Al gade sa k anndan l

Sot agoch al adwat: Sè Silaeva, sè Shamsheva, frè Khokhlov ak frè Zhinzhikov nan tribinal la 28 oktòb 2020.

28 OKTÒB 2020
LARISI

Larisi: Tribinal la kenbe desizyon ki te pran pou yo konsidere de frè ak de sè koupab

Larisi: Tribinal la kenbe desizyon ki te pran pou yo konsidere de frè ak de sè koupab

Nan dat 28 oktòb 2020 an, tribinal rejyonal Bryansk nan kenbe desizyon premye tribinal la te pran ki konsidere frè Vladimir Khokhlov, frè Eduard Zhinzhikov, sè Tatyana Shamsheva ak sè Olga Silaeva koupab. Santans yo te ba yo okòmansman an se te ant ennan a ennan twa mwa prizon. Men, kòm yo deja fè tan sa a nan detansyon prevantif, yo pap gen pou tounen nan prizon ankò. Akoz desizyon tribinal la pran jodi a, y ap kontinye konsidere frè ak sè sa yo kòm kriminèl. Malgre sa, yo kontan paske yo pa tounen nan prizon. Komisè gouvènman an pa gen baz pou l fè apèl pou yo ta bay frè ak sè nou yo yon pi gwo santans.

Anvan yo te kondane frè ak sè yo, frè yo te pase 316 jou nan detansyon prevantif e sè yo te pase 245 jou nan detansyon prevantif. Apre yo te fin lage sè yo, yo te fè yon entèvyou avèk yo ki parèt nan Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay # 5 (2020). Yo te fè konnen sa k te ede yo andire ak kè kontan se lapriyè, lekti Labib e lefètke yo te gen rekonesans.