Al gade sa k anndan l

LARISI

Yo nan prizon pou lafwa yo — Larisi

Yo nan prizon pou lafwa yo — Larisi

Otorite nan peyi Larisi yo kontinye atake Temwen Jewova yo avèk raj lè yo mennen yon kanpay terib kont yo, jan yo te fè sa nan epòk sovyetik la. Rive 17 janvye 2022, gen 76 Temwen ki nan prizon, genyen yo poko jije, genyen yo deja kondane, gen 28 lòt ki pa ka kite lakay yo pou ale kote yo vle, e gen 228 ki pa ka kite vil kote y ap viv la. Yo akize yo paske y ap òganize, patisipe, oswa bay kòb pou soutni aktivite pou yon òganizasyon ki swadizan ekstremis. Gen omwen 443 Temwen y ap mennen ankèt sou yo kounye a, ki gen ant 20 an a 91 an.

Otorite yo eseye montre yo gen rezon aji konsa paske depi avril 2017 yo entèdi sant administratif legal Temwen Jewova yo, epitou yo mal aplike atik 282 Kòd kriminèl federasyon Larisi a (RFCC) ki pale sou aktivite ekstremis. An reyalite, yo lage akizasyon sou do Temwen yo paske y ap adore Bondye yon fason ki pezib. Gen kèk nan moun yo arete yo ki ka pran jiska dizan prizon si tribinal la fè konnen yo koupab.

Metòd peyi Larisi itilize pou arete Temwen yo epi mete yo nan prizon

Depi fevriye 2018, an jeneral, gen yon metòd lapolis itilize pou arete Temwen yo epi mete yo nan prizon. Polisye ki gen gwo zam nan men yo rantre nan kay Temwen yo avèk fòs. Byen souvan, yo pwente zam sou tèt moun ki nan kay yo, san wete timoun ak moun ki aje, epi yo fòse yo kouche atè. Pandan otorite yo ap fè fouy yo, yo sezi bagay Temwen yo genyen epi kenbe kèk nan Temwen yo nan pòs polis pou poze yo plis kesyon. Pou kòmanse, anketè yo lage akizasyon kriminèl sou kèk Temwen yo chwazi kòmkwa y ap patisipe nan aktivite ekstremis, epi yo mande tribinal yo pou yo bay lòd pou kenbe yo nan prizon annatandan yo jije yo. Yonfwa yo mete Temwen yo nan prizon, komisè yo mande tribinal yo pou ajoute sou kantite tan y ap pase nan prizon annatandan yo jije yo, e an jeneral tribinal yo fè sa yo mande a. Pi ba a, n ap jwenn yon apèsi sou sa ki te pase nan ka 17 Temwen yo t ap mennen ankèt sou yo e yo te kondane pou y al nan prizon akoz akizasyon kòmkwa yo se ekstremis a.

Nan dat 9 jen 2020, plis pase 100 ofisye nan Sèvis sekirite federal la te rantre ak fòs nan kay 27 fanmi Temwen Jewova nan vil Astrakan. Yo te fè sa paske yo te ouvri yon dosye kriminèl kont Rustam Diarov, Yevgeniy Ivanov ak madanm li, Olga Ivanova ansanm ak Sergey Klikunov. Yo akize Diarov, Ivanov ak Klikunov kòmkwa y ap òganize e y ap finanse aktivite ekstremis. Yo akize Ivanova kòmkwa l ap patisipe nan aktivite ekstremis. Yo te lage akizasyon sa yo sou do yo sou baz yon seri anrejistreman reyinyon relijye otorite yo te genyen (se otorite yo ki te enstale aparèy anrejistreman an kachèt nan kay Ivanov yo lwe a). Apre yo te fin rantre ak fòs lakay frè ak sè sa yo, otorite yo te mete Diarov, Ivanov ak Klikunov nan prizon annatandan yo jije yo, e Ivanova te nan prizon lakay li. Nan dat 25 oktòb 2021, tribinal distri Trisovski, nan Astrakan, kondane Diarov, Ivanov ak Klikunov pou uitan prizon. Yo kondane Ivanova pou twazan sis mwa prizon. Santans sa yo se santans ki pi long e ki pi rèd yo bay Temwen Jewova depi lè Lakou siprèm te entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan Larisi nan ane 2017.

Nan dat ki te 16 me 2019, lapolis ak ofisye nan Sèvis sekirite federal la (FSB) te rantre ak fòs nan sèt kay nan zòn Vòlgograd, nan Larisi. De jou annapre, jij nan tribinal distri santral la te bay lòd pou yo mete Sergey Melnik, Valeriy Rogozin ak Igor Yegozaryan nan prizon annatandan yo jije yo. Yo toule twa te pase sèt mwa nan prizon. Nan dat ki te 23 septanm 2021 an, apre yo fin parèt devan tribinal 55 fwa, tribinal distri Traktowozavodski, nan Vòlgograd, te kondane toule twa mesye yo. Yo te kondane Melnik ak Yegozaryan pou yo pase sizan nan prizon alòske yo te kondane Rogozin pou l pase sizan senk mwa nan prizon.

Byen bonè nan jou ki te 7 avril 2021 an, twa ofisye ak zam nan men yo, kat anketè ak de polisye te rantre ak fòs nan kay Vasiliy Meleshko ki gen 60 an. Annapre, yo te lage akizasyon kriminèl sou do Meleshko paske “li t ap bay diskou, li t ap tande diskou ki baze sou piblikasyon relijye” e paske “li t ap patisipe nan yon konvèsasyon ki baze sou liv relijye”. Nan dat ki te 11 out 2021 an, apre Meleshko te fin fè de jou ap parèt devan tribinal, tribinal distri Abinski nan tèritwa Krasnoda te kondane Meleshko pou l pase twazan nan prizon.

Ann ete 2018, FSB te ouvri ankèt kriminèl sou Aleksey Berchuk ak Dmitriy Golik. Nan dat ki te 30 jen 2021 an, apre Berchuk te fin parèt devan tribinal pandan 51 fwa, yo te kondane l pou l pase uitan nan prizon. Yo te kondane Golik pou l pase setan nan prizon. Nan dat ki te 2 septanm 2021 an, tribinal rejyonal Ami te rejte apèl yo te fè a. Yo te kenbe menm santans yo te bay Berchuk la, men tribinal la te retire dis mwa sou kantite tan Golik ap pase nan prizon.

Yo te arete Valentina Baranovskaya nan dat ki te 10 avril 2019 la apre polisye nan vil Abakan te fin rantre ak fòs nan kat kay Temwen Jewova, san wete kay pa l la. Epitou, yo te arete Roman Baranovskiy, pitit gason l lan. Otorite yo te pran Bib yo, aparèy elektwonik yo, ak papye enpòtan yo te genyen. Yo te ouvri yon ankèt kriminèl sou yo. Nan dat ki te 24 fevriye 2021 an, tribinal vil Abakan nan Repiblik Kakasya te kondane madam Baranovskaya pou l pase dezan nan prizon. Se premye fwa yo te kondane yon fi ki Temwen pou l al nan prizon akoz lafwa l. Madam Baranovskaya gen 70 an e li fè yon stwok depi jiyè 2020. Epitou, tribinal la kondane mesye Baranovskiy pou l pase sizan nan prizon.

Aleksandr Ivshin gen 64 an. Nan dat ki te 23 avril 2020, yo te lage akizasyon kriminèl sou do l. Pami swadizan krim yo di li fè yo, yo akize l paske l ap òganize sèvis relijye pa mwayen videyo konferans e paske l ap chante chante relijye. Lè otorite yo te fouye kay mesye Ivshin, li te tèlman strese akoz sa yo t ap fè a, tansyon l te monte, yo te oblije kouri nan ijans avè l. Plizyè mwa annapre, yo te sezi machin li. Nan dat ki te 10 fevriye 2021 an, tribinal distri Abinski nan tèritwa Krasnoda te kondane mesye Ivshin. Yo kondane l pou l pase setan edmi nan prizon.

Yo te dakò pou yo lage Dennis Christensen anvan lè apre li te fin pase plis pase twazan edmi nan prizon sou sis ane li te dwe pase yo. Nan dat ki te 23 jen 2020 an, tribinal distri Lgovski nan rejyon Kousk te mande Christensen pou l peye 400 000 woub (5 759 dola ameriken) pou rès tan li te gen pou l pase nan prizon an. Men, mesye Aleksei Shatunov, ki nan biwo komisè gouvènman nan rejyon Kousk la te ranpli yon demann pou fè apèl pou yo anile desizyon tribinal la te pran an. Li te fè apèl la sou baz fo rapò kòmkwa mesye Christensen pa gen yon bon dosye nan prizon an. Kounye a, mesye Christensen rete nan prizon ap tann jan sa pral pase pou nouvo pwosè a. Yo poko pwograme dat y ap fè l. Pandan tan sa a, malgre sante Christensen pa bon, otorite yo nan prizon an mete l nan yon zòn pinisyon pou dis jou akoz li swadizan pa t suiv yon seri ti detay nan règ yo tabli pou prizon an.

Dennis Christensen se yon sitwayen peyi Dànmak, ki gen 48 an, yo te arete nan dat 25 me 2017, nan Oryòl, lè polisye ak gwo zam nan men yo ak ajan nan Sèvis sekirite federal la te kanpe yon reyinyon li t ap asiste, yon reyinyon pezib Temwen Jewova yo abitye fè chak semèn. Apre yon jijman byen long ki te pran prèske yon ane, e kote Christensen te parèt plis pase 50 fwa devan tribinal, yo te kondane l pou l pase sizan nan prizon jis paske li t ap adore Bondye antanke Temwen Jewova. Nan dat ki te 6 fevriye 2019 la, jij Aleksey Rudnev nan tribinal Oryòl ki nan distri Tcheleznodowozni te li desizyon kote yo te fè konnen Dennis Christensen koupab sou baz fo akizasyon yo lage sou do l kòmkwa li òganize aktivite pou yon òganizasyon ki ekstremis selon atik 282.2(1) RFCC a. Nan dat ki te 23 me 2019, yon gwoup twa jij nan tribinal rejyonal Oryòl la te rejte apèl mesye Christensen te fè a, e yo te kenbe desizyon ki te pran pou kondane l pou l pase sizan nan prizon.

Yo te arete Sergey Klimov nan dat 3 jen 2018 apre otorite yo ak fòs espesyal nan lapolis te rantre nan de kay Temwen Jewova. Yo t al avèk anviwon 30 Temwen pou poze yo kesyon, e te gen yon dam ki gen 83 an pami yo. Yo te lage tout moun, sof mesye Klimov. Otorite nan zòn nan te ouvè ankèt kriminèl sou li, yo te kenbe l nan prizon pou de mwa annatandan yo jije l. Pandan sèt fwa, yo te pwolonje kantite tan li dwe pase nan prizon an, sa ki te fè l separe ak madanm li ak fanmi l pandan ennan senk mwa anvan yo resi jije l e kondane l. Nan dat ki te 5 novanm 2019 la, tribinal Tòmsk nan distri Oktyabski te kondane mesye Klimov pou l pase sizan nan prizon akoz l ap swadizan òganize aktivite ekstremis. Y ap lage mesye Klimov an jiyè 2023.

Yo lage akizasyon kriminèl sou do Konstantin Bazhenov, Aleksey Budenchuk, Feliks Makhammadiyev, Roman Gridasov, Gennadiy German ak Aleksey Miretskiy apre otorite nan peyi Larisi yo te fin rantre ak fòs nan sèt kay Temwen Jewova nan Saratòv nan dat ki te 12 jen 2018 la. Jou sa a, lapolis te pete pòt kay, sezi bagay moun yo genyen, e nan kèk ka, yo te vini ak piblikasyon Temwen Jewova gouvènman an entèdi epi fè konprann se nan kay la yo jwenn yo. Yo te ale ak plis pase dis Temwen pou poze yo kesyon, e yo te kenbe yo prèske jiska minui. Yo te mete twa nan mesye yo nan prizon, e yo te pase prèske ennan nan prizon annatandan yo jije yo.

Nan dat ki te 19 septanm 2019 la, jij Dmitry Larin, ki nan tribinal Saratòv nan distri Leninski, te kondane sis mesye yo pou yo pase yon bon tan nan prizon paske yo swadizan òganize aktivite ekstremis. Yo te kondane de nan mesye yo pou yo pase twazan edmi nan prizon, yo te kondane yon lòt pou l pase twazan nan prizon, e yo te kondane twa lòt yo pou yo pase dezan nan prizon. Mete sou sa, selon jijman an, apre mesye yo fin pase tan yo a nan prizon, pandan senkan yo pap ka pran latèt nan okenn òganizasyon. Yo maltrete mesye yo tou nan prizon an. Nan dat ki te 6 fevriye 2020 an, gad prizon nan Koloni penitansye No 1 peyi Larisi te sèvi ak baton polis yo konn genyen yo pou yo maspinen Aleksey Budenchuk, Gennadiy German, Roman Gridasov, Feliks Makhammadiyev ak Aleksey Miretskiy. Yo te tèlman bat mesye Makhammadiyev yo te oblije entène l lopital. Li te gen yon kòt li ki kase, yon poumon l ki gen twou, e te gen domaj ki fèt nan ren l. Depi lè a, yo te lage toule sis mesye yo, men yo anba sipèvizyon otorite administratif yo pandan yon tan ki byen long, toutpandan yo gen gwo restriksyon sou kote yo ka ale.

Yo fè plis fouy, rantre ak fòs kay moun epi maspinen yo

Nan dat ki te 4 oktòb 2021 an, ajan OMON b yo ak gwo zam nan men yo te fè vyolans sou de koup nan peyi Larisi: Anatoly ak Greta Razdobarov, ak Nikolay ak Liliya Merinov. Sa te rive lè polisye yo te rantre ak fòs nan 12 kay Temwen Jewova nan vil Ikousk. Polisye yo te arete anpil lòt Temwen pandan fouy sa yo.

Lè l te fè 6 è nan maten, polisye yo te rantre ak fòs nan kay Anatoly ak Greta. Yo te pran Greta nan cheve pou trennen l al nan yon lòt chanm, yo te minote l de bra dèyè e yo te ba l kou. Pandan tan sa a, yo te frape Anatoly atè, yo te minote l de bra dèyè epi yo ba l kout pye nan tèt ak nan vant li. Polisye yo te kenbe l nan bra l ki minote a e yo rale l leve atè a. Sa te fè Anatoly soufri anpil, paske pwa kò l te lakòz zepòl li blese. Polisye yo te ba l kou nan men, epi yo t ap fòse l bay enfòmasyon sou frè yo. Yo te maltrete l toutpandan y ap eseye fouye yon boutèy an vè nan dèyè l. Yo te fè plis pase uit èdtan ap fouye kay fanmi Razdobarov yo.

Lè polisye yo te rantre ak fòs lakay Nikolay ak Liliya Merinov, yo te frape Nikolay nan figi avèk yon bagay ki lou. Nikolay te tonbe atè epi li pèdi konesans. Lè li vin gen konesans li wè yon polisye chita sou li epi l ap ba l kou. Polisye te kase dan devan Nikolay yo. Yo te kenbe Liliya nan cheve, yo trennen l sot sou kabann nan epi yo te minote l. Yo te agrese l fizikman plizyè fwa anvan yo te resi kite l al abiye l kòrèkteman.

Nan dat ki te 13 jiyè 2020 an, yo te fè fouy nan plis pase 100 kay Temwen Jewova nan plizyè vil nan rejyon Vowonèj ak nan vil Stari Oskòl, nan rejyon Belgowòd. Yo te ouvri ankèt kriminèl, e yo te mete dis Temwen Jewova nan prizon jiska 3 septanm, annatandan yo jije yo. Ajan nan Inite espesyal entèvansyon rapid la te maspinen omwen de Temwen. Ajan sa yo te rantre ak fòs nan kay Alexander Bokov. Yo te bay mesye Bokov kou nan vant ak nan tèt, e yo te fòse l ret akoupi pandan yo t ap poze l kesyon. Epitou, yo te lage Dmitrii Katirov atè, yo te bat li epi yo te ba l kout pye jiskaske li pran rele tèlman li t ap soufri.

Gen plizyè efò ki fèt pou fini ak enjistis yo fè Temwen yo lè yo mete yo nan prizon

Avoka k ap defann Temwen yo mete nan prizon pou lafwa yo pote plent devan Komite dwa moun nan Nasyonzini ak devan Gwoup nan Nasyonzini ki travay sou moun yo kenbe nan prizon san rezon (WGAD). Epitou, yo ranpli 57 aplikasyon voye bay Tribinal ewopeyen pou dwa moun. Jiska prezan, efò sa yo pou fini ak enjistis yo fè Temwen yo lè yo mete yo nan prizon pa pote rezilta.

Gen kèk tribinal entènasyonal ki kondane peyi Larisi aklè pou jan li boule ak Temwen Jewova yo. Pa egzanp, nan yon desizyon WGAD te adopte nan dat ki te 26 avril 2019 la, ki gen rapò ak ka mesye Dmitriy Mikhailov ki soti nan vil Chouya, yo te denonse sistèm peyi Larisi itilize pou pèsekite Temwen Jewova yo. WGAD te fè konnen yo te arete mesye Mikhailov epi kenbe l nan prizon akoz prejije peyi Larisi genyen pou relijyon mesye Mikhailov la, e WGAD rekonèt ka l la se “sèlman youn pami plizyè ka ki gen kounye a nan peyi Larisi kote yo kontinye ap arete yon pakèt Temwen Jewova, kenbe yo nan prizon epi lage akizasyon kriminèl sou do yo paske yo jis ap egzèse libète relijyon yo genyen”.

Nan dat ki te 12 mas 2020 an, Konsèy pèmanan OSCE ak Inyon Ewopeyèn te met ansanm pou yo kondane peyi Larisi pou jan yo boule ak Temwen Jewova yo, yo di: “Inyon Ewopeyèn kontinye gen gwo kè kase sou sitiyasyon Temwen Jewova yo nan peyi Larisi ki kontinye ap fè fas ak pèsekisyon. [...] Nou gen gwo kè kase sou dènye rapò yo bay ki montre jan yo tòtire Temwen Jewova ki nan prizon yo ak jan yo maltrete yo.” Men sa yo te di pou yo fini: “Kesyon tòtire moun nan vyole lwa entènasyonal yo, sitou Konvansyon Nasyonzini kont zafè tòtire moun ak lòt aksyon menm jan an, tretman oswa pinisyon ki imilye moun oswa ki pa pran moun pou anyen, Alyans entènasyonal sou dwa sivil ak politik ak Konvansyon ewopeyen sou dwa moun. Federasyon Larisi a te pran angajman nan tout bagay sa yo.”

Dat ak evènman ki te pase

  1. 17 janvye 2022

    Gen 76 Temwen Jewova ki nan prizon.

  2. 25 oktòb 2021

    Tribinal distri Trisovski, nan Astrakan, kondane Rustam Diarov, Yevgeniy Ivanov ak Sergey Klikunov pou uitan prizon. Yo kondane Olga Ivanova pou twazan sis mwa prizon.

  3. 27 septanm 2021

    Tribinal vil Senpitèsbou rejte apèl ki te fèt kont desizyon ki te pran nan dat 31 mas 2021 an, kote yo te fè konnen aplikasyon JW Library a se yon aplikasyon ekstremis e yo te entèdi moun sèvi avè l nan tout tèritwa Federasyon Larisi a ak Krime. Yo te dwe aplike premye desizyon tribinal la te pran an menm kote a.

  4. 23 septanm 2021

    Tribinal distri Vòlgograd Traktowozavodski kondane Sergey Melnik ak Igor Yegozaryan pou yo pase sizan nan prizon, e li kondane Valeriy Rogozin pou l pase sizan senk mwa nan prizon.

  5. 11 out 2021

    Apre Vasiliy Meleshko fin fè de jou ap parèt devan tribinal, tribinal distri Abinski nan tèritwa Krasnoda kondane l pou l pase twazan nan prizon.

  6. 30 jen 2021

    Tribinal vil Blagoveshchensk nan rejyon Ami kondane Aleksey Berchuk pou l pase uitan nan prizon e li kondane Dmitriy Golik pou l pase setan nan prizon.

  7. 24 fevriye 2021

    Tribinal vil Abakan nan repiblik Kakasya kondane Valentina Baranovskaya pou l pase dezan nan prizon, e li kondane Roman Baranovskiy, pitit gason l lan, pou l pase sizan nan prizon.

  8. 10 fevriye 2021

    Tribinal distri Abinski nan tèritwa Krasnoda kondane Aleksandr Ivshin pou l pase setan edmi nan prizon.

  9. 2 septanm 2020

    Tribinal vil Berezovski nan rejyon Kemerovo kondane Sergey Britvin ak Vadim Levchuk pou yo pase katran nan prizon.

  10. 3 out 2020

    Tribinal rejyonal Skòv chanje santans mesye Gennady Shpakovskiy la. Mesye Gennady Shpakovskiy pap fè sizan edmi nan prizon ankò. Tribinal la mande pou yo lage l anvan lè, men, anba yon seri kondisyon.

  11. 13 jiyè 2020

    Yo te rantre nan omwen 100 kay Temwen Jewova nan rejyon Vowonèj ak Belgowòd.

  12. 9 jen 2020

    Tribinal vil Skòv kondane Gennady Shpakovskiy, ki gen 61 an, pou l pase sizan edmi nan prizon.

  13. 6 fevriye 2020

    Gen senk nan sis Temwen yo te kondane nan dat 19 septanm 2019 la yo transfere nan Koloni penitansye No 1 nan Orenbou. Lè yo rive, gad prizon yo maspinen yo, yo ba yo anpil kout pye epi yo bat yo ak baton polis. Mesye Makhammadiyev gen yon kòt li ki kase, yon poumon l ki gen twou e gen domaj ki fèt nan ren l.

  14. 19 septanm 2019

    Jij Dmitry Larin nan tribinal Leninski nan Saratòv kondane sis mesye ki Temwen Jewova pou y al nan prizon paske y ap patisipe nan òganize aktivite ki swadizan ekstremis.

  15. 23 me 2019

    Tribinal rejyonal Oryòl rejte apèl Dennis Christensen te fè a, e li kenbe santans pou l pase sizan nan prizon an.

  16. 26 avril 2019

    Gwoup nan Nasyonzini ki travay sou moun yo kenbe nan prizon wè yo vyole dwa Dimtriy Mikhailov epi li denonse pèsekisyon Temwen Jewova yo ap jwenn nan peyi Larisi.

  17. 6 fevriye 2019

    Tribinal distri Tcheleznodowozni fè konnen Dennis Christensen koupab e yo kondane l pou l pase sizan nan prizon.

  18. 9 oktòb 2018

    Lapolis ak fòs espesyal yo rantre avèk fòs nan plizyè kay nan Kiwòv. Yo arete plizyè gason ki Temwen Jewova, sa gen ladan l Andrzej Oniszczuk, yon polonè, e yo mete yo nan prizon annatandan yo jije yo.

  19. 15 jiyè 2018

    Lapolis fouye plizyè kay Temwen Jewova nan Penza. Yo arete Vladimir Alushkin e yo mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  20. 4 jiyè 2018

    Lapolis rantre ak fòs nan plizyè kay nan Òmsk. Yo arete Sergey ak Anastasiya Polyakov e yo mete yo nan prizon annatandan yo jije yo. Madam Polyakova se premye fi Temwen Jewova yo mete nan prizon nan Federasyon Larisi a akoz akizasyon yo lage sou do l kòm ekstremis.

  21. 12 jen 2018

    Lapolis rantre ak fòs nan plizyè kay nan Saratòv. Yo arete Konstantin Bazhenov, Aleksey Budenchuk ak Feliks Makhammadiyev epi yo mete yo nan prizon annatandan yo jije yo. Yo te bay twa lòt Temwen lòd pou yo siyen yon akò pou yo pa kite vil la.

  22. 3 jen 2018

    Lapolis te rantre ak fòs nan plizyè kay nan Tòmsk ak Skòv. Yo arete Sergey Klimov epi mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  23. 19 fevriye 2018

    Yo kòmanse ak jijman Dennis Christensen nan tribinal distri Tcheleznodowozni an. Se jij Aleksey Rudnev ki t ap prezide.

  24. 20 jiyè – Novanm 2018

    Yo pwolonje kantite tan Dennis Christensen ap fè nan prizon an plizyè fwa. Se tribinal distri Sovyetski a ki te pwolonje l pou premye fwa, annapre se te tribinal distri Tcheleznodowozni a.

  25. 26 me 2017

    Tribinal distri Sovyetski nan Oryòl kondane Dennis Christensen pou l pase de mwa nan prizon annatandan yo jije l.

  26. 25 me 2017

    Lapolis rantre ak fòs nan yon reyinyon relijye ki t ap fèt nan Oryòl epi arete Dennis Christensen.

  27. 20 avril 2017

    Lakou siprèm Federasyon Larisi a fèmen Biwo nasyonal Temwen Jewova yo ak 395 lokal òganizasyon an genyen.

b Yon Inite mobil ki gen yon objektif espesyal nan Gad nasyonal Larisi a.