoni sa a te bay anpil anpil moun yon gwo temwayaj sou Jewova, ki montre li se yon Èd nou ka konte sou li nan moman gwo pèsekisyon. — Ebre 13:6.