Al gade sa k anndan l

Palè Òfsbèg la nan Vyèn, e se la a Konsèy pèmanan òganizasyon pou sekirite ak kowoperasyon ann Ewòp la ye.

11 OUT 2020
LARISI

Otorite nan peyi Etazini ak ann Ewòp kondane gouvènman Larisi a pou jan y ap pèsekite Temwen Jewova yo

Otorite nan peyi Etazini ak ann Ewòp kondane gouvènman Larisi a pou jan y ap pèsekite Temwen Jewova yo

Peyi Etazini ak anviwon 30 peyi ann Ewòp kondane avèk fòs gouvènman Larisi a pou jan y ap maltrete epi pèsekite frè ak sè nou yo nan peyi Larisi. Tout peyi ki fè pati Konsèy pèmanan òganizasyon pou sekirite ak kowoperasyon ann Ewòp la (OSCE) * te denonse aksyon k ap fèt nan peyi Larisi yo pandan yon reyinyon òganizasyon an t ap fè nan dat 23 jiyè 2020.

Men sa madam Lane Darnell Bahl, konseye politik misyon Etazini pou òganizasyon pou sekirite ak kowoperasyon ann Ewòp la, te di moun ki t ap asiste reyinyon an: “Etazini ak anpil lòt peyi k ap patisipe nan reyinyon sa a kondane e y ap kontinye kondane gouvènman Larisi a paske gen anpil rapò ki fè konnen otorite yo nan Larisi ap rantre nan kay Temwen Jewova yo, arete yo san rezon, maltrete yo, voye yo nan prizon e menm kondane yo pou yo pase jiska sizan nan prizon.”

Ofisyèl sa yo te enkyè akoz dènye rapò ki fè konnen otorite yo te rantre nan plis pase 100 kay Temwen Jewova nan zòn Vowonèj. Madam Bahl te fè konnen: “Sa vrèman fè n sezi lè n ap gade jis nan ki pwen y ap pèsekite moun ki fè pati relijyon sa a, yon seri moun ki pezib.”

Madam Nicola Murray, depite an chèf delegasyon Wayòm Ini an, te di li menm tou li enkyè akoz “ogmantasyon kantite fouy yo, met ansanm ak kantite desant k ap fèt anmenmtan nan anpil kay, sa ki bay enpresyon sa k ap fèt la se yon kanpay ki byen òganize k ap fèt pou pèsekite Temwen Jewova yo”. Madam Murray kontinye pou l di: “Gouvènman Larisi a ap ankete epi jije kèk Temwen paske yo patisipe regilyèman nan aktivite ki gen rapò ak relijyon yo.”

Otorite yo nan Vowonèj fè konnen yo met Temwen yo nan prizon paske yo koupab kòm moun ki itilize yon seri teknik pou yo fè konplo. Sepandan, Madam Bahl fè konnen akizasyon sa yo se manti. Pami swadizan teknik yo di Temwen Jewova yo itilize yo, gen: stoke dokiman sou fòma elektwonik, òganize ti gwoup moun e itilize videyo konferans pou yo fè reyinyon. Madam Bahl fè konnen akizasyon Larisi yo “se yon skandal e yo pa gen okenn sans”. Li te di: “Mwen menm tou mwen itilize swadizan teknik konplo sa yo chak jou.” Li te montre tou manm delegasyon Larisi a k ap asiste reyinyon Òganizasyon pou sekirite ak kowoperasyon ann Ewòp la adistans yo sanse “koupab tou paske y ap itilize teknik sa yo”.

Nan yon deklarasyon, tout 27 peyi ki manm Inyon Ewopeyèn nan ak 8 lòt peyi ki pa manm te di: “Pandan plizyè fwa nou tande delegasyon Larisi a di Temwen Jewova yo lib pou yo pratike relijyon yo, e y ap kontiye gen libète sa a. Yo di tou, gouvènman Larisi a bay moun yo libète pou yo pratike relijyon yo vle e yo lib pou yo kwè nan sa yo vle. Sepandan, nou kontinye ap resevwa yon bann rapò ki fè konnen gouvènman an kontinye ap fouye kay Temwen Jewova yo, li kontinye mete yo nan prizon epi mennen ankèt kriminèl kont yo, sa ki diferan nèt parapò ak sa delegasyon Larisi a di a.”

Delegasyon Inyon Ewopeyèn nan te di tou: “Tout moun, e sa gen ladan l Temwen Jewova yo, dwe kapab jwi dwa yo genyen antanke moun nan nan lapè, tankou libète yon moun genyen pou l pratike relijyon l vle, pou l kwè nan sa l vle, pou l patisipe nan nenpòt reyinyon pasifik, e pou l gen libète pou l pale, san l pa gen moun k ap kritike l, k ap jije l, jan konstitisyon Larisi a ak angajman Larisi pran devan OSCE a ak obligasyon li genyen devan lwa entènayonal yo mande sa.”

Pou madam Muray te fini deklasyon l te fè nan non delegasyon Wayòm Ini a, li mande Larisi sispann pèsekite Temwen Jewova yo.

Madam Bahl mande Larisi pou yo: 1) sispann ak ankèt kriminèl y ap fè kont Temwen Jewova yo, 2) remèt Temwen Jewova yo tout batiman gouvènman Larisi a te sezi yo, epi 3) libere tout Temwen ki nan prizon yo san pèdi tan.

Se pa premye fwa òganizasyon entènasyonal yo denonse Larisi pou move tretman y ap fè frè ak sè nou yo sibi. Yo bay gouvènman Larisi a avètisman, e lemonnantye konnen peyi a ap pèsekite frè ak sè nou yo yon fason ki kriyèl. Sa ki pi enpòtan an, sèke nou gen asirans Jewova konnen sa frè ak sè n yo ap andire (Sòm 37:18). Pa gen dout nan sa, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou anpil ap kontinye beni lafwa yo, kouraj yo ak andirans yo. — Sòm 37:5, 28, 34.

^ § 2 Youn nan objektif OSCE a se pwoteje dwa moun. Se Konsèy Pèmanan an ki pran pifò nan desizyon yo.