Al gade sa k anndan l

“Yon ti jès ou fè pou montre w onèt”

“Yon ti jès ou fè pou montre w onèt”

 Danielle ki se yon Temwen Jewova k ap viv ann Afrik disid, te jwenn yon valiz yon moun te bliye nan yon ti restoran. Valiz la te gen lajan ak plizyè kat kredi ladan l. Danielle te detèmine pou l jwenn mèt valiz la, donk li te chèche pou l wè si l jwenn yon adrès oswa yon nimewo telefòn anndan valiz la, men sèl sa l te jwenn se non yon mesye. Li te rele bank mesye a pou l kontakte l, men sa pa t mache. Men, Danielle pa t dekouraje, li te rele yon nimewo li te jwenn sou yon resi doktè ki te nan valiz la. Dam ki te reponn telefòn nan te dakò bay mesye a nimewo telefòn Danielle.

 Mesye a te sezi wè biwo doktè li a rele l pou di l Danielle te jwenn valiz li a e li te vle remèt li l. Lè mesye a t al chèche valiz la, li te rankontre Danielle ak papa l. Yo te pwofite okazyon an pou yo esplike mesye a rezon ki fè yo te fè tout efò sa yo pou yo jwenn li. Yo te di l, antanke Temwen Jewova, yo eseye viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Se pou rezon sa a ki fè yo toujou fè efò pou yo onèt. — Ebre 13:18.

 Kèk èdtan annapre, mesye a te voye yon mesaj bay Danielle ak papa l pou l remèsye yo ankò lefètke yo te remèt li valiz la ansanm ak bous la. Men sa mesye a te di: “M vrèman rekonesan pou tout sa n te fè pou n jwenn mwen. M te kontan rankontre ou menm ak fanmi w, e m ap toujou sonje jan nou gen bon kè e jan nou janti. Pou m demontre rekonesans mwen, m ta renmen fè yon jès avèk nou. M konnen nou fè anpil sakrifis pou nou sèvi Bondye nou an. Sa nou te fè a, se prèv nou se moun ki onorab, jan nou ka wè sa nan fason Danielle te demontre li onèt e li te demontre entegrite. Yon lòt fwa ankò, mèsi anpil e m swete Bondye beni sèvis nou an.”

 Kèk mwa annapre, papa Danielle te pale ak mesye a ankò. Mesye a te esplike l, sa pa gen lontan, pandan li t al fè kèk acha, li te jwenn yon valiz atè. Lè l te jwenn dam ki te mèt valiz la, li te esplike l rezon ki te pouse l remèt li l. Li te di dam nan, sa pa gen lontan, yon lòt moun te montre li onèt avè l lè l te remèt li bous li a ki te pèdi. Men sa mesye a te di: “Yon ti jès ou fè pou montre w onèt ap ankouraje yon lòt moun pou l onèt tou, e sa ap rann lavi tout moun miyò.”