Poukisa fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a pa menm ak fason lòt relijyon fè l?
Nou suiv egzakteman sa Bib la di sou fason pou nou selebre “Soupe Seyè a” yo rele tou Lasent sèn oswa Memoryal lanmò Jezi (1 Korentyen 11:20). Yon lòt bò, gen anpil bagay moun kwè anrapò ak selebrasyon sa a e gen anpil bagay moun fè ki pa baze sou Bib la.
Rezon ki fè moun selebre l
Rezon ki fè nou selebre Soupe Seyè a se pou nou sonje Jezi, konsa nou montre nou gen rekonesans pou sakrifis li te fè pou nou an (Matye 20:28; 1 Korentyen 11:24). Selebrasyon sa a se pa yon sakreman oswa yon bagay moun fè nan relijyon ki fè yo jwenn byenfè, tankou favè Bondye oswa padon pou peche yo a. Labib fè nou konnen se sèlman si nou gen lafwa nan Jezi n ap jwenn padon pou peche nou, se pa lè nou fè yon bagay legliz nou oswa kote nou adore a mande nou fè. — Women 3:25; 1 Jan 2:1, 2.
Konbyen fwa pou n selebre l?
Jezi te mande disip li yo pou yo selebre Soupe Seyè a, men li pa t di egzakteman konbyen fwa pou yo fè l (Lik 22:19). Gen moun ki panse yo ta dwe selebre l chak mwa, gen lòt ki panse se chak semèn, oswa chak jou oswa plizyè fwa nan yon jounen, oswa chak fwa yon moun santi l anvi selebre l. Men, gen kèk bagay nou bezwen sonje.
Jezi te mete Soupe Seyè a sou pye nan menm dat Juif yo te konn selebre fèt Pak la, e li te mouri nan menm jou a (Matye 26:1, 2). Se pa san rezon ki fè se konsa l te fè l. Labib konpare sakrifis Jezi a ak sakrifis ti mouton Pak la (1 Korentyen 5:7, 8). Yo te konn selebre fèt Pak la yon fwa chak ane (Egzòd 12:1-6; Levitik 23:5). Menm jan an tou, kretyen yo nan premye syèk la te konn selebre Memoryal lanmò Jezi a yon fwa chak ane b, e Temwen Jewova yo suiv egzanp sa a ki nan Bib la.
Ki dat e nan ki moman nan jounen an?
Modèl Jezi te bay la ede nou konnen nonsèlman konbyen fwa pou nou selebre Memoryal la men tou ki dat e nan ki moman nan jounen an nou dwe fè l. Li te mete selebrasyon sa a sou pye apre solèy la fin kouche nan jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, selon kalandriye Bib la ki baze sou lalin (Matye 26:18-20, 26). Nou kontinye selebre Memoryal la nan dat sa a chak ane, jan kretyen nan premye syèk la te konn fè sa c.
Se vre 14 Nizan ane 33 epòk nou an se te yon vandredi, men 14 Nizan pa toujou tonbe jou vandredi chak ane. Pou nou rive konnen ki jou 14 Nizan an ap tonbe chak ane, nou kontinye suiv menm metòd yo te konn suiv nan epòk Jezi a. Nou pa suiv metòd Juif yo genyen kounye a pou yo kalkile dat sa a d.
Pen ak diven
Pou nouvo selebrasyon sa a, Jezi te sèvi ak rès pen san ledven ansanm ak rès diven wouj yo te sèvi pou selebre fèt Pak la (Matye 26:26-28). Menm jan an tou, nou menm nou sèvi ak pen san ledven ki pa gen okenn lòt bagay ladan l ansanm ak diven wouj. Nou pa sèvi ak ji rezen oswa diven yo mete bagay ladan l pou fè l dous oswa pou ba l gou.
Gen kèk relijyon oswa gwoupman relijye ki sèvi ak pen ki gen ledven oswa poud elevasyon. Men, byen souvan Bib la sèvi ak ledven kòm senbòl koripsyon ak peche (Lik 12:1; 1 Korentyen 5:6-8; Galat 5:7-9). Nan ka sa a, sèl pen ki ka pi byen reprezante kò Kris ki te san peche a se yon pen ki pa gen ni ledven ni okenn lòt bagay ladan l (1 Pyè 2:22). Yon lòt bagay ki pa nan Bib la moun yo konn fè anrapò ak selebrasyon sa a se lè yo sèvi ak ji rezen nan plas diven. Gen kèk legliz ki fè sa paske yo entèdi moun bwè alkòl alòske Labib pa entèdi sa. — 1 Timote 5:23.
Yo se senbòl
Pen san ledven ak diven wouj yo itilize nan Memoryal la se senbòl kò ak san Kris yo ye. Pa gen mirak ki fèt pou fè yo tounen chè oswa san Jezi, jan kèk moun panse sa. Sa k fè nou ka di rezònman nou an baze sou Bib la? Ann gade pou n wè.
Si Jezi te mande disip li yo pou yo bwè san l, se mande li t ap mande yo pou yo dezobeyi lwa Bondye bay pou moun evite san an (Jenèz 9:4; Travay 15:28, 29). Men, se pa ta ka sa, paske Jezi pa t ap janm mande moun pou yo dezobeyi lwa Bondye bay anrapò ak san an ki sakre. — Jan 8:28, 29.
Si se san Jezi apot yo te bwè, Jezi pa t ap di yo san l “gen pou koule”, alòske li potko bay san l kòm sakrifis. — Matye 26:28.
Sakrifis Jezi te fè a te fèt “yon fwa pou tout”. (Ebre 9:25, 26.) Men, si se vre pen an ak diven an tounen chè ak san Jezi pandan Soupe Seyè a, ebyen chak fwa moun manje pen an e yo bwè diven an se sakrifis la ki t ap fèt ankò.
Jezi te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” Li pa t di kontinye fè sa “pou nou fè sakrifis la ankò“. — 1 Korentyen 11:24.
Moun ki kwè pen an ak diven an tounen kò ak san Jezi toutbon baze sa yo di yo sou fason yo tradui kèk vèsè nan Bib la. Pa egzanp, nan anpil tradiksyon Labib, men ki jan yo mete pawòl Jezi te di konsènan diven an: “Sa se san mwen.” (Matye 26:28). Men, yo ka tradui pawòl Jezi te di yo yon lòt fason, tankou: “Sa reprezante san mwen e.” Nan ka sa a, Jezi te sèvi ak yon metòd yo rele metafò pou l anseye, jan l te konn abitye fè sa. — Matye 13:34, 35.
Kiyès ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an?
Lè Temwen Jewova yo ap selebre Soupe Seyè a, se sèlman yon ti kantite pami nou ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an. Poukisa?
San Jezi ki te koule a te tabli yon “nouvo alyans” ki te ranplase alyans ki te genyen ant Jewova Dye ak nasyon Izrayèl tan lontan an (Ebre 8:10-13). Moun ki fè pati nouvo alyans sa a manje nan pen an e yo bwè nan diven an. Sa vle di se pa tout kretyen yo ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an, men se sèlman “moun ki resevwa apèl” yon fason espesyal nan men Bondye ki manje pen an e ki bwè diven an (Ebre 9:15; Lik 22:20). Moun sa yo pral dirije detan yo nan syèl la avèk Kris, e Labib fè konnen se sèlman 144 000 moun ki gen gwo onè sa a. — Lik 22:28-30; Revelasyon 5:9, 10; 14:1, 3.
Moun sa yo Bondye rele pou al dirije ak Kris yo se yon “ti twoupo”, men pifò nan nou gen esperans pou nou fè pati “yon gwo foul moun” ki pral viv pou toutan sou tè a (Lik 12:32; Revelasyon 7:9, 10). Menm lè moun pami nou yo ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa manje nan pen an e yo pa bwè nan diven an, nou reyini ansanm pou nou demontre rekonesans nou pou sakrifis Jezi te fè pou nou an. — 1 Jan 2:2.
a Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Mo sakreman an pa nan Nouvo Testaman an. Epitou mo grèk μυστήριον [my·steʹri·on] an pa janm gen rapò ak ni batèm ni Soupe Seyè a ni okenn lòt selebrasyon.” (McClintock and Strong’s Cyclopedia, Volim IX, paj 212).
b Gade The New Schaff-Herzog Encyclopedia of Religious Knowledge, Volim IV, paj 43-44, ak McClintock and Strong’s Cyclopedia, Volim VIII, paj 836.
c Gade The New Cambridge History of the Bible, Volim 1, paj 841.
d Kalandriye Juif yo genyen kounye a kalkile kòmansman mwa Nizan an sou fason astwonòm yo kalkile nouvèl lin, men yo pa t konn sèvi ak teknik sa a nan premye syèk la. Nan premye syèk la, mwa a te kòmanse lè nouvèl lin nan te premye parèt nan Jerizalèm, sa ki te ka fèt yon jou oswa de jou apre nouvèl lin pa astwonòm yo. Diferans sa a se youn nan rezon ki fè dat Temwen Jewova yo selebre Memoryal la pa toujou tonbe nan dat Juif nan epòk nou an fete fèt Pak la.
e Gade A New Translation of the Bible, se James Moffatt ki fè l; The New Testament — A Translation in the Language of the People, se Charles B. Williams ki fè l; ak The Original New Testament, se Hugh J. Schonfield ki fè l.