Al gade sa k anndan l

Tout envite yo reyini pou Memoryal la nan yon lokal yo lwe nan vil Rozdil nan peyi Ikrèn.

19 AVRIL 2023
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Memoryal 2023: Malgre anpil difikilte, yo rive selebre Memoryal lanmò Kris la ak kè kontan

Memoryal 2023: Malgre anpil difikilte, yo rive selebre Memoryal lanmò Kris la ak kè kontan

Plizyè milyon Temwen Jewova ansanm ak anpil moun yo te envite te komemore Soupe Seyè a madi 4 avril 2023. Anpil nan yo te fè fas ak anpil difikilte pou yo te rive asiste evènman espesyal sa a.

Ikrèn

Pa egzanp, plizyè milye moun nan peyi Ikrèn te rive asiste Memoryal la malgre te gen move tan ak konba nan kèk zòn. Nan yon vil ki nan lès Ikrèn, malgre te gen danje, yon semèn anvan dat Memoryal la, ansyen yo te bay tout moun ki nan kongregasyon an diskou Memoryal la ki te tou anrejistre. Kèk jou annapre, te gen blakawout nan zòn nan epi pa t gen Entènèt. Se pa t lagè a ki te fè sa, men se te yon gwo tanpèt. Sepandan, menm lè pa t gen kouran epi lagè a t ap kontinye, tout moun nan kongregasyon an te byen pwofite diskou Memoryal ki te anrejistre alavans lan.

Kazakistan

Violetta, ki gen kenzan, k ap viv nan peyi Kazakstan t ap fè ak opozisyon li te jwenn nan fanmi l. L ap viv ansanm ak granpapa l, e sa gen anviwon ventan depi granpapa l opoze anpil ak fanmi an. Souvan li te konn anpeche moun nan fanmi an asiste reyinyon yo, e li te menm konn detwi piblikasyon yo. Sepandan, granpapa a te tèlman renmen pitit pitit fi l, sa te pouse l aksepte pale avèk li sou Bib la. Violetta te sezi paske granpapa l aksepte asiste Memoryal la ane sa a epi li aksepte yon etid Labib!

Anwo: Sway, Timò oryantal. Anba: Same, Timò oryantal

Pou kèk lòt moun, sa ki reprezante difikilte pou yo asiste Memoryal la se paske y ap viv nan zòn ki izole e ki lwen. Nan peyi Timò oryantal, frè n yo ap kondui 55 etid Labib regilyèman nan telefòn ak moun k ap viv nan vil Same ak Sway. Frè ki nan kongregasyon ki pi pre de vil sa yo a ap pran plizyè èdtan sou moto pou yo rive nan vil sa yo. Se sa k fè, frè yo te fè aranjman pou yo selebre Memoryal la nan chak vil sa yo nan kay prive. Yon ansyen te vwayaje pandan katrèdtan pou l al fè diskou Memoryal la nan vil Same. Te gen 56 moun ki te asiste. Yon lòt ansyen te pase anviwon setèdtan ap vwayaje pou l al nan vil Sway. Te gen plis pase 50 moun ki te asiste Memoryal la.

Houalpenn, Chili

Frè nou yo nan vil Houalpenn, nan peyi Chili, te jwenn anpil difikilte tou pou yo jwenn lokal pou yo selebre Memoryal la. Yo te mande yon otorite nan vil la pou l ede yo jwenn yon bon lokal pou yo selebre Memoryal la. Ansyen nan kongregasyon an te kontan lè otorite a te kontakte yo kèk èdtan anvan Memoryal la kòmanse pou l pwopoze yo fè Memoryal la nan kafeterya yon lekòl. Frè yo te aji san pèdi tan pou yo travay pou fè lokal la tounen yon bèl kote pou moun reyini. Otorite ki te fè yo jwenn lokal la ak majistra vil la te aksepte envitasyon frè yo te fè yo pou yo asiste Memoryal la. Men sa majistra a te fè konnen: “Mwen feliste tout moun ki te asiste yo pou jan yo te gen lòd ak respè, menm timoun yo te byen konpòte yo. Nou ka konte sou èd nou pi devan.”

Monako

Nou te kontan tou lè n te aprann, nan mwa novanm 2022 a, yo te anrejistre legalman Temwen Jewova yo nan Monako. Men sa yon envite te di apre l te fin asiste Memoryal la nan yon bèl lokal frè yo te lwe: “Lokal sa a bèl anpil, men moun ki la yo fè l pi bèl toujou.”

Sa ankourajan anpil pou n wè tout moun sa yo rive fè fas ak difikilte sa yo ak lòt ankò pou yo obeyi lòd Jezi te bay pou nou reyini “pou nou montre nou sonje” lanmò l! — Lik 22:19.