Al gade sa k anndan l

Yo gen Bib la nan lang manman yo

Yo gen Bib la nan lang manman yo

Temwen Jewova yo distribye Labib — Tradiksyon monn nouvo a e yo bay nenpòt moun ki vle li l.

Byenke gen divès sosyete biblik ki enprime plizyè milya Bib ak yon pakèt tradiksyon Labib, povrete ak prejije nan kesyon relijyon anpeche anpil moun gen yon Bib nan lang yo. Se sa k fè, Temwen Jewova yo ofri Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 115 lang.

Ann pran kèk egzanp:

  • Wannda: Men sa Silvestre ak Venantie ki gen kat pitit esplike: “Nou pòv anpil, se sa k fè nou pa ka achte yon Bib pou chak moun nan fanmi nou. Kounye a, nou chak gen yon Bib Tradiksyon monn nouvo a nan lang kinyawannda, e nou li Labib ansanm chak jou.”

    Gen yon pastè Legliz anglikan nan peyi sa a ki di: “Men yon Bib mwen ka konprann. Li pi bon lontan pase tout lòt Bib mwen te li. Temwen Jewova yo vrèman enterese nan moun!”

  • Repiblik demokratik Kongo: Gen kèk legliz ki te refize vann Temwen Jewova yo Bib nan lang lingala, ki se youn nan lang yo plis pale nan peyi sa a.

    Donk, nou pa etone wè depi lè Labib — Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang lingala Temwen nan peyi Kongo yo chofe pou yo sèvi avè l epi distribye l. Anfèt, Labib — Tradiksyon monn nouvo a te fè moun tèlman kontan lè yo te prezante l nan yon kongrè Temwen Jewova yo te fè, gen polisye ki te la nan estad la ki te antre nan liy pou yo pran Bib pa yo.

  • Fiji: Bib nan lang peyi Fiji a tèlman chè, sa fè Temwen Jewova yo te konn sèvi ak Labib — Tradiksyon monn nouvo a ann anglè pito. Men, an 2009, frè nan peyi Fiji yo te resevwa Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo (Nouvo Testaman) nan lang manman yo.

    Gen yon mesye ki te tèlman sezi wè jan Tradiksyon monn nouvo nan lang peyi Fiji an klè, li mande pou yo ba l youn. Men, Temwen nan zòn nan te fè l konnen li oblije tann pou pi piti yon mwa anvan pwochen stòk Bib la rive nan vil li a. Kòm li pa t vle tann pou l jwenn Bib pa l la, li te dakò al kot yon lòt Temwen ki abite nan yon distans plis pase 35 kilomèt ki gen yon Tradiksyon monn nouvo a pou ba li. Mesye a di: “Tradiksyon sa a pi bon lontan pase sa nou konn abitye itilize a. Li klè e l fasil pou moun konprann.”

  • Malawi: Apre Davide te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, manm yon legliz Batis nan zòn nan te vin lakay li e yo pran Bib yo te ba li a. Se sa k fè lè Tradiksyon monn nouvo a te parèt nan lang chichewa se yon rèv ki te vin reyalize pou Davide.

    Piske Bib chè anpil nan peyi Malawi, Davide t ap mande tèt li ki jan l ap fè gen yon lòt Bib. Men, lè yo te ba l yon Bib Tradiksyon monn nouvo a, li te di: “Kounye a, m gen yon Bib ki pi bon pase sa m te konn genyen yo!”

Sa fè plis pase 60 ane, lè premye pati Tradiksyon monn nouvo a te parèt ann anglè nan yon kongrè ki te fèt nan vil Nouyòk. Men ankourajman yo te bay moun nan asistans lan: “Li l. Etidye l, [...] Mete l nan men lòt moun.” Pou Temwen Jewova reyalize objektif sa a, yo pibliye plis pase 175 milyon Bib. Mete sou sa, ou ka li Labib sou Entènèt kounye a nan anviwon 50 lang.